Neemi 9
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Sou vennkatriyèm jou nan menm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini pou fè jèn pou mande Bondye padon pou peche yo. Tout moun te la, yon rad sak kòlèt sou yo, pousyè tè kouvri tout tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn. 2 Tout moun pèp Izrayèl yo mete kò yo ansanm. Yo pa kite ankenn moun lòt nasyon mele ak yo. Epi se konsa yo kanpe, yo konmanse di tou sa yo menm yo fè ki mal ansanm ak tout peche zansèt yo te fè. 3 Pandan twazè, yo tout rete kanpe kote yo te ye a, y'ap tande moun ap li nan liv lalwa Seyè a, Bondye yo a. Apre sa, pandan twazè ankò, yo t'ap di tout peche yo te fè, epi yo tonbe ajenou ap adore Seyè a, Bondye a. 4 Yo te moute yon lestrad pou moun Levi yo. Men moun ki te kanpe sou lestrad la: Se te Jozye, Bani, Kadmyèl, Chebanya, Bouni, Cherebya, Bani ak Kenani. Yo t'ap lapriyè byen fò nan pye Bondye. 5 Apre sa, moun Levi sa yo: Jozye, Kadmyèl, Bani, Achabnya, Cherebya, Odija, Chebanya ak Petaja pran lapawòl. Yo di: -Leve non, mezanmi! Fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, pou toutan toutan! Se pou nou tout fè lwanj non li ki gen pouvwa, malgre moun p'ap janm ka rive fin di li mèsi ni fè lwanj li jan li merite l' la. 6 Seyè, se ou menm ki sèl mèt. Pa gen lòt. Se ou ki fè syèl la, sa ki anwo syèl la ansanm ak tout sa ki ladan l'. Se ou ki fè tè a ak tou sa ki sou li, lanmè a ak tou sa ki ladan l'. Se ou ki bay tout bagay sa yo lavi. Tout pouvwa nan syèl la bese tèt devan ou pou adore ou. 7 Seyè, se ou menm Bondye ki te chwazi Abram, ki te fè l' kite lavil Our nan peyi Kalde. Ou chanje non l', ou rele l' Abraram. 8 Lè ou wè li te soti pou l' kenbe pawòl li ak ou, ou pase yon kontra avè l'. Ou pwomèt w'ap ba li peyi moun Kanaran yo, peyi moun Et yo ak peyi moun Amori yo, peyi moun Ferezi yo, peyi moun Jebis yo ak peyi moun Gigach yo pou li ak pou pitit pitit li yo. Ou te kenbe pwomès ou yo paske ou pa janm nan bay manti. 9 Ou te wè jan zansèt nou yo t'ap soufri nan peyi Lejip. Ou te tande jan yo t'ap rele mande sekou bò lanmè Wouj la. 10 Ou te fè anpil mirak ak mèvèy pou pini farawon an, moun ki t'ap sèvi l' yo ansanm ak tout pèp peyi Lejip la paske ou te konnen jan moun sa yo t'ap maltrete pèp ou a. Depi lè sa a, y'ap nonmen nou ou jouk jòdi a. 11 Ou louvri yon chemen nan lanmè a pou pèp la pase san pye yo pa mouye. Moun ki t'ap pousib yo, ou neye yo nan fon lanmè. Yo fè fon tankou wòch nan gwo lanmè. 12 Lajounen se avèk yon gwo nwaj ou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, avèk yon flanm dife, ou klere chemen kote pou yo pase. 13 Ou soti nan syèl la, ou desann sou mòn Sinayi a pou pale ak yo. Ou ba yo regleman ki pou fè yo mache dwat, lwa ki gen verite ladan l'. Ou ba yo bon prensip ak bon kòmandman. 