Jozye 24

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Jozye reyini tout branch fanmi pèp Izrayèl yo lavil Sichèm. Li fè rele tout chèf fanmi yo, tout lòt chèf yo, tout jij yo ak tout notab yo. Yo parèt devan lotèl Seyè a. 2 Jozye di pèp la konsa: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Lontan lontan, zansèt nou yo, Terak ak de pitit gason l' yo, Abraram ak Nakò, t'ap viv nan yon peyi lòt bò larivyè Lefrat, kote yo t'ap sèvi lòt bondye. 3 Lè sa a, mwen pran Abraram lòt bò larivyè Lefrat la, mwen fè l' travèse tout peyi Kanaran an. Mwen ba li anpil pitit pitit. Pou konmanse, mwen ba li Izarak. 4 Apre sa, mwen bay Izarak de pitit: Jakòb ak Ezaou. Mwen bay Ezaou tout mòn Seyi a pou li. Men Jakòb desann nan peyi Lejip ansanm ak tout pitit li yo. 5 Apre sa, mwen voye Moyiz ak Arawon nan peyi Lejip. Mwen fè gwo malè tonbe sou peyi a pou pini moun li yo. Mwen fè nou soti kite peyi a. 6 Lè mwen fè zansèt nou yo soti kite peyi Lejip, yo rive bò lanmè Wouj la. Moun peyi Lejip yo pran kouri dèyè yo ak cha lagè yo ak kavalye yo jouk lanmè Wouj la. 7 Zansèt nou yo rele nan pye m', mwen mete yon fènwa nan mitan yo ak moun peyi Lejip yo. Mwen fè lanmè a vini sou moun peyi Lejip yo, li kouvri yo. Nou te wè ak je nou sa mwen te fè moun peyi Lejip yo. Apre sa, nou pase anpil tan ap viv nan dezè a. 8 Lèfini, mwen fè nou antre nan peyi moun Amori yo, lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve. Yo leve goumen ak nou. Men mwen lage yo nan men nou. Nou pran peyi yo a pou nou. Mwen disparèt yo devan nou kote nou pase. 9 Apre sa, Balak, pitit gason Zipò a, wa peyi Moab, leve vin fè nou lagè. Li fè chache Balaram, pitit gason Peyò a, pou l' vin ban nou madichon. 10 Men, mwen pa koute l'. Konsa, li te blije ban nou benediksyon. Se konsa mwen sove nou nan men Balak. 11 Lèfini, nou janbe lòt bò larivyè Jouden, nou rive lavil Jeriko. Moun ki te rete lavil Jeriko yo pran goumen ak nou. Moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Gigach yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo fè menm bagay la tou. Mwen lage yo tout nan men nou. 12 Mwen voye yon kantite gèp panyòl devan nou. Yo fè de wa moun Amori yo kouri met deyò anvan nou rive sou yo. Se pa t' ni banza nou yo ni nepe nou yo ki te fè sa! 13 Apre sa, mwen ban nou tè nou pa t' janm travay plante. Mwen ban nou anpil lavil nou pa t' janm bati. Se la nou rete koulye a. N'ap manje rezen nan pye rezen nou pa t' plante, oliv nan pye oliv nou pa t' plante. 14 Koulye a menm, se pou nou gen krentif pou Seyè a, se pou nou sèvi l' ak tout kè nou tout bon vre. Voye bondye zansèt nou yo te konn sèvi lòt bò larivyè Lefrat la ak nan peyi Lejip la jete! Sèvi Seyè a. 15 Men, si nou pa vle sèvi Seyè a, depi koulye a chwazi sa nou vle sèvi a: oswa bondye zansèt nou yo t'ap sèvi nan peyi lòt bò larivyè Lefrat la, osinon bondye moun Amori yo t'ap sèvi nan peyi kote n'ap viv koulye a. Men, pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Seyè a n'ap sèvi. 16 Pèp la reponn! -Nou p'ap janm fè lide vire do bay Seyè a pou n' al sèvi lòt bondye. 