Pwovèb 21
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a dirije lespri yon wa, menm jan li dirije yon kouran dlo nan kannal. Li mennen l' kote li vle. 2 Lèzòm mete nan lide yo tou sa y'ap fè dwat. Men, pa bliye, se Seyè a k'ap jije sa ki nan kè yo. 3 Fè sa ki dwat. Pa nan patipri. Sa fè Seyè a plezi pi plis pase bèt ou ta touye pou li. 4 Fè awogans, gonfle lestonmak yo sou moun, se sa ase mechan yo ap chache fè. Tou sa se peche. 5 Lè ou pran san ou pou ou travay, tou sa w'ap fè ap ba ou benefis. Men, lè ou twò prese, ou p'ap janm gen anyen. 6 Moun k'ap mache bay manti pou fè lajan ap kouri dèyè van. Se lanmò y'ap chache. 7 Move zak mechan yo ap fè a ap fini ak yo, paske yo derefize fè sa ki dwat devan Bondye. 8 Moun k'ap fè sa ki mal ap mache sou chemen plen detou. Men, inonsan yo fè sa ki dwat. 9 Pito ou rete pou kont ou nan yon kwen galata pase pou ou rete nan kay ak yon fanm ki toujou ap chache kont. 10 Mechan toujou anvi fè sa ki mal. Yo pa gen pitye pou pesonn. 11 Lè yo pini yon moun ki renmen pase lòt nan betiz, se yon leson pou moun ki pa gen lespri. Men, moun ki gen bon konprann, lè yo pale avè l', li vin gen plis konesans. 12 Bondye pa nan patipri, li konnen sa k'ap pase anndan kay mechan yo. Li fè malè tonbe sou yo. 13 Si ou fèmen zòrèy ou pou ou pa tande pòv k'ap mande ou lacharite, konsa tou pesonn p'ap tande ou lè w'a mande sekou. 14 Lè yon moun fache sou ou, si ou ba li yon kado an kachèt, w'a fè l' vin frèt. Wi, yon kado glise nan pòch li ap kase fe l'. 15 Lè yo rann jistis san patipri, moun ki mache dwat yo gen kè kontan. Men, mechan yo gen kè kase. 16 Lè yon moun pèdi chemen l' pou l' aji tankou moun fou, se lanmò k'ap fè li siyon. 17 Lè ou renmen plezi, w'ap toujou pòv. Lè ou renmen bon bweson ak bon manje, ou p'ap janm gen lajan. 18 Lè pou malè ta tonbe sou moun ki mache dwat yo, se sou mechan yo li tonbe. 19 Pito ou viv pou kont ou nan yon dezè pase pou ou viv nan kay ak yon fanm ki tout tan ap chache kont, ki tout tan ap plenyen. 20 Moun ki gen konprann ap gen gwo richès ak kantite bon manje lakay yo. Men, moun sòt gaspiye tout lajan yo. 21 Lè yon moun pa fè lenjistis, lè li gen bon kè, l'ap viv lontan. Tout zafè l' ap mache byen, y'ap respekte l'. 22 Yon nonm lespri ka pran yon lavil kote ki gen anpil grannèg. L'ap kraze fòs ki t'ap fè yo pa pè anyen an. 23 Veye bouch ou ak lang ou, ou p'ap nan pwoblèm. 24 Moun k'ap pase Bondye nan betiz, se moun ki radi, se moun ki awogan. Yo pa gen konsiderasyon pou pesonn. 25 Parese pa anvi leve ni lou ni lejè. Se sa k'ap touye l' la tou. 26 Tout lajounen l'ap kalkile sou sa l' ta renmen genyen. Men, moun ki mache dwat yo gen pou bay, y'ap bay san gad dèyè. 27 Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Sa pi mal toujou lè yo ofri bèt pou touye ba li avèk lide mechanste dèyè tèt yo. 28 Temwen k'ap bay manti gen pou l' mouri. Men, yo p'ap koupe pawòl nan bouch moun ki peze sa l'ap di. 29 Mechan toujou pran pòz radi l'. Men, moun ki mache dwat la konnen sa l'ap fè. 30 Devan Seyè a pa gen ni moun konnen, ni moun lespri, ni moun ki gen bon konprann. 31 Moun pare chwal pou y' al fè lagè, men se Seyè a k'ap deside kilès k'ap genyen batay la.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Pwovèb 21:1
Introduction
The king's heart is in the hand of God. We should practice mercy and justice. The lying tongue. The quarrelsome woman. The punishment of the wicked. The uncharitable. The private gift. The happiness of the righteous. The wicked a ransom for the righteous. The treasures of the wise. He who guards his tongue. Desire of the sluggard. The false witness. Salvation is of the Lord.
Verse 1
The king's heart is in the hand of the Lord - The Lord is the only ruler of princes. He alone can govern and direct their counsels. But there is an allusion here to the Eastern method of watering their lands. Several canals are dug from one stream; and by opening a particular sluice, the husbandman can direct a stream to whatever part he please: so the king's heart, wherever it turns; i.e., to whomsoever he is disposed to show favor. As the land is enriched with the streams employed in irrigation; so is the favourite of the king, by the royal bounty: and God can induce the king to give that bounty to whomsoever he will. See Harmer.
Pwovèb 21:2
Verse 2
The Lord pondereth the hearts - Every man feels strongly attached to his own opinions, modes of acting, etc.; and though he will not easily give up any thing to the judgment of a neighbor, whom he will naturally consider at least as fallible as himself, yet he should consider that the unerring eye of God is upon him; and he should endeavor to see that what he does is acceptable in the eye of his Maker and Judge.
