Pwovèb 31

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Men Pawòl wa Lemwèl, men konsèy manman l' te ba li: 2 Kisa pou m' di ou, pitit mwen, pitit ki soti nan zantray mwen? Se mwen ki te mande Bondye pou l' ban mwen ou. Kisa pou m' di ou? 3 Pa gaspiye kouray ou nan fanm. Veye zo ou ak fanm k'ap fè malè chèf yo. 4 Lemwèl monchè, yon wa pa fèt pou nan bwè bweson. Chèf pa fèt pou nan bwè gwòg. 5 Lè yo bwè konsa, yo bliye lòd yo te bay. Yo p'ap pran ka malere yo. 6 Se moun ki dekouraje ak lavi ki tonbe nan gwòg. Se moun ki gen gwo lapenn nan kè yo ki lage kò yo nan bweson. 7 Yo bwè pou yo bliye mizè yo, pou yo pa chonje lapenn yo. 8 Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tèt yo. Defann kòz moun ki san sekou yo. 9 Pale pou yo. Pa fè patipri. Defann kòz malere yo ak endijan yo. 10 Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò. 11 Mari l' mete tout konfyans li nan li. Tout bagay ap mache byen lakay li. 12 Madanm lan p'ap janm aji mal ak mari l', l'ap pase tout lavi l' ap fè l' byen. 13 Li chache lenn mouton ak fil swa, li travay yo fè twal ak men l'. 14 Tankou bato k'ap pote machandiz, li al byen lwen chache manje mete nan kay la. 15 Solèy poko leve, li gen tan sou pye l', l'ap pare manje pou moun nan kay la. L'ap di sèvant yo sa pou yo fè. 16 Li fè lide sou yon tè, li achte l' ak lajan li fè ak men l'. Li fè jaden rezen sou li. 17 Li mare ren l', li twouse manch rad li pou l' travay. 18 Li santi zafè l' ap mache byen, li rete byen ta lannwit ap travay. 19 Li file koton, li koud rad li. 20 Li lonje men l' bay pòv. Li pran ka malere. 21 Li pa pè fredi pou moun lakay li, paske tout moun gen rad cho pou mete sou yo. 22 Li fè kouvèti lenn pou kabann yo. Tout rad li yo fèt ak twal wouj tise byen sere. 23 Mari l', se yonn nan chèf fanmi lavil la. Tout moun lavil la ap nonmen non l' an byen. 24 Madanm li fe rad pou l' vann, li fè bèl senti, li vann yo ak machann. 25 Li gen anpil kouraj, tout moun respekte l', li pa pè denmen. 26 Lè li louvri bouch li, se bon konsèy li bay. Li toujou gen bon pawòl nan bouch li. 27 Li konnen vire tounen tout moun nan kay la. Li toujou gen yon bagay l'ap fè. 28 Tout pitit li yo ap fè l' konpliman. Mari l' menm ap fè lwanj li. 29 L'ap di: Mwen konnen anpil madanm. Men ou menm, nanpwen tankou ou! 30 Bèl fanm pa di bon madanm pou sa. Bèl figi pa la pou lontan. Men, y'a fè lwanj yon fanm ki gen krentif pou Seyè a. 31 Ba li sa ki pou li a. Lè y'a wè sa l' fè, se pou tout moun fè lwanj li.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Pwovèb 31:1

Pr 31:1-31.

1. On the title of this, the sixth part of the book, see Introduction.

prophecy--(See on Pr 30:1).

Pwovèb 31:2

2. What, my son?--that is, What shall I say? Repetitions denote earnestness.

son of my womb--as our phrase, "my own son," a term of special affection.

son of my vows--as one dedicated to God; so the word "Lemuel" may mean.

Pwovèb 31:3-9

3-9. Succinct but solemn warnings against vices to which kings are peculiarly tempted, as carnal pleasures and oppressive and unrighteous government are used to sustain sensual indulgence.

strength--mental and bodily resources for health and comfort.

thy ways--or course of life.

to that ... kings--literally, "to the destroying of kings," avoid destructive pleasures (compare Pr 5:9; 7:22, 27; Ho 4:11).

Pwovèb 31:10-31

10-31. This exquisite picture of a truly lovely wife is conceived and drawn in accordance with the customs of Eastern nations, but its moral teachings suit all climes. In Hebrew the verses begin with the letters of the Hebrew alphabet in order (compare Introduction to Poetical Books).

Who ... woman--The question implies that such are rare, though not entirely wanting (compare Pr 18:22; 19:14).

virtuous--literally, "of strength," that is, moral courage (compare Pr 12:4; Ru 3:11).

her price, &c.--(compare Pr 3:15).

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.