Lik 8

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Apre sa, Jezi mache ale nan tout lavil yo ak nan tout bouk yo. Li t'ap mache bay mesaj la, li t'ap anonse bon nouvèl peyi kote Bondye Wa a. Douz disip yo te toujou avè li. 2 Te gen kèk fanm avè l' tou. Se moun li te wete move lespri sou yo, li te geri maladi yo. Te gen Mari (yo te rele moun Magdala a). Jezi te wete sèt move lespri sou li. 3 Te gen Jan, madanm Chouza, yonn nan jeran Ewòd yo. Te gen Sizan ak anpil lòt ankò. Yo tout yo t'ap ede Jezi ansanm ak disip li yo ak sa yo te genyen. 4 Lè sa a, te gen yon gwo foul moun ki te sanble; moun te soti nan divès vil vin bò kot Jezi. Li pran rakonte yo parabòl sa a: 5 Yon nonm soti pou li ale simen grenn nan jaden li. Pandan l' t'ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an: Pye pile yo, zwezo nan syèl vini, yo manje yo. 6 Yon pati tonbe nan mitan wòch; grenn yo leve. Men, yo cheche paske yo pa t' jwenn tè fre. 7 Yon lòt pati tonbe nan mitan pye pikan. Pye pikan yo grandi ansanm ak bon ti plant yo, yo toufe yo. 8 Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo donnen: yo bay san (100) pou yonn. Lè l' fin di sa, li di ankò: Si nou gen zòrèy pou n' tande, tande. 9 Disip li yo mande l' kisa parabòl sa a vle di. 10 Li reponn yo: Pou nou, yo fè nou konnen tout sekrè peyi kote Bondye Wa a. Men, pou lòt moun yo, yo ba yo l' an parabòl; konsa yo mèt gade, yo p'ap wè, yo mèt tande, yo p'ap konprann. 11 Men sa parabòl sa a vle di: Grenn y'ap simen an se pawòl Bondye. 12 Gen moun ki sanble ak tè bò chemen kote grenn yo tonbe a. Yo tande, men Satan vini, li rache pawòl la nan kè yo pou yo pa kwè, pou yo pa sove. 13 Gen lòt moun ki sanble tè ki gen anpil wòch la. Yo tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan; men yo pa kite l' pouse rasin, yo pa kwè l' pou lontan. Lè eprèv tonbe sou yo, yo vire do bay Bondye. 14 Grenn ki tonbe nan mitan pikan yo, se moun ki tande pawòl la, men lè y al fè wout yo, yo kite traka lavi, richès ak plezi ki nan lavi toufè l'. Yo donnen men donn yo pa janm rive rèk. 15 Grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki sensè, ki gen bon kè, ki tande pawòl la, yo kenbe l' nan kè yo. Yo toujou rete fèm jouk yo donnen. 16 Pesonn pa limen yon lanp pou l' kouvri l' anba yon mamit, osinon pou l' mete l' anba yon kabann. Li mete l' sou yon etajè. Konsa, moun k'ap antre yo kapab wè limyè a. 17 Nanpwen anyen ki kache ki p'ap devwale, nanpwen sekrè pou moun pa rive konnen, ki p'ap parèt aklè. 18 Se poutèt sa, fè atansyon jan n'ap tande pawòl la. Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Men, moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l' menm ti sa l' te kwè li te genyen an. 19 Manman Jezi ak frè l' yo te vin kote li. Men, yo pa t' kapab rive pre li akòz foul moun yo. 20 Moun yo di l' konsa: Men manman ou ak frè ou yo deyò a. Yo anvi wè ou. 21 Men, Jezi di yo tout: Manman m' ak frè m', se moun ki koute pawòl Bondye a epi ki fè sa pawòl la di. 22 Yon jou, Jezi moute nan yon kannòt ak disip li yo. Li di yo: Ann janbe lòt bò letan an. Lamenm yo pati. 23 Pandan yo t'ap navige, dòmi pran Jezi. Yon gwo van vin leve sou letan an, dlo kòmanse plen kannòt la, kifè lavi yo tout te an danje. 24 Yo pwoche bò kot Jezi yo souke l', yo di li: Mèt, Mèt, se mouri n'ap mouri wi! Jezi leve, li pale byen fò ak van an ansanm ak lanm lanmè yo: tout bagay vin byen trankil, yon gwo kalmi fèt. 25 Epi Jezi di yo: Kote konfyans nou ye? Men, yo te pè, yo te sezi. Yonn t'ap di lòt konsa: Ki moun li ye menm? Li kòmande menm van ak lanmè, yo obeyi li. 26 Yo fè tè nan peyi Jerazenyen yo ki lòt bò letan an, vizaviz ak Galile. 27 Jezi desann atè. Lamenm yon nonm lavil la vin devan l': nonm lan te gen anpil move lespri sou li. Depi lontan li pa t' janm vle mete rad sou li, ni li pa t' vle rete nan ankenn kay, se nan mitan tonm mò yo li t'ap viv. 28 Lè l' wè Jezi, li bay yon gwo rèl, li lage kò l' atè devan Jezi, li pran pale byen fò, li di li konsa: Kisa m' gen avè ou, Jezi, Pitit Bondye ki anwo nan syèl la? Tanpri souple, pa fè m' soufri. 