Jozye 10
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Adonisedèk, wa lavil Jerizalèm lan, te vin konnen Jozye te pran lavil Ayi a, li te detwi l' nèt tankou yon ofrann pou Seyè a, li te touye wa a menm jan li te fè l' pou lavil Jeriko ansanm ak wa li a. Adonisedèk te vin pran nouvèl tou moun Gabawon yo te al rann tèt yo bay moun Izrayèl yo, epi yo t'ap viv nan mitan yo. 2 Tout moun lavil Jerizalèm yo te pè anpil, paske Gabawon te yon gwo lavil, tankou nenpòt ki lavil ki te gen yon wa ap gouvènen li. Li te pi gwo pase lavil Ayi. Lèfini, tout gason la te vanyan sòlda. 3 Se konsa, Adonisedèk, wa lavil Jerizalèm lan, voye misyon bay Oram, wa lavil Ebwon, bay Pireyam, wa lavil Jamout, bay Jafya, wa lavil Lakis, ak bay Debi, wa lavil Eglon. 4 Li voye di yo. -Vin jwenn mwen. Vin ede m' atake lavil Gabawon, paske moun sa yo al rann tèt yo bay Jozye ak pèp Izrayèl la. 5 Se konsa senk wa moun Amori yo: wa lavil Jerizalèm lan, wa lavil Ebwon an, wa lavil Jamout la, wa lavil Lakis la, wa lavil Eglon an, mete tèt ansanm, yo fè yon sèl lame ak tout sòlda yo. Yo sènen lavil Gabawon, yo atake l'. 6 Moun lavil Gabawon yo voye mesaje nan kan Gilgal la di Jozye konsa: -Mèt, tanpri, pa lage nou! Prese vin jwenn nou pou ede nou, pou delivre nou. Paske tout wa moun Amori ki rete nan mòn yo mete tèt ansanm, yo leve dèyè nou pou yo fini ak nou. 7 Se konsa, Jozye ak tout lame a ansanm ak tout vanyan sòlda li yo kite Gilgal, yo leve yo pati. 8 Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè yo. M'ap lage yo tout nan men ou. Pa gen yonn ladan yo ki ka kenbe tèt avè ou. 9 Lè Jozye kite Gilgal, li pase tout nwit lan ap mache. Li rive sou moun Amori yo san yo pa t' atann. 10 Seyè a fè moun Amori yo pran kouri lè yo wè moun Izrayèl yo. Li fè pèp Izrayèl la bat yo byen bat lòt bò lavil Gabawon an. Moun Izrayèl yo kouri desann dèyè yo nan pant Bètowon an, yo bat yo jouk Azeka ak Makeda nan sid la. 11 Pandan yo t'ap kouri devan lame Izrayèl la, depi nan desann pant Bètowon an jouk yo rive Azeka, Seyè a rete nan syèl la, li voye gwo boul lagrèl sou yo pou touye yo. Lagrèl la te touye plis moun pase lame Izrayèl la avèk nepe yo. 12 Jou Seyè a te lage moun Amori yo nan men moun pèp Izrayèl yo, Jozye pale ak Seyè a devan tout pèp la, li di: -Solèy! Rete klere sou lavil Gabawon! Lalin! Rete klere sou Pon Ayalon! 13 Solèy la rete kote l' te ye a, lalin lan pa fè yon pa jouk pèp Izrayèl la te fin kraze lènmi l' yo. Se sa nou jwenn ekri nan liv Moun ki mache dwat la. Solèy la rete nan mitan syèl la san li pa mache yon bon tan, longè yon jounen konsa. Se apre sa l' al kouche. 14 Ni anvan sa, ni apre sa, pa janm gen yon jou tankou jou sa a lè Seyè a te fè sa yon moun te mande l' fè, epi li goumen pou pèp Izrayèl la. 15 Apre sa, Jozye ak tout lame Izrayèl la tounen nan kan yo Gilgal. 16 Men, senk wa yo te kouri chape, y' al kache nan gwòt Makeda a. 17 Y' al di Jozye yo jwenn senk wa yo kache nan gwòt Makeda a. 18 Jozye reponn: -Woule wòch bouche bouch gwòt la. Mete moun veye yo. 19 Men, nou menm, souke kò nou. Kouri dèyè lènmi yo. Atake yo pa dèyè. Pa kite yo gen tan rive nan lavil yo! Seyè a, Bondye nou an, lage yo nan men nou. 20 Jozye ak sòlda pèp Izrayèl yo t'ap masakre yo: sa ki te chape yo kouri al kache nan lavil ki gen gwo ranpa yo. 21 Lè sa a, tout lame Jozye a tounen vin jwenn li nan kan Makeda a san pwoblèm, san danje. Pesonn pa t' penmèt yo di anyen sou moun pèp Izrayèl yo. 22 Lè sa a, Jozye di: -Degaje bouch gwòt la. Mennen senk wa yo deyò vin jwenn mwen. 23 Yo degaje bouch gwòt la, yo