Neemi 8
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lè setyèm mwa lanne jwif yo rive, tout moun pèp Izrayèl yo te chita lakay yo nan lavil yo. Lè sa a, yo tout nèt, yo te sanble sou plas piblik ki devan pòtay Dlo yo. Yo mande Esdras, direktè lalwa a, pou li pote liv lalwa Seyè a te bay Moyiz pou pèp Izrayèl la. 2 Esdras, prèt la, pran liv la, li pote l' kote tout moun yo te reyini an: fanm, gason ak tout timoun ki te gen laj konprann. Se te premye jou nan setyèm mwa a. 3 Se konsa, sou plas ki devan pòtay Dlo yo, Esdras li nan liv lalwa a pou yo, depi granmaten jouk rive midi. Tout pèp la, fanm, gason ak tout timoun ki te gen laj konprann, te louvri zòrèy yo pou yo tande sa ki te nan liv lalwa a. 4 Esdras, direktè lalwa a, te kanpe sou yon lestrad an bwa yo te bati espre pou sa. Sou bò dwat li, te gen Matitya, Chema, Anaja, Ourija, Ilkija ak Maseja. Sou bò gòch li, te gen Pedaja, Mikayèl, Malkija, Achoum, Achbadana, Zakarya ak Mechoulam. 5 Kote Esdras te kanpe byen wo sou lestrad la, li louvri liv la devan tout moun. Lè sa a, tout pèp la leve kanpe. 6 Esdras di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye ki gen pouvwa a. Tout pèp la leve men yo anlè, yo reponn: -Amèn! Li merite sa vre! Lèfini, yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan Seyè a. 7 Apre sa, pèp la leve kanpe epi kèk moun Levi pran esplike yo lalwa a. Se te Jechwa, Bani, Cherebya, Jamen, Akoub, Chabetayi, Odija, Maseja, Kelita, Azarya, Jozabab, Anan, Pelaja. 8 Yo t'ap li nan liv lalwa Bondye a, yo t'ap tradwi l' pou yo, yo t'ap esplike l' ba yo, pou yo te ka konprann sa yo t'ap li pou yo a. 9 Lè pèp la tande sa ki te ekri nan liv lalwa a, yo pran kriye. Lè sa a, Neemi, gouvènè a, ansanm ak Esdras, prèt direktè lalwa a, ak lòt moun Levi yo ki t'ap esplike lalwa a di moun yo konsa: -Jou sa a, se yon jou yo mete apa pou Seyè a, Bondye nou an! Pa kite lapenn anvayi kè nou! Pa kriye, mezanmi! 10 Okontrè, al lakay nou, fè fèt! Separe vyann gra ak bon ti likè nou genyen ak moun ki pa genyen, paske jou sa a se yon jou nou fèt pou mete apa pou Seyè a. Pa kite lapenn pran nou! Kontantman Bondye ap mete nan kè nou an va ban nou fòs! 11 Tout moun Levi yo pran mache nan mitan tout pèp la pou fè yo pe. Yo t'ap di yo: -Pe bouch nou, mezanmi! Siye dlo nan je nou! Jou sa a se yon jou apa pou Bondye li ye! 12 Se konsa tout pèp la al lakay yo, yo manje, yo bwè, yo separe sa yo genyen ak lòt moun. Tout moun te kontan, yo t'ap fè fèt, paske yo te konprann sa yo te li pou yo nan liv la. 13 Nan denmen, tout chèf branch fanmi pèp Izrayèl yo, prèt yo ak moun Levi yo sanble ankò bò direktè Esdras pou yo te ka etidye pawòl lalwa a. 14 Men sa yo jwenn nan lalwa Seyè a te bay Moyiz pou yo a: Pandan y'ap fete fèt setyèm mwa a, moun Izrayèl yo va rete nan ti joupa. 15 Lè yo vin konn sa, yo voye fè piblikasyon nan lavil Jerizalèm ak nan tout lavil yo. Yo voye mesaj sa a bay tout moun: -Ale nan mòn. Koupe branch nan pye oliv, nan pye pichpen, nan pye pwadous, ak nan tout lòt kalite pyebwa ansanm ak fèy palmis pou nou fè ti joupa jan sa ekri nan liv la. 16 Se konsa, pèp la ale, yo ranmase kont branch bwa yo, epi yo moute yon pakèt ti joupa. Genyen ki bati ti joupa yo sou teras anwo tèt kay yo. Genyen ki fè l' nan lakou lakay yo. Gen lòt ankò ki bati pa yo nan gwo lakou Tanp lan, sou plas piblik ki bò pòtay Dlo yo ak sou plas ki bò pòtay Efrayim lan. 17 Se konsa, tout moun ki te tounen nan peyi kote yo te depòte yo a moute ti joupa epi yo rete anba yo. Depi sou rèy Jozye, pitit Noun lan, se te premye fwa moun pèp Izrayèl yo t'ap fete fèt sa a konsa. Tout moun te kontan. Yo t'ap fete. 18 Yo pase sèt jou ap fete. Chak jou, depi premye jou a jouk dènye jou a, yo t'ap li nan liv lalwa Bondye a. Sou wityèm jou a, yo fè yon gwo reyinyon pou fèmen fèt la jan regleman an mande l' la.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Neemi 8:1
Ne 8:1-8. Religious Manner of Reading and Hearing the Law.