29 Li te pale konsa paske Jezi te pase move lespri a lòd pou li soti sou nonm lan. Anpil fwa, lespri a te vin sou li: lè konsa, yo te konn mare tou de men l' ak tou de pye l' ak chenn pou l' pa t' kouri. Men, li te jwenn mwayen pete chenn yo epi move lespri a te mennen l' ale nan dezè. 30 Jezi mande li: Ki jan ou rele? Li reponn: Yo rele m' Rejiman. Li di sa paske se anpil move lespri ki te sou nonm lan. 31 Lespri yo t'ap mande Jezi: Tanpri souple, pa voye n' ale nan gwo twou san fon an. 32 Sou ti mòn lan te gen yon bann kochon ki t'ap chache manje pou yo manje. Move lespri yo pran mande Jezi: Tanpri souple, kite nou antre nan kochon sa yo. Jezi ba yo pèmisyon sa a. 33 Lè sa a, move lespri yo soti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo. Lamenm tout bann kochon yo pran degrengole desann bò falèz la, y' al neye tèt yo nan letan an. 34 Moun ki t'ap gade kochon yo, lè yo wè sak te rive, yo pran kouri, yo gaye nouvèl la nan lavil la kou andeyò. 35 Moun soti pou y' al wè sak te pase. Lè yo rive kote Jezi te ye a, yo jwenn nonm lan: move lespri yo te soti sou li, li te chita nan pye Jezi byen abiye ak tout bon sans li sou li. Yo tout te pè. 36 Moun ki te asiste bagay la mete rakonte yo ki jan nonm ki te gen move lespri sou li a te geri. 37 Lè sa a, tout moun nan peyi Jerazenyen yo mande Jezi pou li al fè wout li kite peyi a, paske yo te pè anpil. Jezi moute nan kannòt la pou l' ale. 38 Nonm ki te gen move lespri soti sou li a mande l' pou li ale avèk li tou. Men, Jezi voye l' ale, li di li: 39 Tounen lakay ou; al rakonte tou sa Bondye fè pou ou. Nonm lan pati, li mache fè konnen tou sa Jezi te fè pou li nan tout lavil la. 40 Lè Jezi tounen lòt bò letan an, yon foul moun resevwa l', paske tout moun t'ap tann li. 41 Yon nonm yo rele Jayiris vin rive. Se li ki te chèf sinagòg la. Li lage kò l' nan pye Jezi, li mande li: Tanpri souple, ann al lakay. 42 Mwen gen yon tifi douzan ki sèl pitit fi m', mwen kite l' prèt pou mouri. Pandan Jezi tapral lakay Jayiris, yon foul moun t'ap kwense l' toupatou. 43 Te gen yon fanm nan foul moun yo ki te malad: Depi douzan li t'ap pèdi san. Li te fin depanse tout byen l' kay dòktè, san yo yonn pa t' kapab geri li. 44 Li pwoche pa dèyè, li manyen ke rad Jezi. Latou, san an rete. 45 Jezi mande: Ki moun ki manyen m' lan? Tout moun pran di se pa yo. Lè sa a, Pyè di li: Men, Mèt, se nan mitan yon foul moun ou ye, moun ap kwense ou tout jan. 46 Men, Jezi reponn li: Mwen di ou gen yon moun ki manyen m', paske mwen santi yon fòs soti sou mwen. 47 Lè sa a, fanm lan wè yo te dekouvri l', li pran tranble kou yon fèy bwa, li vin lage kò l' nan pye Jezi, li pran rakonte devan tout pèp la poukisa li te manyen l', ki jan li te geri menm lè a tou. 48 Jezi di li: Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou; ale ak kè poze. 49 Jezi t'ap pale toujou lè yon nonm soti lakay chèf sinagòg la vin di li: Tifi ou la mouri; ou pa bezwen deranje mèt la pase sa. 50 Men, lè Jezi tande sa, li di Jayiris konsa: Pa pè. Sèlman, met konfyans ou nan mwen, pitit la va geri. 51 Lè Jezi rive lakay la, li pa kite tout moun yo antre ak li. Li pran Pyè, Jan, Jak epi papa ak manman pitit la. 52 Tout moun t'ap kriye, yo t'ap plenn lanmò pitit la. Jezi di yo: Pa kriye. Pitit la pa mouri, se dòmi l'ap dòmi. 53 Lè sa a, yo tonbe pase l' nan betiz paske yo te konnen tifi a fin mouri. 54 Men, Jezi pran men pitit la, li pale byen fò, li di konsa: Tifi, leve. 55 Lespri tifi a tounen sou li ankò, menm lè a li leve. Jezi pase lòd pou yo ba l' manje. 56 Papa ak manman tifi a te sezi anpil, men Jezi bay yo lòd pou yo pa di pesonn sak te pase.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Lik 8:1