mennen senk wa yo deyò vin jwenn li. Se te wa lavil Jerizalèm lan, wa lavil Ebwon an, wa lavil Jamout la, wa lavil Lakis la ak wa lavil Eglon an. 24 Lè yo mennen wa yo ba li, Jozye rele tout gason nan pèp Izrayèl la, epi li di chèf ki te avè l' yo: -Vini non! Mete pye nou sou kou wa sa yo! Yo pwoche vre, yo mete pye yo sou kou wa yo. 25 Epi Jozye di yo: -Nou pa bezwen tranble! Nou pa bezwen pè! Mete gason sou nou! Pa janm dekouraje paske Seyè a pral fè nou mete pye nou sou kou tout lènmi n'a jwenn sou wout nou! 26 Apre sa, Jozye touye wa yo epi li fè pann kadav yo sou senk pyebwa kote yo rete pandye jouk aswè. 27 Lè solèy fin kouche, Jozye bay lòd pou yo desann kadav yo, epi pou yo voye yo jete nan gwòt kote yo te kache a. Apre sa, yo pran gwo wòch yo bouche bouch gwòt la. Wòch yo la jouk jòdi a. 28 Menm jou sa a, Jozye atake lavil Makeda, epi li pran l'. Li touye wa a. Lèfini, li fè touye tout moun ak tout bèt ki te nan lavil la tankou yon ofrann pou Seyè a, san li pa kite anyen chape. Li fè wa Makeda a menm sa li te fè wa Jeriko a. 29 Apre sa, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la kite Makeda, y' al atake lavil Libna. 30 Seyè a lage lavil la ansanm ak tout wa a nan men moun pèp Izrayèl yo. Yo touye dènye moun ak dènye bèt ki te nan lavil la san yo pa kite anyen chape. Li fè wa a menm sa li fè wa Jeriko a. 31 Apre sa, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la kite Libna, y' al atake Lakis. Yo sènen lavil la nèt. 32 Seyè a lage lavil Lakis nan men moun pèp Izrayèl yo. Sou dezyèm jou a, yo pran lavil la. Li fè yo touye dènye moun ak dènye bèt ki te nan lavil la, menm jan yo te fè l' nan lavil Libna a, san li pa kite yonn chape. 33 Lè sa a Oram, wa peyi Gezè a, moute vin pote moun Lakis yo sekou. Men, Jozye bat li byen bat ansanm ak tout moun pa l' yo. Li fè touye yo tout san li pa kite yonn chape. 34 Apre sa, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la kite lavil Lakis, y' al atake lavil Eglon. Yo sènen l' nèt. 35 Menm jou a, yo pran lavil la, yo touye tout moun ladan l'. Wi, jou sa a, tankou yon ofrann y'ap fè pou Seyè a, yo touye dènye moun ak dènye bèt ki t'ap viv la, menm jan yo te fè l' nan lavil Lakis la. 36 Apre sa, Jozye ansanm ak lame Izrayèl la kite lavil Eglon, yo moute al atake Ebwon. 37 Yo pran lavil la, yo touye dènye moun ak dènye bèt ki te rete la ansanm ak tou sa ki te rete nan ti bouk nan zòn lan. Li pa kite yon moun chape, menm jan li te fè l' lavil Eglon an. Li fè touye dènye moun ak dènye bèt tankou yon ofrann pou Seyè a. 38 Apre sa ankò, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la vire sou lavil Debi, y' al atake l'. 39 Yo pran lavil la ansanm ak wa a ak tout lòt ti bouk nan zòn lan. Jozye fè touye tout moun ak tout bèt tankou yon ofrann pou Seyè a. Li pa kite yonn chape. Menm sa li te fè moun lavil Ebwon yo, menm sa li te fè moun lavil Libna yo ak wa yo a, se sa Jozye fè lavil Debi ak wa li a tou. 40 Se konsa Jozye te fè tout peyi a soumèt devan li. Li te kraze tout wa yo, kit sa ki t'ap gouvènen nan mòn yo ak nan Negèv la, kit sa ki t'ap gouvènen nan plenn yo ak sou ti mòn yo. Li pa kite yon moun chape. Li touye dènye moun, dènye bèt tankou yon ofrann pou Seyè a, jan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te ba li lòd fè a. 41 Jozye bat yo depi Kadès-Banea sou bò sid rivyè Gaza, bò rivaj la, nan tout zòn Gochenn lan jouk Gabawon sou bò nò. 42 Jozye te pran tout wa sa yo ak tout peyi yo nan yon sèl soti, paske Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, t'ap goumen pou pèp la. 43 Lèfini, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la tounen nan kan yo Gilgal.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jozye 10:1
