Jij 1

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Apre Jozye mouri, pèp Izrayèl la mande Seyè a: -Nan tout branch fanmi nou yo, kilès ladan yo ki pou al atake moun Kanaran yo anvan? 2 Seyè a reponn yo: -Se branch fanmi Jida a ki pou premye ale. Se mwen menm k'ap lage tout peyi a nan men yo. 3 Moun Jida yo di moun Simeyon yo konsa: -Ann al ansanm ak nou nan pòsyon tè yo ban nou an, nou menm moun Jida yo. Enpi n'a mete ansanm pou goumen ak moun Kanaran yo. Apre sa, nou menm moun Jida yo, n'a ale ansanm ak nou nan pòsyon tè yo ban nou an, nou menm moun Simeyon yo. Se konsa, moun Simeyon yo ale ansanm ak 4 moun Jida yo, yo moute al goumen. Seyè a lage moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo nan men yo. Yo bat yon lame dimil (010.000) sòlda nan lavil Bezèk. 5 Yo jwenn Adonibezèk l'a tou. Yo goumen avè l'. Yo bat moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo byen bat. 6 Adonibezèk te kouri pou yo. Yo kouri dèyè l', yo mete men sou li, epi yo koupe de dwèt gwopous li yo ak de gwo tèt zòtèy pye l' yo. 7 Lè sa a, Adonibezèk di: -Mwen te koupe dwèt gwopous ak gwo tèt zòtèy pye swasanndis wa. Yo te konn ranmase kras manje ki tonbe anba tab mwen. Jòdi a, Bondye fè m' sa m' te fè yo a. Yo mennen msye lavil Jerizalèm. Se la li mouri. 8 Moun fanmi Jida yo al atake lavil Jerizalèm, epi yo pran l'. Yo touye dènye moun ki te rete la, lèfini yo mete dife ladan l'. 9 Apre sa, y' al goumen ak moun Kanaran ki t'ap viv nan mòn yo ak nan pye mòn yo nan Negèv la. 10 Moun Jida yo atake moun Kanaran ki te rete lavil Ebwon, ki te rele anvan sa Kiriyat Aba. Yo bat Chechayi, Ayiman ak Talmayi. 11 Yo kite Ebwon, yo mache al atake moun ki te rete lavil Debi yo. Nan tan lontan yo te rete lavil sa a Kiriyat-Sefè. 12 Kalèb di: -Moun ki va resi pran lavil Kiriyat-Sefè a, m'ap marye l' ak Aksa, pitit fi mwen an. 13 Se Otonyèl, pitit gason Kenaz, ti frè Kalèb la, ki te pran lavil la. Konsa, Kalèb ba li Aksa, pitit fi li a, pou madanm. 14 Lè Aksa rive lakay mari l', mari a di l' poukisa li pa mande papa l' yon bon jaden. Akza al jwenn Kalèb. Desann li desann bourik li, Kalèb mande l': -Sak genyen, pitit mwen? 15 Akza reponn: -Mwen vin mande ou yon favè. Se ou menm ki voye m' al viv nan dezè Negèv la, se pou ou ban m' kote pou m' pran dlo tou. Se konsa Kalèb ba li Sous Dlo Anwo ak Sous Dlo Anba Negèv la. 16 Moun Kayen yo, fanmi bòpè Moyiz la, kite lavil Palmis. Yo moute ansanm ak moun Jida yo nan dezè peyi Jida a sou bò sid lavil Arad. Se la y' al rete ansanm ak moun Amalèk yo. 17 Moun Jida yo ale ansanm ak moun Simeyon yo, yo bat moun Kanaran ki te rete lavil Zefa yo. Yo detwi lavil la, yo touye dènye moun ak dènye bèt ki te ladan l'. Yo boule yo tankou yon ofrann pou Seyè a. Yo chanje non lavil la, yo rele l' Oma. 18 Moun Jida yo pa t' pran lavil Gaza ak tout zòn ki