Pwovèb 4
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Pitit mwen yo, koute yon papa lè l'ap ban nou bon levasyon. Louvri zòrèy nou pou nou ka gen konprann. 2 Pa janm bliye anyen nan sa m'ap moutre nou la a: Se bon konsèy m'ap ban nou. 3 Lè mwen te timoun piti lakay papa m', lè sa a mwen te sèl pitit manman mwen. 4 Papa m' t'ap moutre m' anpil bagay. Li te konn di m': Kenbe pawòl mwen nan kè ou. Fè sa m'ap di ou fè, konsa w'a viv. 5 Chache gen konesans ak bon konprann. Pa janm bliye sa m'ap di ou la a. Pa vire do ba yo. 6 Pa lage konesans ou. L'a toujou pwoteje ou. renmen l', li p'ap kite anyen rive ou. 7 Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann. 8 renmen konesans, l'ap fè ou mache tèt wo. Kenbe l', pa lage l'. L'a fè yo respekte ou. 9 Se va yon bèl bagay pou ou, tankou yon kouwòn sou tèt ou. Se va yon lwanj pou ou kote ou pase. 10 Koute sa m'ap di ou, pitit mwen. Pa bliye sa m'ap moutre ou la a, konsa w'a viv lontan. 11 Mwen moutre ou jan pou ou viv ak bon konprann. Mwen fè ou konnen jan pou ou mache dwat. 12 Lè w'ap viv avèk bon konprann, anyen p'ap bare wout ou. Ou mèt ap kouri, ou p'ap janm bite sou anyen. 13 Pa janm bliye sa yo te moutre ou, kenbe l' fèm. Pa kite l' chape anba men ou, se tout lavi ou. 14 Pa fè menm chemen ak mechan yo. Pa swiv egzanp moun ki deprave yo. 15 Pa fè sa, pa pran chemen sa yo menm. Refize fè tankou yo, fè chemen pa ou. 16 Mechan yo p'ap dòmi toutotan yo pa fè sa ki mal. Dòmi pa ka pran yo si yo pa rive fè sa yo vle fè a. 17 Se nan fè mechanste yo jwenn manje pou yo manje. Se nan fè moun mal yo jwenn diven pou yo bwè. 18 Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt. 19 Chemen moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite. 20 Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k'ap soti nan bouch mwen. 21 Pa janm kite yo soti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo. 22 Se lavi pou moun ki jwenn yo. Se lasante pou tout moun ki konprann yo. 23 Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv. 24 Pa janm kite manti soti nan bouch ou, ni move pawòl, ni mo deplase. 25 Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan. 26 Chache konnen byen sa w'ap fè. Konsa, tou sa w'ap fè ap mache byen pou ou. 27 Pa vire ni adwat ni agoch. Pa lage kò ou nan fè sa ki mal.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Pwovèb 4:1-2
Pr 4:1-27. To an earnest call for attention to his teachings, the writer adds a commendation of wisdom, preceded and enforced by the counsels of his father and teacher. To this he adds a caution (against the devices of the wicked), and a series of exhortations to docility, integrity, and uprightness.
1-2. (Compare Pr 1:8).
to know--in order to know.
doctrine--the matter of learning (Pr 1:5), such as he had received (La 3:1).
Pwovèb 4:3
Pwovèb 4:4
4. He taught--or directed me.
retain--as well as receive.
keep ... and live--observe, that you may live (Pr 7:2).
Pwovèb 4:5
5. Get--as a possession not to be given up.
neither decline--that is, from obeying my word.
Pwovèb 4:6
6. Not only accept but love wisdom, who will keep thee from evil, and evil from thee.
Pwovèb 4:7
7. (Compare Job 28:28).
getting--or possession; a desire for wisdom is wise.
Pwovèb 4:8
8. As you highly esteem her, she will raise you to honor.
embrace her--with fond affection.
Pwovèb 4:9
Pwovèb 4:10
Pwovèb 4:11-12
Pwovèb 4:13
13. (Compare Pr 3:18). The figure of laying hold with the hand suggests earnest effort.
Pwovèb 4:14
14. (Compare Psa 1:1). Avoid all temptations to the beginning of evil.
Pwovèb 4:16-17
Pwovèb 4:18-19
18-19. As shining light increases from twilight to noonday splendor, so the course of the just increases in purity, but that of the wicked is as thickest darkness, in which one knows not on what he stumbles.
Pwovèb 4:20-22
Pwovèb 4:23
Pwovèb 4:24
24. a froward mouth--that is, a mouth, or words of ill nature. The Hebrew word differs from that used (Pr 2:15; 3:32).
perverse--or, "quarreling."
lips--or, "words."
Pwovèb 4:25
25. Let ... before thee--that is, pursue a sincere and direct purpose, avoiding temptations.
Pwovèb 4:26
26. Ponder--Consider well; a wise course results from wise forethought.
Pwovèb 4:27
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
