Pwovèb 27
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Pa fè grandizè pou sa ou pral fè denmen. Ou wè jòdi, ou pa konn denmen. 2 Kite lòt moun pale byen pou ou. Pa fè sa ou menm. Kite etranje fè lwanj pou ou. Pa janm fè lwanj tèt pa ou. 3 Wòch lou, sab lou. Men, yo pa ka pi lou pase yon moun san konprann lè l' fache. 4 Lè yon moun ankòlè, li kraze brize. Men, ki moun ki ka kenbe tèt ak yon moun k'ap fè jalouzi? 5 Pito ou rale zòrèy yon moun kareman pase pou ou kite l' konprann sa li fè a pa anyen. 6 Lè yon zanmi ap rale zòrèy ou, se byen ou li vle wè. Men, lè yon lènmi ap pase men l' nan kou ou, se twonpe l'ap twonpe ou. 7 Lè vant moun plen, yo refize ata siwo myèl. Lè moun grangou vre, menm bagay anmè gou nan bouch. 8 Yon moun ki lwen lakay li, se tankou yon zwezo ki byen lwen nich li. 9 Losyon ak lwil santi bon bay kè kontan. Konsèy yon bon zanmi remoute kouraj. 10 Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen. 11 Pitit mwen, aprann gen bon konprann. Fè kè m' kontan. Konsa, m'a ka reponn moun k'ap kritike m' yo. 12 Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa. 13 Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo sezi ata rad ki sou li jouk lòt la peye. 14 Si ou di yon zanmi ou bonjou twò fò granmaten, se tankou si ou te ba li madichon. 15 Yon fanm ki toujou ap chache kont, se tankou yon goutyè k'ap degoute lè lapli ap tonbe tout lajounen. 16 Si ou rive fè l' pe bouch li, w'a kenbe van ak men ou, w'a kenbe lwil ak dwèt ou tou! 17 Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt. 18 Moun ki pran swen yon pye rezen, se li ki va jwenn rezen pou li manje. Moun ki fè travay mèt li byen, y'a gen respè pou li. 19 Lè ou gade nan glas, se pwòp figi ou ou wè ladan l'. Konsa tou, lè ou gade nan kè yon moun, ou wè ki moun li ye. 20 Menm jan toujou gen plas pou mò kote mò yo ye a, konsa tou, toujou gen plas pou lanvi nan kè moun. 21 Yo pase lò ak ajan nan dife pou wè si yo bon. Konsa tou, dapre jan yo nonmen non yon moun, yo ka di ki moun li ye. 22 Ou te mèt woule yon moun sòt anba baton tankou yo bat pwa, se pa sa k'ap fè l' kite sòt. 23 Chache konnen jan tout bèt ou yo ye. Pran swen yo. 24 Richès pa la pou tout tan. Ou ka pa rive pase tout byen ou bay pitit pitit ou. 25 Lè ou koupe zèb, li pouse ankò. Konsa, toujou gen zèb sou mòn yo. 26 Mouton ou yo ap ba ou lenn pou fè rad met sou ou. Bouk kabrit yo ap rapòte ou lajan pou achte tè pou fè jaden. 27 W'a jwenn kont lèt kabrit pou ou bwè ak fanmi ou ansanm ak moun k'ap sèvi lakay ou.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Pwovèb 27:1
1. Do not confide implicitly in your plans (Pr 16:9; 19:21; Jas 4:13-15).
Pwovèb 27:2
2. Avoid self-praise.
Pwovèb 27:3
3. heavy--The literal sense of "heavy," applied to material subjects, illustrates its figurative, "grievous," applied to moral.
a fool's wrath--is unreasonable and excessive.
Pwovèb 27:4
4. envy--or, "jealousy" (compare Margin; Pr 6:34), is more unappeasable than the simpler bad passions.
Pwovèb 27:5-6
5-6. secret love--not manifested in acts is useless; and even, if its exhibition by rebukes wounds us, such love is preferable to the frequent (compare Margin), and hence deceitful, kisses of an enemy.
Pwovèb 27:7
7. The luxury of wealth confers less happiness than the healthy appetite of labor.
Pwovèb 27:8
8. Such are not only out of place, but out of duty and in danger.
Pwovèb 27:9
9. rejoice the heart--the organ of perceiving what pleases the senses.
sweetness ... counsel--or, "wise counsel is also pleasing."
Pwovèb 27:10
10. Adhere to tried friends. The ties of blood may be less reliable than those of genuine friendship.
Pwovèb 27:11
11. The wisdom of children both reflects credit on parents and contributes to their aid in difficulties.
Pwovèb 27:12-13
Pwovèb 27:14
14. Excessive zeal in praising raises suspicions of selfishness.
Pwovèb 27:15
15. (Compare Pr 19:13).
very ... day--literally, "a day of showers."
Pwovèb 27:16
16. hideth--or, "restrains" (that is, tries to do it); is as fruitless an effort, as that of holding the wind.
the ointment of his right hand--the organ of power (Psa 17:7; 18:35). His right hand endeavors to repress perfume, but vainly. Some prefer: "His right hand comes on oil," that is, "cannot take hold." Such a woman cannot be tamed.
Pwovèb 27:17
17. a man sharpeneth ... friend--that is, conversation promotes intelligence, which the face exhibits.
Pwovèb 27:18
18. Diligence secures a reward, even for the humble servant.
Pwovèb 27:19
19. We may see our characters in the developed tempers of others.
Pwovèb 27:20
20. Men's cupidity is as insatiable as the grave.
Pwovèb 27:21
21. Praise tests character.
a man to his praise--according to his praise, as he bears it. Thus vain men seek it, weak men are inflated by it, wise men disregard it, &c.
Pwovèb 27:22
22. The obstinate wickedness of such is incurable by the heaviest inflictions.
Pwovèb 27:23-24
23-24. flocks--constituted the staple of wealth. It is only by care and diligence that the most solid possessions can be perpetuated (Pr 23:5).
Pwovèb 27:25-27
25-27. The fact that providential arrangements furnish the means of competence to those who properly use them is another motive to diligence (compare Psa 65:9-13).
The hay appeareth--literally, "Grass appeareth" (Job 40:15; Psa 104:14).
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