sou zòd li, lavil Askalon ak tout zòn ki sou zòd li, lavil Ekwon ak tout zòn ki sou zòd li. 19 Seyè a te kanpe ak moun Jida yo, li fè yo pran tout mòn yo pou yo. Men, yo pa t' kapab mete moun ki nan laplenn yo deyò paske yo te gen cha lagè fèt an fè. 20 Jan Moyiz te bay lòd la, yo pran lavil Ebwon bay Kalèb. Kalèb mete twa pitit gason Anak yo deyò nan lavil la. 21 Men, moun branch fanmi Benjamen yo pa t' mete moun Jebis yo deyò nan lavil Jerizalèm. Se konsa moun Jebis yo rete ap viv ansanm ak moun Benjamen yo nan lavil Jerizalèm jouk jòdi a. 22 Moun de branch fanmi Jozèf yo moute al atake lavil Betèl ki te rele Louz anvan sa. Seyè a te kanpe avèk yo tou. 23 Yo voye kèk moun an kachèt al wè jan sa ye nan lavil la. 24 Moun yo te voye yo kontre yon nonm ki t'ap soti lavil la. Yo di l' konsa: -Moutre nou ki jan moun ka antre nan lavil la. Nou pwomèt ou nou p'ap fè ou anyen. 25 Se konsa nonm lan moutre yo ki jan pou yo antre nan lavil la. Yo touye tout moun ki te nan lavil la, esepte nonm lan ansanm ak tout fanmi l'. 26 Apre sa, nonm lan pati ale nan peyi moun Et yo. Li bati yon lavil laba a, li rele l' Louz. Se konsa yo rele lavil la jouk jòdi a. 27 Moun branch fanmi Manase yo pa t' rive mete tout moun deyò nan lavil Bèt Chean, nan lavil Tanak, nan lavil Dò, nan lavil Jibleyam, nan lavil Megibo ak nan tout ti bouk ki te sou kont yo. Konsa, moun Kanaran yo te toujou ap viv nan peyi a. 28 Lè moun Izrayèl yo te vin pi fò, yo fòse moun Kanaran yo travay pou yo, men, yo pa janm mete yo deyò. 29 Moun branch fanmi Efrayim yo tou pa t' mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Gezè. Se konsa, moun Kanaran yo rete viv la ansanm ak yo. 30 Moun branch fanmi Zabilon yo pa t' mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Kitwon ak nan lavil Naalòl. Moun Kanaran yo te rete viv ansanm ak yo, men yo te blije travay pou moun Zabilon yo. 31 Moun branch fanmi Asè yo pa t' mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Sidon, lavil Alad, lavil Akzid, lavil Elba, lavil Afik ak lavil Reyòb. 32 Se konsa, moun Asè yo t'ap viv ansanm ak moun Kanaran ki te rete nan peyi a, paske yo pa t' mete yo deyò. 33 Moun branch fanmi Nèftali yo pa t' mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Bèt-Chemèch, ni nan lavil Bèt Anat. Yo te rete ansanm ak moun Kanaran ki te rete nan peyi a. Men, moun lavil Bèt-Chemèch ak moun lavil Bèt anat yo te blije travay pou yo. 34 Moun Amori yo menm te kwense moun fanmi Dann yo nan mòn yo. Yo pa t' kite yo desann nan plenn lan menm. 35 Se konsa, moun Amori yo rete rete yo nan mòn Erès, nan lavil Ayalon ak nan lavil Chalbim. Men, lè moun fanmi Jozèf yo rive donminen sou yo, yo fè yo travay pou yo. 36 Fwontyè peyi moun Amori yo te konmanse depi pas Eskòpyon yo, moute rive gwo Wòch.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jij 1:1

