Lik 7
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lè Jezi fin pale tout pawòl sa yo ak pèp la, li ale lavil Kapènawòm. 2 Nan lavil sa a, yon kaptenn lame a te gen yon domestik li te renmen anpil. Domestik sa a te twouve l' malad prèt pou mouri. 3 Kaptenn lan tande pale sou Jezi; se konsa li voye kèk chèf fanmi nan jwif yo al mande Jezi pou l' vin geri domestik li a. 4 Yo rive bò kot Jezi, yo di li: Tanpri, fè sa pou li, li merite li. Paske li renmen pèp nou an. 5 Se li ki te bati sinagòg la pou nou. 6 Jezi ale avè yo. Li te rive toupre kay la lè kaptenn lan voye kèk zanmi di l' konsa: Mèt, pa bay kò ou tout traka sa a. Mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. 7 Se poutèt sa mwen pa t' kwè m' ase bon pou m' te vin jwenn ou, mwen menm. Annik di yon mo, domestik mwen an va geri. 8 Mwen menm, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m' di yonn: Ale! li ale. Lè m' di yon lòt: Vini! li vini. Lè m' di domestik mwen an: Fè sa! li fè li. 9 Lè Jezi tande pawòl sa yo, li vin gen yon gwo admirasyon pou kaptenn lan. Li vire bò foul moun ki t'ap swiv li a, li di yo: M'ap di nou sa: Mwen poko janm jwenn yon moun ki gen konfyans nan Bondye konsa, pa menm nan pèp Izrayèl la. 10 Lè zanmi kaptenn lan te voye yo tounen nan kay la, yo jwenn domestik ki te malad la geri. 11 Apre sa, Jezi ale nan yon lavil yo rele Nayen. Disip li yo t'ap fè wout avè l' ansanm ak yon gwo foul moun. 12 Li rive bò pòtay lavil la. Lè sa a yo t'ap pote yon mò al antere: se te sèl pitit gason yon madanm vèv. Te gen anpil moun lavil la avèk li. 13 Lè Jezi wè vèv la, kè l' fè l' mal pou li, li di li: Pa kriye, tande! 14 Apre sa li pwoche, li manyen sèkèy la. Moun ki t'ap pote l' yo ret kanpe. Li di: Jennonm, se mwen menm k'ap pale avè ou. Leve. 15 Epi mò a leve chita, li kòmanse pale. Jezi renmèt li bay manman li. 16 Tout moun yo te pè, yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di: Yon gwo pwofèt parèt nan mitan nou! Yo t'ap di tou: Bondye vin sove pèp li a. 17 Nouvèl la te gaye nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinaj la. 18 Patizan Jan Batis yo te rakonte tout bagay sa yo bay Jan Batis. 19 Jan rele de ladan yo, li voye yo bò kot Jezi al mande li: Eske ou se moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon èske nou dwe tann yon lòt? 20 Lè mesye sa yo rive bò kot Jezi, yo di li: Jan Batis voye nou bò kote ou vin mande ou: Eske ou se moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon èske nou dwe tann yon lòt? 21 Lè sa a, Jezi t'ap geri anpil moun malad ak anpil moun enfim, li t'ap wete yo anba pouvwa move lespri, li t'ap fè anpil avèg wè ankò. 22 Apre sa, li reponn moun Jan Batis te voye yo konsa: Ale rakonte Jan sa nou sot wè ak sa nou sot tande la a: je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun soudè yo tande, moun mouri yo leve, pòv yo tande bon nouvèl la. 23 benediksyon pou moun ki p'ap jwenn nan mwen okazyon pou yo tonbe nan peche. 24 Lè moun Jan te voye yo al fè wout yo, Jezi kòmanse pale ak foul moun yo sou Jan Batis. Li di yo konsa: Kisa nou te al wè nan dezè a? Yon pye wozo van ap balanse? Non. 25 Men, kisa nou te al wè menm? Yon nonm abiye ak bèl rad? Ala, moun ki abiye ak bèl rad, k'ap viv nan jwisans, se kay wa yo jwenn yo. 26 Men, manyè di m' kisa nou tal wè? Yon pwofèt? Wi. Mwen menm, mwen di nou: li pi plis pase yon pwofèt. 