Resansman 14

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Lè sa a, pèp la pran rele byen fò, yo pase tout nwit la ap kriye san rete. 2 Yo tout t'ap bougonnen sou Moyiz ak Arawon. Yo vin di yo konsa: -Pito nou te mouri nan peyi Lejip osinon nan dezè a! 3 Poukisa Seyè a mennen nou nan peyi sa a? Koulye a, yo pral touye nou nan lagè, yo pral pran madanm ak pitit nou yo fè yo tounen esklav. Pa pito nou tounen nan peyi Lejip? 4 Yonn t'ap di lòt: -Ann chwazi yon lòt chèf! Ann tounen nan peyi Lejip! 5 Lè Moyiz ak Arawon wè sa, yo tonbe fas atè devan tout pèp la ki te sanble la a. 6 Lè sa a, de nan mesye espyon yo, Jozye, pitit gason Noun lan, ak Kalèb, pitit gason Jefoune a, chire rad ki te sou yo sitèlman yo te fache. 7 Epi yo di pèp la: -Peyi nou te al vizite a se yon bon bon peyi. 8 Si Seyè a vle fè sa pou nou, l'ap fè nou antre nan peyi a, l'ap ban nou li. Se yon peyi ki rich anpil, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. 9 Sèlman, pa kenbe tèt ak Seyè a! Nou pa bezwen pè moun k'ap viv nan peyi sa a. N'ap manje yo tankou kann. Bondye ki t'ap pwoteje yo a kouri mete deyò. Men Seyè a kanpe la avèk nou. Nou pa bezwen pè yo. 10 Lè sa a, tout pèp la ranmase wòch pou yo kalonnen Jozye ak Kalèb. Men, lamenm pouvwa Bondye a parèt anwo Tant Randevou a, li fè tout pèp la wè l'. 11 Seyè a di Moyiz konsa: -Kilè pèp sa a va sispann meprize mwen? Kilè y'a soti pou yo fè m' konfyans? Gade tout bèl bagay mwen te fè pou yo. Malgre sa, yo pa vle kwè m' toujou! 12 M'ap voye yon sèl epidemi sou yo, m'ap touye yo tout. M'ap anpeche yo pran posesyon tè ki pou yo a. Men ou menm, m'ap fè ou tounen yon nasyon k'ap pi gwo, k'ap pi fò pase yo. 13 Men, Moyiz di Seyè a konsa: -Se ou menm ak fòs ponyèt ou ki te fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip la. 14 Lè moun pèyi Lejip yo va vin konnen sa ou pral fè pèp la, y'a rakonte l' bay moun ki rete nan peyi Kanaran yo. Yo menm tou, yo deja konnen se ou menm, Seyè, ki kanpe la nan mitan pèp la, se ou menm ki parèt aklè devan je yo, se nwaj ou, Granmèt, ki rete anwo yo. Se ou menm ki t'ap mache devan yo lajounen nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto, lannwit nan yon gwo flanm dife ki te gen fòm yon poto tou. 15 Koulye a, si ou rete konsa ou touye tout pèp ou a, moun lòt nasyon yo ki te tande pale ki kalite moun ou ye, yo pral di 16 se kapab ou pa t' kapab mennen pèp la nan peyi ou te fè sèman w'ap ba yo a kifè ou touye yo nan dezè a. 17 Non. Seyè! Se koulye a pou ou fè wè gwo pouvwa ou la, jan ou te pwomèt l' a, lè ou te di: 18 Se mwen menm ki Seyè a, mwen pa an kòlè fasil, mwen p'ap janm sispann renmen nou. M'ap toujou padonnen sa nou fè ki mal ak sa nou te dwe fè nou pa fè. Men, mwen pa nan kase fèy kouvri sa ak pesonn. Si yon moun fè yon bagay mal, m'ap pini pitit li, pitit pitit li, ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fè a, jouk sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon. 19 Tanpri, jan ou gen bon kè sa a, padonnen sa pèp la fè ki mal la, menm jan ou te pran pasyans ak yo depi yo kite peyi Lejip jouk yo rive isit la. 20 Seyè a di: -M'ap padonnen yo, jan ou mande m' lan. 21 Men, menm jan ou wè mwen vivan an, menm jan ou wè pouvwa mwen toupatou sou latè, 22 okenn nan moun sa yo p'ap rive viv lontan ase pou yo antre nan peyi a. Yo te wè pouvwa mwen, yo te wè tout bèl bagay mwen te fè nan peyi Lejip ak nan dezè a. Men anpil fwa deja, yo chache wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo pa janm vle koute m' lè m' pale ak yo. 23 Yo p'ap menm wè peyi mwen te sèmante mwen t'ap bay zansèt yo a. Yo tout ki vire do ban mwen yo, yo yonn p'ap wè peyi a. 24 Men, paske Kalèb, sèvitè m' lan, pa aji tankou yo, li swiv mwen san gad dèyè, m'ap fè l' antre nan peyi li te al rekonèt la. Pitit pitit li yo va pran peyi a pou yo. 25 Y'a rete nan plenn kote moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo rete koulye a. Denmen n'ap fè bak, n'a tounen nan dezè a ankò nan direksyon Lanmè Wouj la. 26 Apre sa, Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa: 27 -Kilè bann moun mechan sa yo va sispann bougonnen sou do mwen konsa? Mwen bouke tande jan moun pèp Izrayèl yo ap pale m' mal. 28 Men sa pou ou di yo pou mwen: Se mwen menm menm, Seyè a, ki di sa. Menm jan nou wè m' vivan an, mwen fè sèman sa nou te di k'ap rive nou an, se li k'ap rive nou vre. 29 Y'ap antere kadav nou tout nan dezè a. Nou tout ki t'ap bougonnen sou mwen yo, nou tout yo te konte lè resansman an, nou tout ki gen ventan ak sa ki pi gran yo, nou yonn p'ap antre nan peyi a. 30 Dakò! Mwen te fè sèman mwen t'ap fè nou al rete nan peyi a. Men, nou yonn p'ap gen chans lan, esepte Kalèb, pitit gason Jefoune a, ak Jozye, pitit gason Noun lan. 31 Nou te di pitit pitit nou yo pral tonbe anba men lènmi nou yo. Men, se yo menm m'ap fè antre nan peyi nou menm nou refize al pran an. 32 Men, nou menm y'ap antere kadav nou yo isit nan dezè a. 33 Pitit nou yo pral moute desann nan tout dezè a. Pandan karant lanne, y'a peye pou vire nou te vire do ban mwen an, jouk nou tout nèt n'a fin mouri nan dezè a. 34 Nou menm, n'a peye konsekans peche nou an pandan karant lanne, yon lanne pou chak jou nan karant jou nou te pase ap vizite peyi a. Lè sa a, n'a konnen sa sa vle di lè m' vire do bay moun. 35 Se mwen menm Seyè a ki di sa: Mwen fè sèman se konsa mwen pral aji ak bann moun sa yo ki mete tèt yo ansanm sou do m'. Yo tout gen pou yo disparèt nan dezè sa a. Wi, se la menm yo tout ap mouri. 36 Mesye Moyiz te voye al rekonèt peyi a te fè tout pèp la ap bougonnen sou Moyiz avèk move rapò yo te fè sou peyi a, lè yo te tounen an. 37 Se konsa yon sèl maladi tonbe sou mesye sa yo ki te pale peyi a mal konsa. Yo tonbe, yo mouri frèt devan Seyè a. 38 Nan douz mesye ki te al vizite peyi a, se de sèlman ki pa t' mouri: se te Jozye, pitit gason Noun lan, ak Kalèb, pitit gason Jefoune a. 39 Lè Moyiz di moun pèp Izrayèl yo tout pawòl sa yo, sa te fè yo lapenn anpil. 40 Nan denmen maten, byen bònè, yo leve pou y' al janbe lòt bò mòn yo pou yo antre nan peyi a. Yo t'ap di: -Men nou! Nou pare pou n' ale kote Seyè a di pou n' ale a. Nou rekonèt sa nou te fè a mal. 41 Men Moyiz di yo: -Pouki pou n'ap dezobeyi lòd Seyè a ankò? Sa p'ap mache pou nou non, fwa sa a! 42 Piga nou moute. Seyè a vire do ban nou, nou pa bezwen ale fè lènmi nou yo bat nou pou gremesi. 43 Lè n'a rive devan moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo, nou pral mouri nan batay la. Seyè a p'ap kanpe la avèk nou, paske nou te vire do ba li. 44 Pèp la fè tèt di, yo moute moute yo sou mòn yo pou yo seye antre nan peyi a. Men, ni Bwat Kontra Seyè a, ni Moyiz pa deplase kote yo te ye nan kan an. 45 Se konsa moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo ki te rete nan mòn yo desann, yo bat yo, yo kouri dèyè yo jouk yon kote yo rele Oma.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Resansman 14:1

