Resansman 16

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Kore, pitit gason Iza, moun laras Levi nan fanmi Keyat la, pran tèt Datan ak Abiram, pitit gason Eliyab yo ansanm ak One, pitit gason Pelèt, twa moun laras Woubenn. 2 Yo revòlte kont Moyiz. Te gen desansenkant (0250) lòt moun nan pèp Izrayèl la avèk yo. Mesye sa yo, se te chèf pèp la menm te chwazi, moun ki te fè pati konsèy pèp la, chèf moun yo te konsidere anpil. 3 Yo tout reyini devan Moyiz ak Arawon, yo di yo konsa: -Koulye a, mesye, n' al twò lwen tande! Dènye moun nan pèp la se pou Seyè a y'ap viv. Seyè a la nan mitan nou tout, pa vre? Poukisa, nou menm Moyiz ak Arawon, nou pran pòz chèf nou anwo pèp Seyè a konsa? 4 Lè Moyiz tande sa, li lage kò l' atè plat, li lapriyè. Lèfini, li di Kore ak bann moun ki te avè l' yo konsa: 5 -Denmen maten, Seyè a va fè nou konnen ki moun ki pou li, ki moun li mete apa pou l' ak ki moun ki gen dwa pwoche bò kote l'. Moun la kite pwoche bò kote l' la, n'a konnen se moun sa a Bondye chwazi. 6 Men sa pou n' fè. Ou menm, Kore, ak chak moun ki nan bann ou an, nou chak n'a pran yon ti recho dife. 7 Denmen maten chak moun va ranje chabon dife nan recho pa l' la, epi l'a mete lansan sou dife a devan lotèl Seyè a. Konsa, moun Seyè a va chwazi a, n'a konnen se li menm Bondye mete apa pou l' a. Se nou menm, pitit Levi yo, ki pral twò lwen koulye a! 8 Moyiz di Kore konsa: -Koute non, nou menm pitit Levi yo! 9 Apre tou sa Bondye fè pou nou, nou jwenn li pa fè ase toujou: Nan tout pèp Izrayèl la, se nou li chwazi pou pwoche bò kote l', pou fè sèvis li nan kay li, pou kanpe devan pèp la pou fè sèvis pou yo. 10 Ou menm Kore ak tout frè ou yo, pitit Levi yo, li ban nou dwa pou nou pwoche bò kote l'. Epi koulye a, n'ap mande pou yo ban nou plas prèt yo! 11 Lè ou menm ak tout bann mesye ou yo n'ap plenyen konsa sou do Arawon, kisa Arawon ye nan sa? Konnen se kont Seyè a menm wi nou pran pozisyon. 12 Apre sa, Moyiz voye rele Datan ak Abiram, de nan pitit gason Eliyab yo. Men yo voye di Moyiz: -Nou p'ap vini. 13 Ou fin fè nou kite yon bon ti peyi kote lèt ak siwo myèl t'ap koule tankou dlo, ou mennen nou vin mouri isit nan dezè a, epi koulye a ou vle pran pòz chèf ou sou nou ankò! 14 Ou mèt di sa ou vle, men se pa nan yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo ou mennen nou la a! Ou pa ban nou okenn jaden pou n' plante grenn ni okenn jaden rezen ou te di ou t'ap ban nou an. Atò, ou kwè ou kapab pete je moun sa yo? Non! Nou p'ap vini. 15 Lè sa a, Moyiz fè yon sèl fache, li di Seyè a konsa: -Pa asepte okenn ofrann moun sa yo ta pote vin ofri ou. Mwen pa janm pran anyen nan zafè yo, pa menm yon bourik. Mwen pa janm fè yonn ladan yo anyen. 16 Apre sa, Moyiz di Kore konsa: -Ou menm ak tout bann moun ou yo, denmen n'a vini devan lotèl Seyè a. Arawon va la tou. 17 Chak moun va pran yon ti recho dife, y'a mete lansan ladan l', epi y'a pote recho yo devan Seyè a. Sa va fè desansenkant (0250) recho. Ou menm ak Arawon, n'a vini ak recho pa nou tou. 18 Se konsa, yo chak pran yon ti recho, yo ranje chabon dife ladan l', yo mete lansan sou dife a, epi yo vin kanpe devan pòt Tant Randevou a ansanm ak Moyiz ak Arawon. 19 Kore te fè tout pèp la reyini nan pòt Tant Randevou a anfas Moyiz ak Arawon. Yo rete konsa, epi pouvwa Bondye parèt tankou yon gwo limyè devan tout pèp la. 20 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo: 21 -Wete kò nou nan mitan moun sa yo. Mwen pral disparèt yo koulye a. 22 Men Moyiz ak Arawon tonbe fas atè, yo di: -O Bondye, ou menm ki bay tout moun lavi, se pa paske yon sèl moun fè sa l' pa t' dwe fè kifè pou ou fache sou tout pèp la. 23 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 24 -Pale ak tout pèp la. Di yo pou mwen pou yo wete kò yo bò kote Kore, Datan ak Abiram rete a. 25 Moyiz leve, l' al jwenn Datan ak Abiram. Tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo te ale avè l' tou. 26 Li pale