27 Men sa ki te ekri sou Jan Batis: Men m'ap voye mesaje m' lan devan ou, la louvri chemen an devan pou ou. 28 M'ap di nou sa: Nan tout moun ki fèt sou latè pa gen yonn ki pi konsekan pase Jan Batis. Men, moun ki pi piti nan peyi kote Bondye wa a pi konsekan pase li. 29 Tout pèp la ansanm ak pèseptè kontribisyon yo t'ap tande li. Moun sa yo te rekonèt se Bondye ki gen rezon, se pou sa yo te fè Jan Batis batize yo. 30 Men, farizyen yo ak dirèktè lalwa yo te refize sa Bondye te vle fè pou yo; se sak fè yo pa t' kite Jan Batis batize yo. 31 Jezi di yo ankò: Ak ki moun mwen ta konpare moun k'ap viv nan tan alèkile yo? Ki moun yo sanble menm? 32 Yo sanble timoun ki chita sou plas piblik. Yonn ap rele lòt pou di l' konsa: Nou jwe mizik cho pou nou ak fif nou, nou pa danse. Nou chante chante ki tris pou nou, nou pa kriye. 33 Jan Batis vini, li pa manje pen, ni li pa bwè diven, nou di: Li gen yon move lespri sou li. 34 Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, nou di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase l' konnen; se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye. 35 Men, tout moun ki asepte bon konprann Bondye a, yo moutre se Bondye nan bon konprann li ki gen rezon. 36 Yon farizyen te envite Jezi vin manje avè li. Jezi ale lakay farizyen an; li chita bò tab la pou l' manje. 37 Nan lavil sa a, te gen yon fanm movèz vi. Lè fanm lan pran nouvèl Jezi t'ap manje lakay farizyen an, li pote yon ti boutèy fèt an albat plen odè. 38 Li mete kò l' dèyè bò pye Jezi. Li kriye, li kriye, li mouye pye Jezi ak dlo ki t'ap soti nan je li. Apre sa, li siye yo ak cheve l', li bo yo, epi li vide odè sou yo. 39 Lè farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li t'ap di nan kè l': Si nonm sa a te yon pwofèt vre, se pou l' ta konnen ki kalite moun fanm sa k'ap manyen l' lan ye, li ta konnen ki movèz vi fanm sa a ap mennen. 40 Lè sa a, Jezi pran lapawòl, li di l' konsa: Simon, mwen gen kichòy pou m' di ou. Simon reponn li: Mèt, ou mèt pale wi. 41 Jezi di li: Vwala, se te de moun ki te dwe yon nonm ki te prete yo lajan; premye a te dwe l' senksan (500) goud; lòt la te dwe l' senkant goud. 42 Ni yonn ni lòt pa t' gen dekwa peye dèt la. Lè sa a, nonm lan di yo yo pa bezwen peye dèt la ankò. Kilès nan yo de a va renmen l' plis? 43 Simon reponn li: Mwen ta kwè se nonm ki te dwe l' plis la. Jezi di l': Ou byen reponn. 44 Epi li vire bò fanm lan, li di Simon: Ou wè fanm sa a? Mwen antre lakay ou, ou pa menm ban m' dlo pou m' lave pye m'; men li menm, li lave pye m' ak dlo ki soti nan je l'. Apre sa, li siye yo ak cheve li. 45 Ou pa te bo m' lè m' t'ap antre lakay ou; men li menm, depi mwen antre se bo l'ap bo pye m'. 46 Ou pa vide lwil sou tèt mwen; men li menm, li vide odè sou pye mwen. 47 Se poutèt sa, mwen di ou: li fè tout bagay sa yo pou moutre jan li renmen anpil, paske yo padonnen li anpil peche. Men, yon moun yo padonnen yon ti kras, se yon ti kras l'ap moutre jan l' renmen tou. 48 Apre sa, Jezi di fanm lan: Peche ou yo padonnen. 49 Moun ki te chita bò tab la avèk li yo pran di nan kè yo: Ki moun nonm sa a ye menm pou li padonnen peche? 50 Men Jezi di fanm lan: Se konfyans ou nan Bondye ki sove ou. Ale ak kè poze.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Lik 7:4
Lik 7:5
5. loved our nation--Having found that "salvation was of the Jews," he loved them for it.
built, &c.--His love took this practical and appropriate form.
Lik 7:11
Lu 7:11-17. Widow of Nain's Son Raised to Life. (In Luke only).
11. Nain--a small village not elsewhere mentioned in Scripture, and only this once probably visited by our Lord; it lay a little to the south of Mount Tabor, about twelve miles from Capernaum.
Lik 7:12
12. carried out--"was being carried out." Dead bodies, being ceremonially unclean, were not allowed to be buried within the cities (though the kings of David's house were buried m the city of David), and the funeral was usually on the same day as the death.
only son, &c.--affecting particulars, told with delightful simplicity.
