Pwovèb 30
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Men pawòl Agou, pitit Jake, moun peyi Masa. Men deklarasyon nonm lan te fè: Mwen bouke, Bondye! Mwen bouke, Bondye! Mwen pa kapab ankò! 2 Mwen sòt pase panyen pèsi. Se pa moun mwen ye. Mwen pa gen lespri tankou tout moun. 3 Mwen pa janm konnen sa ki rele konesans. Mwen pa konprann anyen nan bagay Bondye. 4 Ki moun ki janm moute nan syèl, apre sa ki redesann sou latè? Ki moun ki janm ranmase van yo nan men l'? Ki moun ki janm mare dlo yo nan rad li? Ki moun ki fikse limit tè a? Ki jan li rele? Ki jan pitit li rele? Di m' non, si ou konnen? 5 Bondye toujou kenbe pawòl li. Li pwoteje tout moun ki mete konfyans yo nan li. 6 Pa fè l' di sa li pa di. Si ou fè sa, l'a fè ou repwòch, l'a fè tout moun wè se mantò ou ye. 7 Bondye, se de bagay ase mwen mande ou: Tanpri, pa refize m' yo anvan mwen mouri. 8 Men yo: Pa kite m' bay manti pou m' twonpe moun. Pa fè m' ni rich ni pòv. Ban m' kantite manje mwen bezwen pou m' viv la. 9 Si mwen gen twòp, m'a vire do ba ou, m'a di mwen pa konnen ki moun ou ye. Si mwen pa gen ase, m'a vòlò, m'a fè yo pase ou nan betiz. 10 Pa janm pale yon domestik mal devan mèt li. L'a madichonnen ou, l'a fè ou peye bouch ou. 11 Gen yon kalite moun k'ap bay papa yo madichon, ki pa gen konsiderasyon pou manman yo. 12 Gen yon lòt kalite moun ki konprann yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Men, pi mal pase yo nanpwen. 13 Gen yon lòt kalite moun ankò ki mete nan tèt yo yo pa kanmarad pesonn, wa pa kouzen yo. 14 Gen yon lòt kalite moun, se bèt nan bwa yo ye. Pou yo viv, y'ap devore malere yo, y'ap pwofite sou pòv yo. 15 Sansi gen de pitit fi: tou de gen menm non, yo rele: Ban mwen! Ban mwen! Gen twa bagay ki pa janm di ase. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay ki pa janm di se kont. 16 Men yo: Se peyi kote mò yo ye a, se fanm ki pa ka fè pitit, se tè a ki pa janm bwè kont dlo li, epi se dife. Bagay sa yo pa janm di ase. 17 Yon pitit ki pase papa l' nan betiz, ki pa respekte lòd manman l', chen gen pou devore kadav li nan raje, zwezo nan bwa va manje grenn je li. 18 Gen twa bagay mwen pa janm ka konprann. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay konsa. 19 Men yo: Se jan malfini plane nan syèl la, se jan koulèv mache sou wòch, se jan bato kouri sou lanmè, se jan gason ak fanm rive fè lamou. 20 Men ki jan fanm k'ap twonpe mari yo fè: Lè yo fin fè sa y'ap fè a, yo benyen byen pwòp, epi yo di: Mwen pa fè anyen ki mal. 21 Gen twa bagay ki fè latè tranble. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay moun pa ka sipòte. 22 Men yo: Se yon esklav ki rive chèf, se yon moun sòt ki gen tou sa li bezwen, 23 se yon fanm ki pa t' janm jwenn moun renmen l' epi ki resi mare yon nòs, se yon sèvant ki pran plas metrès li. 24 Gen kat ti bèt sou latè, gen lespri pase yo nanpwen: 25 Se foumi: yo tou fèb, men yo pase tout sezon chalè ap fè pwovizyon mete la. 26 Se chat mawon: yo pa pi fò pase sa. Men, yo fè kay yo nan twou wòch. 27 Se krikèt vèt: yo pa gen chèf, men yo mache pa bann. 28 Se zandolit: ou ka pran yo nan men ou. Men, ou jwenn yo nan palè wa yo. 29 Gen twa bagay ki bèl lè y'ap mache. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay ki gen bèl demach: 30 Se lyon, se li ki pi fò nan tout zannimo, li pa pè yo yonn. 31 Se bouk kabrit. Se chwal sele bride. Se wa lè y'ap mache devan lame yo. 32 Si ou te sòt jouk pou ou te rive fè grandizè, kalkile sou sa ou fè a: Pe bouch ou! 33 Si ou bat lèt, l'ap fè bè. Si ou frape yon moun sou men l', l'ap senyen. Si ou nan pouse dife, ou nan gwo kont.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Pwovèb 30:1
