Jozye 15
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lè yo te tire osò a, men pòsyon tè ki vin pou moun branch fanmi Jida yo. Se tè sa a yo te separe bay chak fanmi nan branch lan pòsyon pa yo. Tè a bonè nan sid ak peyi Edon an, depi dezè Zin lan rive Kadès nan direksyon sid. 2 Fwontyè tè a konmanse nan pwent sid lanmè Sale a, 3 li pase anba pas Akrabim lan, li travèse dezè Zin, li moute pou l' pase anba Kadès Banea, li pase Ezwon, li moute Ada, li vire sou Kareka, 4 li pase Azmon, li kouri nan ravin ki sou fwontyè Lejip la jouk li rive sou lanmè a. Men limit sid tè moun Jida yo. 5 Sou bò solèy leve, lanmè Sale a te sèvi yo fwontyè rive nan lanbouchi larivyè Jouden an. Se la fwontyè nò a te konmanse. 6 Li moute Bèt-Ogla, li pase anwo Bèt araba, li rive jouk Wòch Boan. Boan, se non yonn nan pitit gason Woubenn yo. 7 Apre sa, li pase nan fon Akò, li moute jouk Debi. Li vire sou bò nò nan direksyon Gilgal, anfas pas Adoumen ki sou bò sid ravin lan. Li pase moute bò sous Anchemèch, l' al bout sou Anwogèl. 8 Apre sa, li remoute ravin Pitit Ennon an ki nan sid mòn moun Jebis yo, ki vle di Jerizalèm, li moute sou tèt mòn ki anfas ravin Ennon an, sou bò solèy kouche, nan pwent nò plenn refayim yo. 9 Li soti nan tèt mòn lan, li desann bò sous Neftoa a. Apre sa li pran direksyon mòn Efwon an, li vire sou lavil Bala (ki rele Kiriyat-Jearim tou). 10 Li soti Bala, li fè yon ti koub moute nan direksyon solèy kouche, sou mòn Seyi, li lonje flan nò mòn Jearim lan (ki rele Kisalòn tou), li desann Bètchemèch, li travèse Timna, 11 li rive sou bò nò mòn Ekwon, li vire sou Chikawon, li pase sou ti bit Bala a, li pase Jabneyèl, epi l' al bout nan lanmè. 12 Sou bò lwès la, se lanmè Mediterane a ki te sèvi yo limit. Men limit ki te fèmen pòsyon tè yo te bay tout fanmi ki nan branch fanmi Jida a. 13 Jan Seyè a te bay Jozye lòd la, yon pòsyon nan tè moun Jida yo vin pou Kalèb, pitit gason Jefoune a. Jozye ba li Kiriyat aba, kapital peyi Anak yo. (Koulye a yo rele lavil la Ebwon). 14 Kalèb mete twa pitit gason Anak yo deyò nan lavil la. Se te Chechayi, Ayiman ak Talmayi, 15 Apre sa, li kite Ebwon, l' al atake moun lavil Debi yo. (Nan tan lontan, yo te rele lavil sa a Kiriyat-Sefè). 16 Lè sa a, Kalèb di konsa: -Moun ki va resi kraze moun Kiriyat-Sefè yo, epi ki va pran lavil la nan men yo, m'a ba li Aksa, pitit fi mwen an, pou madanm. 17 Se pwòp frè Kalèb, Otonyèl, pitit Kenaz, ki te pran lavil la. Kalèb ba li Aksa, pitit fi li a, pou madanm. 18 Lè Aksa rive lakay mari l', mari a di l' poukisa li pa mande papa l' yon bon jaden. Aksa al jwenn papa l'. Desann li desann bourik li, Kalèb mande l': -Sa ki genyen, pitit mwen? 19 Aksa reponn: -Mwen vin mande ou yon favè. Ou voye m' byen lwen nan dezè Negèv la. Tanpri, ban m' kek sous kote pou m' jwenn dlo non. Se konsa Kalèb ba li Sous Dlo Anwo ak Sous Dlo Anba yo. 20 Men tout tè ki te vini pou branch fanmi Jida a. Yo separe l' bay yon pòsyon pou chak fanmi. 