Lik 7:13
13. the Lord--"This sublime appellation is more usual with Luke and John than Matthew; Mark holds the mean" [Bengel].
saw her, he had compassion, &c.--What consolation to thousands of the bereaved has this single verse carried from age to age!
Lik 7:14-15
14-15. What mingled majesty and grace shines in this scene! The Resurrection and the Life in human flesh, with a word of command, bringing back life to the dead body; Incarnate Compassion summoning its absolute power to dry a widow's tears!
Lik 7:16
16. visited his people--more than bringing back the days of Elijah and Elisha (1Ki 17:17-24; 2Ki 4:32-37; and see Mt 15:31).
Lu 7:18-35. The Baptist's Message the Reply, and Consequent Discourse.
(See on Mt 11:2-14.)
Lik 7:29-30
29-30. And all the people that heard--"on hearing (this)." These are the observations of the Evangelist, not of our Lord.
and the publicans--a striking clause.
justified God, being baptized, &c.--rather, "having been baptized." The meaning is, They acknowledged the divine wisdom of such a preparatory ministry as John's, in leading them to Him who now spake to them (see Lu 1:16, 17); whereas the Pharisees and lawyers, true to themselves in refusing the baptism of John, set at naught also the merciful design of God in the Saviour Himself, to their own destruction.
Lik 7:31-35
31-35. the Lord said, &c.--As cross, capricious children, invited by their playmates to join them in their amusements, will play with them neither at weddings nor funerals (juvenile imitations of the joyous and mournful scenes of life), so that generation rejected both John and his Master: the one because he was too unsocial--more like a demoniac than a rational man; the other, because He was too much the reverse, given to animal indulgences, and consorting with the lowest classes of society. But the children of Wisdom recognize and honor her, whether in the austere garb of the Baptist or in the more attractive style of his Master, whether in the Law or in the Gospel, whether in rags or in royalty, for "the full soul loatheth an honeycomb, but to the hungry soul every bitter thing is sweet" (Pr 27:7).
Lik 7:37-38
Lu 7:36-50. Christ's Feet Washed with Tears.
37-38. a sinner--one who had led a profligate life. Note.--There is no ground whatever for the popular notion that this woman was Mary Magdalene, nor do we know what her name was. (See on Lu 8:2.)
an alabaster box of ointment--a perfume vessel, in some cases very costly (Joh 12:5). "The ointment has here a peculiar interest, as the offering by a penitent of what had been an accessory in her unhallowed work of sin" [Alford].
Lik 7:39
39. the Pharisee--who had formed no definite opinion of our Lord, and invited Him apparently to obtain materials for a judgment.
spake within himself, &c.--"Ha! I have Him now; He plainly knows nothing of the person He allows to touch Him; and so, He can be no prophet." Not so fast, Simon; thou hast not seen through thy Guest yet, but He hath seen through thee.
Lik 7:40-43
40-43. Like Nathan with David, our Lord conceals His home thrust under the veil of a parable, and makes His host himself pronounce upon the case. The two debtors are the woman and Simon; the criminality of the one was ten times that of the other (in the proportion of "five hundred" to "fifty"); but both being equally insolvent, both are with equal frankness forgiven; and Simon is made to own that the greatest debtor to forgiving mercy will cling to her Divine Benefactor with the deepest gratitude. Does our Lord then admit that Simon was a forgiving man? Let us see.
Lik 7:44-47
44-47. I entered ... no water--a compliment to guests. Was this "much love?" Was it any?
Lik 7:48
48. said unto her, &c.--an unsought assurance, usually springing up unexpected in the midst of active duty and warm affections, while often it flies from those who mope and are paralyzed for want of it.
Lik 7:49-50
49-50. they that sat ... Who is this, &c.--No wonder they were startled to hear One who was reclining at the same couch, and partaking of the same hospitalities with themselves, assume the awful prerogative of "even forgiving sins." But so far from receding from this claim, or softening it down, our Lord only repeats it, with two precious additions: one, announcing what was the one secret of the "forgiveness" she had experienced, and which carried "salvation" in its bosom; the other, a glorious dismissal of her in that "peace" which she had already felt, but is now assured she has His full warrant to enjoy! This wonderful scene teaches two very weighty truths: (1) Though there be degrees of guilt, insolvency, or inability to wipe out the dishonor done to God, is common to all sinners. (2) As Christ is the Great Creditor to whom all debt, whether great or small, contracted by sinners is owing, so to Him belongs the prerogative of forgiving it. This latter truth is brought out in the structure and application of the present parable as it is nowhere else. Either then Jesus was a blaspheming deceiver, or He is God manifest in the flesh.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
