Pwovèb 25
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Men kèk lòt pwovèb wa Salomon. Se moun nan palè Ezekyas, wa peyi Jida a, ki te kouche yo sou papye. 2 Bondye konnen lè pou l' kite nou konprann, se sa ki fè pouvwa li. Wa yo toujou ap chache konprann, se sa ki fè moun respekte yo. 3 Menm jan ou pa konnen wotè syèl la ak fondè tè a, se konsa tou ou pa ka konnen sa k'ap pase nan tèt yon wa. 4 Wete tout vye kras ki nan ajan an. Efèv la ap ba ou yon bèl travay byen fèt. 5 Wete tout mechan bò kote wa a, gouvènman l' lan ap chita byen chita. p'ap gen lenjistis. 6 Pa fè grandizè devan wa a. Pa chita nan plas grannèg yo. 7 Pito yo di ou moute pi wo, pase pou yo fè ou bay plas la, pou ou ta wont devan chèf la. 8 Sa ou wè ak je ou, pa prese al rapòte l' lajistis. Si apre sa, yon lòt temwen kanpe pou demanti ou, lè sa a kisa ou va fè? 9 Lè ou gen kont ak yon moun, regle zafè nou san nou pa mete lòt moun ladan li. Pa mete sekrè l' deyò. 10 Paske, lè moun konnen ou pa ka kenbe sekrè, y'a fè ou wont. Y'a ba ou move non. 11 Lè ou bay bon pawòl ki tonbe daplon se tankou yon moso lò byen travay yo plake sou yon moso ajan. 12 Lè yon moun ki gen bon konprann rale zòrèy moun ki gen tande, se tankou zanno ak kolye ki fèt ak bon lò ou mete sou ou. 13 Yon komisyonè ki p'ap twonpe moun ki voye l' la, se tankou yon bon vè dlo byen fre w'ap bwè nan mitan chalè rekòt. L'ap remoute kouraj mèt li. 14 Moun ki toujou ap pwomèt san yo pa janm kenbe pwomès yo, se tankou nwaj ak van ki pa janm pote lapli. 15 Lè ou pa fè kòlè fasil, ou jwenn jwen pou fè chèf la kwè sa ou vle. Konsa tou, ak pawòl dous, w'ap kraze tout antrav ou ta ka jwenn sou chemen ou. 16 Lè ou jwenn siwo myèl, bwè kantite ou ka bwè. Si ou pran twòp, l'a fè kè ou plen, l'a fè ou vonmi. 17 Konsa tou, pa al rann vizit twò dri lakay zanmi ou, pou li pa bouke avè ou, pou l' pa rayi ou. 18 Yon moun k'ap mache bay manti sou moun, se tankou yon makak chaplèt, yon nepe, yon flèch byen pwenti. Li ka touye ou. 19 Jou malè, si ou mete konfyans ou sou moun trèt, se tankou si ou vle mòde ak dan pouri, osinon kouri sou pye foule. 20 Chante mereng pou yon moun ki nan lapenn, se tankou moun ki wete tout rad sou li nan fredi, se tankou si ou prije sitwon sou yon malenng. 21 Si lènmi ou grangou, ba li manje. Si li swaf dlo, ba li dlo pou l' bwè. 22 Lè sa a, w'a fè l' wont anpil. Seyè a va rekonpanse ou. 23 Tripotaj fè moun fè kòlè, menm jan nòde bay lapli. 24 Pito ou viv pou kont ou nan yon kwen galata pase pou w'ap viv nan yon kay ansanm ak yon fanm k'ap chache kont tout tan. 25 Lè ou resevwa yon bon nouvèl ki soti nan peyi Jida, se tankou yon vè dlo fre pou yon moun ki sot moute mòn. 26 Lè yon moun ki mache dwat kite yon mechan pran tèt li, se tankou yon sous dlo moun mache ladan l', se tankou yon pi yo sal. 27 Twòp siwo myèl pa bon pou lasante. Konsa tou, pa chache pou moun nonmen non ou twòp. 28 Si ou pa kapab kontwole kòlè ou, ou tankou yon lavil san ranpa. Y'ap anvayi l' fasil. Y'ap mete men sou ou fasil.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Pwovèb 25:1
1. The character of these proverbs sustains the title (see Introduction).
also--refers to the former part of the book.
copied out--literally, "transferred," that is, from some other book to this; not given from memory.
Pwovèb 25:2
Pwovèb 25:3
3. Ye wisely keeping state secrets, which to common men are as inaccessible heights and depths.
Pwovèb 25:4-5
4-5. As separating impurities from ore leaves pure silver, so taking from a king wicked counsellors leaves a wise and beneficent government.
Pwovèb 25:6-7
6-7. Do not intrude into the presence of the king, for the elevation of the humble is honorable, but the humbling of the proud disgraceful (Lu 14:8-10).
Pwovèb 25:8
8. (Compare Pr 3:30).
lest ... shame--lest you do what you ought not, when shamed by defeat, or "lest thou art shut out from doing any thing."
Pwovèb 25:9-10
9-10. (Compare Mt 5:25, Margin).
secret--that is, of your opponent, for his disadvantage, and so you be disgraced, not having discussed your difficulties with him.
Pwovèb 25:11
11. a word fitly--literally, "quickly," as wheels roll, just in time. The comparison as apples ... silver gives a like sense.
apples, &c.--either real apples of golden color, in a silver network basket, or imitations on silver embroidery.
Pwovèb 25:12
Pwovèb 25:13
13. Snow from mountains was used to cool drinks; so refreshing is a faithful messenger (Pr 13:17).
Pwovèb 25:14
14. clouds--literally, "vapors" (Jr 10:13), clouds only in appearance.
a false gift--promised, but not given.
Pwovèb 25:15
Pwovèb 25:16-17
16-17. A comparison, as a surfeit of honey produces physical disgust, so your company, however agreeable in moderation, may, if excessive, lead your friend to hate you.
Pwovèb 25:18
18. A false witness is as destructive to reputation, as such weapons to the body (Pr 24:28).
beareth ... witness--literally, "answereth questions," as before a judge, against his neighbor.
Pwovèb 25:19
19. Treachery annoys as well as deceives.
Pwovèb 25:20
20. Not only is the incongruity of songs (that is, joyful) and sadness meant, but an accession of sadness, by want of sympathy, is implied.
Pwovèb 25:21-22
Pwovèb 25:23
23. Better, "As the north wind bringeth forth (Psa 90:2) or produces rain, so does a concealed or slandering tongue produce anger."
Pwovèb 25:24
Pwovèb 25:25
25. (Compare Pr 25:13).
good news--that is, of some loved interest or absent friend, the more grateful as coming from afar.
Pwovèb 25:26
26. From troubled fountains and corrupt springs no healthy water is to be had, so when the righteous are oppressed by the wicked, their power for good is lessened or destroyed.
Pwovèb 25:27
Pwovèb 25:28
28. Such are exposed to the incursions of evil thoughts and successful temptations.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
