Resansman 15
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a pale ak Moyiz ankò, li di l' konsa: 2 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè n'a antre nan peyi mwen pral ban nou pou nou rete a, 3 lè n'ap ofri yon towo bèf, osinon yon mouton, oswa yon kabrit pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a, tankou yon ofrann ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant li, kit se paske nou te fè yon ve, kit se paske nou menm nou te fè lide fè yon ofrann, osinon paske lè fèt n'ap fete pou mwen yo rive, 4 wi, lè n'ap fè ofrann konsa pou Seyè a, n'a fè ofrann grenn ki donnen nan jaden pou mache ak yo tou: sèt ti mamit farin frans melanje avèk de boutèy ka plen lwil oliv. 5 Lè n'ap fè ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a, n'a ofri de boutèy ka plen diven pou chak ti mouton n'ap ofri. 6 Lè se yon belye mouton n'ap ofri, se va katòz ti mamit farin frans melanje avèk twa boutèy ka plen lwil oliv n'a ofri pou ofrann grenn ki donnen nan jaden, 7 ansanm ak twa boutèy ka diven. Ofrann sa yo, lè yo boule nan dife, y'a fè Seyè a plezi ak bon sant yo. 8 Lè se yon jenn towo n'ap ofri pou yo boule nèt nan dife osinon pou yo touye pou Seyè a, kit se paske nou te fè yon ve, kit se pou di Bondye mèsi, 9 se pou nou pote yon ofrann grenn ki donnen nan jaden tou: venteyen ti mamit farin frans melanje ak senk ti boutèy ka lwil oliv. 10 Lèfini, n'a ofri kat boutèy ka diven avèk li. Ofrann sa a, lè li boule nan dife, l'a fè Seyè a plezi ak bon sant li. 11 Se sa pou nou bay ansanm ak chak jenn towo, chak belye mouton osinon chak bouk kabrit n'ap ofri. 12 Pou chak bèt n'ap ofri an plis, n'a ofri kantite grenn jaden ki pou mache ak l' a. 13 Se konsa chak moun natif natal peyi Izrayèl la gen pou fè l' lè y'ap ofri yon bèt pou boule nèt pou Seyè a, yon ofrann ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant li. 14 Lè yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou pou yon ti tan, osinon pou tout tan, ap fè yon ofrann bay Bondye, yon ofrann pou yo boule nan dife epi ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant li, se pou l' swiv menm regleman ak nou. 15 Nan peyi a, se va yon sèl regleman pou tout moun, ni pou nou menm ni pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, yon sèl regleman pou tout tan, de pitit an pitit: Se va menm bagay la ni pou nou ni pou moun lòt nasyon yo devan Seyè a. 16 Se va yon sèl lwa, yon sèl regleman ni pou nou ni pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo. 17 Apre sa Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 18 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Lè n'a antre nan peyi kote mwen pral mennen nou an, 19 lè n'ap manje manje peyi a va bay, n'a wete yon pòsyon, n'a mete l' apa pou nou fè Seyè a kado. 20 Chak lanne, apre rekòt la, n'a pran yon pen nan premye pen fèt ak ble nou fèk rekòlte a, n'a mete l' apa pou nou fè Seyè a kado, jan nou fè l' pou grenn ki pase sou glasi. 21 Se pou nou toujou wete yon pen nan premye pen nou fè apre rekòt nou yo pou nou fè Seyè a kado. Se va yon lwa pou pitit ak pitit pitit nou yo, depi koulye a ak pou tout tan. 22 Men, si san nou pa fè espre, nou pa swiv yonn nan lòd Seyè a te bay Moyiz yo, 23 lòd pou nou te toujou swiv de pitit an pitit depi jou li te voye Moyiz pale ak nou an, men sa pou yo fè: 24 Si se tout pèp la ki fè sa l' pa t' dwe fè san li pa t' konnen sa l'ap fè a, yo tout ansanm y'a ofri yon jenn ti towo bèf pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a. Se va yon ofrann pou yo boule nan dife pou fè Seyè a plezi ak bon sant li. Y'a ofri l' ansanm ak ofrann grenn jaden ak bwason ki pou mache avè l' la. Apre sa, y'a ofri yon bouk kabrit