Levitik 19

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2 -Pale ak tout moun ki fè pati pèp Izrayèl la. W'a di yo: Se pou nou viv apa pou mwen paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye apa. 3 Se pou nou tout respekte manman ak papa nou. Se pou nou respekte regleman jou repo mwen yo. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an! 4 Pa janm vire do ban mwen pou n' al sèvi zidòl. Piga nou janm fonn metal pou fè estati ki pou sèvi nou bondye. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an! 5 Lè n'ap touye bèt pou fè ofrann pou di Seyè a mèsi, se pou nou fè l' jan mwen mande l' la pou m' ka asepte l' nan men nou. 6 Se pou nou manje vyann bèt yo ofri ban mwen an menm jou a, osinon nan denmen. Men, sou twazyèm jou a, tout sa ki rete nan vyann lan, se pou nou boule l'. 7 Paske si nou manje l' sou twazyèm jou a, se yon manje gate li ye! Seyè a p'ap asepte l' nan men nou. 8 Se poutèt sa, tout moun ki va manje yon vyann konsa va gen pou peye pou sa l' fè a, paske li pa respekte bagay yo te mete apa pou mwen. Moun konsa se pou nou wete yo nan mitan pèp mwen an. 9 Lè n'ap ranmase rekòt nan jaden nou, se pa pou nou ranmase sa ki toupre lizyè jaden an, ni nou pa bezwen tounen dèyè pou nou ranmase ti grenn ki te tonbe atè. 10 Nou pa bezwen tounen nan jaden rezen an pou nou ranmase dènye ti grap rezen yo te bliye, osinon pou nou ranmase ti grenn rezen ki te tonbe atè. N'a kite sa pou moun peyi a ki pa gen anyen, ak pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an! 11 Piga nou pran sa ki pa pou nou. Piga nou yonn twonpe lòt. Piga nou bay frè parèy nou manti. 12 Piga nou pran non m' pou fè sèman pou twonpe moun. Si nou fè sa, se derespekte n'ap derespekte non Bondye nou an. Se mwen menm ki Seyè a! 13 Piga nou pwofite sou moun menm ras ak nou. Lè lè pou nou peye moun ki travay pou nou an rive, peye l' lajan l'. Piga nou voye l' pou denmen maten. 14 Piga ou madichonnen moun soud. Piga ou mete ankenn bagay sou chemen moun avèg pou fè yo tonbe. Se pou nou gen krentif pou mwen. Se mwen menm ki Seyè a! 15 Piga nou fè lenjistis lè nou nan tribinal. Piga nou fè patipri pou pòv. Piga nou achte figi grannèg. N'a rann jistis pou tout frè parèy nou san fè paspouki. 16 Pa mache bay manti sou moun menm ras avèk nou. Piga nou kanpe pou fè yo touye san rezon yon moun menm ras avèk nou. Se mwen menm ki Seyè a! 17 Piga nou kenbe frè nou nan kè. Si yo gen kichòy avèk nou, regle sa la pou la. Konsa, yo p'ap lakòz nou tonbe nan peche. 18 Piga nou tire revanj sou pesonn. Piga nou kenbe moun menm ras ak nou nan kè, men se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Se mwen menm ki Seyè a! 19 Se pou nou kenbe lòd mwen ban nou yo. Piga nou kwaze de zannimo ki pa menm kalite. Piga nou plante de kalite plant anmenmtan nan jaden nou. Piga nou mete sou nou rad depaman. 20 Lè yon moun te gen tan pwomèt vann yon esklav fi bay yon nonm pou madanm, men lòt nonm lan poko peye pou esklav la, ni li menm li poko ba li libète l', si li kouche fi a, se pou yo peni yo san yo pa bezwen touye yo, paske fanm lan te esklav li toujou. 21 Nonm lan va mennen yon belye mouton devan pòt Tant Randevou a, l'a ofri l' bay Seyè a pou peye pou sa l' fè a. 22 Prèt la va pran belye mouton an, l'a fè sèvis pou l' mande Bondye gras pou peche li te fè a epi Bondye va padonnen l' sa. 23 Le n'a antre nan peyi Kanaran an, apre n'a fin plante tout kalite pyebwa ki ka donnen, n'a konsidere rekòt twa premye lanne yo tankou bagay ki pa bon pou nou manje. Pandan twazan, piga nou manje anyen nan rekòt la. 24 Lè katriyèm lanne a vin rive, n'a pran tout rekòt katriyèm lanne a, n'a ofri l' ban mwen, mwen menm Seyè a, pou nou moutre jan nou genyen m' rekonesans. 25 Men sou senkyèm lanne a, nou ka manje donn yo. Si nou fè sa konsa, pyebwa nou yo va donnen pi plis toujou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an! 26 Piga nou manje ankenn vyann ak tout san li ladan l'. Piga nou chache konnen davans bagay ki gen pou rive nou nan lavi. Pa etidye pozisyon zetwal pou chache konnen sa ki pral rive sou latè. 27 Lè nou gen moun mouri, piga nou koupe pafouten nou raz, piga nou taye pwent bab nou, 28 piga nou make kò nou avèk kout kouto, ni piga nou fè desen ak lank sou kò nou. Se mwen menm ki Seyè a! 29 Piga nou avili pitit fi nou yo pou nou voye yo fè jennès nan tanp zidòl yo. Si nou fè sa, tout peyi a va vire al jwenn zidòl yo. Lè sa a, tout moun va lage kò yo nan fè sa ki mal. 30 Se pou nou respekte regleman jou repo mwen yo. Se pou nou respekte kay ki apa pou mwen an. Se mwen menm ki Seyè a! 31 Piga n' al konsilte moun k'ap rele mò nan tab tounant osinon moun k'ap fè divinò. Si nou fè sa, n'ap tounen tankou moun sa yo, nou p'ap nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an! 32 Toujou leve kanpe devan granmoun cheve blan. Respekte figi vye granmoun, paske nou gen krentif pou mwen menm, Bondye nou an. Se mwen menm ki Seyè a! 33 Piga nou maltrete moun lòt nasyon ki vin rete nan peyi a ansanm ak nou. 34 Se pou nou aji ak yo menm jan nou gen pou nou aji ak moun natif natal peyi a. Se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Pa bliye nou menm tou yon lè nou te rete nan peyi Lejip ki pa t' peyi pa nou! Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an! 35 Piga nou fè lenjistis nan tribinal. Piga nou twonpe moun lè n'ap mezire longè yon bagay, lè n'ap peze nan balans, lè n'ap mezire pa mamit. 36 N'a toujou gen bon balans, bon pwa, bon lòn, bon mezi. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip! 37 Se pou nou kenbe tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou yo. Se pou nou swiv yo. Se mwen menm ki Seyè a!

