Lik 9

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Jezi sanble douz disip li yo, li ba yo pouvwa ak otorite pou chase tout move lespri, pou geri tout maladi. 2 Apre sa, li voye yo mache fè konnen gouvènman Bondye Wa a, li voye yo geri malad yo tou. 3 Li di yo: Pa pran anyen pou vwayaj la: ni baton, ni sak, ni pen, ni lajan, pa menm yon rad derechanj. 4 Rete nan yon sèl kay, kay kote y'a resevwa nou an, jouk nou pati kite peyi a. 5 Tout kote moun pa vle resevwa nou, kite lavil sa a, souke pousyè pye nou; konsa yo p'ap ka di nou pa t' avèti yo. 6 Disip yo pati, yo mache ale nan tout bouk, yo t'ap anonse bon nouvèl la, yo t'ap geri moun malad toupatou. 7 Lè sa a, Ewòd t'ap gouvènen nan peyi Galile a. Li te pran nouvèl tou sak t'ap pase. Men, li pa t' konnen sa pou l' te kwè. Gen moun ki t'ap di: Se Jan Batis ki leve pami mò yo. 8 Gen lòt ki t'ap di: Se Eli ki parèt. Gen lòt ki t'ap di ankò: Se yonn nan ansyen pwofèt yo ki leve pami mò yo. 9 Men Ewòd t'ap di: Mwen te fè koupe tèt Jan. Men, nonm mwen tande y'ap nonmen non l' anpil la, kilès li ye menm? Li t'ap chache wè Jezi. 10 Lè apòt yo tounen, yo rakonte Jezi tou sa yo te fè. Li pran yo avèk li, yo pati ansanm pou kont yo pou lavil Betsayda. 11 Men, lè foul moun yo vin konn sa, yo pati dèyè li. Jezi resevwa yo, li pale yo sou peyi kote Bondye Wa a, li geri tout moun ki te malad. 12 Lè solèy kòmanse kouche, douz disip yo pwoche bò kot Jezi, yo di li: Voye moun yo ale pou yo ka achte manje, pou yo jwenn kote pou yo dòmi nan bouk yo ak nan vwazinaj la; paske isit la nou nan mitan yon dezè. 13 Jezi di yo: Poukisa nou pa ba yo manje pito! Men, yo reponn: Nou gen senk pen ak de pwason sèlman. Ou ta vle pou n' al achte manje pou n' bay tout pèp sa a? 14 (Te gen senkmil (5.000) gason konsa.) Jezi di disip li yo: Fè yo chita pa ranje senkant konsa. 15 Disip yo koute l', yo fè tout moun chita. 16 Jezi pran senk pen ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi pou manje a. Apre sa, li separe l', li renmèt li bay disip yo pou mache bay foul moun yo. 17 Tout moun manje vant plen. Lèfini, disip yo ranmase douz panyen plen moso ki te rete. 18 Yon jou, Jezi te pou kont li, li t'ap lapriyè. Disip li yo vin jwenn li, li mande yo: Ki moun yo di mwen ye? 19 Yo reponn li: Gen moun ki di ou se Jan Batis! Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt ankò ki di ou se yonn nan ansyen pwofèt yo ki leve pami mò yo. 20 Li mande yo: Bon, nou menm, ki moun nou di mwen ye? Pyè reponn li: Ou se Kris la, Moun Bondye chwazi pou voye a. 21 Jezi pase yo lòd sevè pou yo pa di pesonn sa. 22 Apre sa, li di yo: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' soufri anpil. Chèf fanmi yo, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo, yo yonn p'ap vle wè mwen. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou m'ap leve soti vivan nan lanmò. 23 Epi li di yo tout: Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou li chaje kwa l' sou zèpòl li chak jou, epi swiv mwen. 24 Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen, la sove li. 25 Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye, si l' pèdi nanm li, ou si l' detwi lavi li? 26 Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen nan tout pouvwa m' ak tout bèl pouvwa Papa m', nan mitan lame zanj li yo, m'a wont pran li pou moun pa m' tou. 27 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nan moun ki la koulye a, gen ladan yo ki p'ap mouri san yo pa wè gouvènman Bondye a. 28 Wit jou konsa, apre li te fin di pawòl sa yo, Jezi pran Pyè, Jan ak Jak. Li moute sou yon mòn pou li al lapriyè. 