pou repare sa yo te fè ki mal la. 25 Prèt la va pote ofrann lan devan Bondye, l'a touye bèt yo ofri pou peche tout moun pèp Izrayèl yo te fè a, epi Bondye va padonnen sa yo te fè a, paske yo pa t' fè espre, epi yo te pote ofrann pou yo te boule nan dife pou Seyè a ansanm ak ofrann pou repare sa yo te fè ki mal devan Seyè a san yo pa t' fè espre a. 26 Se konsa Bondye va padonnen tout moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo, paske se yo tout ki te koupab nan sa yo te fè san yo pa konnen an. 27 Si se yon moun ki fè sa l' pa t' dwe fè san li pa fè espre, l'a gen pou l' ofri yon ti fenmèl kabrit ki poko gen ennan pou repare pou sa l' te fè a. 28 Prèt la va pote ofrann lan devan Seyè a, l'a touye bèt yo ofri pou peche moun lan te fè san li pa t' fè espre a, epi Bondye va padonnen l' sa l' te fè a. 29 Se va menm regleman an pou tout moun ki fè bagay yo pa t' dwe fè san yo pa fè espre, kit se yon moun pèp Izrayèl la menm li ye, kit se yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo a. 30 Men, lè yon moun fè yon bagay li konnen byen pwòp li pa t' dwe fè, kit se yon moun pèp Izrayèl la menm li ye, kit se yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo a, se pase l'ap pase Seyè a nan betiz. Se pou yo wete moun sa a nan mitan pèp la. 31 Paske li refize tande sa Seyè a te di a, li fè sa li konnen li pa t' dwe fè. Dapre lòd Seyè a, se pou yo touye l'. Epi se li menm sèl ki va reskonsab lanmò li. 32 Yon jou, antan moun pèp Izrayèl yo te nan dezè a, yo bare yon nonm ki t'ap ranmase bwa jou repo a. 33 Moun ki te bare l' yo mennen l' bay Moyiz, Arawon ak tout moun pèp Izrayèl yo. 34 Yo pran msye, yo mete moun veye l', paske yo pa t' fin konnen sa pou yo te fè avè l'. 35 Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa: -Se pou nou touye nonm lan pou sa li fè a. Y'a mennen msye andeyò limit kan kote yo rete a, pou tout moun kalonnen l' kout wòch jouk li mouri. 36 Se konsa tout moun yo fè msye soti andeyò limit kan an, epi yo kalonnen msye kout wòch jouk li mouri, jan Seyè a te ba yo lòd la. 37 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 38 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Se pou yo toujou mete ponpon sou woulèt rad yo, se pou yo pase kòdon ble nan chak ponpon. Se pou nou toujou fè sa de pitit an pitit. 39 Chak fwa n'a wè ponpon sa yo, sa va fè nou chonje tou sa Seyè a te ban nou lòd fè pou nou ka fè yo. Konsa, nou p'ap pèdi tèt nou, nou p'ap vire do ban mwen pou nou swiv pwòp lide pa nou ak pwòp dezi pa nou. 40 Ponpon yo va fè nou chonje tout lòd mwen te ban nou pou nou ka swiv yo, pou nou ka viv apa nèt pou mwen menm ki Bondye nou an. 41 Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip la pou m' te ka Bondye nou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Resansman 15:1-2
Nu 15:1-41. The Law of Sundry Offerings.
1-2. The Lord spake unto Moses, saying, Speak unto the children of Israel--Some infer from Nu 15:23 that the date of this communication must be fixed towards the close of the wanderings in the wilderness; and, also, that all the sacrifices prescribed in the law were to be offered only after the settlement in Canaan.
Resansman 15:3
Resansman 15:4
4. tenth deal--that is, an omer, the tenth part of an ephah (Ex 16:36).
fourth part of an hin of oil--This element shows it to have been different from such meat offerings as were made by themselves, and not merely accompaniments of other sacrifices.
Resansman 15:6-12
6-12. two tenth deals--The quantity of flour was increased because the sacrifice was of superior value to the former. The accessory sacrifices were always increased in proportion to the greater worth and magnitude of its principal.
