Pwovèb 28

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Mechan yo pa bezwen moun dèyè yo pou yo kouri. Men, moun ki mache dwat yo brav tankou lyon. 2 Lè nan yon peyi moun ap fè sa ki mal, chak jou gen yon lòt chèf. Men avèk yon moun ki gen konprann, ki konnen sa l'ap fè, gouvènman an ap kanpe pou lontan. 3 Yon pòv k'ap peze pi pòv pase l', se tankou yon gwo lapli ki gate tout jaden nèt. 4 Moun ki pa respekte lalwa bay mechan yo pye sou moun. Men, moun ki fè sa lalwa mande, se moun ki pran pozisyon kont mechan yo. 5 Mechan yo pa konnen sa ki rele jistis. Men, moun k'ap sèvi Seyè a konprann tout bagay. 6 Pito ou pòv men ou serye, pase pou ou rich men ou vòlè. 7 Yon jenn gason ki fè tou sa lalwa mande, se pitit ki gen lespri. Men, moun ki fè zanmi ak vakabon se yon wont pou papa l'. 8 Moun ki vin rich nan prete moun lajan, nan bay kout ponya, se anpile y'ap anpile lajan pou moun ki konn pran ka malere. 9 Lè ou refize fè sa lalwa mande ou fè a, ata lapriyè w'ap fè a p'ap fè Bondye plezi. 10 Lè yon moun chache pran tèt yon nonm serye pou fè l' fè sa ki mal, se li menm k'ap pran nan pèlen an. Men moun serye a va jwenn bon rekonpans. 11 Yon nonm rich mete nan tèt li li gen bon konprann. Men, yon pòv ki gen lespri ap dekouvri l'. 12 Lè se moun k'ap fè sa ki dwat ki rive chèf, se fèt pou tout moun. Men, lè se mechan an ki rive chèf, tout moun al kache. 13 Moun k'ap kache peche p'ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo. 14 Ala bon sa bon pou moun ki toujou gen krentif pou Bondye! Men, moun k'ap fè tèt di ak Bondye ap wè malè tonbe sou yo. 15 Yon chèf malveyan se tankou lyon ki move, tankou lous ki grangou. Pòv malere san sekou devan yo. 16 Lè yon chèf pa gen konprann, l'ap peze moun, l'ap fè mechanste. Men, moun ki pa vle wè moun k'ap vòlò ap gouvènen lontan. 17 Lè yon moun touye yon lòt, konsyans li boulvèse l', l'ap kouri chache lanmò. Piga pesonn chache kenbe l'. 18 Malè p'ap rive moun k'ap mennen yon lavi san repwòch. Men, moun ki pa serye, k'ap mache pye gaye, y'ap rete konsa, y'ap tonbe. 19 Yon moun ki travay di nan jaden l' ap jwenn kont manje pou l' manje. Men, moun k'ap fè bagay ki p'ap sèvi anyen ap toujou pòv. 20 Yon nonm ki serye nan sa l'ap fè ap jwenn anpil benediksyon. Men, yo p'ap manke pini moun k'ap prese pou l' rich. 21 Sa pa bon pou gade moun sou figi. Men, pou nenpòt ti kraze kòb, yon jij ka fè betiz. 22 Moun ki anvi tout toujou ap prese pou yo rich. Yo pa wè grangou k'ap tann yo pi devan. 23 Lè ou rale zòrèy yon moun, pita l'ap gen plis konsiderasyon pou ou pase pou moun k'ap achte figi l'. 24 Moun k'ap vòlò papa l' ak manman l', epi k'ap di nan kè l': Se pa anyen sa, li menmman parèyman ak moun k'ap mache brize. 25 Moun ki anvi tout pou yo ap toujou nan kont. Men, moun ki mete konfyans yo nan Seyè a p'ap janm manke anyen. 26 Moun ki gen konfyans nan pwòp tèt yo, se moun fou yo ye. Men, moun ki fè sa li konnen li dwe fè a ap sove. 27 Moun ki bay pòv p'ap janm manke anyen. Men, moun ki fè tankou li pa wè pòv yo chaje ak madichon. 28 Lè se mechan ki rive chèf, tout moun al kache. Men, tonbe mechan yo tonbe, moun k'ap mache dwat yo kanpe ankò.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Pwovèb 28:2

2. Anarchy producing contending rulers shortens the reign of each.

but by a man ... prolonged--or, "by a man of understanding--that is, a good ruler--he who knows or regards the right, that is, a good citizen, shall prolong (his days)." Good rulers are a blessing to the people. Bad government as a punishment for evil is contrasted with good as blessing to the good.

Pwovèb 28:3

3. A poor man, &c.--Such, in power, exact more severely, and so leave subjects bare.

Pwovèb 28:4

4. They that forsake ... wicked--Wrongdoers encourage one another.

Pwovèb 28:5

5. (Compare Joh 7:17). Ignorance of moral truth is due to unwillingness to know it.

Pwovèb 28:6

6. (Compare Pr 10:6). Riches cannot compensate for sin, nor the want of them affect integrity.

Pwovèb 28:8

8. usury ... unjust gain--(Compare Margin). The two terms, meaning nearly the same, may denote excessive interest. God's providence directs the proper use of wealth.

Pwovèb 28:11

11. A poor but wise man can discover (and expose) the rich and self-conceited.

Pwovèb 28:12

12. great glory--or, cause for it to a people, for the righteous rejoice in good, and righteousness exalts a nation (Pr 14:34).

a man ... hidden--that is, the good retire, or all kinds try to escape a wicked rule.

Pwovèb 28:13

13. (Compare Psa 32:3-5). Concealment of sin delivers none from God's wrath, but He shows mercy to the humble penitent (Psa 51:4).

Pwovèb 28:14

14. feareth--that is, God, and so repents.

hardeneth his heart--makes himself insensible to sin, and so will not repent (Pr 14:16; 29:1).

Pwovèb 28:15

15. The rapacity and cruelty of such beasts well represent some wicked men (compare Psa 7:2; 17:12).

Pwovèb 28:16

16. The prince ... understanding--that is, He does not perceive that oppression jeopards his success. Covetousness often produces oppression, hence the contrast.

Pwovèb 28:17

17. doeth violence ... blood, &c.--or, that is oppressed by the blood of life (Ge 9:6), which he has taken.

to the pit--the grave or destruction (Pr 1:12; Job 33:18-24; Psa 143:7).

stay him--sustain or deliver him.

Pwovèb 28:18

18. (Compare Pr 10:9; 17:20). Double dealing is eventually fatal.

Pwovèb 28:20

20. maketh haste ... rich--implying deceit or fraud (Pr 20:21), and so opposed to "faithful" or reliable.

Pwovèb 28:21

21. respect of persons--(Pr 24:23). Such are led to evil by the slightest motive.

Pwovèb 28:22

22. (Compare Pr 28:20).

evil eye--in the general sense of Pr 23:6, here more specific for covetousness (compare Pr 22:9; Mt 20:15).

poverty ... him--by God's providence.

Pwovèb 28:23

23. (Compare Pr 9:8, 9; 27:5). Those benefited by reproof will love their monitors.

Pwovèb 28:24

24. (Compare Mt 15:4-6). Such, though heirs, are virtually thieves, to be ranked with highwaymen.

Pwovèb 28:25

25. of a proud heart--literally, "puffed up of soul"--that is, self-confident, and hence overbearing and litigious.

made fat--or, "prosperous" (Pr 11:25; 16:20).

Pwovèb 28:28

28. The elevation of the wicked to power drives men to seek refuge from tyranny (compare Pr 28:12; 11:10; Psa 12:8).

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.