Esdras 10

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Esdras menm te ajenou toujou, fas atè, devan Kay Bondye a, li t'ap lapriyè. Dlo nan je, li t'ap rekonèt tout fòt pèp la te fè devan Bondye. Pandan li t'ap fè sa, yon foul moun pèp Izrayèl la, gason, fanm ak timoun, vin sanble fè wonn bò kote l'. Dlo t'ap ponpe nan je yo tout. 2 Le sa a, Chekanya, pitit gason Jeyèl la, nan branch fanmi Elam lan, pran lapawòl. Li di Esdras konsa: -Nou trayi Bondye nou an vre lè nou pran fanm lòt nasyon k'ap viv nan peyi a pou madanm nou. Men malgre sa, mwen kwè gen espwa toujou pou pèp Izrayèl la. 3 Nou tout pral pran angajman an piblik devan Bondye pou nou ranvwaye tout medam sa yo ansanm ak pitit yo fè pou nou. Wi, mèt, nou pral swiv konsèy ou menm ak lòt moun ki gen respè pou kòmandman Bondye nou an te ban nou. Se pou nou fè tou sa lalwa Bondye a mande nou fè. 4 Leve non! Se ou menm ki pou regle bagay sa a. N'ap kanpe la avè ou! Kouraj! Annavan! 5 Lè sa a, Esdras leve, li fè chèf prèt yo, chèf moun Levi yo ak tout rès moun yo sèmante yo pral fè sa Chekanya te di a. Yo sèmante vre. 6 Apre sa, Esdras ale lakay Jokanan, pitit gason Eliyachib la, sou devan tanp Bondye a. Li pase nwit lan la, san manje, san bwè, paske li te nan gwo lapenn dèske moun yo te depòte epi ki te tounen nan peyi a pa t' kenbe pawòl yo. 7 Yo fè yon piblikasyon nan tout peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm, pou mande tout moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a pou yo tout te reyini lavil Jerizalèm. 8 Si yon moun kite twa jou pase li pa moute, tout chèf yo ak tout moun ki an tèt branch fanmi yo te dakò pou yo te sezi tout byen moun sa a, pou yo te fè tanp Bondye a kado l', lèfini pou yo pa t' konsidere l' tankou moun sosyete a ankò avèk rès moun ki te tounen soti kote yo te depòte yo a. 9 Nan twa jou vre, ki te ventyèm jou nan nevyèm mwa a, tout gason ki t'ap viv sou pòsyon tè ki te pou branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo te sanble lavil Jerizalèm. Yo rete sou plas piblik ki devan tanp Bondye a. Yon gwo lapli t'ap tonbe. Tout moun t'ap tranble, yo te frèt, men yo te pè tou paske se te yon gwo zafè. 10 Lè sa a, Esdras, prèt la, leve, li di yo: -Lè nou marye ak fanm lòt nasyon yo, se trayi nou trayi Bondye. Se mete nou mete sou tou sa k'ap fèt mal deja nan mitan pèp Izrayèl la. 11 Men koulye a, rekonèt devan Seyè a, Bondye zansèt nou yo, sa nou fè ki mal la. Fè sa li vle nou fè a: pran distans nou ak moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a. Separe ak fanm nou te pran pami lòt nasyon yo pou madanm. 12 Tout pèp la pran reponn byen fò: -Wi. N'ap fè tou sa ou mande nou fè! 13 Men pèp la anpil. Se sezon lapli. Nou pa ka rete deyò a konsa. Epitou, se pa bagay k'ap pran yon jou osinon de jou, paske gen anpil nan nou ki koupab nan zafè sa a. 14 Se pou chèf nou yo rete isit la nan plas nou pou regle bagay la. Nan dat y'a fikse a, tout moun nan peyi a ki marye ak yon fanm lòt nasyon va vin parèt devan yo. Chèf fanmi yo ak jij k'ap dirije lavil kote moun lan rete a va vin avè l'. Konsa konsa, jouk kòlè Bondye ki te tonbe sou nou poutèt bagay sa a va bese. 15 Tout moun te dakò esepte Jonatan, pitit gason Asayèl, ak Jaksya, pitit gason Tikva a, ki te kont. Machoulam ak Chabtayi, yon moun Levi, te pran pozisyon ak yo tou. 16 Men, moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a te dakò ak sa yo te mande yo fè a. Esdras, prèt la, fè chwazi kèk moun ki te chèf branch fanmi pou ede l' nan travay la. Li pran non yo sou lis. Epi se konsa, depi premye jou dizyèm mwa a yo chita nan tribinal, y'ap egzaminen ka chak moun yonn apre lòt. 17 Apre twa mwa, jou pou jou, lè premye jou premye mwa a rive, yo te fin regle zafè tout moun ki te marye ak fanm lòt nasyon yo. 18 Men lis gason ki te marye ak fanm lòt nasyon yo: Pami prèt yo, nan branch fanmi Jozye a, pitit Jeozadak la ak nan branch fanmi frè l' yo, te gen Maseja, Elyezè ak Gedalya. 19 Yo fè sèman y'ap ranvwaye madanm yo, epi yo ofri yon belye mouton bay Seyè a pou mande li padon pou fòt yo te fè a. 20 Nan branch fanmi Imè a te gen Anani ak Zebadya. 21 Nan branch fanmi Arim lan, te gen Maseja, Elija, Chemaja, Jeyèl ak Ouzya. 22 Nan branch fanmi Pachou an, te gen Elyeyoenayi, Maseja, Jichmayèl, Netaneyèl, Jozabad ak Eleaza. 23 Pami moun Levi yo, te gen Jozabad, Chimeyi, Kelaya (yo te rele l' Kelita tou), Petaja, Jeouda ak Elyezè. 24 Pami sanba yo, te gen Elijachib. Pami gad tanp yo, te gen Chaloum, Telèm ak Ouri. 25 Pami rès pèp la, nan branch fanmi Pareòch la, te gen Ramya, Jizija, Malkija, Mijamen, Eleaza, Malkija ak Benaja. 26 Nan branch fanmi Elam lan, te gen Natanya, Zekarya, Jeyèl, Abdi, Jeremòt ak Elija. 27 Nan branch fanmi Zatou a, te gen Elyeyoenayi, Elyachib, Matanya, Jeremòt, Zabad ak Azisa. 28 Nan branch fanmi Bebayi a, te gen Yokanan, Ananya, Zabayi a ak Atlayi. 29 Nan branch fanmi Bani an, te gen Mechoulam, Malouk, Adaja, Jachoub, Cheal ak Jeramòt. 30 Nan branch fanmi Pakat m'oab la, te gen Adna, Kelal, Benaja, Machiya, Matanya, Bezaleyèl, Bennwi ak Manase. 31 Nan branch fanmi Arim lan, te gen Elyezè, Jichija, Malkija, Chemaja, Simeyon, 32 Benjamen, Malouk ak Chemarya. 33 Nan branch fanmi Achoum lan, te gen Matenayi, Matata. Zabab, Elifelèt, Jeremayi, Manase ak Chimèyi. 34 Nan branch fanmi Bani an, te gen Madayi, Amram, Ourèl, 35 Benaja, Bedeja, Kelwit, 36 Vanya, Meremòt, Elyachib, 37 Matanya, Matenayi ak Jasayi. 38 Nan branch fanmi Bennwi a, te gen Chimèyi, 39 Chelemija, Natan, Adaja, 40 Maknadebayi, Chachayi, Charayi, 41 Azaryèl, Chelemya, Chemarya, 42 Chaloum, Amarya ak Jozèf. 43 Nan branch fanmi Nebo a te gen Jeyèl, Matitya, Zabab, Zebina, Jadayi, Joèl ak Benaja. 44 Tout mesye sa yo te marye ak fanm lòt nasyon. Yo ranvwaye medam yo ansanm ak tout pitit yo te fè pou yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Esdras 10:1