ak pèp la, li di yo: -Wete kò nou bò kote bann mechan sa yo rete a. Pa manyen anyen ki pou yo, si nou pa vle pase tou nan chatiman yo pral ba yo pou peche yo fè a. 27 Se konsa, tout pèp la wete kò yo, yo rete byen lwen kote Kore, Datan ak Abiram te rete a. Datan ak Abiram menm soti, yo vin kanpe devan pòt kay yo ansanm ak madanm yo, pitit yo ak pitit pitit yo. 28 Moyiz di pèp la konsa: -Avèk sa ki pral rive a, nou pral konnen se Seyè a menm ki te voye m' fè tout travay sa yo. Se pa mwen menm ki rete konsa mwen di mwen pral fè yo. 29 Si moun sa yo mouri jan tout moun fèt pou mouri a, san se pa Bondye ki pini yo, enben, se pa Seyè a ki te voye m'. 30 Men, si Seyè a fè bagay nou poko janm wè, si li fè tè a louvri pou l' vale moun sa yo ansanm ak tou sa ki pou yo, kifè y'ap desann tou vivan nan peyi kote mò yo ye a, n'a konnen se Seyè a menm yo t'ap derespekte konsa. 31 Fini li fini di pawòl sa yo, tè a fann, li louvri anba pye Datan ak Abiram. 32 Li vale yo, yo menm, tout fanmi yo ansanm ak tout moun ki te pran pozisyon pou Kore, ak tou sa ki te pou yo. 33 Yo desann tou vivan avèk tou sa ki te pou yo nan peyi kote mò yo ye a. Apre sa, tè a fèmen sou yo, yo disparèt nèt nan mitan pèp la. 34 Tout moun nan pèp la ki te la pran kouri lè yo tande jan moun yo t'ap rele. Yo t'ap di: -Ann kouri pou tè a pa vale nou tou. 35 Menm lè a tou, Seyè a voye yon sèl dife ki devore tout desansenkant (0250) mesye ki t'ap ofri lansan yo. 36 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 37 -Mande Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, pou l' ale wete recho dife an kwiv yo nan mitan rès moun boule yo. L'a jete chabon dife ki ladan yo yon kote byen lwen, paske recho dife sa yo se bagay ki apa pou mwen. 38 Wi, yo apa pou mwen paske mesye sa yo ki mouri pou peche yo te ofri yo devan lotèl Seyè a. W'a pran recho sa yo, w'a bat yo ak mato fè yo tounen plak fin pou kouvri lotèl la. Sa va sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo. 39 Se konsa, Eleaza, prèt la, te pran recho an kwiv moun boule yo te ofri yo, li bat yo ak mato, li fè yon kouvèti pou lotèl la 40 pou sa sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo, pou yo konnen moun ki pa fè pati fanmi Arawon an pa gen dwa pwoche devan lotèl Seyè a pou boule lansan. Si yo fè sa, sa ki rive Kore ak moun li yo, se sa k'ap rive moun sa yo tou. Tou sa pase konsa vre dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou Eleaza. 41 Nan denmen, tout moun pèp Izrayèl yo pran bougonnen sou do Moyiz ak Arawon, yo t'ap di: -Se nou menm ki lakòz moun pèp Seyè a ap mouri konsa. 42 Lè pèp la fin sanble pou yo pran pozisyon kont Moyiz ak Arawon, yo vire je yo gade Tant Randevou a, yo wè nwaj la te kouvri tant lan. Menm lè a, pouvwa Bondye-a parèt tankou yon gwo limyè. 43 Moyiz ak Arawon ale, yo kanpe devan Tant Randevou a. 44 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa: 45 -Wete kò nou nan mitan pèp sa a. Mwen pral disparèt yo koulye a menm! De mesye yo tonbe fas atè. 46 Epi Moyiz di Arawon konsa: -Pran ti recho dife ou la, pran chabon dife sou lotèl la, mete ladan l'. Vide ti lansan sou dife a. Epi kouri vit avè l' al jwenn pèp la. W'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou yo. Fè vit non! Seyè a fache anpil, li gen tan pran desizyon l'. Malè a konmanse deja. 47 Arawon pran ti recho a, li fè sa Moyiz te di l' fè a. Epi li pran kouri nan mitan pèp la. Men, malè a te deja konmanse ap fè dega nan pèp la. Lè Arawon wè sa, li mete lansan sou dife a, li fè sèvis pou mande Bondye padon pou yo. 48 Se konsa malè a te sispann. Arawon te kanpe nan mitan ak mò yo yon bò, moun vivan yo yon lòt bò. 49 Te gen katòzmil sètsan moun (014.700) antou ki te mouri nan malè sa a, san konte sa ki te mouri akòz Kore yo. 50 Lè malè a sispann nèt, Arawon tounen al jwenn Moyiz, devan papòt Kay Randevou a.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Resansman 16:1-2

