Jozye 11
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Nouvèl tout bagay sa yo rive nan zòrèy Jaben, wa Azò a. Li menm, li voye nouvèl la bay Yobad, wa lavil Madon, bay wa Chimwon ak wa Akchaf, 2 bay tout wa ki rete bò nò a, nan mòn yo, nan fon ki anba Chinawòt, nan plenn yo ak nan koulin Dò yo bò solèy kouche. 3 Li voye nouvèl la bay moun Kanaran yo ki rete sou de bò larivyè Jouden an, bay moun Amori yo, bay moun Evi yo, bay moun Ferezi yo, bay moun Jebis yo nan tout mòn yo, bay moun Evi yo ki rete nan pye mòn Emon nan peyi Mispa. 4 Tout wa yo vini avèk tout sòlda yo. Sa te fè yon gwo lame sòlda pesonn pa t' ka konte, ou ta di grenn sab bò lanmè, avèk yon kantite chwal ak cha lagè. 5 Wa yo pran randevou, yo mete tout sòlda yo ansanm. Yo rive, yo moute kan yo yonn sou kote lòt, toupre dlo Mewòm yo, pou yo atake pèp Izrayèl la. 6 Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè moun sa yo! Denmen, lè konsa, m'ap fè nou wè tout tonbe mouri la devan je nou. Nou menm, nou pral koupe jarèt tout chwal yo, epi n'ap boule cha yo. 7 Se konsa, Jozye rive bò dlo Mewòm lan ak tout sòlda li yo, li tonbe sou lènmi yo san yo pa t' atann, li atake yo. 8 Seyè a lage yo nan men pèp Izrayèl la: sòlda pèp Izrayèl yo bat yo byen bat. Yo kouri dèyè yo jouk Gwo Sidon ak Misrefòt sou bò nò, jouk Fon Mispa sou bò solèy leve. Yo bat yo nèt, yo pa kite yonn ladan yo chape. 9 Jozye fè yo tou sa Seyè a te ba li lòd fè a: li koupe jarèt chwal yo, li boule tout cha lagè yo. 10 Apre sa, Jozye tounen sou dèyè, li pran lavil Azò, epi li touye wa li a. Lè sa a, Azò te pi gwo lavil nan tout peyi wa yo. 11 Li fè touye dènye moun ak dènye bèt vivan ki te la tankou yon ofrann y'ap fè pou Seyè a. Yo pa kite yonn ladan yo chape. Lèfini, yo mete dife nan lavil la. 12 Jozye pran tout lavil yo ansanm ak wa yo. Epi li fè touye tout wa yo, dapre prensip ki vle pou yo touye yo tankou yon ofrann pou Seyè a, jan Moyiz, sèvitè Seyè a, te kite lòd pou yo fè l' la. 13 Men, moun Izrayèl yo pa t' boule ankenn lavil nan lavil ki te bati sou ti mòn yo, an wetan lavil Azò Jozye te fè boule. 14 Moun pèp Izrayèl yo pran tout bagay ak tout bèt yo te jwenn nan lavil yo. Men, yo touye tout moun, yo pa kite yonn chape. 15 Seyè a te bay Moyiz, sèvitè li a, lòd li yo. Moyiz menm te bay Jozye menm lòd yo tou. Se konsa Jozye te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè, san manke anyen. 16 Jozye ak pèp Izrayèl la te pran tout peyi a nan men moun yo, ki vle di: mòn yo, tout Negèv la, tout peyi Gochenn lan, plenn yo, Fon Jouden an, tout mòn ak tout ti bit peyi Izrayèl yo, 17 depi Mòn Alak ki toupre peyi Seyi a, jouk Baal-Gad ki nan fon Liban an nan pye mòn Emon an. Li mete men sou tout wa yo, li bat yo, li touye yo. 18 Jozye te pase yon bon tan ap fè lagè ak wa sa yo. 19 An wetan lavil Gabawon kote moun Evi yo te rete a, pa t' gen ankenn lavil ki te vle fè lapè ak moun pèp Izrayèl yo, 20 paske Seyè a te fè tout moun sa yo soti pou goumen ak pèp Izrayèl la. Se pou pèp Izrayèl la te touye tout tankou ofrann pou Seyè a, san pitye pou yo yonn menm, pou yo tout te ka disparèt, jan Seyè a te bay Moyiz lòd la. 21 Lè sa a, Jozye leve, l' ale, li touye tout moun Anak yo ki te rete nan mòn yo, nan lavil Ebwon, lavil Debi, lavil Anab, nan tout mòn peyi Jida ak tout mòn peyi Izrayèl yo. Li fè touye yo tout. Apre sa, li detwi tout lavil yo tankou ofrann pou Seyè a. 22 Pa t' gen yon moun Anak ankò nan peyi Izrayèl la, esepte lavil Gaza, lavil Gat ak lavil Asdòd. 23 Jozye te pran tout peyi a, jan Seyè a te di Moyiz la, epi li bay pèp Izrayèl la li pou li rele l' pa l'. Li separe l', li bay chak branch fanmi pòsyon pa yo. Apre tout batay sa yo, peyi a t'ap viv nan lapè, pa t' gen goumen ankò.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jozye 11:1-9
Jos 11:1-9. Divers Kings Overcome at the Waters of Merom.
1-9. And it came to pass, when Jabin king of Hazor had heard those things--The scene of the sacred narrative is here shifted to the north of Canaan, where a still more extensive confederacy was formed among the ruling powers to oppose the further progress of the Israelites. Jabin ("the Intelligent"), which seems to have been a hereditary title (Jud 4:2), took the lead, from Hazor being the capital of the northern region (Jos 11:10). It was situated on the borders of lake Merom. The other cities mentioned must have been in the vicinity though their exact position is unknown.
Jozye 11:11
11. he burnt Hazor with fire--calmly and deliberately, doubtless, according to divine direction.
Jozye 11:13
13. as for the cities that stood still in their strength--literally, "on their heaps." It was a Phoenician custom to build cities on heights, natural or artificial [Hengstenberg].
Jozye 11:16
16. So Joshua took all that land--Here follows a general view of the conquest. The division of the country there into five parts; namely, the hills, the land of Goshen, that is, a pastoral land near Gibeon (Jos 10:41); the valley, the plains and the mountains of Israel, i. e., Carmel, rests upon a diversity of geographical positions, which is characteristic of the region.
Jozye 11:17
17. from the mount Halak--Hebrew, "the smooth mountain."
that goeth up to Seir--an irregular line of white naked hills, about eighty feet high, and seven or eight geographical miles in length that cross the whole Ghor, eight miles south of the Dead Sea, probably "the ascent of Akrabbim" [Robinson].
unto Baal-gad in the valley of Lebanon--the city or temple of the god of destiny, in Baalbec.
Jozye 11:23
23. Joshua took the whole land--The battle of the take of Merom was to the north what the battle of Beth-horon was to the south; more briefly told and less complete in its consequences; but still the decisive conflict by which the whole northern region of Canaan fell into the hands of Israel [Stanley].
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