Lu 8:1-3. A Galilean Circuit, with the Twelve and Certain Ministering Women. (In Luke only).

1. went--travelled, made a progress.

throughout every city and village--through town and village.

preaching, &c.--the Prince of itinerant preachers scattering far and wide the seed of the Kingdom.

Lik 8:2

2. certain women ... healed, &c.--on whom He had the double claim of having brought healing to their bodies and new life to their souls. Drawn to Him by an attraction more than magnetic, they accompany Him on this tour as His almoners--ministering unto Him of their substance. Blessed Saviour! It melts us to see Thee living upon the love of Thy ransomed people. That they bring Thee their poor offerings we wonder not. Thou hast sown unto them spiritual things, and they think it, as well they might, a small thing that Thou shouldst reap their material things (1Co 9:11). But dost Thou take it at their hand, and subsist upon it? "Oh, the depth of the riches" (Ro 11:33)--of this poverty of His!

Mary Magdalene--that is, probably, of Magdala (on which see Mt 15:39; see on Mr 8:10).

went--rather, "had gone."

seven devils--(Mr 16:9). It is a great wrong to this honored woman to identify her with the once profligate woman of Lu 7:37, and to call all such penitents Magdalenes. The mistake has arisen from confounding unhappy demoniacal possession with the conscious entertainment of diabolic impurity, or supposing the one to have been afflicted as a punishment for the other--for which there is not the least scriptural ground.

Lik 8:3

3. Joanna, wife of Chuza, Herod's steward--If the steward of such a godless, cruel, and licentious wretch as Herod Antipas (see on Mr 6:14, &c.) differed greatly from himself, his post would be no easy or enviable one. That he was a disciple of Christ is very improbable, though he might be favorably disposed towards Him. But what we know not of him, and may fear he lacked, we are sure his wife possessed. Healed either of "evil spirits" or of some one of the "infirmities" here referred to--the ordinary diseases of humanity--she joins in the Saviour's train of grateful, clinging followers. Of "Susanna," next mentioned, we know nothing but the name, and that here only. But her services on this memorable occasion have immortalized her name. "Wheresoever this gospel shall be preached throughout the whole world, this also that she hath done," in ministering to the Lord of her substance on His Galilean tour, "shall be spoken of as a memorial of her" (Mr 14:9).

many others--that is, many other healed women. What a train! and all ministering unto Him of their substance, and He allowing them to do it and subsisting upon it! "He who was the support of the spiritual life of His people disdained not to be supported by them in the body. He was not ashamed to penetrate so far into the depths of poverty as to live upon the alms of love. He only fed others miraculously; for Himself, He lived upon the love of His people. He gave all things to men, His brethren, and received all things from them, enjoying thereby the pure blessing of love: which is then only perfect when it is at the same time both giving and receiving. Who could invent such things as these? It was necessary to live in this manner that it might be so recorded" [Olshausen].

Lu 8:4-18. Parable of the Sower.

(See on Mr 4:3-9, Mr 4:14-20.)

Lik 8:16

16. No man, &c.--(see on Mt 5:15, of which this is nearly a repetition).

Lik 8:17

17. For nothing, &c.--(See on Lu 12:2).

Lik 8:18

18. how ye--in Mr 4:24, "what ye hear." The one implies the other. The precept is very weighty.

seemeth to have--or, "thinketh that he hath" (Margin). The "having" of Mt 13:12 (on which see), and this "thinking he hath," are not different. Hanging loosely on him, and not appropriated, it is and is not his.

Lu 8:19-21. His Mother and Brethren Desire to Speak with Him.

(See on Mt 12:46-50).

Lu 8:22-25. Jesus Crossing the Lake, Stills the Storm.

(See on Mt 8:23-27, and Mr 4:35-41).

Lik 8:40

40. gladly received him, for ... all waiting for him--The abundant teaching of that day (in Mt 13:1-58; and see Mr 4:36), had only whetted the people's appetite; and disappointed, as would seem, that He had left them in the evening to cross the lake, they remain hanging about the beach, having got a hint, probably through some of His disciples, that He would be back the same evening. Perhaps they witnessed at a distance the sudden calming of the tempest. Here at least they are, watching for His return, and welcoming Him to the shore. The tide of His popularity was now fast rising.

Lik 8:45

45. Who touched me?--"Askest Thou, Lord, who touched Thee? Rather ask who touched Thee not in such a throng."

Lik 8:46

46. Somebody hath touched--yes, the multitude "thronged" and pressed Him--"they jostled against Him," but all involuntarily; they were merely carried along; but one, one only--"Somebody Touched" Him, with the conscious, voluntary, dependent touch of faith, reaching forth its hands expressly to have contact with Him. This and this only Jesus acknowledges and seeks out. Even so, as the Church Father Augustine long ago said, multitudes still come similarly close to Christ in the means of grace, but all to no purpose, being only sucked into the crowd. The voluntary, living contact of faith is that electric conductor which alone draws virtue out of Him.

Lik 8:47

47. declared ... before all--This, though a great trial to the shrinking modesty of the believing woman, was just what Christ wanted in dragging her forth, her public testimony to the facts of her case--both her disease, with her abortive efforts at a cure, and the instantaneous and perfect relief which her touch of the Great Healer had brought her.

Lik 8:55

55. give her meat--(See on Mr 5:43).

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.