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Levitik 19:2

Le 19:1-37. A Repetition of Sundry Laws.

2. Speak unto all the congregation of the children of Israel--Many of the laws enumerated in this chapter had been previously announced. As they were, however, of a general application, not suited to particular classes, but to the nation at large, so Moses seems, according to divine instructions, to have rehearsed them, perhaps on different occasions and to successive divisions of the people, till "all the congregation of the children of Israel" were taught to know them. The will of God in the Old as well as the New Testament Church was not locked up in the repositories of an unknown tongue, but communicated plainly and openly to the people.

Ye shall be holy: for I ... am holy--Separated from the world, the people of God were required to be holy, for His character, His laws, and service were holy. (See 1Pe 1:15).

Levitik 19:3

3. Ye shall fear every man his mother, and his father, and keep my sabbaths--The duty of obedience to parents is placed in connection with the proper observance of the Sabbaths, both of them lying at the foundation of practical religion.

Levitik 19:5-8

5-8. if ye offer a sacrifice of peace offerings unto the Lord, ye shall offer it at your own will--Those which included thank offerings, or offerings made for vows, were always freewill offerings. Except the portions which, being waved and heaved, became the property of the priests (see Le 3:1-17), the rest of the victim was eaten by the offerer and his friend, under the following regulations, however, that, if thank offerings, they were to be eaten on the day of their presentation; and if a freewill offering, although it might be eaten on the second day, yet if any remained of it till the third day, it was to be burnt, or deep criminality was incurred by the person who then ventured to partake of it. The reason of this strict prohibition seems to have been to prevent any mysterious virtue being superstitiously attached to meat offered on the altar.

