Neemi 1

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Men istwa Neemi, pitit gason Akalya a, jan li menm li te rakonte l' la. Se te nan mwa Kislèv. Lè sa a, wa Atagzèsès te gen ventan depi li t'ap gouvènen. Mwen menm, Neemi, mwen te lavil Souz, kapital peyi a. 2 Anani, yonn nan frè m' yo, rive soti nan peyi Jida ansanm ak kèk lòt moun. Mwen mande yo nouvèl jwif yo, ti ponyen moun pèp Izrayèl ki te soti nan peyi kote yo te depòte yo epi ki tounen nan peyi yo a, ansanm ak nouvèl lavil Jerizalèm. 3 Yo reponn mwen: Moun ki tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo epi ki rete laba nan peyi nou an anba gwo pwoblèm. Yo pa konn sa pou yo fè tèlman yo wont. Kanta miray lavil Jerizalèm yo, yo te fin kraze. Gwo pòtay yo menm te menm jan an toujou depi dife te fin boule yo a. 4 Lè m' tande sa, mwen chita atè, mwen pran kriye. Mwen pase anpil jou konsa nan gwo lapenn. Mwen pa manje, mwen t'ap lapriyè Bondye ki nan syèl la. 5 Mwen di: -Aa, Seyè, Bondye ki nan syèl la, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki fè moun gen krentif pou ou. Ou kenbe pawòl ou te bay nan kontra ou la. Ou toujou gen pitye pou moun ki renmen ou, pou moun ki swiv lòd ou yo. 6 Tanpri, voye je ou sou mwen menm k'ap sèvi ou la. Panche zòrèy ou pou tande lapriyè m'ap fè nan pye ou koulye a, lajounen kou lannwit, pou sèvitè ou yo, moun pèp Izrayèl yo. Mwen rekonèt tou sa moun pèp Izrayèl yo fè ki mal devan je ou. Mwen rekonèt ni mwen menm ni zansèt mwen yo nou fè peche. 7 Nou aji mal anpil avè ou. Nou pa swiv tout kòmandman, tout lòd ak tout regleman ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, pou nou. 8 Koulye a, chonje pawòl ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, lòd ki di nou: Si nou menm, moun pèp Izrayèl yo, nou pa kenbe pawòl mwen yo, m'ap gaye nou sou latè nan mitan tout lòt nasyon yo. 9 Men, si nou tounen vin jwenn mwen, si nou pran swiv kòmandman mwen yo pou nou fè sa m' di nou fè, yo te mèt depòte nou jouk byen lwen nan dènye bout latè a, m'ap sanble nou, m'ap fè nou tounen kote mwen chwazi pou m' rete a. 10 Enben! Seyè, men yo, moun k'ap sèvi ou yo. Men pèp ou a, pèp ou te delivre ak gwo pouvwa ou ak fòs ponyèt ou a. 11 Aa! Seyè, panche zòrèy ou pou tande lapriyè mwen menm, sèvitè ou, m'ap fè nan pye ou, lapriyè tout sèvitè ou yo ki pran plezi nan gen krentif pou ou. Tanpri, Seyè, fè tout bagay mache byen pou mwen jòdi a. Fè wa a resevwa m' byen. Lè sa a, mwen te chèf kanbiz wa a.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Neemi 1:1

THE BOOK OF NEHEMIAH

Commentary by Robert Jamieson

Ne 1:1-3. Nehemiah, Understanding by Hanani the Afflicted State of Jerusalem, Mourns, Fasts, and Prays.

1. Nehemiah the son of Hachaliah--This eminently pious and patriotic Jew is to be carefully distinguished from two other persons of the same name--one of whom is mentioned as helping to rebuild the walls of Jerusalem (Ne 3:16), and the other is noticed in the list of those who accompanied Zerubbabel in the first detachment of returning exiles (Ezr 2:2; Ne 7:7). Though little is known of his genealogy, it is highly probable that he was a descendant of the tribe of Judah and the royal family of David.

in the month Chisleu--answering to the close of November and the larger part of December.

Shushan the palace--the capital of ancient Susiana, east of the Tigris, a province of Persia. From the time of Cyrus it was the favorite winter residence of the Persian kings.

Neemi 1:2-3

2-3. Hanani, one of my brethren, came, he and certain men of Judah--Hanani is called his brother (Ne 7:2). But as that term was used loosely by Jews as well as other Orientals, it is probable that no more is meant than that he was of the same family. According to Josephus, Nehemiah, while walking around the palace walls, overheard some persons conversing in the Hebrew language. Having ascertained that they had lately returned from Judea, he was informed by them, in answer to his eager enquiries, of the unfinished and desolate condition of Jerusalem, as well as the defenseless state of the returned exiles. The commissions previously given to Zerubbabel and Ezra extending only to the repair of the temple and private dwellings, the walls and gates of the city had been allowed to remain a mass of shattered ruins, as they had been laid by the Chaldean siege.

Neemi 1:4

Ne 1:4-11. His Prayer.

4. when I heard these words, that I sat down ... and mourned ... and fasted, and prayed--The recital deeply affected the patriotic feelings of this good man, and no comfort could he find but in earnest and protracted prayer, that God would favor the purpose, which he seems to have secretly formed, of asking the royal permission to go to Jerusalem.

Neemi 1:11

11. I was the king's cupbearer--This officer, in the ancient Oriental courts, was always a person of rank and importance; and, from the confidential nature of his duties and his frequent access to the royal presence, he possessed great influence.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.