14 Ou moutre yo pou yo mete jou repo a apa pou ou. Ou voye Moyiz, sèvitè ou la, pou li ba yo tout kòmandman, tout lòd ak lalwa ou mande pou yo swiv. 15 Lè yo te grangou, ou ba yo pen ki soti nan syèl la. Lè yo te swaf dlo, ou fè dlo pete soti nan wòch. Ou ba yo lòd pou y' al pran pou yo peyi ou te pwomèt ou t'ap ba yo a. 16 Men, zansèt nou yo kite lògèy vire lòlòj yo. Yo fè tèt di, yo derefize obeyi lòd ou te ba yo. 17 Yo refize obeyi ou, yo bliye tout bèl mèvèy ou te fè pou yo. Yo fè tèt di, yo chwazi yon chèf pou mennen yo tounen nan esklavaj peyi Lejip la. Men, ou se Bondye ki konn padonnen. Ou gen pitye, ou gen bon kè. Ou pa fè kòlè fasil, Ou pa t' janm sispann renmen yo. Ou pa t' lage yo. 18 Yo fonn metal, yo fè yon zidòl fòm yon ti towo bèf. Epi yo di se li menm ki bondye yo, bondye ki te fè yo moute soti kite peyi Lejip. Lè sa a, se pi gwo jouman yo ta ka fè ou! 19 Men, ou pa vire do ou kite yo nan dezè a, sitèlman ou te gen anpil pitye pou yo. Ou pa t' wete nwaj ki t'ap moutre yo chemen pou yo pran lajounen, ni gwo flanm dife ki t'ap klere chemen pou yo te pran lannwit. 20 Ou pran ti gout nan lespri ou, ou ba yo pou yo ka gen konprann. Ou toujou ba yo laman pou yo manje, ou toujou ba yo dlo lè yo te swaf dlo. 21 Pandan karantan, ou pran swen yo nan dezè a: yo pa janm manke anyen! Rad sou yo pa janm fini, pye yo pa janm anfle. 22 Ou lage nan men yo peyi anpil wa ak anpil pèp. Ou separe l' ba yo pou chak moun viv nan limit ou ba yo. Yo pran peyi Esbon, kote wa Siyon t'ap gouvènen an, ak peyi Bazan kote wa Og te chèf la. 23 Ou ba yo anpil pitit, menm kantite ak zetwal nan syèl la. Ou mennen yo nan peyi ou te pwomèt zansèt yo ou t'ap fè yo pran pou yo a. 24 Yo anvayi peyi Kanaran, yo pran l' pou yo. Ou fè moun peyi Kanaran an bese tèt devan yo. Ou lage tout wa yo ak tout pèp ki t'ap viv nan peyi a nan men pèp ou a, pou yo te fè ak yo sa yo te vle. 25 Pèp ou a mache pran tout lavil ki te gen gwo fò pou defann yo, ak tout bon venn tè moun yo. Yo pran tout kay yo ansanm ak tout byen ki te ladan yo. Yo jwenn sitèn tou fouye, jaden rezen, jaden oliv ak pyebwa k'ap donnen an kantite. Yo manje, yo plen vant yo, yo vin gra. Yo pran plezi jwi tout kantite bèl bagay ou te ba yo. 26 Men, yo rete konsa, yo vire do ba ou, yo fè wondonmon. Yo pran lalwa ou la, yo voye l' jete dèyè do yo. Yo touye pwofèt ou te voye ak mesaj pou ba yo avètisman pou yo te ka tounen vin jwenn ou. Se pa ti kras manke yo te manke ou dega! 27 Se konsa, ou lage yo nan men moun ki pa vle we yo, ki bat yo nan lagè, ki mete pye sou kou yo. Nan tray yo te ye a, yo rele mande ou sekou. Ou rete nan syèl la, ou reponn yo. Ou te gen pitye pou yo, ou voye chèf pou delivre yo anba men moun ki t'ap peze yo. 28 Men, kou ou ba yo yon ti souf, yo konmanse ap fè sa ki mal ankò devan ou. Ou lage yo nan men lènmi ki t'ap kraze yo. Lè sa a ankò, yo pran rele nan pye ou. Ou menm menm, ou rete nan syèl la, ou reponn yo. Ou sitèlman gen bon kè, se pa ni de ni twa fwa ou delivre yo. 29 Ou te avèti yo, ou te mande yo pou yo obeyi tout lòd ou yo. Men, lògèy vire lòlòj yo, yo refize swiv kòmandman ou yo. Yo fè bagay ki pa dakò ak lòd ou ba yo. Epi se lè yon moun swiv lòd ou yo, li jwenn lavi! Men, yo fè wòklò, yo fè tèt di, yo derefize obeyi ou. 30 Pandan lontan lontan, ou pran pasyans ak yo, ou voye lespri ou sou pwofèt ou yo pou avèti yo. Men, yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande. Lè sa a, ou lage yo nan men moun lòt nasyon yo. 31 Men, ou sitèlman gen bon kè, ou pa fin detwi yo nèt, ou pa lage yo nèt ale. Paske ou se yon Bondye ki