Nu 16:1-30. The Rebellion of Korah.

1-2. Now Korah, the son of Izhar--Izhar, brother of Amram (Ex 6:18), was the second son of Kohath, and for some reason unrecorded he had been supplanted by a descendant of the fourth son of Kohath, who was appointed prince or chief of the Kohathites (Nu 3:30). Discontent with the preferment over him of a younger relative was probably the originating cause of this seditious movement on the part of Korah.

Dathan and Abiram, ... and On--These were confederate leaders in the rebellion, but On seems to have afterwards withdrawn from the conspiracy [compare Nu 16:12, 24, 25, 27; 26:9; De 11:6; Psa 106:17].

took men--The latter mentioned individuals, being all sons of Reuben, the eldest of Jacob's family, had been stimulated to this insurrection on the pretext that Moses had, by an arbitrary arrangement, taken away the right of primogeniture, which had vested the hereditary dignity of the priesthood in the first-born of every family, with a view of transferring the hereditary exercise of the sacred functions to a particular branch of his own house; and that this gross instance of partiality to his own relations, to the permanent detriment of others, was a sufficient ground for refusing allegiance to his government. In addition to this grievance, another cause of jealousy and dissatisfaction that rankled in the breasts of the Reubenites was the advancement of Judah to the leadership among the tribes. These malcontents had been incited by the artful representations of Korah (Jude 11), with whom the position of their camp on the south side afforded them facilities of frequent intercourse. In addition to his feeling of personal wrongs, Korah participated in their desire (if he did not originate the attempt) to recover their lost rights of primogeniture. When the conspiracy was ripe, they openly and boldly declared its object, and at the head of two hundred fifty princes, charged Moses with an ambitious and unwarrantable usurpation of authority, especially in the appropriation of the priesthood, for they disputed the claim of Aaron also to pre-eminence [Nu 16:3].

Resansman 16:3

3. they gathered themselves together against Moses and against Aaron--The assemblage seems to have been composed of the whole band of conspirators; and they grounded their complaint on the fact that the whole people, being separated to the divine service (Ex 19:6), were equally qualified to present offerings on the altar, and that God, being graciously, present among them by the tabernacle and the cloud, evinced His readiness to receive sacrifices from the hand of any others as well as from theirs.

Resansman 16:4

4. when Moses heard it, he fell upon his face--This attitude of prostration indicated not only his humble and earnest desire that God would interpose to free him from the false and odious imputation, but also his strong sense of the daring sin involved in this proceeding. Whatever feelings may be entertained respecting Aaron, who had formerly headed a sedition himself [Nu 12:1], it is impossible not to sympathize with Moses in this difficult emergency. But he was a devout man, and the prudential course he adopted was probably the dictate of that heavenly wisdom with which, in answer to his prayers, he was endowed.