Levitik 19:9-10

9-10. And when ye reap the harvest of your land, thou shalt not wholly reap the corners of thy field--The right of the poor in Israel to glean after reapers, as well as to the unreaped corners of the field, was secured by a positive statute; and this, in addition to other enactments connected with the ceremonial law, formed a beneficial provision for their support. At the same time, proprietors were not obliged to admit them into the field until the grain had been carried off the field; and they seem also to have been left at liberty to choose the poor whom they deemed the most deserving or needful (Ru 2:2, 8). This was the earliest law for the benefit of the poor that we read of in the code of any people; and it combined in admirable union the obligation of a public duty with the exercise of private and voluntary benevolence at a time when the hearts of the rich would be strongly inclined to liberality.

Levitik 19:11-16

11-16. Ye shall not steal--A variety of social duties are inculcated in this passage, chiefly in reference to common and little-thought-of vices to which mankind are exceedingly prone; such as committing petty frauds, or not scrupling to violate truth in transactions of business, ridiculing bodily infirmities, or circulating stories to the prejudice of others. In opposition to these bad habits, a spirit of humanity and brotherly kindness is strongly enforced.

Levitik 19:17

17. thou shalt in any wise rebuke thy neighbour--Instead of cherishing latent feelings of malice or meditating purposes of revenge against a person who has committed an insult or injury against them, God's people were taught to remonstrate with the offender and endeavor, by calm and kindly reason, to bring him to a sense of his fault.

not suffer sin upon him--literally, "that ye may not participate in his sin."

Levitik 19:18

18. thou shalt love thy neighbour as thyself--The word "neighbour" is used as synonymous with "fellow creature." The Israelites in a later age restricted its meaning as applicable only to their own countrymen. This narrow interpretation was refuted by our Lord in a beautiful parable (Lu 10:30-37).

Levitik 19:19

19. Thou shalt not let thy cattle gender with a diverse kind--This prohibition was probably intended to discourage a practice which seemed to infringe upon the economy which God has established in the animal kingdom.

thou shalt not sow thy field with mingled seed--This also was directed against an idolatrous practice, namely, that of the ancient Zabians, or fire-worshippers, who sowed different seeds, accompanying the act with magical rites and invocations; and commentators have generally thought the design of this and the preceding law was to put an end to the unnatural lusts and foolish superstitions which were prevalent among the heathen. But the reason of the prohibition was probably deeper: for those who have studied the diseases of land and vegetables tell us, that the practice of mingling seeds is injurious both to flowers and to grains. "If the various genera of the natural order Gramineæ, which includes the grains and the grasses, should be sown in the same field, and flower at the same time, so that the pollen of the two flowers mix, a spurious seed will be the consequence, called by the farmers chess. It is always inferior and unlike either of the two grains that produced it, in size, flavor, and nutritious principles. Independently of contributing to disease the soil, they never fail to produce the same in animals and men that feed on them" [Whitlaw].

neither shall a garment mingled of linen and woollen come upon thee--Although this precept, like the other two with which it is associated, was in all probability designed to root out some superstition, it seems to have had a further meaning. The law, it is to be observed, did not prohibit the Israelites wearing many different kinds of cloths together, but only the two specified; and the observations and researches of modern science have proved that "wool, when combined with linen, increases its power of passing off the electricity from the body. In hot climates, it brings on malignant fevers and exhausts the strength; and when passing off from the body, it meets with the heated air, inflames and excoriates like a blister" [Whitlaw]. (See Eze 44:17, 18).

Levitik 19:23-25

23-25. ye shall count the fruit thereof as uncircumcised; three years ... it shall not be eaten of--"The wisdom of this law is very striking. Every gardener will teach us not to let fruit trees bear in their earliest years, but to pluck off the blossoms: and for this reason, that they will thus thrive the better, and bear more abundantly afterwards. The very expression, 'to regard them as uncircumcised,' suggests the propriety of pinching them off; I do not say cutting them off, because it is generally the hand, and not a knife, that is employed in this operation" [Michaelis].