Jos 10:1-5. Five Kings War against Gibeon.
1. Adoni-zedek--"lord of righteousness"--nearly synonymous with Melchizedek, "king of righteousness." These names were common titles of the Jebusite kings.
Jerusalem--The original name, "Salem" (Ge 14:18; Psa 76:2), was superseded by that here given, which signifies "a peaceful possession," or "a vision of peace," in allusion, as some think, to the strikingly symbolic scene (Ge 22:14) represented on the mount whereon that city was afterwards built.
inhabitants of Gibeon had made peace with Israel, and were among them--that is, the Israelites; had made an alliance with that people, and acknowledging their supremacy, were living on terms of friendly intercourse with them.
Jozye 10:2
2. they feared greatly--The dread inspired by the rapid conquests of the Israelites had been immensely increased by the fact of a state so populous and so strong as Gibeon having found it expedient to submit to the power and the terms of the invaders.
as one of the royal cities--Although itself a republic (Jos 9:3), it was large and well-fortified, like those places in which the chiefs of the country usually established their residence.
Jozye 10:3-4
3-4. Wherefore Adoni-zedek ... sent, ... saying, Come up unto me, and help me--A combined attack was meditated on Gibeon, with a view not only to punish its people for their desertion of the native cause, but by its overthrow to interpose a barrier to the farther inroads of the Israelites. This confederacy among the mountaineers of Southern Palestine was formed and headed by the king of Jerusalem, because his territory was most exposed to danger, Gibeon being only six miles distant, and because he evidently possessed some degree of pre-eminence over his royal neighbors.
Jozye 10:5
5. the five kings of the Amorites--The settlement of this powerful and warlike tribe lay within the confines of Moab; but having also acquired extensive possessions on the southwest of the Jordan, their name, as the ruling power, seems to have been given to the region generally (2Sa 21:2), although Hebron was inhabited by Hittites or Hivites (Jos 11:19), and Jerusalem by Jebusites (Jos 15:63).
Jozye 10:6-8
Jos 10:6-9. Joshua Rescues It.
6-8. the men of Gibeon sent unto Joshua--Their appeal was urgent and their claim to protection irresistible, on the ground, not only of kindness and sympathy, but of justice. In attacking the Canaanites, Joshua had received from God a general assurance of success (Jos 1:5). But the intelligence of so formidable a combination among the native princes seems to have depressed his mind with the anxious and dispiriting idea that it was a chastisement for the hasty and inconsiderate alliance entered into with the Gibeonites. It was evidently to be a struggle of life and death, not only to Gibeon, but to the Israelites. And in this view the divine communication that was made to him was seasonable and animating. He seems to have asked the counsel of God and received an answer, before setting out on the expedition.
Jozye 10:9
9. Joshua therefore came upon them suddenly--This is explained in the following clause, where he is described as having accomplished, by a forced march of picked men, in one night, a distance of twenty-six miles, which, according to the slow pace of Eastern armies and caravans, had formerly been a three days' journey (Jos 9:17).