29 Antan li t'ap lapriyè, figi l' pran chanje, rad li vin klere tou blan. 30 Te gen dezòm ki t'ap pale ak Jezi: se te Moyiz ak Eli, 31 ki te parèt nan mitan yon bèl limyè ki soti nan syel la. Yo t'ap pale avèk li sou jan li tapral mouri lavil Jerizalèm pou l' te ka akonpli misyon li. 32 Yon bon dòmi te gen tan vòlè Pyè ak kanmarad li yo. Men, lè yo leve, yo wè bèl limyè ki te vlope Jezi ansanm ak de mesye ki te bò kote l' yo. 33 Antan mesye yo tapral kite Jezi Pyè di li: Mèt, sa te bon nèt pou nou te la. Ann moute twa ti kay, yonn pou ou, yonn pou Moyiz ak yonn pou Eli. Li pa t' konnen sa l' t'ap di. 34 Pandan li t'ap pale konsa, yon nwaj vin kouvri yo ak lonbraj li. Lè disip yo wè nwaj la ap vin sou yo, yo te pè. 35 Lè sa a, yo tande yon vwa ki soti nan nwaj la ki di: Moun sa a se pitit mwen, moun mwen chwazi a. Koute li! 36 Apre vwa a fin pale, Jezi te pou kont li ankò. Disip yo te fèmen bouch yo sou sa. Lè sa a, yo pa t' rakonte pesonn sa yo te wè. 37 Nan denmen, yo desann soti sou mòn lan. Yon gwo foul moun te vin kontre Jezi. 38 Nan mitan foul la, yon nonm pran rele: Mèt, tanpri, voye je ou sou pitit gason m' lan. Souple, se yon sèl la mwen genyen. 39 Li gen yon move lespri ki konn pran l', lè konsa lespri a fè l' bay yon sèl rèl, li souke l' byen souke, li fè bouch li kimen. Se pa ti maltrete li maltrete ti bway la. Epi se tout yon traka lè pou l' soti sou li. 40 Mwen te mande disip ou yo pou yo te chase move lespri a, men yo pa t' kapab. 41 Jezi reponn: Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen ti bway la isit. 42 Pandan yo t'ap mennen ti bway la vini move lespri a fese l' atè, li souke l' byen souke. Men, Jezi pale byen fò avèk move lespri a. Li geri pitit la, li renmèt li bay papa li. 43 Tout moun te sezi pou wè jan Bondye gen pouvwa. Pandan moun yo te nan ladmirasyon pou tou sa Jezi t'ap fè konsa, Jezi di disip li yo: 44 Fè sa antre nan tèt nou byen: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' tonbe anba men lèzòm. 45 Men, disip yo pa t' konprann pawòl la; sans li te kache pou yo, yo pa t' ka konnen sa sa te vle di: epi yo te pè poze l' keksyon sou sa tou. 46 Apre sa, disip yo t'ap diskite yonn ak lòt pou konnen kilès nan yo ki te pi grannèg. 47 Jezi vin konnen lide ki te nan tèt yo: li pran yon timoun piti li mete l' bò kote li. 48 Epi li di yo: Nenpòt moun ki resevwa timoun sa a poutèt mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m', li resevwa moun ki voye m' lan tou. Moun ki pi piti nan mitan nou tout la a, se li ki pi grannèg. 49 Jan pran lapawòl, li di: Mèt, nou te wè yon nonm ki pran non ou pou chase move lespri. Nou te vle anpeche l' fè sa paske li pa t'ap mache avèk nou. 50 Jezi reponn li: Kite l' non. Moun ki pa kont ou, se moun pa ou li ye. 51 Dat pou Jezi te moute nan syèl la t'ap pwoche. Lè sa a li pran desizyon l', li pran chemen Jerizalèm. 52 Li voye kèk mesaje devan. Yo pati. Yo antre nan yon bouk peyi Samari pou pare yon kote pou Jezi desann. 53 Men, moun yo pa t' vle resevwa l', paske li tapral Jerizalèm. 54 Lè Jak ak Jan, de nan disip yo, wè sa, yo di li: Mèt, ou pa ta vle nou bay lòd pou dife nan syèl la desann fin ak yo? 55 Jezi vire bò kote yo, li pale byen sèvè ak yo. 56 Apre sa, y' ale nan yon lòt bouk. 57 Pandan yo t'ap mache, yon nonm di Jezi konsa: M'ap swiv ou tout kote ou prale. 58 Jezi reponn li: Chat mawon gen twou yo, zwezo nan syèl la gen nich yo tou. Men, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa gen kote pou m' poze tèt mwen. 59 Jezi di yon lòt: Swiv mwen. Men, nonm lan reponn li: Mèt, pèmèt mwen al antere papa m' anvan. 60 Men, Jezi di li: Kite moun mouri antere moun mouri yo. Ou menm, al fè konnen gouvènman Bondye a. 61 Yon lòt di l' ankò: M'ap swiv ou wi, Mèt. Men, kite m' al di moun lakay mwen yo orevwa. 62 Jezi reponn li: Moun ki mete men nan yon travay, epi k'ap vire tèt gade dèyè, moun konsa pa ka sèvi nan peyi kote Bondye Wa a.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Lik 9:1