Levitik 19:26

26. shall not eat any thing with the blood--(See on Le 17:10).

neither ... use enchantment, nor observe times--The former refers to divination by serpents--one of the earliest forms of enchantment, and the other means the observation, literally, of clouds, as a study of the appearance and motion of clouds was a common way of foretelling good or bad fortune. Such absurd but deep-rooted superstitions often put a stop to the prosecution of serious and important transactions, but they were forbidden especially as implying a want of faith in the being, or of reliance on the providence of God.

Levitik 19:27

27. Ye shall not round the corners of your heads, &c.--It seems probable that this fashion had been learned by the Israelites in Egypt, for the ancient Egyptians had their dark locks cropped short or shaved with great nicety, so that what remained on the crown appeared in the form of a circle surrounding the head, while the beard was dressed into a square form. This kind of coiffure had a highly idolatrous meaning; and it was adopted, with some slight variations, by almost all idolaters in ancient times. (Jr 9:25, 26; 25:23, where "in the utmost corners" means having the corners of their hair cut.) Frequently a lock or tuft of hair was left on the hinder part of the head, the rest being cut round in the form of a ring, as the Turks, Chinese, and Hindus do at the present day.

neither shalt thou mar, &c.--The Egyptians used to cut or shave off their whiskers, as may be seen in the coffins of mummies, and the representations of divinities on the monuments. But the Hebrews, in order to separate them from the neighboring nations, or perhaps to put a stop to some existing superstition, were forbidden to imitate this practice. It may appear surprising that Moses should condescend to such minutiæ as that of regulating the fashion of the hair and the beard--matters which do not usually occupy the attention of a legislator--and which appear widely remote from the province either of government or of a religion. A strong presumption, therefore, arises that he had in mind by these regulations to combat some superstitious practices of the Egyptians.

Levitik 19:28

28. Ye shall not make any cuttings in your flesh for the dead--The practice of making deep gashes on the face and arms and legs, in time of bereavement, was universal among the heathen, and it was deemed a becoming mark of respect for the dead, as well as a sort of propitiatory offering to the deities who presided over death and the grave. The Jews learned this custom in Egypt, and though weaned from it, relapsed in a later and degenerate age into this old superstition (Is 15:2; Jr 16:6; 41:5).

nor print any marks upon you--by tattooing, imprinting figures of flowers, leaves, stars, and other fanciful devices on various parts of their person. The impression was made sometimes by means of a hot iron, sometimes by ink or paint, as is done by the Arab females of the present day and the different castes of the Hindus. It is probable that a strong propensity to adopt such marks in honor of some idol gave occasion to the prohibition in this verse; and they were wisely forbidden, for they were signs of apostasy; and, when once made, they were insuperable obstacles to a return. (See allusions to the practice, Is 44:5; Re 13:17; 14:1).

Levitik 19:30

30. Ye shall keep my sabbaths, and reverence my sanctuary--This precept is frequently repeated along with the prohibition of idolatrous practices, and here it stands closely connected with the superstitions forbidden in the previous verses.

Levitik 19:31

31. Regard not them that have familiar spirits--The Hebrew word, rendered "familiar spirit," signifies the belly, and sometimes a leathern bottle, from its similarity to the belly. It was applied in the sense of this passage to ventriloquists, who pretended to have communication with the invisible world. The Hebrews were strictly forbidden to consult them as the vain but high pretensions of those impostors were derogatory to the honor of God and subversive of their covenant relations with Him as His people.

neither seek after wizards--fortunetellers, who pretended, as the Hebrew word indicates, to prognosticate by palmistry (or an inspection of the lines of the hand) the future fate of those who applied to them.

Levitik 19:33-34

33-34. if a stranger sojourn with thee in your land, ye shall not vex him--The Israelites were to hold out encouragement to strangers to settle among them, that they might be brought to the knowledge and worship of the true God; and with this in view, they were enjoined to treat them not as aliens, but as friends, on the ground that they themselves, who were strangers in Egypt, were at first kindly and hospitably received in that country.

Levitik 19:37

37. I am the Lord--This solemn admonition, by which these various precepts are repeatedly sanctioned, is equivalent to "I, your Creator--your Deliverer from bondage, and your Sovereign, who have wisdom to establish laws, have power also to punish the violation of them." It was well fitted to impress the minds of the Israelites with a sense of their duty and God's claims to obedience.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.