21 Men non lavil kote moun Jida yo te rete nan Negèv la, anba pwent sid peyi a, bò fwontyè peyi Edon an: Kabseyèl, Edè, Jagou, 22 Kina, Dimona, Adada, 23 Kedèch, Azò-Yitnan, 24 Zif, Telèm, Bejalòt, 25 Azò adata, Keriyòt-Ezwon (ki rele Azò tou), 26 Aman, Chema, Molada, 27 Aza-Gada, Echmon, Bèt-Pelèt, 28 Aza-Chwal, Bècheba, Biziotya, 29 Bala, Iyim, Azèm, 30 Eltola, Kesil, Oma, 31 Ziklag, Madmana, Sansana, 32 Lebaòt, Chilim, Ayin ak Rimon. Sa te fè antou vennèf lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. 33 Men non lavil kote yo te rete nan plenn yo: Echtawòl, Zorea, Akna, 34 Zanoa, An-Gannim, Tapwak, Enan, 35 Jamout, Adoulam, Soko, Azeka, 36 Charayim, Aditayim, Gedera ak Gedewotayim. Sa te fè antou katòz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. 37 Te gen tou Etzenan, Adaka, Migdal-Gad, 38 Dilean, Am Mizpe, Jokteyèl, 39 Lakis, Boska, Eglon, 40 Kabon, Lamas, Kitlis, 41 Jedewòt, Bèt-Dagon, Nama, Makeda. Sa te fè antou sèz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. 42 Te gen tou Libna, Etè, Akan, 43 Jifta, Akna, Nezib, 44 Keyila, Akzib, Marecha. Sa te fè antou nèf lavil ansanm ak tout ti bouk ki sou lòd yo 45 Te gen Ekwon ak tout ti bouk ki sou lòd li. 46 Soti Ekwon pou al bò lanmè, tout lavil ki nan zòn Asdòd ak tout ti bouk ki sou lòd yo, 47 Asdòd ak tout ti vil ak tout ti bouk ki sou lòd li, Gaza ak tout ti bouk osinon ti vil ki sou lòd li, depi ravin ki sou fwontyè Lejip la rive sou lanmè ki sèvi yo limit la. 48 Men lavil yo te genyen nan mòn yo: Chami, Jati, Soko, 49 Dana, Kiriyat-Sefè (Koulye a li rele Debi), 50 Anad, Estemoa, Anim, 51 Gochenn, Alon, Gilo. Sa te fè antou onz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. 52 Te gen tou Arab, Douma, Echean, 53 Janoum, Bèt-Tapwa, Afeka, 54 Oumeta, Kiriyat aba (Jòdi a li rele Ebwon), ak Ziò. Sa te fè antou nèf lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. 55 Te gen ankò Maon, Kamèl, Zif, Jouta, 56 Jizrèyèl, Jokdeam, Zanoa, 57 Kayin, Gibeya, Tima, Antou sa te fè dis lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. 58 Te gen ankò Aloul, Bètsou, Gidò, 59 Maarat, Bèt anòt, Eltekon. Antou sa te fè sis lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. 60 Te gen ankò Kiriyat-Baal (Jòdi a li rele Kiriyat-Jearim) ak Araba. Antou sa te fè de lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. 61 Men non lavil kote yo te rete nan dezè a: Bèt araba, Miden, Sekaka, 62 Nibkan, Site Sèl la ak Angedi. Antou sa te fè sis lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. 63 Men, moun Jida yo pa t' janm rive mete bann moun Jebis ki te rete lavil Jerizalèm yo deyò. Kifè, jouk jòdi a moun Jebis yo rete lavil Jerizalèm ansanm ak moun Jida yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jozye 15:1
Jos 15:1-12. Borders of the Lot of Judah.
