Pwovèb 3
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Pitit mwen, pa janm bliye sa mwen moutre ou yo. Kenbe tou sa mwen di ou fè yo nan kè ou. 2 Se yo k'ap fè ou viv lontan. Se yo k'ap fè ou viv ak kè poze. 3 Se pou ou toujou viv byen ak tout moun. Se pou ou toujou gen yon sèl pawòl. Mete pawòl mwen yo nan kou ou tankou yon kolye, kenbe yo nan kè ou pou ou pa janm bliye yo. 4 Si ou fè sa, Bondye va kontan avè ou, lèzòm va nonmen non ou an byen. 5 Mete tout konfyans ou nan Seyè a. Pa gade sou sa ou konnen. 6 Toujou chonje Seyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, l'a moutre ou chemen pou ou pran. 7 Pa mete nan tèt ou ou gen plis konprann pase sa. Gen krentif pou Seyè a, refize fè sa ki mal. 8 Lè ou fè sa, se va tankou yon bon medikaman: W'a toujou gaya, ou p'ap janm soufri doulè. 9 Fè wè jan ou gen respè pou Seyè a: ba li nan tou sa ou genyen, ofri l' premye donn ou rekòlte nan jaden ou. 10 Lè ou fè sa, galata ou ap toujou chaje danre. Barik diven ou yo ap plen ra bouch. 11 Pitit mwen, lè Seyè a ap pini ou, pa betize ak sa. Lè l'ap korije ou, pa dekouraje. 12 Paske Seyè a korije moun li renmen, menm jan yon papa korije pitit li renmen anpil la. 13 Ala bon sa bon pou moun ki gen konesans, pou moun ki rive gen bon konprann! 14 Benefis l'ap rapòte pi bon pase sa lajan bay. Avantaj l'ap bay gen plis valè pase lò. 15 Sajès pi bon pase boul lò. Nanpwen anyen moun ta renmen genyen ki ka parèt devan li. 16 Yon bò, bon konprann ap fè moun viv lontan. Yon lòt bò, l'ap bay richès, l'ap fè moun respekte ou. 17 L'ap fè moun viv ak kè kontan. L'ap fè ou reyisi nan tou sa w'ap fè. 18 Moun ki gen bon konprann jwenn lavi. Sa bon nèt pou moun ki gen bon konprann! 19 Avèk bon konprann li, Bondye kreye latè. Avèk entèlijans li, li mete syèl la nan plas li. 20 Avèk konesans li, li fè larivyè yo koule. Li fè nwaj yo bay lapli sou latè. 21 Pitit mwen, kenbe pye konesans ou, pa pèdi konprann ou. Pa janm kite anyen fè ou bliye yo. 22 Y'ap ba ou lavi, y'ap fè lavi ou bèl tankou yon kolye ki pase nan kou ou. 23 W'a fè chemen ou nan lavi san ou pa pè anyen. Ou p'ap janm bite sou anyen. 24 Lè ou pral kouche, ou p'ap pè anyen. Lè w'a fin lonje kò ou, w'a dòmi nèt ale. 25 Ou p'ap bezwen pè: malè p'ap rete konsa pou l' tonbe sou tèt ou. Ni tou, sa ki rive mechan yo p'ap rive ou. 26 Paske se Seyè a ki tout espwa ou. Li p'ap kite ou pran nan pèlen. 27 Pa refize fè byen pou moun ki nan nesesite, chak fwa ou santi ou ka fè sa. 28 Si ou gen lajan sou ou, ou pa ka di frè parèy ou: Ale non! Tounen denmen. M'a ba ou kichòy! 29 Moun k'ap viv ansanm avè ou, ki mete konfyans yo nan ou, pa manniganse anyen ki pou fè yo mal. 30 Pa fè kabouyay san rezon ak yon moun san li pa janm fè ou anyen ki mal. 31 Pa anvye sò mechan yo. Pa mete nan tèt ou pou ou fè tankou yo. 32 Paske Seyè a pa vle wè moun ki deprave. Men, li mete moun ki mache dwat yo nan tout sekrè l' yo. 33 Madichon Bondye chita lakay mechan yo. Men, benediksyon l' ap kouvri kay moun ki mache dwat yo. 34 Moun k'ap pase moun nan betiz, Bondye ap pase yo nan betiz tou. Men, moun ki fè byen, l'ap moutre yo jan li renmen yo. 35 Y'a fè lwanj moun ki gen bon konprann yo, men moun fou yo, se wont y'a wont.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Pwovèb 3:1
Pr 3:1-35. The study of truth commended. God must be feared, honored, and trusted, and filial submission, under chastisement, exhibited. The excellence of wisdom urged and illustrated by its place in the divine counsels. Piety enforced by a contrast of the destiny of the righteous and the wicked.
1. law [and] commandments--all divine instructions (see on Psa 119:1 and Psa 119:4).
Pwovèb 3:2
Pwovèb 3:3
Pwovèb 3:4
Pwovèb 3:5
Pwovèb 3:6
Pwovèb 3:7
Pwovèb 3:8
8. It--This conduct.
health--(Compare Margin).
to thy navel--for all the organs of nourishment.
marrow--(Compare Margin).
bones--frame of body. True piety promotes bodily health.
Pwovèb 3:9-10
Pwovèb 3:11-12
Pwovèb 3:13
13. findeth--literally, "reaches," or "obtains by seeking."
getteth--literally, "draws out," as metals by digging.
Pwovèb 3:14-15
14-15. The figure of Pr 3:13 carried out.
it--that is, wisdom.
merchandise of silver--acquisition by trading.
fine gold--dug gold, solid as a nugget.
Pwovèb 3:16-17
Pwovèb 3:18
18. Wisdom allegorized as
a tree of life--(Ge 2:9; 3:22) whose fruit preserves life, gives all that makes living a blessing.
Pwovèb 3:19-20
19-20. The place of wisdom in the economy of creation and providence commends it to men, who, in proportion to their finite powers, may possess this invaluable attribute, and are thus encouraged by the divine example of its use to seek its possession.
Pwovèb 3:21
21. sound wisdom--(compare Pr 2:7).
let ... eyes--that is, these words of instruction.
Pwovèb 3:22-24
22-24. assign reasons in their value for happiness and ornament, guidance and support in dangers, both when waking and sleeping.
Pwovèb 3:25
Pwovèb 3:26
26. The reason; such as are objects of God's favor.
be thy confidence--literally, "in thy confidence," in the source of thy strength (compare Na 3:9, for the same construction, Hebrew).
Pwovèb 3:27-28
Pwovèb 3:29-30
29-30. Do not abuse confidence and avoid litigation.
Pwovèb 3:31
31. oppressor--or man of mischief. The destiny of successful evildoers warns against desiring their lot (Psa 37:1, 2, 35, 36).
Pwovèb 3:32-35
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
