Levitik 20

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2 -Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Depi yon moun bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis zidòl Molòk, li te mèt moun peyi a osinon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a, se pou yo touye l'. Wi, tout moun nan peyi a va kalonnen l' wòch jouk li mouri. 3 Mwen menm bò pa m', mwen p'ap okipe l' ankò, m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an. Paske li te bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis Molòk, li mete kay ki apa pou mwen an nan kondisyon yo pa ka fè sèvis ladan l' pou mwen, li derespekte non mwen. 4 Men, si moun ki nan peyi a fèmen je yo sou sa nonm lan fè a, lè li te bay pitit li pou fè sèvis pou Molòk la, si yo pa touye l', 5 se mwen menm ki p'ap okipe l' ankò, li menm ak tout fanmi l'. M'ap wete yo nan mitan pèp mwen an, ni li, ni nenpòt lòt moun k'ap vire do ban mwen tankou l' pou y al sèvi Molòk. 6 Si yon moun vire do ban mwen poul al konsilte moun k'ap rele mò nan tab tounant, osinon moun k'ap fè divinò, mwen p'ap okipe l' ankò, m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an. 7 Se pou nou viv apa pou mwen. Piga nou fè bagay mwen di nou pa fè, paske se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. 8 Se pou nou kenbe lòd mwen ban nou yo, se pou nou swiv yo. Se mwen menm Seyè a, se mwen menm k'ap fè nou sèvi m' nan tou sa n'ap fè! 9 Depi yon moun bay manman l' osinon papa l' madichon, se pou yo touye l'. Paske li madichonnen manman l' ak papa l', se li menm sèl kab reskonsab lanmò li. 10 Depi yon nonm fè adiltè ak madanm yon frè parèy li, se pou yo touye yo, ni li ni madanm lan. 11 Depi yon nonm kouche madanm papa l', li jete dezonè sou papa l'. Se pou yo touye yo, ni li ni madanm lan. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo. 12 Depi yon moun kouche bèlfi li, se pou yo touye tou de. Sa yo fè a se yon wont. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo. 13 Depi yon nonm kouche yon nonm tankou li ta fè l' ak yon fanm, sa yo fè la a se bagay Bondye pi pa vle we. Se pou yo touye tou de. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo. 14 Si yon nonm marye ak yon fi ansanm ak manman fi a tou, se bagay ki sal nèt yo fè la a. Se pou yo boule tou twa nan dife. Bagay konsa pa fèt pou fèt nan mitan nou. 15 Si yon nonm kwaze ak yon zannimo, se pou yo touye l', li menm ansanm ak zannimo a. Wi, se pou yo touye yo. 16 Si yon fanm chache yon jan pou li kwaze ak yon zannimo, se pou yo touye l', li menm ansanm ak zannimo a. Wi, se pou yo touye yo. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo. 17 Si yon nonm marye ak sè li, li te mèt pitit fi manman l' osinon pitit fi papa l', si yo kouche yonn ak lòt, yo avili tèt yo devan tout pèp Izrayèl la. Sa yo fè a se yon gwo wont. Se pou yo chase yo nan mitan pèp la. Li te kouche sè li, se pou li peye pou sa l' fè a. 18 Si yon nonm kouche yon fanm ki gen règ li, se pou yo wete yo nan mitan pèp la. 19 Si yon nonm kouche matant li, matant bò papa l' osinon matant bò manman l', li kouche pwòp fanmi l'. Se pou yo fè tou de peye pou sa yo fè a. 20 Si yon nonm kouche madanm tonton li, li jete dezonè sou tonton li. Lè konsa, ni li, ni madanm lan, yo gen pou peye pou sa yo fè a. Y'a mouri san fè pitit. 21 Si yon nonm marye ak madanm frè li, sa l' fè a se yon bagay k'ap mete l' nan kondisyon li pa ka sèvi Bondye, li jete dezonè sou frè li. Se poutèt sa, ni li ni madanm lan va rete san fè pitit. 22 Seyè a di ankò: -Se pou nou kenbe tout lòd mwen yo ak tout kòmandman mwen ban nou yo, se pou nou swiv yo. Konsa, peyi kote mwen pral mennen nou pou nou rete a p'ap voye nou jete deyò. 23 Piga nou swiv move mès moun lòt nasyon mwen te mete deyò pou nou te ka antre nan peyi a. Yo te ban m' degoutans ak tout move bagay yo t'ap fè a. 24 Men, mwen te pwomèt mwen t'ap ban nou peyi sa a pou peyi pa nou. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Wi, se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki te chwazi nou nan mitan tout pèp yo pou mete nou apa. 25 Se konsa, koulye a, piga nou mele zannimo nou gen dwa manje ak zannimo nou pa gen dwa manje, zwazo nou gen dwa manje ak zwazo nou pa gen dwa manje. Pa kite ankenn zannimo ni ankenn zwazo nou pa gen dwa manje, ni bèt k'ap trennen sou vant mwen menm mwen di ki pa bon pou nou, mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis mwen. 26 Se pou nou viv apa pou mwen, paske mwen menm se yon Bondye apa mwen ye. Mwen menm Seyè a, mwen mete nou apa nan mitan tout lòt pèp yo pou nou ka pou mwen nèt. 27 Depi yon nonm osinon yon fanm gen lespri yon mò sou li, osinon yon lòt lespri k'ap fè l' fè divinò, se pou yo touye yo. Y'a touye yo ak kout wòch. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Levitik 20:2