1. This then was the lot of the tribe of the children of Judah--In what manner the lot was drawn on this occasion the sacred historian does not say; but it is probable that the method adopted was similar to that described in Jos 18:10. Though the general survey of the country had not been completed, some rough draft or delineation of the first conquered part must have been made, and satisfactory evidence obtained that it was large enough to furnish three cantons, before all the tribes cast lots for them; and they fell to Judah, Ephraim, and the half-tribe of Manasseh. The lot of Judah came first, in token of the pre-eminence of that tribe over all the others; and its destined superiority thus received the visible sanction of God. The territory, assigned to it as a possession, was large and extensive, being bounded on the south by the wilderness of Zin, and the southern extremity of the Salt Sea (Nu 34:3-5); on the east, by that sea, extending to the point where it receives the waters of the Jordan; on the north, by a line drawn nearly parallel to Jerusalem, across the country, from the northern extremity of the Salt Sea to the southern limits of the Philistine territory, and to the Mediterranean; and on the west this sea was its boundary, as far as Sihor (Wady El-Arish).
Jozye 15:2
2. the bay--Hebrew, "tongue." It pushes its waters out in this form to a great distance [Robinson].
Jozye 15:3
3. Maaleh-akrabbim--Hebrew, "the ascent of scorpions"; a pass in the "bald mountain" (see on Jos 11:17), probably much infested by these venomous reptiles.
Jozye 15:5
5. the end--that is, the mouth of the Jordan.
Jozye 15:6
6. Beth-hogla--now Ain Hajla, a fine spring of clear and sweet water, at the northern extremity of the Dead Sea, about two miles from the Jordan [Robinson].
Beth-arabah--"the house," or "place of solitude," in the desert of Judah (Jos 15:61).
stone of Bohan the son of Reuben--the sepulchral monument of a Reubenite leader, who had been distinguished for his bravery, and had fallen in the Canaanite war.
Jozye 15:7
7. Achor--(see on Jos 7:26).
Adummim--a rising ground in the wilderness of Jericho, on the south of the little brook that flowed near Jericho (Jos 16:1).
En-shemesh--"the fountain of the sun"; "either the present well of the apostle, below Bethany, on the road to Jericho, or the fountain near to St. Saba" [Robinson].
En-rogel--"the fuller's fountain," on the southeast of Jerusalem, below the spot where the valleys of Jehoshaphat and Hinnom unite.
Jozye 15:13
Jos 15:13-15. Caleb's Portion and Conquest.
13. unto Caleb he gave a part among the children of Judah--(See on Jos 14:6).
Jozye 15:14
14. drove thence the three sons of Anak--rather three chiefs of the Anakim race. This exploit is recorded to the honor of Caleb, as the success of it was the reward of his trust in God.
Jozye 15:15
15. Debir--"oracle." Its former name, Kirjath-sepher, signifies "city of the book," being probably a place where public registers were kept.
Jozye 15:16-20
Jos 15:16-20. Othniel, for His Valor, Has Achsah to Wife.
16-20. He that smiteth Kirjath-sepher--This offer was made as an incentive to youthful bravery (see on 1Sa 17:25); and the prize was won by Othniel, Caleb's younger brother (Jud 1:13; 3:9). This was the occasion of drawing out the latent energies of him who was destined to be the first judge in Israel.
Jozye 15:21-63
Jos 15:21-63. Cities of Judah.
21-63. the uttermost cities of the tribe of the children of Judah--There is given a list of cities within the tribal territory of Judah, arranged in four divisions, corresponding to the districts of which it consisted--the cities in the southern part (Jos 15:21-32), those in the lowlands (Jos 15:33-47), those in the highlands (Jos 15:48-60), and those in the desert (Jos 15:61, 62). One gets the best idea of the relative situation of these cities by looking at the map.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