Jozye 10:10-11
10-11. the Lord discomfited them--Hebrew, "terrified," confounded the Amorite allies, probably by a fearful storm of lightning and thunder. So the word is usually employed (1Sa 7:10; Psa 18:13; 144:6).
and slew them with a great slaughter at Gibeon--This refers to the attack of the Israelites upon the besiegers. It is evident that there had been much hard fighting around the heights of Gibeon, for the day was far spent before the enemy took to flight.
chased them along the way that goeth up to Beth-horon--that is, "the House of Caves," of which there are still traces existing. There were two contiguous villages of that name, upper and nether. Upper Beth-horon was nearest Gibeon--about ten miles distant, and approached by a gradual ascent through a long and precipitous ravine. This was the first stage of the flight. The fugitives had crossed the high ridge of Upper Beth-horon, and were in full flight down the descent to Beth-horon the Nether. The road between the two places is so rocky and rugged that there is a path made by means of steps cut in the rock [Robinson]. Down this pass Joshua continued his victorious rout. Here it was that the Lord interposed, assisting His people by means of a storm, which, having been probably gathering all day, burst with such irresistible fury, that "they were more which died with hailstones than they whom the children of Israel slew with the sword." The Oriental hailstorm is a terrific agent; the hailstones are masses of ice, large as walnuts, and sometimes as two fists; their prodigious size, and the violence with which they fall, make them always very injurious to property, and often fatal to life. The miraculous feature of this tempest, which fell on the Amorite army, was the entire preservation of the Israelites from its destructive ravages.
Jozye 10:12-15
Jos 10:12-15. The Sun and Moon Stand Still at the Word of Joshua.
12-15. Then spake Joshua to the Lord ... and ... he said in the sight of Israel, Sun, stand thou still ... and thou, Moon--The inspired author here breaks off the thread of his history of this miraculous victory to introduce a quotation from an ancient poem, in which the mighty acts of that day were commemorated. The passage, which is parenthetical, contains a poetical description of the victory which was miraculously gained by the help of God, and forms an extract from "the book of Jasher," that is, "the upright"--an anthology, or collection of national songs, in honor of renowned and eminently pious heroes. The language of a poem is not to be literally interpreted; and therefore, when the sun and moon are personified, addressed as intelligent beings, and represented as standing still, the explanation is that the light of the sun and moon was supernaturally prolonged by the same laws of refraction and reflection that ordinarily cause the sun to appear above the horizon, when it is in reality below it [Keil, Bush]. Gibeon ("a hill") was now at the back of the Israelites, and the height would soon have intercepted the rays of the setting sun. The valley of Ajalon ("stags") was before them, and so near that it was sometimes called "the valley of Gibeon" (Is 28:21). It would seem, from Jos 10:14, that the command of Joshua was in reality a prayer to God for the performance of this miracle; and that, although the prayers of eminently good men like Moses often prevailed with God, never was there on any other occasion so astonishing a display of divine power made in behalf of His people, as in answer to the prayer of Joshua. Jos 10:15 is the end of the quotation from Jasher; and it is necessary to notice this, as the fact described in it is recorded in due course, and the same words, by the sacred historian (Jos 10:43).
Jozye 10:16-27
Jos 10:16-27. The Five Kings Hanged.
16-27. these five kings ... hid themselves in a cave--Hebrew, "the cave."
at Makkedah--The pursuit was continued, without interruption, to Makkedah at the foot of the western mountains, where Joshua seems to have halted with the main body of his troops while a detachment was sent forward to scour the country in pursuit of the remaining stragglers, a few of whom succeeded in reaching the neighboring cities. The last act, probably the next day, was the disposal of the prisoners, among whom the five kings were consigned to the infamous doom of being slain (De 20:16, 17); and then their corpses were suspended on five trees till the evening.
Jozye 10:28-42
Jos 10:28-42. Seven More Kings Conquered.
28-42. that day Joshua took Makkedah--In this and the following verses is described the rapid succession of victory and extermination which swept the whole of southern Palestine into the hands of Israel. "All these kings and their land did Joshua take at one time, because the Lord God of Israel fought for Israel. And Joshua returned, and all Israel with him, unto the camp to Gilgal."
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
