Jozye 12
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Moun pèp Izrayèl yo te bat tout wa ki te rete lòt bò larivyè Jouden yo, sou bò solèy leve. Epi yo pran tout peyi wa sa yo nan men yo, ki vle di tout zòn lan nèt, depi ravin Anon an, moute nan fon Jouden an, jouk nan pye mòn Emon. 2 Men wa yo te kraze yo: Se te Siyon, wa moun Amori yo, ki te rete lavil Esbon. Peyi li t'ap gouvènen an te pran depi nan fon ravin Anon an moute Awoyè ki sou bò ravin lan, rive larivyè Jabòk sou fwontyè moun Amon yo, ki vle di mwatye nan peyi Galarad la. 3 Li te gouvènen zòn ki sou bò lès fon Jouden an tou, depi letan Kinerèt la desann sou lanmè Mouri a, nan direksyon Bèt-Jechimòt jouk nan pye mòn Pisga a. 4 Yo te kraze Og, wa peyi Bazan an tou. Se te yonn nan dènye refayim yo. Li te rete lavil Astawòt ak lavil Edreyi. 5 Peyi li t'ap gouvènen an konmanse depi nan mòn Emon ak mòn Salka, li pran tout peyi Bazan an nèt rive sou fwontyè peyi moun Jechou yo ak moun Maaka yo, plis lòt mwatye peyi Galarad la rive sou fwontyè peyi wa Siyon an ki te rete lavil Esbon. 6 Se Moyiz, sèvitè Seyè a, ansanm ak pèp Izrayèl la ki te kraze wa sa yo. Apre sa, Moyiz, sèvitè Seyè a, te pran tout peyi sa yo li bay moun branch fanmi Woubenn lan, moun branch fanmi Gad la ak mwatye nan moun branch fanmi Manase a. 7 Jozye ansanm ak pèp Izrayèl la te bat tout wa ki te rete nan zòn lòt bò larivyè Jouden an, sou bò solèy kouche, depi lavil Baal-Gad nan fon Liban an jouk mòn Chòv la nan direksyon Seyi. Se tè wa sa yo Jozye te pran, li separe yo bay moun pèp Izrayèl yo pou byen pa yo. 8 Tè sa yo te pran tout mòn yo, tout plenn yo, fon Jouden an, tout pye mòn yo, dezè a ak zòn Negèv la. Se sou tè sa yo moun Et yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo te rete. 9 Men wa yo te kraze yo: wa lavil Jeriko, wa lavil Ayi, toupre Betèl, 10 wa lavil Jerizalèm, wa lavil Ebwon, 11 wa lavil Jamout, wa lavil Lakis, 12 wa lavil Eglon, wa lavil Gezè, 13 wa lavil Debi, wa lavil Gedè, 14 wa lavil Oma, wa lavil Arad, 15 wa lavil Libna, wa lavil Adoulam, 16 wa lavil Makeda, wa lavil Betèl, 17 wa lavil Tapwach, wa lavil Efè, 18 wa lavil Afèk, wa lavil Sawon, 19 wa lavil Madòn, wa lavil Azò, 20 wa lavil Chimwon, wa lavil Mewòm, wa lavil Akchaf, 21 wa lavil Tanak, wa lavil Megido, 22 wa lavil Kadès, wa lavil Jokneyam nan zòn mòn Kamèl la, 23 wa lavil Dò sou zòn bò rivaj lanmè a, wa Goyim yo nan peyi Galile, 24 wa lavil Tiza. Sa te fè antou tranteyen wa ki te peri.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jozye 12:1
Jos 12:1-6. The Two Kings Whose Countries Moses Took and Disposed of.
1. Now these are the kings of the land, which the children of Israel smote, and possessed their land on the other side Jordan--This chapter contains a recapitulation of the conquests made in the promised land, with the additional mention of some places not formerly noted in the sacred history. The river Arnon on the south and mount Hermon on the north were the respective boundaries of the land acquired by the Israelites beyond Jordan (see Nu 21:21-24; De 2:36; 3:3-16 [and see on De 2:24]).
Jozye 12:7
Jos 12:7-24. The One and Thirty Kings on the West Side of Jordan, Which Joshua Smote.
7. Baal-gad ... even unto ... Halak--(See on Jos 11:17). A list of thirty-one chief towns is here given; and, as the whole land contained a superficial extent of only fifteen miles in length by fifty in breadth, it is evident that these capital cities belonged to petty and insignificant kingdoms. With a few exceptions, they were not the scenes of any important events recorded in the sacred history, and therefore do not require a particular notice.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