1. all the people gathered themselves together as one man--The occasion was the celebration of the feast of the seventh month (Ne 7:73). The beginning of every month was ushered in as a sacred festival; but this, the commencement of the seventh month, was kept with distinguished honor as "the feast of trumpets," which extended over two days. It was the first day of the seventh ecclesiastical year, and the new year's day of the Jewish civil year, on which account it was held as "a great day." The place where the general concourse of people was held was "at the water gate," on the south rampart. Through that gate the Nethinims or Gibeonites brought water into the temple, and there was a spacious area in front of it.
they spake unto Ezra the scribe to bring the book of the law of Moses--He had come to Jerusalem twelve or thirteen years previous to Nehemiah. He either remained there or had returned to Babylon in obedience to the royal order, and for the discharge of important duties. He had returned along with Nehemiah, but in a subordinate capacity. From the time of Nehemiah's appointment to the dignity of tirshatha, Ezra had retired into private life. Although cordially and zealously co-operating with the former patriot in his important measures of reform, the pious priest had devoted his time and attention principally toward producing a complete edition of the canonical Scriptures. The public reading of the Scriptures was required by the law to be made every seventh year; but during the long period of the captivity this excellent practice, with many others, had fallen into neglect, till revived, on this occasion. That there was a strong and general desire among the returned exiles in Jerusalem to hear the word of God read to them indicates a greatly improved tone of religious feeling.
Neemi 8:4
4. Ezra ... stood upon a pulpit of wood--Not made in the form known to us, but only a raised scaffold or platform, broad enough to allow fourteen persons to stand with ease upon it. Ezra's duty was very laborious, as he continued reading aloud from morning until midday, but his labor was lightened by the aid of the other priests present. Their presence was of importance, partly to show their cordial agreement with Ezra's declaration of divine truth; and partly to take their share with him in the important duty of publicly reading and expounding the Scripture.
Neemi 8:5
5. when he opened it, all the people stood up--This attitude they assumed either from respect to God's word, or, rather, because the reading was prefaced by a solemn prayer, which was concluded by a general expression of "Amen, Amen."
Neemi 8:7-8
7-8. caused the people to understand the law ... gave the sense--Commentators are divided in opinion as to the import of this statement. Some think that Ezra read the law in pure Hebrew, while the Levites, who assisted him, translated it sentence by sentence into Chaldee, the vernacular dialect which the exiles spoke in Babylon. Others maintain that the duty of these Levites consisted in explaining to the people, many of whom had become very ignorant, what Ezra had read.
Neemi 8:9-10
Ne 8:9-15. The People Comforted.
9-10. This day is holy unto the Lord ... mourn not, nor weep--A deep sense of their national sins, impressively brought to their remembrance by the reading of the law and its denunciations, affected the hearts of the people with penitential sorrow. But notwithstanding the painful remembrances of their national sins which the reading of the law awakened, the people were exhorted to cherish the feelings of joy and thankfulness associated with a sacred festival (see on Le 23:24). By sending portions of it to their poorer brethren (De 16:11, 14; Es 9:19), they would also enable them to participate in the public rejoicings.
Neemi 8:16
Ne 8:16-18. They Keep the Feast of Tabernacles.
16. the people went forth, and brought ... and made themselves booths, &c.--(See on Le 23:34; De 16:13).
Neemi 8:17
17. since the days of Jeshua ... had not the children of Israel done so--This national feast had not been neglected for so protracted a period. Besides that it is impossible that such a flagrant disregard of the law could have been tolerated by Samuel, David, and other pious rulers, its observance is sufficiently indicated (1Ki 8:2, 65; 2Ch 7:9) and expressly recorded (Ezr 3:4). But the meaning is, that the popular feelings had never been raised to such a height of enthusiastic joy since the time of their entrance into Canaan, as now on their return after a long and painful captivity.
Neemi 8:18
18. Also day by day ... he read in the book of the law of God--This was more than was enjoined (De 31:10-12), and arose from the exuberant zeal of the time.
on the eighth day was a solemn assembly--This was the last and great day of the feast (see on Nu 29:35). In later times, other ceremonies which increased the rejoicing were added (Joh 7:37).
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