gen bon kè, yon Bondye ki gen pitye pou moun! 32 Koulye a, Bondye nou, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki gen fòs kouraj, yon Bondye ki fè moun respekte l'. W'ap toujou kenbe kontra ou te pase a, ou p'ap janm sispann gen bon kè. Tanpri, chonje lafliksyon ki te tonbe sou nou tout, sou wa nou yo, sou chèf nou yo, sou prèt nou yo, sou pwofèt nou yo, sou zansèt nou yo ak sou tout pèp la, depi lè wa peyi Lasiri yo t'ap peze nou an rive jouk koulye a. Pa kite nou soufri tou sa pou gremesi. 33 Nan tou sa ki rive nou an, ou te gen rezon ou nan pla men ou. Paske, ou menm ou toujou kenbe pawòl ou. Se nou menm ki toujou ap fè sa ki mal. 34 Wi, wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo ak zansèt nou yo pa t' fè sa ki nan lalwa ou la. Yo pa t' koute kòmandman ak avètisman ou te ba yo. 35 Lè yo t'ap viv nan peyi yo a avèk pwòp wa yo, avèk tout gwo benediksyon ou te ba yo, nan gwo peyi plen bon venn tè ou te mete nan men yo a, yo pa t' sèvi ou, yo pa t' sispann fè move bagay. 36 Jòdi a, nou tounen esklav nan pwòp peyi nou, nan peyi ou te bay zansèt nou yo, pou yo te ka pwofite rekòt tè a bay ak tout lòt riches ki ladan l'. Nou tounen esklav lakay nou! 37 Tout rekòt peyi a al nan pòch wa ou mete sou kou nou. Tou sa, paske nou te fè peche. Yo fè sa yo vle ak nou ansanm ak bèt nou yo. Aa! Gade nan ki mizè nou ye non! 38 Avèk tout bagay sa yo ki rive nou, jòdi a nou menm pèp Izrayèl la, n'ap pran yon angajman, n'ap kouche l' sou papye. Epi tout chèf nou yo, tout moun Levi nou yo ak tout prèt nou yo pral siyen dokiman an anvan nou mete so sou li.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Neemi 9:1
Ne 9:1-3. A Solemn Fast and Repentance of the People.
1. Now in the twenty and fourth day of this month--that is, on the second day after the close of the feast of tabernacles, which commenced on the fourteenth and terminated on the twenty-second (Le 23:34-37). The day immediately after that feast, the twenty-third, had been occupied in separating the delinquents from their unlawful wives, as well, perhaps, as in taking steps for keeping aloof in future from unnecessary intercourse with the heathen around them. For although this necessary measure of reformation had been begun formerly by Ezra (Ezr 10:1-17), and satisfactorily accomplished at that time (in so far as he had information of the existing abuses, or possessed the power of correcting them) yet it appears that this reformatory work of Ezra had been only partial and imperfect. Many cases of delinquency had escaped, or new defaulters had appeared who had contracted those forbidden alliances; and there was an urgent necessity for Nehemiah again to take vigorous measures for the removal of a social evil which threatened the most disastrous consequences to the character and prosperity of the chosen people. A solemn fast was now observed for the expression of those penitential and sorrowful feelings which the reading of the law had produced, but which had been suppressed during the celebration of the feast; and the sincerity of their repentance was evinced by the decisive steps taken for the correction of existing abuses in the matter of marriage.
