Pwovèb 26

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Menm jan moun pa bezwen tann pou fè gwo fredi nan sezon chalè, ni pou lapli tonbe nan sezon rekòt, konsa tou, moun san konprann pa bezwen tann pou yo fè lwanj li. 2 Madichon pa ka fè ou anyen si ou pa antò. Se tankou ti zwezo k'ap vòltije sou branch bwa, ziwondèl k'ap vole nan syèl la yo ye. 3 Fwèt pou chwal, baboukèt pou bourik, baton pou do moun ki san konprann. 4 Pa reponn moun sòt yo menm jan yo pale a, pou ou pa parèt sòt menm jan ak yo. 5 Reponn moun sòt yo dapre jan yo pale a, w'a fè yo wè se moun sòt yo ye. 6 Yon moun ki voye yon moun sòt fè komisyon, se tankou si li te koupe janm li. Se traka l'ap chache bay tèt li. 7 Yon moun ki san konprann sèvi ak yon pwovèb menm jan yon moun bwete sèvi ak move janm lan. 8 Fè lwanj yon moun ki san konprann, se tankou si ou te mare wòch la anvan ou tire fistibal la. 9 Yon moun san konprann k'ap bay yon pwovèb, se tankou yon moun sou k'ap chache wete yon pikan nan dwèt li. 10 Patwon ki pran nenpòt moun san konprann osinon nenpòt moun k'ap pase nan lari pou travay pou li, se yon danje pou tout moun. 11 Menm jan yon chen tounen vin manje sa li vonmi, se konsa moun san konprann yo ap toujou fè sa y'ap fè a. 12 Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun ki mete nan tèt li li konprann. 13 Parese a di: Gen bèt nan bwa sou wout la. Gen yon lyon nan lari a. 14 Parese a ap vire adwat agoch nan kabann li, menm jan yon pòt ap vire louvri fèmen sou gon li yo. 15 Parese a pran kiyè l' nan men l'. Men, pou l' leve l' mete nan bouch li, se yon pakèt afè. 16 Parese mete nan tèt li li gen plis konprann pase sèt moun lespri ki konn sa y'ap di. 17 Moun k'ap foure bouch nan koze ki pa gade l', se tankou moun k'ap rale ke chen li jwenn sou gran chemen. 18 -(we vèsè pwochen) 19 Moun k'ap mache twonpe moun, apre sa pou li di: Aa monchè! Se jwe mwen t'ap jwe, moun konsa tankou moun fou k'ap voye bwa dife ak wòch pou touye moun. 20 Kote ki pa gen bwa, pa gen dife. Kote ki pa gen tripòt, pa gen kont. 21 Chabon kenbe recho a limen. Bwa pa kite dife a mouri. Konsa tou, moun ki renmen chache kont toujou ap pouse dife. 22 Tripotay dous nan zòrèy moun ki vle tande yo. Sa mache nan san yo. 23 Yon moun ki gen bèl pawòl nan bouch li men ki gen move kè, se tankou bèl penti sou bwa pouri. 24 Ipokrit ki rayi moun toujou ap bay bèl pawòl. Men, nan kè l', se twonpe l'ap twonpe moun. 25 Lè l'ap pale konsa, ou pa bezwen kwè l', paske nan fon kè l', se mechanste ase ki genyen. 26 Li te mèt kache sa, tout moun gen pou wè mechanste l'ap fè yo. 27 Moun k'ap tann pèlen pou lòt se yo menm k'ap pran ladan li. Moun ki konmanse woule wòch la, se li menm ankò wòch la ap kraze. 28 Fòk ou rayi yon moun vre pou fè manti sou li. Lè w'ap flate moun, se tèt ou w'ap fè tò.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Pwovèb 26:1

Pr 26:1-28.

1. The incongruities of nature illustrate also those of the moral world. The fool's unworthiness is also implied (Pr 17:7; 19:10).

Pwovèb 26:2

2. Though not obvious to us,

the bird--literally, "sparrow"--and

swallow--have an object in their motions, so penal evil falls on none without a reason.

Pwovèb 26:3

3. The rod is as much needed by fools and as well suited to them, as whips and bridles are for beasts.

Pwovèb 26:4-5

4-5. Answer not--that is, approvingly by like folly.

Pwovèb 26:6

6. A fool fails by folly as surely as if he were maimed.

drinketh damage--that is, gets it abundantly (Job 15:16; 34:7).

Pwovèb 26:7

7. legs ... equal--or, "take away the legs," or "the legs ... are weak." In any case the idea is that they are the occasion of an awkwardness, such as the fool shows in using a parable or proverb (see Introduction; Pr 17:7).

Pwovèb 26:8

8. A stone, bound in a sling, is useless; so honor, conferred on a fool, is thrown away.

Pwovèb 26:9

9. As vexatious and unmanageable as a thorn in a drunkard's hand is a parable to a fool. He will be as apt to misuse is as to use it rightly.

Pwovèb 26:10

10. Various versions of this are proposed (compare Margin). Better perhaps--"Much He injures (or literally, "wounds") all who reward," &c., that is, society is injured by encouraging evil men.

transgressors--may be rendered "vagrants." The word "God" is improperly supplied.

Pwovèb 26:11

11. returneth ... folly--Though disgusting to others, the fool delights in his folly.

Pwovèb 26:12

12. The self-conceited are taught with more difficulty than the stupid.

Pwovèb 26:16

16. The thoughtless being ignorant of their ignorance are conceited.

Pwovèb 26:17

17. meddleth--as in Pr 20:19; 24:21; as either holding a dog by the ears or letting him go involves danger, so success in another man's strife or failure involves a useless risk of reputation, does no good, and may do us harm.

Pwovèb 26:18-19

18-19. Such are reckless of results.

Pwovèb 26:20-21

20-21. The talebearers foster (Pr 16:28), and the contentious excite, strife.

Pwovèb 26:22

22. (Compare Pr 18:8).

Pwovèb 26:23

23. Warm professions can no more give value to insincerity than silver coating to rude earthenware.

Pwovèb 26:24

24. dissembleth--though an unusual sense of the word (compare Margin), is allowable, and better suits the context, which sets forth hypocrisy.

Pwovèb 26:25

25. Sentiment of Pr 26:24 carried out.

seven abominations in his heart--that is, very many (compare Pr 24:16).

Pwovèb 26:26-27

26-27. Deceit will at last be exposed, and the wicked by their own arts often bring on retribution (compare Pr 12:13; Psa 7:16; 9:17, &c.).

Pwovèb 26:28

28. Men hate those they injure.

A lying tongue--"lips" for the persons (compare Pr 4:24; Psa 12:3).

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.