Lu 9:1-6. Mission of the Twelve Apostles.

(See on Mt 10:1-15).

1. power and authority--He both qualified and authorized them.

Lu 9:7-9. Herod Troubled at What He Hears of Christ Desires to See Him.

(See on Mr 6:14-30).

Lik 9:7

7. perplexed--at a loss, embarrassed.

said of some, that John was risen--Among many opinions, this was the one which Herod himself adopted, for the reason, no doubt, mentioned on Mr 6:14.

Lik 9:9

9. desired to see him--but did not, till as a prisoner He was sent to him by Pilate just before His death, as we learn from Lu 23:8.

Lu 9:10-17. On the Return of the Twelve Jesus Retires with Them to Bethsaida, and There Miraculously Feeds Five Thousand.

(See on Mr 6:31-44).

Lu 9:18-27. Peter's Confession of Christ--Our Lord's First Explicit Announcement of His Approaching Death, and Warnings Arising Out of It.

(See on Mt 16:13-28; and Mr 8:34).

Lik 9:24

24. will save--"Is minded to save," bent on saving. The pith of this maxim depends--as often in such weighty sayings (for example, "Let the dead bury the dead," Mt 8:22)--on the double sense attached to the word "life," a lower and a higher, the natural and the spiritual, temporal and eternal. An entire sacrifice of the lower, or a willingness to make it, is indispensable to the preservation of the higher life; and he who cannot bring himself to surrender the one for the sake of the other shall eventually lose both.

Lik 9:26

26. ashamed of me, and of my words--The sense of shame is one of the strongest in our nature, one of the social affections founded on our love of reputation, which causes instinctive aversion to what is fitted to lower it, and was given us as a preservative from all that is properly shameful. When one is, in this sense of it, lost to shame, he is nearly past hope (Zec 3:5; Jr 6:15; 3:3). But when Christ and "His words"--Christianity, especially in its more spiritual and uncompromising features--are unpopular, the same instinctive desire to stand well with others begets the temptation to be ashamed of Him, which only the 'expulsive power' of a higher affection can effectually counteract.

Son of man be ashamed, when he cometh, &c.--He will render to that man his own treatment; He will disown him before the most august of all assemblies, and put him to "shame and everlasting contempt" (Da 12:2). "Oh shame, to be put to shame before God, Christ, and angels!" [Bengel].

Lik 9:27

27. not taste of death fill they see the kingdom of God--"see it come with power" (Mr 9:1); or see "the Son of man coming in His kingdom" (Mt 16:28). The reference, beyond doubt, is to the firm establishment and victorious progress, in the lifetime of some then present, of that new Kingdom of Christ, which was destined to work the greatest of all changes on this earth, and be the grand pledge of His final coming in glory.

Lik 9:28

Lu 9:28-36. Jesus Transfigured.

28. an eight days after these sayings--including the day on which this was spoken and that of the Transfiguration. Matthew and Mark say (Mt 17:1; Mr 9:2) "after six days," excluding these two days. As the "sayings" so definitely connected with the transfiguration scene are those announcing His death--at which Peter and all the Twelve were so startled and scandalized--so this scene was designed to show to the eyes as well as the heart how glorious that death was in the view of Heaven.

Peter, James, and John--partners before in secular business; now sole witnesses of the resurrection of Jairus' daughter (Mr 5:37), the transfiguration, and the agony in the garden (Mr 14:33).

a mountain--not Tabor, according to long tradition, with which the facts ill comport, but some one near the lake.

to pray--for the period He had now reached was a critical and anxious one. (See on Mt 16:13). But who can adequately translate those "strong cryings and tears?" Methinks, as I steal by His side, I hear from Him these plaintive sounds, "Lord, who hath believed Our report? I am come unto Mine own and Mine own receive Me not; I am become a stranger unto My brethren, an alien to My mother's children: Consider Mine enemies, for they are many, and they hate Me with cruel hatred. Arise, O Lord, let not man prevail. Thou that dwellest between the cherubim, shine forth: Show Me a token for good: Father, glorify Thy name."