Ezr 10:1-17. Ezra Reforms the Strange Marriages.

1. Now when Ezra had prayed--As this prayer was uttered in public, while there was a general concourse of the people at the time of the evening sacrifice and as it was accompanied with all the demonstrations of poignant sorrow and anguish, it is not surprising that the spectacle of a man so respected, a priest so holy, a governor so dignified as Ezra, appearing distressed and filled with fear at the sad state of things, should produce a deep sensation; and the report of his passionate grief and expressions in the court of the temple having rapidly spread through the city, a great multitude flocked to the spot.

Esdras 10:2-4

2-4. Shechaniah ... answered and said unto Ezra, We have trespassed--This was one of the leading men, who was not himself a delinquent in the matter, for his name does not occur in the following list. He spoke in the general name of the people, and his conduct evinced a tender conscience, as well as no small fortitude in making such a proposal; for as his father and five paternal uncles (Ezr 10:26) were involved in the guilt of unlawful marriages, he showed, by the measure he recommended, that he deemed it better to obey God than to please his nearest relatives.

yet now there is hope in Israel concerning this thing--This hope, however, depended on timely measures of reformation, and therefore, instead of surrendering themselves to despair or despondency, he counselled them to amend their error without delay, relying on God's mercy for the past. Though the proposal may seem harsh and cruel, yet in the peculiar circumstances of the Jews it was just as well as necessary; and he urged the duty of seeing it executed on Ezra, as the only person competent to carry it into effect, being possessed of skill and address for so delicate and difficult a work, and invested by God, and under Him by the Persian king (Ezr 7:23-28), with the requisite authority to enforce it.

Esdras 10:5-8

5-8. Then Ezra ... went into the chamber of Johanan--At a private council of the princes and elders held there, under the presidency of Ezra, it was resolved to enter into a general covenant to put away their foreign wives and children; that a proclamation should be made for all who had returned from Babylon to repair within three days to Jerusalem, under pain of excommunication and confiscation of their property.

Esdras 10:9-17

9-11. Then all the men of Judah and Benjamin--The returned captives belonged chiefly to these tribes; but other Israelites are also included under these names, as they all were then occupying the territory formerly assigned to those two tribes.

It was the ninth month--that is, between the end of December and the beginning of January, which is the coldest and most rainy season of the year in Palestine.

all the people sat in the street--that is, the court.

Esdras 10:18

Ezr 10:18-44. Those That Had Taken Strange Wives.

18. among the sons of the priests--From the names of so many men of rank appearing in the following list, some idea may be formed of the great and complicated difficulties attending the reformatory work.

Esdras 10:19

19. they gave their hands--that is, came under a solemn engagement, which was usually ratified by pledging the right hand (Pr 6:1; Eze 17:18). The delinquents of the priestly order bound themselves to do like the common Israelites (Ezr 10:25), and sought to expiate their sin by sacrificing a ram as a trespass offering.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.