Jozye 14

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Men tè yo te separe bay moun pèp Izrayèl yo. Se Eleaza, prèt la, ak Jozye, pitit gason Noun lan, ansanm ak tout chèf fanmi nan tout branch pèp Izrayèl yo ki te bay chak fanmi pòsyon pa yo. 2 Jan Seyè a te bay Moyiz lòd la, yo te tire osò devan Seyè a pou yo te ka konnen ki pòsyon ki tapral pou nèf branch fanmi ki te rete yo ak lòt mwatye branch nan fanmi Manase a. 3 Moyiz te gen tan bay de branch fanmi ak mwatye nan yon twazyèm branch fanmi pòsyon pa yo lòt bò larivyè Jouden. Men, li pa t' bay moun fanmi Levi yo ankenn pòsyon nan tè sa yo. 4 Fanmi Jozèf la te fè de branch: yonn pou Manase, yonn pou Efrayim. Moun Levi yo pa t' resevwa ankenn pòsyon nan tè a pou yo. Men yo te ba yo kèk lavil pou yo te rete ak savann toupre lavil yo pou yo gade bèt ak zannimo. 5 Se konsa, moun pèp Izrayèl yo te separe peyi a jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè l' la. 6 Moun branch fanmi Jida yo al jwenn Jozye nan kan Gilgal la. Kalèb pitit gason Jefoune, nan fanmi Kenaz la, di li: -Ou konnen sa Seyè a te di Moyiz, sèvitè Bondye a, sou ou ak sou mwen lè li te lavil Kadès-Banea. 7 Mwen te gen karantan lè Moyiz, sèvitè Seyè a, rete lavil Kadès-Banea, li voye m' al vizite tout peyi sa a. Lè m' tounen, mwen fè l' yon bon rapò dapre sa m' te wè. 8 Moun ki te moute avè m' yo pran dekouraje pèp la. Men mwen menm, mwen te fè tou sa Seyè a, Bondye mwen an, te vle m' fè. 9 Lè sa a, Moyiz fè m' pwomès sa a, li di m': Ou wè ou menm, ou fè tou sa Seyè a te vle ou fè. Se poutèt sa y'a ba ou tout kote ou mete pye ou yo pou ou ak pou tout ras ou apre ou. 10 Gade! Seyè a kenbe pwomès li, li pa kite m' gen tan mouri. Sa te fè deja karannsenkan depi Seyè a te di Moyiz sa. Lè sa a, pèp Izrayèl la t'ap moute desann nan dezè a. Koulye a mwen gen katrevensenkan. 11 Men, mwen santi m' vanyan gason jòdi a tankou lè Moyiz te voye m' al vizite peyi a. Mwen santi mwen ka goumen, mwen ka regle tout zafè m' jan m' te konn fè l' lè sa a. 12 Se poutèt sa, mwen mande ou pou ou ban mwen mòn Seyè a te pwomèt mwen jou sa a. Ou te rive konnen se yon bann gwonèg bèl wotè yo rele anakim ki t'ap viv la. Yo te gen anpil gwo lavil ki te byen pwoteje ak ranpa. Men, mwen kwè Seyè a pral kanpe avè m'. L'a ede m' pran peyi a nan men yo jan li te di l' la. 13 Lè sa a, Jozye bay Kalèb, pitit gason Jefoune a, benediksyon, epi li ba li pòsyon tè Ebwon an pou pòsyon pa li. 14 Jouk koulye a, Ebwon rete pou Kalèb ak pou moun ras fanmi li yo, paske Kalèb te fè tou sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te vle l' fè. 15 Nan tan lontan, yo te rele lavil Ebwon an Kiriyat aba. Aba sa a, se li ki te pi gwonèg nan tout ras moun Anak yo. Depi apre lè sa a, peyi a t'ap viv ak kè poze. Pa t' gen goumen ankò.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jozye 14:1

Jos 14:1-5. The Nine Tribes and a Half to Have Their Inheritance by Lot.

1. these are the countries which the children of Israel inherited in the land of Canaan--This chapter forms the introduction to an account of the allocation of the land west of Jordan, or Canaan proper, to the nine tribes and a half. It was also made by lot in presence of a select number of superintendents, appointed according to divine directions given to Moses (see on Nu 34:16). In everything pertaining to civil government, and even the division of the land, Joshua was the acknowledged chief. But in a matter to be determined by lot, a solemn appeal was made to God, and hence Eleazar, as high priest, is named before Joshua.

Jozye 14:4

4. The children of Joseph were two tribes, Manasseh and Ephraim--As two and a half tribes were settled on the east Jordan, and the Levites had no inheritance assigned them in land, there would have been only eight and a half tribes to provide for. But Ephraim and Manasseh, the two sons of Joseph, had been constituted two tribes (Ge 48:5), and although Levi was excluded, the original number of the tribes of Israel was still preserved.

Jozye 14:5

5. the children of Israel ... divided the land--that is, they made the preliminary arrangements for the work. A considerable time was requisite for the survey and measurement.

Jozye 14:6-11

Jos 14:6-15. Caleb by Privilege Requests and Obtains Hebron.

6-11. Then the children of Judah came unto Joshua in Gilgal: and Caleb ... said--This incident is recorded here because it occurred while the preparations were being made for casting the lots, which, it appears, were begun in Gilgal. The claim of Caleb to the mountains of Hebron as his personal and family possessions was founded on a solemn promise of Moses, forty-five years before (Nu 14:24; De 1:36; Jos 14:10), to give him that land on account of his fidelity. Being one of the nominees appointed to preside over the division of the country, he might have been charged with using his powers as a commissioner to his own advantage, had he urged his request in private; and therefore he took some of his brethren along with him as witness of the justice and propriety of his conduct.

Jozye 14:12

12. give me this mountain, whereof the Lord spake in that day--this highland region.

for thou heardest in that day how the Anakims were there--The report of the spies, who tried to kindle the flame of sedition and discontent, related chiefly to the people and condition of this mountain district, and hence it was promised as the reward of Caleb's truth, piety, and faithfulness.

Jozye 14:13-14

13-14. Joshua blessed him, and gave unto Caleb Hebron for an inheritance--Joshua, who was fully cognizant of all the circumstances, not only admitted the claim, but in a public and earnest manner prayed for the divine blessing to succor the efforts of Caleb in driving out the idolatrous occupiers.

Jozye 14:15

15. Kirjath-arba--that is, the city of Arba, a warrior among the native race remarkable for strength and stature.

the land had rest from war--Most of the kings having been slain and the natives dispirited, there was no general or systematic attempt to resist the progress and settlement of the Israelites.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.