Lik 9:29

29. as he prayed, the fashion, &c.--Before He cried He was answered, and while He was yet speaking He was heard. Blessed interruption to prayer this! Thanks to God, transfiguring manifestations are not quite strangers here. Ofttimes in the deepest depths, out of groanings which cannot be uttered, God's dear children are suddenly transported to a kind of heaven upon earth, and their soul is made as the chariots of Amminadab. Their prayers fetch down such light, strength, holy gladness, as make their face to shine, putting a kind of celestial radiance upon it (2Co 3:18, with Ex 34:29-35).

raiment white, &c.--Matthew says, "His face did shine as the sun" (Mt 17:2), and Mark says (Mr 9:3), "His raiment became shining, exceeding white as snow, so as no fuller on earth can white them" (Mr 9:3). The light, then, it would seem, shone not upon Him from without, but out of Him from within; He was all irradiated, was in one blaze of celestial glory. What a contrast to that "visage more marred than men, and His form than the sons of men!" (Is 52:14).

Lik 9:30-31

30-31. there talked with him two men ... Moses and Elias ... appeared in glory--"Who would have believed these were not angels had not their human names been subjoined?" [Bengel]. (Compare Ac 1:10; Mr 16:5). Moses represented "the law," Elijah "the prophets," and both together the whole testimony of the Old Testament Scriptures, and the Old Testament saints, to Christ; now not borne in a book, but by living men, not to a coming, but a come Messiah, visibly, for they "appeared," and audibly, for they "spake."

Lik 9:32

32. and when they were awake--so, certainly, the most commentators: but if we translate literally, it should be "but having kept awake" [Meyer, Alford]. Perhaps "having roused themselves up" [Olshausen] may come near enough to the literal sense; but from the word used we can gather no more than that they shook off their drowsiness. It was night, and the Lord seems to have spent the whole night on the mountain (Lu 9:37).

saw his glory, &c.--The emphasis lies on "saw," qualifying them to become "eye-witnesses of His majesty" (2Pe 1:16).

Lik 9:33

33. they departed--Ah! bright manifestations in this vale of tears are always "departing" manifestations.

Lik 9:34-35

34-35. a cloud--not one of our watery clouds, but the Shekinah-cloud (see on Mt 23:39), the pavilion of the manifested presence of God with His people, what Peter calls "the excellent" of "magnificent glory" (2Pe 1:17).

a voice--"such a voice," says Peter emphatically; "and this voice [he adds] we heard, when we were with Him in the holy mount" (2Pe 1:17, 18).

Lik 9:36

36. Jesus was found alone--Moses and Elias are gone. Their work is done, and they have disappeared from the scene, feeling no doubt with their fellow servant the Baptist, "He must increase, but I must decrease." The cloud too is gone, and the naked majestic Christ, braced in spirit, and enshrined in the reverent affection of His disciples, is left--to suffer!

kept it close--feeling, for once at least, that such things were unmeet as yet for the general gaze.

Lu 9:37-45. Demoniac and Lunatic Boy Healed--Christ's Second Explicit Announcement of his Death and Resurrection.

(See on Mr 9:14-32.)

Lik 9:43-45

43-45. the mighty power of God--"the majesty" or "mightiness" of God in this last miracle, the transfiguration, &c.: the divine grandeur of Christ rising upon them daily. By comparing Mt 17:22, and Mr 9:30, we gather that this had been the subject of conversation between the Twelve and their Master as they journeyed along.

Lik 9:46-48

Lu 9:46-48. Strife among the Twelve Who Should Be Greatest--John Rebuked for Exclusiveness.

46-48. (See on Mt 18:1-5).