Resansman 15:13-16
13-16. a stranger--one who had become a proselyte. There were scarcely any of the national privileges of the Israelites, in which the Gentile stranger might not, on conforming to certain conditions, fully participate.
Resansman 15:19
19. when ye eat of the bread of the land, ye shall offer up an heave offering--The offering prescribed was to precede the act of eating.
unto the Lord--that is, the priests of the Lord (Eze 44:30).
Resansman 15:20
20. heave offering of the threshing-floor--meaning the corn on the threshing-floor; that is, after harvest.
so shall ye heave it--to the priests accompanying the ceremony with the same rites.
Resansman 15:22
22. if ye have erred, and not observed all these commandments, &c.--respecting the performance of divine worship, and the rites and ceremonies that constitute the holy service. The law relates only to any omission and consequently is quite different from that laid down in Le 4:13, which implies a transgression or positive neglect of some observances required. This law relates to private parties or individual tribes; that to the whole congregation of Israel.
Resansman 15:24-26
24-26. if aught be committed by ignorance--The Mosaic ritual was complicated, and the ceremonies to be gone through in the various instances of purification which are specified, would expose a worshipper, through ignorance, to the risk of omitting or neglecting some of them. This law includes the stranger in the number of those for whom the sacrifice was offered for the sin of general ignorance.
Resansman 15:27-29
27-29. if any soul sin through ignorance--not only in common with the general body of the people, but his personal sins were to be expiated in the same manner.
Resansman 15:30
Resansman 15:31
31. his iniquity shall be upon him--The punishment of his sins shall fall on himself individually; no guilt shall be incurred by the nation, unless there be a criminal carelessness in overlooking the offense.
Resansman 15:32-34
32-34. a man that gathered sticks upon the sabbath day--This incident is evidently narrated as an instance of presumptuous sin. The mere gathering of sticks was not a sinful act and might be necessary for fuel to warm him or to make ready his food. But its being done on the Sabbath altered the entire character of the action. The law of the Sabbath being a plain and positive commandment, this transgression of it was a known and wilful sin, and it was marked by several aggravations. For the deed was done with unblushing boldness in broad daylight, in open defiance of the divine authority--in flagrant inconsistency with His religious connection with Israel, as the covenant-people of God; and it was an application to improper purposes of time, which God had consecrated to Himself and the solemn duties of religion. The offender was brought before the rulers, who, on hearing the painful report, were at a loss to determine what ought to be done. That they should have felt any embarrassment in such a case may seem surprising, in the face of the sabbath law (Ex 31:14). Their difficulty probably arose from this being the first public offense of the kind which had occurred; and the appeal might be made to remove all ground of complaint--to produce a more striking effect, so that the fate of this criminal might be a beacon to warn all Israelites in the future.
Resansman 15:35-36
35-36. The Lord said unto Moses, The man shall be surely put to death--The Lord was King, as well as God of Israel, and the offense being a violation of the law of the realm, the Sovereign Judge gave orders that this man should be put to death; and, moreover, He required the whole congregation unite in executing the fatal sentence.
Resansman 15:38
38. bid them that they make them fringes in the borders of their garments--These were narrow strips, in a wing-like form, wrapped over the shoulders and on various parts of the attire. "Fringe," however, is the English rendering of two distinct Hebrew words--the one meaning a narrow lappet or edging, called the "hem" or "border" (Mt 23:5; Lu 8:44), which, in order to make it more attractive to the eye and consequently more serviceable to the purpose described, was covered with a riband of blue or rather purple color; the other term signifies strings with tassels at the end, fastened to the corners of the garment. Both of these are seen on the Egyptian and Assyrian frocks; and as the Jewish people were commanded by express and repeated ordinances to have them, the fashion was rendered subservient, in their case, to awaken high and religious associations--to keep them in habitual remembrance of the divine commandments.
Resansman 15:41
41. I am the Lord your God--The import of this solemn conclusion is, that though He was displeased with them for their frequent rebellions, for which they would be doomed to forty years' wanderings, He would not abandon them but continue His divine protection and care of them till they were brought into the land of promise.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