Pwovèb 21:3
Verse 3
To do justice and judgment - The words of Samuel to Saul. See note on 1Sam 15:23.
Pwovèb 21:4-5
Verse 4
A high look - The evidence of pride, self-conceit, and vanity. A proud heart, from which the high look, etc., come.
And the ploughing - נר ner, lucerna, the lamp, the prosperity and posterity of the wicked; is sin - it is evil in the seed, and evil in the root evil in the branch, and evil in the fruit. They are full of sin themselves, and what they do is sinful.
Pwovèb 21:6
Verse 6
Of them that seek death - Instead of מבקשי mebakshey, "them that seek," several MSS., some ancient editions, with Symmachus, the Septuagint, Vulgate, and Arabic, have מקשי mokeshey, the snares. He who gets treasures by a lying tongue, pursues vanity into the snares of death. Our common translation may be as good. But he who, by the snares of his tongue, endeavors to buy and sell to the best advantage, is pursuing what is empty in itself; and he is ensnared by death, while he is attempting to ensnare others.
Pwovèb 21:7-8
Verse 7
The robbery of the wicked - The wicked shall be terrified and ruined by the means they use to aggrandize themselves. And as they refuse to do judgment, they shall have judgment without mercy.
Pwovèb 21:9-10
Verse 9
In a corner of the housetop - A shed raised on the flat roof - a wide house; בית חבר beith chaber, "a house of fellowship;" what we should call a lodging-house, or a house occupied by several families. This was usual in the East, as well as in the West. Some think a house of festivity is meant: hence my old MS. Bible has, the hous and feste.
Pwovèb 21:11
Verse 11
When the scorner is punished - When those who mock at religion, blaspheme against its Author, and endeavor to poison society, and disturb the peace of the community by their false doctrine, meet with that degree of punishment which their crimes, as far as they affect the public peace, deserve; then the simple, who were either led away, or in danger of being led away, by their pernicious doctrines, are made wise. And when those thus made wise are instructed in the important truths which have been decried by those unprincipled men, then they receive knowledge; and one such public example is made a blessing to thousands. But only blasphemy against God and the Bible should be thus punished. Private opinion the state should not meddle with.
Pwovèb 21:12
Verse 12
The righteous man wisely considereth - This verse is understood as implying the pious concern of a righteous man, for a wicked family, whom he endeavors by his instructions to bring into the way of knowledge and peace.
Pwovèb 21:13-15
Verse 13
Whoso stoppeth his ears - See the conduct of the priest and Levite to the man who fell among thieves; and let every man learn from this, that he who shuts his ear against the cry of the poor, shall have the ear of God shut against his cry. The words are quite plain; there is no difficulty here.
Pwovèb 21:16
Verse 16
The man once enlightened, that wandereth out of the way of understanding, in which he had walked, shall remain - have a permanent residence - in the congregation of the dead; רפאים rephaim, the lost; either separate spirits in general, or rather the assembly of separate spirits, which had fallen from primitive rectitude; and shall not be restored to the Divine favor; particularly those sinners who were destroyed by the deluge. This passage intimates that those called rephaim are in a state of conscious existence. It is difficult to assign the true meaning of the word in several places where it occurs: but it seems to mean the state of separate spirits, i.e., of those separated from their bodies, and awaiting the judgment of the great day: but the congregation may also include the fallen angels. My old MS. Bible translates, The man that errith fro the wei of doctrine, in the felowschip of geantis schal wonnen.
Pwovèb 21:17
Verse 17
He that loveth pleasure - That follows gaming, fowling, hunting, coursing, etc., when he should be attending to the culture of the fields, shall be a poor man; and, I may safely add, shall be so deservedly poor, as to have none to pity him.
Pwovèb 21:18-21
Verse 18
The wicked shall be a ransom for the righteous - God often in his judgments cuts off the wicked, in order to prevent them from destroying the righteous. And in general, we find that the wicked fall into the traps and pits they have digged for the righteous.
Pwovèb 21:22-24
Verse 22
A wise man scaleth the city of the mighty - Wisdom is in many respects preferable to strength, even in the case of defense. See what skill does in the fortification and reduction of strong places.
Pwovèb 21:25-26
Verse 25
The desire of the slothful killeth him - He desires to eat, drink, and be clothed: but as he does not labor, hence he dies with this desire in his heart, envying those who possess plenty through their labor and industry. Hence he is said to covet greedily all the day long, Pro 21:26, while the righteous, who has been laborious and diligent, has enough to eat, and some to spare.
Pwovèb 21:27-28
Verse 27
When he bringeth it with a wicked mind? - If such a person even bring the sacrifices and offerings which God requires, they are an abomination to him, because the man is wicked; and if such offerings be imperfect in themselves, or of goods ill-gotten, or offered by constraint of custom, etc., they are doubly abominable.
Pwovèb 21:29-30
Verse 29
He directeth his way - Instead of יכין yachin, he directeth, upwards of fifty of Kennicott's and De Rossi's MSS., several ancient editions with some of the versions, read יבין yabin, he understands; and because he understands his way, he is able to direct himself in walking in it.
Pwovèb 21:31
Verse 31
The horse is prepared against the day of battle - Horses were not used among the Jews before the time of Solomon. There was a Divine command against them, Deu 17:16; but Solomon transgressed it; see 1Kgs 10:29. But he here allows that a horse is a vain thing for safety; and that however strong and well appointed cavalry may be, still safety, escape, and victory, are of the Lord. Among the ancient Asiatics, the horse was used only for war; oxen labored in the plough and cart, the ass and the camel carried backloads; and mules and asses served for riding. We often give the credit of a victory to man, when they who consider the circumstances see that it came from God.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
