Neemi 10

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Premye moun ki siyen dokiman sele a se te gouvènè Neemi, pitit gason Akalya a. Apre li, Sidkiya vin siyen. 2 Men non pret ki te siyen dokiman an: Seraja, Azarya, Jiremeja, 3 Pachou, Amarya, Malkija, 4 Atouch, Chebanya, Malouk, 5 Arim, Meremòt, Obadya, 6 Danyèl, Gineton, Bawouk, 7 Mechoulam, Abija, Mijamen, 8 Maazya, Bilgayi ak Chemaja. 9 Apre yo vin moun Levi yo: Jozye, pitit gason Azanya, Bennwi, moun fanmi Enadad la, Kadmyèl, 10 ak lòt moun Levi parèy yo: Chekanya, Odija, Kelita, Pelaja, Anan, 11 Miche, Reyòb, Achabya, 12 Zakou, Cherebya, Chebanya, 13 Odija, Bani ak Kenani. 14 Apre yo se te chèf pèp la: Pareòch, Pakat Moab, Elam, Zatou, Bani, 15 Bouni, Azgad, Bebayi, 16 Adonija, Bigvayi, Adin, 17 Atè, Ezekyas. Azou, 18 Odija, Achoum, Betsayi, 19 Arif, Anatòt, Nebayi, 20 Magpyach, Mechoulam, Ezi, 21 Michezabèl, Tsadòk, Yadwa, 22 Pelatya, Anan, Anaja, 23 Oze, Ananya, Achoub, 24 Alochèch, Pilba, Chobèk, 25 Reyoum, Achabna, Maseja, 26 Akija, Ranan, Anan, 27 Malouk, Arim ak Bana. 28 Nou menm, moun pèp Izrayèl la, prèt yo, ak moun Levi yo, gad pòtay tanp yo, mizisyen tanp yo, travayè tanp yo, ak tout lòt moun yo ki te wete kò yo nan mitan moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a pou nou ka fè sa lalwa Bondye a mande nou an, ansanm ak madanm nou yo, pitit gason ak pitit fi nou yo ki gen laj konprann, 29 nou mete tèt nou ansanm ak frè nou yo ki chèf nan mitan nou, nou fè sèman pou nenpòt bagay rive nou si nou pa kenbe pwomès n'ap fè la a. Nou pran angajman n'ap mache dapre lalwa Bondye te bay Moyiz, sèvitè l' la, pou nou. Nou pran angajman n'ap obeyi tou sa Seyè a, Bondye nou an, kòmande nou pou nou swiv ansanm ak tout regleman ak tout lòd li ban nou yo. 30 Nou pran angajman espesyalman pou nou pa marye pitit fi nou ak lòt moun k'ap viv nan peyi a, epi pou nou pa chwazi pitit fi moun sa yo pou marye ak pitit gason nou yo. 31 Si moun sa yo pote machandiz osinon nenpòt pwovizyon vin vann nou jou repo a, nou p'ap achte anyen nan men yo jou sa a. Se menm bagay la tou si se yon jou fèt pou Seyè a. Chak sètan, n'a kite jaden nou yo poze, epi tout moun ki dwe nou, n'a kite dèt la pou yo. 32 Men lòt obligasyon nou bay tèt nou ankò: Chak lanne, chak moun ap bay yon demi ka ons ajan pou depans y'ap fè pou sèvis Bondye nou an nan tanp lan. 33 N'a bay tou pen pou yo mete apa pou Bondye yo, ofrann grenn pou chak jou yo, bèt pou yo boule chak jou pou Bondye yo, ofrann pou jou repo yo, pou fèt lalin nouvèl yo, ak pou lòt gwo fèt yo, manje pou yo mete apa pou Bondye yo, ofrann pou wete peche moun pèp Izrayèl yo, ak tout lòt bagay yo ka bezwen pou fè sèvis nan tanp Bondye nou an. 34 Nou menm, prèt yo, moun Levi yo ak rès pèp la, men ki jan pou nou regle keksyon livrezon bwa pou tanp lan: Chak lanne y'a tire osò pou konnen kilè chak fanmi, yonn apre lòt, va pote bwa y'a bezwen pou boule sou lotèl Seyè a, Bondye nou an, jan sa ekri nan lalwa Bondye a. 35 Nou deside tou chak lanne, n'a pote nan tanp lan pou n' ofri bay Seyè a premye grenn nou rekòlte nan jaden nou ak premye fwi ki mi sou tout pyebwa nou yo. 36 Jan sa ekri nan lalwa Bondye a, n'a pote bay prèt yo k'ap sèvi nan tanp Bondye nou an premye pitit gason nou yo lè yo fèt pou yo ka mete yo apa pou Bondye. Konsa tou, n'a pote ba yo premye ti towo manman bèf nou yo va fè ak premye ti belye manman mouton nou yo va fè ak premye ti bouk manman kabrit nou yo va fè paske se pou prèt yo yo ye. 37 Konsa tou, n'a pote bay prèt yo kote y'ap viv nan tanp lan pen n'a fè ak premye grenn n'a rekòlte chak lanne yo, ansanm ak lòt ofrann fwi pyebwa nou yo va donnen, diven ki fenk fèt ak lwil oliv fre. N'a pote ladim tout rekòt n'a fè nan jaden nou bay moun Levi yo. Se yo menm ki va mache nan tout ti bouk nou yo pou ranmase ladim kote yo fè jaden. 38 Yonn nan pret yo, ki soti nan branch fanmi Arawon an, va toujou ale avèk moun Levi yo lè yo pral ranmase ladim lan. Lèfini, moun Levi yo va pote mete nan depo pwovizyon tanp lan yon dizyèm nan tout ladim y'a ranmase a pou sèvis Tanp lan. 39 Se nan chanm depo tanp lan moun pèp Izrayèl yo ak moun Levi yo va pote tout grenn, tout diven ak tout lwil yo fèt pou bay la. Se la tou y'a mete tout veso ak tout lòt bagay ki pou sèvi nan tanp lan. Epitou, prèt desèvis yo, gad pòtay tanp yo ak mizisyen tanp yo va gen kote pou yo rete la tou. Se konsa nou pran angajman nou p'ap janm neglije kay Bondye nou an ankò!

