Jozye 13

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Lè sa a, Jozye t'ap antre nan laj, li te fin granmoun. Seyè a di l' konsa: -Koulye a, ou fin granmoun, ou antre nan laj serye. Men, gen yon bon pòsyon nan peyi a toujou ki rete pou nou pran. 2 Rete nou tout teritwa moun Filisti yo ak tout peyi moun Jechou yo, 3 ki vle di depi larivyè Chikò k'ap koule sou fwontyè lès peyi Lejip la, moute nan nò, jouk sou fwontyè Ekwon an. Tout teritwa sa a te pase pou peyi moun Kanaran yo. Te gen senk chèf pami moun Filisti yo: yonn te rete lavil Gaza, yon lòt te rete lavil Asdòd, yon lòt lavil Askalon, yon lòt lavil Gat, yon lòt lavil Ekwon. Te rete peyi moun Avit yo tou, 4 sou bò sid la, tout peyi moun Kanaran yo, depi lavil Meara ki pou moun Sidon yo jouk Afeka, sou fwontyè peyi Amori a. 5 Te rete ankò tè moun Jebal yo ak tout peyi Liban sou bò solèy leve, depi Baal-Gad nan pye mòn Emon jouk kote Pas Amat la konmanse a. 6 Tout moun ki rete nan mòn yo, depi peyi Liban jouk lavil Misrefòt Mayim, tout moun Sidon yo, se mwen menm ki pral mete yo deyò pou fè plas pou pèp Izrayèl la. Men, se ou menm ki pral separe tè a bay chak moun pèp Izrayèl yo pòsyon pa yo, jan mwen te ba ou lòd la. 7 Lè a rive koulye a pou nou separe peyi a bay nèf lòt branch fanmi yo ak lòt mwatye nan branch fanmi Manase a pòsyon pa yo. 8 Branch fanmi Woubenn lan ak branch fanmi Gad la ansanm ak mwatye nan branch fanmi Manase a te deja resevwa pòsyon tè pa yo lòt bò larivyè Jouden sou solèy leve. Se Moyiz, sèvitè Seyè a, ki te ba yo li. 9 Peyi yo a te soti depi lavil Awoyè ki sou bò gwo ravin Anon an ak lavil ki nan mitan ravin lan, li pran tout plenn Medeba a rive lavil Dibon. 10 Li pran tout lavil ki te pou Siyon, wa moun Amori yo, ki te rete lavil Esbon pandan tout rèy li, li rive jouk sou fwontyè moun Amon yo. 11 Li pran tout peyi Galarad la, tout teritwa moun Jechou yo ak moun Maaka yo ansanm ak tout mòn Emon ak mòn Bachan jouk Salka. 12 Nan peyi Bazan an, yo pran tout zòn kote wa Og t'ap gouvènen an. Wa Og sa a te rete lavil Astawòt ak lavil Edreyi lè sa a. Se te dènye moun nan ras refayim yo ki te vivan. Moyiz te goumen ak pèp sa yo, li bat yo byen bat, li pran tout peyi a nan men de wa yo. 13 Men, pèp Izrayèl la pa t' mete moun Jechou yo ak moun Maaka yo deyò. Se konsa, jouk jòdi a de pèp sa yo ap viv nan mitan pèp Izrayèl la toujou. 14 Sèl branch fanmi Levi a pa t' resevwa ankenn pòsyon tè ki rele l' pa l' nan pataj la, paske Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te kite tou sa yo ofri ba li pou yo, jan li te di l' la. 15 Moyiz te separe tè branch fanmi Woubenn lan, li bay chak fanmi pòsyon pa yo. 16 Se konsa, pòsyon pa yo a te konmanse depi lavil Awoyè, ki sou bò ravin Anon an, li pran lavil ki nan mitan ravin lan, tout platon Medeba a, 17 lavil Esbon ak tout lòt lavil ki te sou platon an, ki vle di Dibon, Bamòt, Baal, Bèt-Baal Meyon, 18 Jaza, Kedemòt, Mefrat, 19 Kiryatayim, Libna ak Zerèt acha Jechimòt, sou ti bit ki nan fon an, 20 Bèt-Peyò, sou pant Pizga a, Bèt ajechimòt, 21 tout lavil ki sou platon an, tout peyi wa Siyon ki t'ap gouvènen moun Amori yo nan lavil Esbon. Se Moyiz ki te kraze l' ansanm avèk chèf peyi Madyan yo: Evi, Rekèm, Zou, Our, Reba. Tout chèf sa yo t'ap viv nan peyi a sou lòd wa Siyon. 22 Pami moun moun pèp Izrayèl yo te touye yo, te gen pwofèt yo te rele Balaram, pitit Beyò a. 23 Pòsyon tè moun branch fanmi Woubenn yo te rive jouk larivyè Jouden. Se tout lavil ak tout ti bouk sa yo yo te bay moun branch fanmi Woubenn yo. Yo te separe bay chak fanmi pòsyon pa yo, dapre kantite fanmi yo te genyen. 24 Moyiz te separe tè branch fanmi Gad la, li bay chak fanmi pòsyon pa yo. 25 Se konsa, pòsyon pa yo a te pran tout peyi Jazè a, tout lavil ki nan peyi Galarad la, mwatye nan peyi moun Amon yo, rive sou lavil Awoyè sou bò solèy leve lavil Raba. 26 Li te pran depi Esbon jouk Ramat Mizpe ak Betonim, depi Manayim jouk fwontyè peyi Lodeba. 27 Nan fon an yo te gen lavil sa yo: Bèt aram, Bèt-Nimra, Soukòt ak Zafon, rès peyi wa Siyon ki te rete Esbon an. Larivyè Jouden te sèvi yo fwontyè rive letan Galile nan nò. Tout pòsyon pa yo a te lòt bò solèy leve. 28 Se tout lavil ak tout ti bouk sa yo yo te bay moun branch fanmi Gad yo. Yo te separe bay chak fanmi pòsyon pa yo, dapre kantite fanmi yo te genyen. 29 Moyiz te separe tè ki pou mwatye nan branch fanmi Manase a, li bay chak fanmi pòsyon pa yo. 30 Se konsa, pòsyon pa yo a te konmanse depi Manayim, li pran tout peyi Bazan an, tout peyi wa Og t'ap gouvènen an, ak swasant bouk ki te pou Jayi nan peyi Bazan an, 31 mwatye nan peyi Galarad la ansanm ak Astawòt ak Edreyi, lavil ki te pou wa Og nan peyi Bazan an. Se tout zòn sa yo ki vin pou mwatye nan branch fanmi Maki, pitit gason Manase a. Yo bay chak fanmi pòsyon pa yo. 32 Se konsa Moyiz te separe tè ki lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, sou bò solèy leve, lè li te nan plenn Moab yo. 33 Men, Moyiz pa t' bay moun branch fanmi Levi yo ankenn pòsyon nan peyi a pou rele yo pa yo. Li te di yo sèl byen yo se Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jozye 13:1