Nu 14:1-45. The People Murmur at the Spies' Report.

1. all the congregation lifted up their voice and cried--Not literally all, for there were some exceptions.

Resansman 14:2-4

2-4. Would God that we had died in Egypt--Such insolence to their generous leaders, and such base ingratitude to God, show the deep degradation of the Israelites, and the absolute necessity of the decree that debarred that generation from entering the promised land [Nu 14:29-35]. They were punished by their wishes being granted to die in that wilderness [He 3:17; Jude 5]. A leader to reconduct them to Egypt is spoken of (Ne 9:17) as actually nominated. The sinfulness and insane folly of their conduct are almost incredible. Their conduct, however, is paralleled by too many among us, who shrink from the smallest difficulties and rather remain slaves to sin than resolutely try to surmount the obstacles that lie in their way to the Canaan above.

Resansman 14:5

5. Moses and Aaron fell on their faces--as humble and earnest suppliants--either to the people, entreating them to desist from so perverse a design; or rather, to God, as the usual and only refuge from the violence of that tumultuous and stiff-necked rabble--a hopeful means of softening and impressing their hearts.

Resansman 14:6

6. Joshua ... and Caleb, which were of them that searched the land, rent their clothes--The two honest spies testified their grief and horror, in the strongest manner, at the mutiny against Moses and the blasphemy against God; while at the same time they endeavored, by a truthful statement, to persuade the people of the ease with which they might obtain possession of so desirable a country, provided they did not, by their rebellion and ingratitude, provoke God to abandon them.

Resansman 14:8

8. a land flowing with milk and honey--a general expression, descriptive of a rich and fertile country. The two articles specified were among the principal products of the Holy Land.

Resansman 14:9

9. their defence is departed--Hebrew, "their shadow." The Sultan of Turkey and the Shah of Persia are called "the shadow of God," "the refuge of the world." So that the meaning of the clause, "their defence is departed from them," is, that the favor of God was now lost to those whose iniquities were full (Ge 15:16), and transferred to the Israelites.

Resansman 14:10

10. the glory of the Lord appeared--It was seasonably manifested on this great emergency to rescue His ambassadors from their perilous situation.

Resansman 14:12

12. the Lord said, ... I will smite them with the pestilence--not a final decree, but a threatening, suspended, as appeared from the issue, on the intercession of Moses and the repentance of Israel.

Resansman 14:17

17. let the power of my Lord be great--be magnified.

Resansman 14:21

21. all the earth shall be filled with the glory of the Lord--This promise, in its full acceptation, remains to be verified by the eventual and universal prevalence of Christianity in the world. But the terms were used restrictively in respect to the occasion, to the report which would spread over all the land of the "terrible things in righteousness" [Psa 65:5] which God would do in the infliction of the doom described, to which that rebellious race was now consigned.

Resansman 14:22

22. ten times--very frequently.

Resansman 14:24

24. my servant Caleb--Joshua was also excepted, but he is not named because he was no longer in the ranks of the people, being a constant attendant on Moses.

because he had another spirit with him, and hath followed me fully--Under the influence of God's Spirit, Caleb was a man of bold, generous, heroic courage, above worldly anxieties and fears.

Resansman 14:25

25. (Now the Amalekites and the Canaanites dwelt in the valley)--that is, on the other side of the Idumean mountain, at whose base they were then encamped. Those nomad tribes had at that time occupied it with a determination to oppose the further progress of the Hebrew people. Hence God gave the command that they seek a safe and timely retreat into the desert, to escape the pursuit of those resolute enemies, to whom, with their wives and children, they would fall a helpless prey because they had forfeited the presence and protection of God. This verse forms an important part of the narrative and should be freed from the parenthetical form which our English translators have given it.

Resansman 14:30

30. save Caleb ... and Joshua--These are specially mentioned, as honorable exceptions to the rest of the scouts, and also as the future leaders of the people. But it appears that some of the old generation did not join in the mutinous murmuring, including in that number the whole order of the priests (Jos 14:1).

Resansman 14:34

34. ye shall know my breach of promise--that is, in consequence of your violation of the covenant betwixt you and Me, by breaking the terms of it, it shall be null and void on My part, as I shall withhold the blessings I promised in that covenant to confer on you on condition of your obedience.

Resansman 14:36-38

36-38. those men that did bring up the evil report upon the land, died by the plague before the Lord--Ten of the spies struck dead on the spot--either by the pestilence or some other judgment. This great and appalling mortality clearly betokened the hand of the Lord.

Resansman 14:40-45

40-45. they rose up early in the morning, and gat them up into the top of the mountain--Notwithstanding the tidings that Moses communicated and which diffused a general feeling of melancholy and grief throughout the camp, the impression was of very brief continuance. They rushed from one extreme of rashness and perversity to another, and the obstinacy of their rebellious spirit was evinced by their active preparations to ascend the hill, notwithstanding the divine warning they had received not to undertake that enterprise.

for we have sinned--that is, realizing our sin, we now repent of it, and are eager to do as Caleb and Joshua exhorted us--or, as some render it, though we have sinned, we trust God will yet give us the land of promise. The entreaties of their prudent and pious leader, who represented to them that their enemies, scaling the other side of the valley, would post themselves on the top of the hill before them, were disregarded. How strangely perverse the conduct of the Israelites, who, shortly before, were afraid that, though their Almighty King was with them, they could not get possession of the land; and yet now they act still more foolishly in supposing that, though God were not with them, they could expel the inhabitants by their unaided efforts. The consequences were such as might have been anticipated. The Amalekites and Canaanites, who had been lying in ambuscade expecting their movement, rushed down upon them from the heights and became the instruments of punishing their guilty rebellion.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.