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Neemi 10:1

Ne 10:1-27. The Names of Those Who Sealed the Covenant.

1. Nehemiah, the Tirshatha--His name was placed first in the roll on account of his high official rank, as deputy of the Persian monarch. All classes were included in the subscription; but the people were represented by their elders (Ne 10:14), as it would have been impossible for every one in the country to have been admitted to the sealing.

Ne 10:28. The Rest of the People Bound Themselves to Observe It.

Those who were not present at the sealing ratified the covenant by giving their assent, either in words or by lifting up their hands, and bound themselves, by a solemn oath, to walk in God's law, imprecating a curse upon themselves in the event of their violating it.

Neemi 10:29-37

Ne 10:29-39. Points of the Covenant.

29-37. to observe and do all the commandments, &c.--This national covenant, besides containing a solemn pledge of obedience to the divine law generally, specified their engagement to some particular duties, which the character and exigency of the times stamped with great urgency and importance, and which may be summed up under the following heads: that they abstain from contracting matrimonial alliances with the heathen; that they would rigidly observe the sabbath; that they would let the land enjoy rest and remit debts every seventh year; that they would contribute to the maintenance of the temple service, the necessary expenses of which had formerly been defrayed out of the treasury of the temple (1Ch 26:20), and when it was drained, given out from the king's privy purse (2Ch 31:3); and that they would make an orderly payment of the priests' dues. A minute and particular enumeration of the first-fruits was made, that all might be made fully aware of their obligations, and that none might excuse themselves on pretext of ignorance from withholding taxes which the poverty of many, and the irreligion of others, had made them exceedingly prone to evade.

Neemi 10:38

38. the priest the son of Aaron shall be with the Levites, when the Levites take tithes--This was a prudential arrangement. The presence of a dignified priest would ensure the peaceful delivery of the tithes; at least his superintendence and influence would tend to prevent the commission of any wrong in the transaction, by the people deceiving the Levites, or the Levites defrauding the priests.

the tithe of the tithes--The Levites, having received a tenth of all land produce, were required to give a tenth of this to the priests. The Levites were charged with the additional obligation to carry the tithes when received, and deposit them in the temple stores, for the use of the priests.

Neemi 10:39

39. and we will not forsake the house of our God--This solemn pledge was repeated at the close of the covenant as an expression of the intense zeal by which the people at this time were animated for the glory and the worship of God. Under the pungent feelings of sorrow and repentance for their national sins, of which apostasy from the service of the true God was the chief, and under the yet fresh and painful remembrance of their protracted captivity, they vowed, and (feeling the impulse of ardent devotion as well as of gratitude for their restoration) flattered themselves they would never forget their vow, to be the Lord's.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.