1. This is the title of this chapter (see Introduction).
the prophecy--literally, "the burden" (compare Is 13:1; Zec 9:1), used for any divine instruction; not necessarily a prediction, which was only a kind of prophecy (1Ch 15:27, "a song"). Prophets were inspired men, who spoke for God to man, or for man to God (Ge 20:7; Ex 7:14, 15, 16). Such, also, were the New Testament prophets. In a general sense, Gad, Nathan, and others were such, who were divine teachers, though we do not learn that they ever predicted.
the man spake--literally, "the saying of the man"; an expression used to denote any solemn and important announcement (compare 2Sa 23:1; Psa 36:1; 110:1; Is 1:24, &c.). Ithiel and Ucal were perhaps pupils.
Pwovèb 30:2-4
2-4. brutish--stupid, a strong term to denote his lowly self-estimation; or he may speak of such as his natural condition, as contrasted with God's all-seeing comprehensive knowledge and almighty power. The questions of this clause emphatically deny the attributes mentioned to be those of any creature, thus impressively strengthening the implied reference of the former to God (compare De 30:12-14; Is 40:12; Ep 4:8).
Pwovèb 30:5
Pwovèb 30:6
6. Add ... words--implying that his sole reliance was on God's all-sufficient teaching.
reprove thee--or, "convict thee"--and so the falsehood will appear.
Pwovèb 30:7-9
7-9. A prayer for exemption from wickedness, and the extremes of poverty and riches, the two things mentioned. Contentment is implied as desired.
Pwovèb 30:10
10. Accuse not--Slander not (Psa 10:7).
curse ... guilty--lest, however lowly, he be exasperated to turn on thee, and your guilt be made to appear.
Pwovèb 30:11-14
11-14. Four kinds of hateful persons--(1) graceless children, (2) hypocrites, (3) the proud, (4) cruel oppressors (compare on Pr 30:14; Psa 14:4; 52:2)--are now illustrated; (1) Pr 30:15, 16, the insatiability of prodigal children and their fate; (2) Pr 30:17, hypocrisy, or the concealment of real character; (3 and 4) Pr 30:18-20, various examples of pride and oppression.
Pwovèb 30:15-16
15-16. horse leech--supposed by some to be the vampire (a fabulous creature), as being literally insatiable; but the other subjects mentioned must be taken as this, comparatively insatiable. The use of a fabulous creature agreeably to popular notions is not inconsistent with inspiration.
There are three ... yea, four--(Compare Pr 6:16).
Pwovèb 30:17
17. The eye--for the person, with reference to the use of the organ to express mockery and contempt, and also as that by which punishment is received.
the ravens ... eagles ... eat--either as dying unnaturally, or being left unburied, or both.
Pwovèb 30:18-20
18-20. Hypocrisy is illustrated by four examples of the concealment of all methods or traces of action, and a pertinent example of double dealing in actual vice is added, that is, the adulterous woman.
Pwovèb 30:21-23
Pwovèb 30:24-31
24-31. These verses provide two classes of apt illustrations of various aspects of the moral world, which the reader is left to apply. By the first (Pr 30:25-28), diligence and providence are commended; the success of these insignificant animals being due to their instinctive sagacity and activity, rather than strength. The other class (Pr 30:30, 31) provides similes for whatever is majestic or comely, uniting efficiency with gracefulness.
Pwovèb 30:32
Pwovèb 30:33
33. That is, strife--or other ills, as surely arise from devising evil as natural effects from natural causes.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