17 Se Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti ansanm ak zansèt nou yo nan esklavaj nou te ye nan peyi Lejip la. Se li menm ki te fè tout gwo mèvèy sa yo devan je nou. Se li menm ki te pwoteje nou tout kote nou pase, nan mitan tout nasyon sa yo, lè nou t'ap travèse peyi yo. 18 Se Seyè a ki te chase tout pèp sa yo pou yo te fè plas pou nou ansanm ak moun Amori yo ki te rete nan peyi a. Nou menm tou, se Seyè a n'ap sèvi, paske se limenm ki Bondye nou. 19 Lè sa a, Jozye di pèp la: -Nou p'ap ka sèvi Seyè a, paske Seyè a se yon Bondye ki apa, yon Bondye ki fè jalouzi. Li p'ap janm padonnen peche nou yo ak sa n'ap fè ki mal. 20 Si nou lage Seyè a, si n' al sèvi lòt bondye, Seyè a pral leve dèyè nou. Atout li te fin fè tout byen sa yo pou nou, l'a pini nou, l'a fini nèt ak nou. 21 Pèp la reponn: -Non. Sa p'ap janm rive. Se Seyè a n'ap sèvi! 22 Lè sa a, Jozye di pèp la: -Mwen pran nou sèvi temwen, se nou menm menm ki chwazi se Seyè a n'ap sèvi. Yo reponn: -Wi, nou tout temwen. 23 Jozye di yo lè sa a: -Koulye a, se pou nou pran tout bondye lòt pèp ki nan mitan nou ap sèvi yo, voye yo jete. Se pou nou apiye nèt ak tout kè nou sou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. 24 Pèp la reponn li: -Se Seyè a, Bondye nou an, n'ap sèvi. N'ap koute tou sa li di nou fè. 25 Se konsa, jou sa a, Jozye pase yon kontra avèk pèp la lavil Sichèm. Li ba yo tout lwa ak tout regleman pou yo swiv. 26 Jozye ekri yo tout nan liv lalwa Bondye a. Li pran yon gwo wòch, li plante l' kanpe anba pye chenn ki te anndan kote yo te mete apa pou Seyè a. 27 Epi Jozye di pèp la konsa: -Nou wè wòch sa a! Enben, l'ap sèvi yon mak pou l' fè nou chonje paske li te tande tout pawòl Seyè a te di nou. L'ap sèvi yon mak pou l' fè nou chonje pou nou pa janm vire do bay Bondye nou an! 28 Apre sa, Jozye voye pèp la ale, chak moun sou pòsyon tè ki te vin pou fanmi yo. 29 Apre tout bagay sa yo, Jozye, pitit gason Noun lan, sèvitè Seyè a, mouri. Li te gen sandizan (0110 an). 30 Yo antere l' sou tè ki te pou li a, nan zòn Timnat-Sera, nan mòn ki pou branch fanmi Efrayim lan, sou bò nò mòn Gach. 31 Pèp Izrayèl la te sèvi Seyè a pandan tout tan Jozye te vivan an, epi apre sa, pandan tout tan chèf ki te konnen sa Seyè a te fè pou pèp Izrayèl la te vivan toujou. 32 Pèp Izrayèl la te pran zosman Jozèf yo avèk yo lè yo t'ap soti kite peyi Lejip. Yo antere zosman yo sou moso tè Jakòb te achte nan men pitit Amò yo pou san pyès ajan. Se Amò sa a ki te papa Sichèm. Moso tè a rete pou pitit pitit Jozèf yo. 33 Apre sa, lè Eleaza, pitit gason Arawon an, mouri, yo antere l' sou ti mòn ki te pou Fineas, pitit gason l' lan. Yo te ba li ti mòn sa a ki nan mitan mòn ki pou branch fanmi Efrayim lan.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jozye 24:1