Resansman 16:5-11

5-11. he spake unto Korah and unto all his company--They were first addressed, not only because they were a party headed by his own cousin and Moses might hope to have more influence in that quarter, but because they were stationed near the tabernacle; and especially because an expostulation was the more weighty coming from him who was a Levite himself, and who was excluded along with his family from the priesthood. But to bring the matter to an issue, he proposed a test which would afford a decisive evidence of the divine appointment.

Even to-morrow--literally, "in the morning," the usual time of meeting in the East for the settlement of public affairs.

the Lord will show who are his, ... even him whom he hath chosen will he cause to come near unto him--that is, will bear attestation to his ministry by some visible or miraculous token of His approval.

Resansman 16:12-14

12-14. Moses sent to call Dathan and Abiram--in a separate interview, the ground of their mutiny being different; for while Korah murmured against the exclusive appropriation of the priesthood to Aaron and his family, they were opposed to the supremacy of Moses in civil power. They refused to obey the summons; and their refusal was grounded on the plausible pretext that their stay in the desert was prolonged for some secret and selfish purposes of the leader, who was conducting them like blind men wherever it suited him.

Resansman 16:15

15. Moses was very wroth--Though the meekest of all men [Nu 12:3], he could not restrain his indignation at these unjust and groundless charges; and the highly excited state of his feeling was evinced by the utterance of a brief exclamation in the mixed form of a prayer and an impassioned assertion of his integrity. (Compare 1Sa 12:3).

and said unto the Lord, Respect not thou their offering--He calls it their offering, because, though it was to be offered by Korah and his Levitical associates, it was the united appeal of all the mutineers for deciding the contested claims of Moses and Aaron.

Resansman 16:16-18

16-18. Moses said unto Korah, Be thou and all thy company before the Lord--that is, at "the door of the tabernacle" (Nu 16:18), that the assembled people might witness the experiment and be properly impressed by the issue.

Resansman 16:20-21

20-21. the Lord spake unto Moses and Aaron, saying, Separate yourselves from among this congregation--Curiosity to witness the exciting spectacle attracted a vast concourse of the people, and it would seem that the popular mind had been incited to evil by the clamors of the mutineers against Moses and Aaron. There was something in their behavior very offensive to God; for after His glory had appeared--as at the installation of Aaron (Le 9:23), so now for his confirmation in the sacred office--He bade Moses and Aaron withdraw from the assembly "that He might consume them in a moment."

Resansman 16:22

22. they fell upon their faces, and said, O God, the God of the spirits of all flesh--The benevolent importunity of their prayer was the more remarkable that the intercession was made for their enemies.

Resansman 16:24-26

24-26. Speak unto the congregation, ... Get you up from about the tabernacle--Moses was attended in the execution of this mission by the elders. The united and urgent entreaties of so many dignified personages produced the desired effect of convincing the people of their crime, and of withdrawing them from the company of men who were doomed to destruction, lest, being partakers of their sins, they should perish along with them.

Resansman 16:27

27. the tabernacle of Korah, Dathan, and Abiram--Korah being a Kohathite, his tent could not have been in the Reubenite camp, and it does not appear that he himself was on the spot where Dathan and Abiram stood with their families. Their attitude of defiance indicated their daring and impenitent character, equally regardless of God and man.

Resansman 16:28-34

28-34. Moses said, Hereby ye shall know that the Lord hath sent me to do all these works--The awful catastrophe of the earthquake which, as predicted by Moses, swallowed up those impious rebels in a living tomb, gave the divine attestation to the mission of Moses and struck the spectators with solemn awe.

Resansman 16:35

35. there came out a fire from the Lord--that is, from the cloud. This seems to describe the destruction of Korah and those Levites who with him aspired to the functions of the priesthood. (See Nu 26:11, 58; 1Ch 6:22, 37).

Resansman 16:37-40

37-40. Speak unto Eleazar--He was selected lest the high priest might contract defilement from going among the dead carcasses.

Resansman 16:41

41. the children of Israel murmured against Moses and against Aaron, saying, Ye have killed the people of the Lord--What a strange exhibition of popular prejudice and passion--to blame the leaders for saving the rebels! Yet Moses and Aaron interceded for the people--the high priest perilling his own life in doing good to that perverse race.

Resansman 16:48

48. he stood between the living and the dead--The plague seems to have begun in the extremities of the camp. Aaron, in this remarkable act, was a type of Christ.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.