Jos 13:1-33. Bounds of the Land Not Yet Conquered.

1. Now Joshua was old and stricken in years--He was probably above a hundred years old; for the conquest and survey of the land occupied about seven years, the partition one; and he died at the age of one hundred ten years (Jos 24:29). The distribution, as well as the conquest of the land, was included in the mission of Joshua; and his advanced age supplied a special reason for entering on the immediate discharge of that duty; namely, of allocating Canaan among the tribes of Israel--not only the parts already won, but those also which were still to be conquered.

Jozye 13:2-7

2-6. This is the land that yet remaineth--that is, to be acquired. This section forms a parenthesis, in which the historian briefly notices the districts yet unsubdued; namely, first, the whole country of the Philistines--a narrow tract stretching about sixty miles along the Mediterranean coast, and that of the Geshurites to the south of it (1Sa 27:8). Both included that portion of the country "from Sihor, which is before Egypt," a small brook near El-Arish, which on the east was the southern boundary of Canaan, to Ekron, the most northerly of the five chief lordships or principalities of the Philistines.

Jozye 13:8

8. With whom--Hebrew, "him." The antecedent is evidently to Manasseh, not, however, the half-tribe just mentioned, but the other half; for the historian, led, as it were, by the sound of the word, breaks off to describe the possessions beyond Jordan already assigned to Reuben, Gad, and the half of Manasseh (see on Nu 32:1; Nu 32:33; also see De 3:8-17). It may be proper to remark that it was wise to put these boundaries on record. In case of any misunderstanding or dispute arising about the exact limits of each district or property, an appeal could always be made to this authoritative document, and a full knowledge as well as grateful sense obtained of what they had received from God (Psa 16:5, 6).

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.