Le 20:1-27. Giving One's Seed to Molech.

2. Whosoever ... giveth any of his seed unto Molech--(See on Le 18:21).

the people of the land shall stone him with stones, &c.--Criminals who were condemned to be stoned were led, with their hands bound, without the gates to a small eminence, where was a large stone placed at the bottom. When they had approached within ten cubits of the spot, they were exhorted to confess, that, by faith and repentance, their souls might be saved. When led forward to within four cubits, they were stripped almost naked, and received some stupefying draught, during which the witnesses prepared, by laying aside their outer garments, to carry into execution the capital sentence which the law bound them to do. The criminal, being placed on the edge of the precipice, was then pushed backwards, so that he fell down the perpendicular height on the stone lying below: if not killed by the fall, the second witness dashed a large stone down upon his breast, and then the "people of the land," who were by-standers, rushed forward, and with stones completed the work of death (Mt 21:44; Ac 7:58).

Levitik 20:4

4. If the people of the land do any ways hide their eyes from the man, &c.--that is, connive at their countrymen practising the horrid rites of Molech. Awful was it that any Hebrew parents could so violate their national covenant, and no wonder that God denounced the severest penalties against them and their families.

Levitik 20:7-19

7-19. Sanctify yourselves therefore, and be ye holy--The minute specification of the incestuous and unnatural crimes here enumerated shows their sad prevalence amongst the idolatrous nations around, and the extreme proneness of the Israelites to follow the customs of their neighbors. It is to be understood, that, whenever mention is made that the offender was "to be put to death" without describing the mode, stoning is meant. The only instance of another form of capital punishment occurs in Le 20:14, that of being burnt with fire; and yet it is probable that even here death was first inflicted by stoning, and the body of the criminal afterwards consumed by fire (Jos 7:15).

Levitik 20:20

20. they shall die childless--Either by the judgment of God they shall have no children, or their spurious offspring shall be denied by human authority the ordinary privileges of children in Israel.

Levitik 20:24

24. I ... have separated you from other people--Their selection from the rest of the nations was for the all-important end of preserving the knowledge and worship of the true God amid the universal apostasy; and as the distinction of meats was one great means of completing that separation, the law about making a difference between clean and unclean beasts is here repeated with emphatic solemnity.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.