Jos 24:1. Joshua Assembling the Tribes.

1. Joshua gathered all the tribes of Israel to Shechem--Another and final opportunity of dissuading the people against idolatry is here described as taken by the aged leader, whose solicitude on this account arose from his knowledge of the extreme readiness of the people to conform to the manners of the surrounding nations. This address was made to the representatives of the people convened at Shechem, and which had already been the scene of a solemn renewal of the covenant (Jos 8:30, 35). The transaction now to be entered upon being in principle and object the same, it was desirable to give it all the solemn impressiveness which might be derived from the memory of the former ceremonial, as well as from other sacred associations of the place (Ge 12:6, 7; 33:18-20; 35:2-4).

they presented themselves before God--It is generally assumed that the ark of the covenant had been transferred on this occasion to Shechem; as on extraordinary emergencies it was for a time removed (Jud 20:1-18; 1Sa 4:3; 2Sa 15:24). But the statement, not necessarily implying this, may be viewed as expressing only the religious character of the ceremony [Hengstenberg].

Jozye 24:2

Jos 24:2-13. Relates God's Benefits.

2. Joshua said unto all the people--His address briefly recapitulated the principal proofs of the divine goodness to Israel from the call of Abraham to their happy establishment in the land of promise; it showed them that they were indebted for their national existence as well as their peculiar privileges, not to any merits of their own, but to the free grace of God.

Your fathers dwelt on the other side of the flood--The Euphrates, namely, at Ur.

Terah, the father of Abraham, and the father of Nachor--(see Ge 11:27). Though Terah had three sons, Nahor only is mentioned with Abraham, as the Israelites were descended from him on the mother's side through Rebekah and her nieces, Leah and Rachel.

served other gods--conjoining, like Laban, the traditional knowledge of the true God with the domestic use of material images (Ge 31:19, 34).

Jozye 24:3

3. I took your father Abraham from the other side of the flood, and led him throughout all the land of Canaan--It was an irresistible impulse of divine grace which led the patriarch to leave his country and relatives, to migrate to Canaan, and live a "stranger and pilgrim" in that land.

Jozye 24:4

4. I gave unto Esau mount Seir--(See on Ge 36:8). In order that he might be no obstacle to Jacob and his posterity being the exclusive heirs of Canaan.

Jozye 24:12

12. I sent the hornet before you--a particular species of wasp which swarms in warm countries and sometimes assumes the scourging character of a plague; or, as many think, it is a figurative expression for uncontrollable terror (see on Ex 23:28).

Jozye 24:14-28

14-28. Now therefore fear the Lord, and serve him in sincerity and in truth--After having enumerated so many grounds for national gratitude, Joshua calls on them to declare, in a public and solemn manner, whether they will be faithful and obedient to the God of Israel. He avowed this to be his own unalterable resolution, and urged them, if they were sincere in making a similar avowal, "to put away the strange gods that were among them"--a requirement which seems to imply that some were suspected of a strong hankering for, or concealed practice of, the idolatry, whether in the form of Zabaism, the fire-worship of their Chaldean ancestors, or the grosser superstitions of the Canaanites.

Jozye 24:29-30

29-30. Joshua ... died--Lightfoot computes that he lived seventeen, others twenty-seven years, after the entrance into Canaan. He was buried, according to the Jewish practice, within the limits of his own inheritance. The eminent public services he had long rendered to Israel and the great amount of domestic comfort and national prosperity he had been instrumental in diffusing among the several tribes, were deeply felt, were universally acknowledged; and a testimonial in the form of a statue or obelisk would have been immediately raised to his honor, in all parts of the land, had such been the fashion of the times. The brief but noble epitaph by the historian is, Joshua, "the servant of the Lord."

Jozye 24:31

31. Israel served the Lord all the days of Joshua--The high and commanding character of this eminent leader had given so decided a tone to the sentiments and manners of his contemporaries and the memory of his fervent piety and many virtues continued so vividly impressed on the memories of the people, that the sacred historian has recorded it to his immortal honor. "Israel served the Lord all the days of Joshua, and all the days of the elders that overlived Joshua."

Jozye 24:32

32. the bones of Joseph--They had carried these venerable relics with them in all their migrations through the desert, and deferred the burial, according to the dying charge of Joseph himself, till they arrived in the promised land. The sarcophagus, in which his mummied body had been put, was brought thither by the Israelites, and probably buried when the tribe of Ephraim had obtained their settlement, or at the solemn convocation described in this chapter.

in a parcel of ground which Jacob bought ... for an hundred pieces of silver--Kestitah translated, "piece of silver," is supposed to mean "a lamb," the weights being in the form of lambs or kids, which were, in all probability, the earliest standard of value among pastoral people. The tomb that now covers the spot is a Mohammedan Welce, but there is no reason to doubt that the precious deposit of Joseph's remains may be concealed there at the present time.

Jozye 24:33

33. Eleazar the son of Aaron died, and they buried him in ... mount Ephraim--The sepulchre is at the modern village Awertah, which, according to Jewish travellers, contains the graves also of Ithamar, the brother of Phinehas, the son of Eleazar [Van De Velde].

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.