Lik 9:49-50

49-50. John answered, &c.--The link of connection here with the foregoing context lies in the words "in My name" (Lu 9:48). "Oh, as to that," said John, young, warm, but not sufficiently apprehending Christ's teaching in these things, "we saw one casting out devils in Thy name, and we forbade him: Were we wrong?" "Ye were wrong." "But we did because he followeth not us,'" "No matter. For (1) There is no man which shall do a miracle in My name that can lightly [soon] speak evil of Me' [Mr 9:39]. And (2) If such a person cannot be supposed to be 'against us,' you are to consider him 'for us.'" Two principles of immense importance. Christ does not say this man should not have followed "with them," but simply teaches how he was to be regarded though he did not--as a reverer of His name and a promoter of His cause. Surely this condemns not only those horrible attempts by force to shut up all within one visible pale of discipleship, which have deluged Christendom with blood in Christ's name, but the same spirit in its milder form of proud ecclesiastic scowl upon all who "after the form which they call a sect (as the word signifies, Ac 24:14), do so worship the God of their fathers." Visible unity in Christ's Church is devoutly to be sought, but this is not the way to it. See the noble spirit of Moses (Nu 11:24-29).

Lik 9:51

Lu 9:51-56. The Period of His Assumption Approaching Christ Takes His Last Leave of Galilee--The Samaritans Refuse to Receive Him.

51. the time was come--rather, "the days were being fulfilled," or approaching their fulfilment.

that he should be received up--"of His assumption," meaning His exaltation to the Father; a sublime expression, taking the sweep of His whole career, as if at one bound He was about to vault into glory. The work of Christ in the flesh is here divided into two great stages; all that preceded this belonging to the one, and all that follows it to the other. During the one, He formally "came to His own," and "would have gathered them"; during the other, the awful consequences of "His own receiving Him not" rapidly revealed themselves.

he steadfastly set his face--the "He" here is emphatic--"He Himself then." See His own prophetic language, "I have set my face like a flint" (Is 50:7).

go to Jerusalem--as His goal, but including His preparatory visits to it at the feasts of tabernacles and of dedication (Joh 7:2, 10; 10:22, 23), and all the intermediate movements and events.

Lik 9:52

52. messengers before his face ... to make ready for him--He had not done this before; but now, instead of avoiding, He seems to court publicity--all now hastening to maturity.

Lik 9:53

53. did not receive him, because, &c.--The Galileans, in going to the festivals at Jerusalem, usually took the Samaritan route [Josephus, Antiquities, 20.6.1], and yet seem to have met with no such inhospitality. But if they were asked to prepare quarters for the Messiah, in the person of one whose "face was as though He would go to Jerusalem," their national prejudices would be raised at so marked a slight upon their claims. (See on Joh 4:20).

Lik 9:54

54. James and John--not Peter, as we should have expected, but those "sons of thunder" (Mr 3:17), who afterwards wanted to have all the highest honors of the Kingdom to themselves, and the younger of whom had been rebuked already for his exclusiveness (Lu 9:49, 50). Yet this was "the disciple whom Jesus loved," while the other willingly drank of His Lord's bitter cup. (See on Mr 10:38-40; and Ac 12:2). That same fiery zeal, in a mellowed and hallowed form, in the beloved disciple, we find in 2Jo 5:10; 3Jo 10.

fire ... as Elias--a plausible case, occurring also in Samaria (2Ki 1:10-12).

Lik 9:55-56

55-56. know not what ... spirit--The thing ye demand, though in keeping with the legal, is unsuited to the genius of the evangelical dispensation. The sparks of unholy indignation would seize readily enough on this example of Elias, though our Lord's rebuke (as is plain from Lu 9:56) is directed to the principle involved rather than the animal heat which doubtless prompted the reference. "It is a golden sentence of Tillotson, Let us never do anything for religion which is contrary to religion" [Webster and Wilkinson].

Lik 9:61

61. I will follow ... but--The second disciple had a "but" too--a difficulty in the way just then. Yet the different treatment of the two cases shows how different was the spirit of the two, and to that our Lord addressed Himself. The case of Elisha (1Ki 19:19-21), though apparently similar to this, will be found quite different from the "looking back" of this case, the best illustration of which is that of those Hindu converts of our day who, when once persuaded to leave their spiritual fathers in order to "bid them farewell which are at home at their house," very rarely return to them. (Also see on Mt 8:21.)

Lik 9:62

62. No man, &c.--As ploughing requires an eye intent on the furrow to be made, and is marred the instant one turns about, so will they come short of salvation who prosecute the work of God with a distracted attention, a divided heart. Though the reference seems chiefly to ministers, the application is general. The expression "looking back" has a manifest reference to "Lot's wife" (Ge 19:26; and see on Lu 17:32). It is not actual return to the world, but a reluctance to break with it. (Also see on Mt 8:21.)

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.