Jozye 16
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Tè ki te vin pou moun fanmi Jozèf yo te konmanse bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, sou bò solèy leve. Li soti la, li moute nan mòn yo jouk li rive Betèl. 2 Li soti Betèl, li moute Louz, li pase Atawòt, kote moun Aki yo te rete. 3 Baliz fwontyè a desann apre sa bò solèy kouche, nan direksyon peyi moun Jaflèt yo jouk sou limit Bètowon, li pase rive Gezè, l' al bout nan lanmè. 4 Men pòsyon tè ki te vin pou fanmi de pitit Jozèf yo: Manase ak Efrayim. 5 Men tè yo te bay branch moun Efrayim yo pou yo separe bay chak fanmi yon pòsyon. Sou bò solèy leve, Atawòt, Adak te sèvi yo fwontyè jouk Bètowon. 6 Baliz fwontyè a soti la, l' al bout nan lanmè Mediterane a. Li kite lavil Mikmetat sou bò nò li. Sou bò solèy leve, fwontyè a vire desann bò Taanat-Silo, li pase bò kote l', sou bò lès lavil Janoa. 7 Li desann soti Janoa, li pase lavil Atawòt ak Nara, li rive lavil Jeriko, l' al bout sou larivyè Jouden. 8 Li soti Tapwa, li pran direksyon lwès jouk li rive nan dlo Kana, l' al bout sou lanmè a. Men tout pòsyon tè ki te vin pou branch fanmi Efrayim yo. Yo separe l', yo bay chak fanmi yon pòsyon, 9 ansanm ak lavil yo te pran nan mitan ti mòn moun Manase yo pou bay moun Efrayim yo. 10 Men yo pa t' rive mete moun Kanaran ki te rete lavil Gezè yo deyò. Se konsa, jouk jòdi a moun Kanaran yo ap viv nan mitan moun Efrayim yo. Men, yo te fòse moun Kanaran yo fè kòve pou yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jozye 16:1
Jos 16:1-4. The General Borders of the Sons of Joseph.
1. the lot of the children of Joseph fell--Hebrew, "went forth," referring either to the lot as drawn out of the urn, or to the tract of land thereby assigned. The first four verses describe the territory allotted to the family of Joseph in the rich domains of central Palestine. It was drawn in one lot, that the brethren might be contiguously situated; but it was afterwards divided. The southern boundary only is described here; that on the north being irregular and less defined (Jos 17:10, 11), is not mentioned.
water of Jericho--(2Ki 2:19), at the joint of its junction with the Jordan.
mount Beth-el--the ridge south of Beth-el. Having described the position of Joseph's family generally the historian proceeds to define the territory; first, that of Ephraim.
Jozye 16:5-9
Jos 16:5-9. The Borders of the Inheritance of Ephraim.
5-9. the border of their inheritance ... was Ataroth-addar--Ataroth-addar (now Atara), four miles south of Jetta [Robinson], is fixed on as a center, through which a line is drawn from Upper Beth-horon to Michmethah, showing the western limit of their actual possessions. The tract beyond that to the sea was still unconquered.
Jozye 16:10
10. they drave not out the Canaanites ... but the Canaanites dwell among the Ephraimites unto this day, and serve under tribute--This is the first mention of the fatal policy of the Israelites, in neglecting the divine command (De 20:16) to exterminate the idolaters.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
