Pwovèb 20

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Twòp bweson fè ou pase moun nan betiz. Twòp gwòg fè ou pete kabouyay, fè lòbèy. Lè ou sou, ou aji tankou moun fou. 2 Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Moun ki mete l' ankòlè a, se pwòp tèt li l'ap fè mal. 3 Se bèl bagay lè yon moun evite diskisyon. Moun san konprann toujou ap chache kont. 4 Parese pa pare tè li lè pou l' te pare l', li di fè twò frèt. Lè rekòt rive, li pa jwenn anyen nan jaden l'. 5 Lide yon nonm gen nan tèt li, se tankou dlo nan yon pi byen fon. Men, yon moun lespri ka rale yo mete deyò. 6 Anpil moun ap mache di jan yo se moun serye. Men, ou pa fasil jwenn yon moun ou ka fè konfyans. 7 Lè yon papa se moun serye, li fè sa ki dwat. Sa bon nèt pou pitit li yo. 8 Lè yon wa chita sou fòtèy li, l'ap rann jistis, li wè sa ki mal ak sa ki byen. 9 Ki moun ki ka di: mwen lave konsyans mwen, mwen wete tout peche ki te sou li? 10 Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi. 11 Yon timoun moutre ou sa l'ap soti nan sa l'ap fè. Ou ka di si l'ap serye, si l'ap bon. 12 Se Seyè a ki ban nou je pou nou ka wè, se li menm ki ban nou zòrèy pou nou ka tande. 13 Pa renmen dòmi twòp pou ou pa vin pòv. Souke kò ou. W'a jwenn kont manje pou ou manje. 14 Lè moun ap machande, machandiz pa janm bon. Fini yo fin achte, y'ap mache di jan yo fè yon bon zafè. 15 Lè yon moun ki gen konprann ap pale sa gen plis valè pase kantite lò ak pyè ki koute chè. 16 Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo pran ata rad ki sou li jouk lòt la peye. 17 Lajan ou fè nan move kondisyon ka dous lè ou fèk genyen l'. Men, apre sa, se tankou ti wòch anba dan. 18 Pran konsèy, tou sa ou gen lide fè ap mache byen. Pa kouri fè lagè san ou pa konnen sa w'ap fè. 19 Bouch alèlè pa kenbe sekrè. Pa mele ak moun ki pale twòp. 20 Moun ki bay manman l' ak papa l' madichon p'ap viv lontan. 21 Richès ou ranmase fasil fasil p'ap janm vin yon benediksyon pou ou. 22 Pa janm di se ou ki pou vanje tèt ou. Mete konfyans ou nan Seyè a, l'a delivre ou. 23 Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi. Sa pa bon pou ou sèvi ak move balans. 24 Se Seyè a ki louvri chemen devan nou. Ki jan lèzòm ka rive konprann lavi? 25 Pa prese fè Bondye pwomès. Ou ka règrèt sa pita. 26 Yon wa ki gen bon konprann ap rive dekouvri tout mechan yo. L'ap san pitye lè l'ap pini yo. 27 Se Seyè a ki ban nou konsyans nou. Se tankou yon lanp k'ap klere pou fè nou wè tou sa n'ap fè. 28 Yon wa ap rete wa si li se nèg serye, si li toujou kenbe pawòl li. L'ap toujou wa si li pa nan patipri. 29 Se kouraj ki fè valè yon jenn gason. Men, pou granmoun, se cheve blan l' yo ki fè valè l'. 30 Move esperyans ka fè nou chanje. Malè ka fè nou vin gen bon santiman.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Pwovèb 20:1

Pr 20:1-30.

1. mocker--scorner. Such men are made by wine.

strong drink--made by spicing wine (compare Is 5:11, 22); and it may include wine.

raging--or boisterous as a drunkard.

deceived--literally, "erring," or reeling.

Pwovèb 20:2

2. (Compare Pr 19:12). Men who resist authority injure themselves (Ro 13:2).

Pwovèb 20:3

3. to cease from strife--or, better, "to dwell from or without strife," denoting the habit of life.

fool ... meddling--(Pr 17:14).

Pwovèb 20:4

4. shall ... beg--literally, "ask" (in this sense, Psa 109:10).

Pwovèb 20:5

5. Counsel ... water--that is, deeply hidden (Pr 18:4; Psa 13:2). The wise can discern well.

Pwovèb 20:6

6. Boasters are unreliable.

goodness--or, "kind disposition."

Pwovèb 20:7

7. The conduct of good men proclaims their sound principles. God's covenant and their good example secure blessing to their children (Pr 4:26; Psa 112:1, 2).

Pwovèb 20:8

8. As in Pr 14:35; 16:10, 15, this is the character of a good king, not of all kings.

Pwovèb 20:9

9. The interrogation in the affirmative strengthens the implied negation (compare Job 15:14; Ec 7:20).

Pwovèb 20:10

10. Various measures, implying that some are wrong (compare Pr 11:1; 16:11).

Pwovèb 20:11

11. The conduct of children even is the best test of principle (compare Mt 7:16).

Pwovèb 20:12

12. Hence, of course, God will know all you do (Psa 94:9).

Pwovèb 20:13

13. Activity and diligence contrasted with sloth (Pr 6:9; 10:11).

lest ... poverty--literally, "be deprived of inheritance."

Pwovèb 20:14

14. when ... his way--implying that he goes about boasting of his bargains.

Pwovèb 20:15

15. The contrast denotes the greater value of knowledge (compare Pr 3:14-16).

Pwovèb 20:16

16. Take his garment--implies severe exaction, justified by the surety's rashness.

a strange woman--by some readings "strangers," but the former here, and in Pr 27:13, is allowable, and strengthens the sense. The debauchee is less reliable than the merely careless.

Pwovèb 20:17

17. Bread ... sweet--either as unlawfully (Pr 9:17) or easily obtained.

mouth ... gravel--well expresses the pain and grief given at last.

Pwovèb 20:18

18. (Compare Pr 15:22). Be careful and considerate in important plans.

Pwovèb 20:19

19. Those who love to tell news will hardly keep secrets.

flattereth ... lips--(compare Margin; Pr 1:10).

meddle ... him--literally, "join," or "associate with."

Pwovèb 20:21

21. gotten hastily--contrary to God's providence (Pr 28:20), implying its unjust or easy attainment; hence the man is punished, or spends freely what he got easily (compare Pr 20:17).

Pwovèb 20:24

24. Man's goings--literally, "Stately steppings of a strong man."

a man--any common man.

understand--or, "perceive."

Pwovèb 20:25

25. devoureth ... holy--or, better, "who rashly speaks promises," or "devotes what is holy," consecrating any thing. This suits better the last clause, which expresses a similar view of the results of rashly vowing.

Pwovèb 20:26

26. (Compare Pr 20:8).

bringeth ... over them--The wheel was used for threshing grain. The figure denotes severity (compare Am 1:3).

Pwovèb 20:27

27. The spirit ... Lord--Men's minds are God's gifts, and thus able to search one another (compare Pr 20:5; Pr 18:8, 17; 1Co 2:11).

Pwovèb 20:29

29. The glory of young men ... the beauty of old men--Each age has its peculiar excellence (Pr 16:31).

Pwovèb 20:30

30. blueness--literally, "joining," the process of uniting the edges of a wound throws off purulent matter.

stripes ... belly--So punishment provides healing of soul (Pr 18:8), by deterring from evil courses.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.