THE BOOK OF JUDGES.

Commentary by Robert Jamieson

Jud 1:1-3. The Acts of Judah and Simeon.

1. Now after the death of Joshua--probably not a long period, for the Canaanites seem to have taken advantage of that event to attempt recovering their lost position, and the Israelites were obliged to renew the war.

the children of Israel asked the Lord--The divine counsel on this, as on other occasions, was sought by Urim and Thummim, by applying to the high priest, who, according to Josephus, was Phinehas.

saying, Who shall go up for us against the Canaanites first--The elders, who exercised the government in their respective tribes, judged rightly, that in entering upon an important expedition, they should have a leader nominated by divine appointment; and in consulting the oracle, they adopted a prudent course, whether the object of their inquiry related to the choice of an individual commander, or to the honor of precedency among the tribes.

Jij 1:2

2. the Lord said, Judah shall go up--The predicted pre-eminence (Ge 49:8) was thus conferred upon Judah by divine direction, and its appointment to take the lead in the ensuing hostilities was of great importance, as the measure of success by which its arms were crowned, would animate the other tribes to make similar attempts against the Canaanites within their respective territories.

I have delivered the land into his hand--not the whole country, but the district assigned for his inheritance.

Jij 1:3

3. Judah said unto Simeon his brother, Come up with me ..., that we may fight against the Canaanites--Being conterminous tribes (Jos 19:1, 2), they had a common interest, and were naturally associated in this enterprise.

Jij 1:5-6

Jud 1:4-21. Adoni-bezek Justly Requited.

5-6. Bezek--This place lay within the domain of Judah, about twelve miles south of Jerusalem.

found Adoni-bezek--that is, "lord of Bezek"--he was "found," that is, surprised and routed in a pitched battle, whence he fled; but being taken prisoner, he was treated with a severity unusual among the Israelites, for they "cut off his thumbs and great toes." Barbarities of various kinds were commonly practised on prisoners of war in ancient times, and the object of this particular mutilation of the hands and feet was to disable them for military service ever after. The infliction of such a horrid cruelty on this Canaanite chief would have been a foul stain on the character of the Israelites if there were not reason for believing it was done by them as an act of retributive justice, and as such it was regarded by Adoni-bezek himself, whose conscience read his atrocious crimes in their punishment.

Jij 1:7

7. Threescore and ten kings--So great a number will not appear strange, when it is considered that anciently every ruler of a city or large town was called a king. It is not improbable that in that southern region of Canaan, there might, in earlier times, have been even more till a turbulent chief like Adoni-bezek devoured them in his insatiable ambition.

Jij 1:8

8. Now the children of Judah had fought against Jerusalem, and had taken it--The capture of this important city, which ranks among the early incidents in the war of invasion (Jos 15:63), is here noticed to account for its being in the possession of the Judahites; and they brought Adoni-bezek thither [Jud 1:7], in order, probably, that his fate being rendered so public, might inspire terror far and wide. Similar inroads were made into the other unconquered parts of Judah's inheritance [Jud 1:9-11]. The story of Caleb's acquisition of Hebron is here repeated (Jos 15:16-19). [See on Jos 15:16.]

Jij 1:16

16. the children of the Kenite, Moses' father-in-law, went up out of the city of palm trees with the children of Judah--called "the Kenite," as probably descended from the people of that name (Nu 24:21, 22). If he might not himself, his posterity did accept the invitation of Moses (Nu 10:32) to accompany the Israelites to Canaan. Their first encampment was in the "city of palm trees"--not Jericho, of course, which was utterly destroyed, but the surrounding district, perhaps En-gedi, in early times called Hazezon-tamar (Ge 14:7), from the palm-grove which sheltered it. Thence they removed for some unknown cause, and associating themselves with Judah, joined in an expedition against Arad, in the southern part of Canaan (Nu 21:1). On the conquest of that district, some of this pastoral people pitched their tents there, while others migrated to the north (Jud 4:17).

Jij 1:17-36

17-29. And Judah went with Simeon his brother--The course of the narrative is here resumed from Jud 1:9, and an account given of Judah returning the services of Simeon (Jud 1:3), by aiding in the prosecution of the war within the neighboring tribes.

slew the Canaanites that inhabited Zephath--or Zephathah (2Ch 14:10), a valley lying in the southern portion of Canaan.

Hormah--destroyed in fulfilment of an early vow of the Israelites (see on Nu 21:2). The confederate tribes, pursuing their incursions in that quarter, came successively to Gaza, Askelon, and Ekron, which they took. But the Philistines seem soon to have regained possession of these cities.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.