Neemi 9:2
2. confessed their sins, and the iniquities of their fathers--Not only did they read in their recent sufferings a punishment of the national apostasy and guilt, but they had made themselves partakers of their fathers' sins by following the same evil ways.
Neemi 9:3
3. they ... read in the book of the law--Their extraordinary zeal led them to continue this as before.
one fourth part of the day--that is, for three hours, twelve hours being the acknowledged length of the Jewish day (Joh 11:9). This solemn diet of worship, which probably commenced at the morning sacrifice, was continued for six hours, that is, till the time of the evening sacrifice. The worship which they gave to the Lord their God, at this season of solemn national humiliation, consisted in acknowledging and adoring His great mercy in the forgiveness of their great and multiplied offenses, in delivering them from the merited judgments which they had already experienced or which they had reason to apprehend, in continuing amongst them the light and blessings of His word and worship, and in supplicating the extension of His grace and protection.
Neemi 9:4
Ne 9:4-38. The Levites Confess God's Manifold Goodness, and Their Own Wickedness.
4. Then stood up upon the stairs--the scaffolds or pulpits, whence the Levites usually addressed the people. There were probably several placed at convenient distances, to prevent confusion and the voice of one drowning those of the others.
cried with a loud voice unto the Lord--Such an exertion, of course, was indispensably necessary, in order that the speakers might be heard by the vast multitude congregated in the open air. But these speakers were then engaged in expressing their deep sense of sin, as well as fervently imploring the forgiving mercy of God; and "crying with a loud voice" was a natural accompaniment of this extraordinary prayer meeting, as violent gestures and vehement tones are always the way in which the Jews, and other people in the East, have been accustomed to give utterance to deep and earnest feelings.
Neemi 9:5
5. Then the Levites ... said, Stand up and bless the Lord your God--If this prayer was uttered by all these Levites in common, it must have been prepared and adopted beforehand, perhaps, by Ezra; but it may only embody the substance of the confession and thanksgiving.
Neemi 9:6-38
6-38. Thou, even thou, art Lord alone, &c.--In this solemn and impressive prayer, in which they make public confession of their sins, and deprecate the judgments due to the transgressions of their fathers, they begin with a profound adoration of God, whose supreme majesty and omnipotence is acknowledged in the creation, preservation, and government of all. Then they proceed to enumerate His mercies and distinguished favors to them as a nation, from the period of the call of their great ancestor and the gracious promise intimated to him in the divinely bestowed name of Abraham, a promise which implied that he was to be the Father of the faithful, the ancestor of the Messiah, and the honored individual in whose seed all the families of the earth should be blessed. Tracing in full and minute detail the signal instances of divine interposition for their deliverance and their interest--in their deliverance from Egyptian bondage--their miraculous passage through the Red Sea--the promulgation of His law--the forbearance and long-suffering shown them amid their frequent rebellions--the signal triumphs given them over their enemies--their happy settlement in the promised land--and all the extraordinary blessings, both in the form of temporal prosperity and of religious privilege, with which His paternal goodness had favored them above all other people, they charge themselves with making a miserable requital. They confess their numerous and determined acts of disobedience. They read, in the loss of their national independence and their long captivity, the severe punishment of their sins. They acknowledge that, in all heavy and continued judgments upon their nation, God had done right, but they had done wickedly. And in throwing themselves on His mercy, they express their purpose of entering into a national covenant, by which they pledge themselves to dutiful obedience in future.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
