Jeremi 42
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lè sa a, tout chèf lame yo ansanm ak Jokanan, pitit Kareja a, ak Jezanya, pitit Ochaya a ak tout moun yo, gran kou piti, y' al bò kot pwofèt Jeremi, 2 yo di l' konsa: -Tanpri, fè sa n'ap mande ou la a. Lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou nou. Lapriyè pou ti rès moun ki chape yo. Paske, jan ou ka wè l' la, nou te anpil, koulye a se yon ti ponyen moun nou ye. 3 Mande Seyè a, Bondye ou la, pou l' fè nou konnen ki chimen pou n' pran, kisa pou n' fè. 4 Jeremi reponn yo: -Dakò. Mwen pral lapriyè Seyè a, Bondye nou an, jan nou mande m' lan. Apre sa, m'a fè nou konnen repons Seyè a ban nou. Mwen p'ap kache nou anyen. 5 Yo di Jeremi konsa: -Si nou pa fè tou sa Seyè a, Bondye ou la, va di ou pou nou fè, se pou Seyè a kanpe pou l' akize nou. Lè sa a, l'a gen rezon l' nan pla men l'. 6 Se nou menm ki mande ou pou lapriyè Seyè a pou nou. Kit sa fè nou plezi, kit sa pa fè nou plezi, se pou nou koute sa Seyè a, Bondye nou an, va di nou. Konsa, tout bagay va mache byen pou nou, si nou koute l'. 7 Dis jou apre, Seyè a bay Jeremi repons lan. 8 Jeremi rele Jokanan, pitit Karejak la, ak tout lòt chèf lame ki te avè l' yo ansanm ak tout pèp la, gran kou piti. 9 Li di yo: -Nou te voye m' al lapriyè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou m' te mande l' kichòy pou nou. Men repons li bay: 10 Si nou vle rete nan peyi sa a, m'ap mete nou kanpe ankò. Mwen p'ap kraze nou. M'ap fè nou pran rasin ankò, mwen p'ap dechouke nou. Paske malè mwen te voye sou nou an ban m' gwo lapenn. 11 Koulye a, nou pa bezwen tranble devan wa Babilòn lan. Nou pa bezwen pè l'. Se mwen menm, Seyè a, k'ap pale ak nou. Mwen la avèk nou pou sove nou, pou delivre nou anba men l'. 12 Paske mwen gen bon kè, m'a fè l' gen pitye pou nou, l'a kite nou tounen lakay nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 13 Jeremi di yo ankò: -Si nou pa koute sa Seyè a, Bondye nou an, fè nou konnen, si nou di: Non, nou p'ap rete nan peyi a! 14 Non! Se nan peyi Lejip nou pral viv, kote nou p'ap wè lagè, kote nou p'ap tande twonpèt k'ap bay siyal lagè a, kote nou p'ap soufri grangou. Se la pou n' al viv. 15 Enben, nou menm ti ponyen moun ki rete nan moun Jida yo, koute byen sa Seyè a di nou: Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la bay: Si nou soti vre pou nou ale nan peyi Lejip, si nou desann nan peyi sa a pou nou rete, 16 enben, lagè k'ap fè nou pè a ap rive jwenn nou jouk laba nan peyi Lejip la. Grangou k'ap ban nou tout tèt chaje sa yo pral swiv nou jouk laba a. N'ap mouri nan peyi Lejip. 17 Tout moun ki soti vre pou y' ale nan peyi Lejip pou yo ka rete viv la pral mouri nan lagè, grangou pral touye yo, move maladi ap fini ak yo nèt. Lè sa a, nou yonn p'ap chape anba malè m'ap voye sou nou an. 18 Wi! Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay ankò: Menm jan mwen te move anpil sou moun lavil Jerizalèm yo, se menm jan an tou m'ap move anpil sou nou si nou desann peyi Lejip. Konsa, moun va sezi wè nou, y'a vire tèt yo pou yo pa gade nou. Y'a pase nou nan betiz, y'a sèvi ak non nou pou bay madichon. Nou p'ap janm wè peyi sa a ankò. 19 Wi, men sa Seyè a voye fè nou konnen, nou menm ti ponyen ki rete nan peyi Jida a. Piga nou desann nan peyi Lejip. Mwen tou pale nou jòdi a. 20 Se pi gwo erè nou te fè. Lè nou te mande m' al lapriyè Seyè a, Bondye nou an, pou nou, nou te di m': Lapriyè li pou nou. W'a fè nou konnen tou sa l'a di ou, epi n'a fè l'. 21 Jòdi a, mwen fè nou konnen repons li, men nou pa vle koute anyen nan sa li voye m' di nou an. 22 Enben, konn sa byen, nou pral mouri nan lagè, grangou ap touye nou, move maladi ap fini ak nou nan peyi kote nou vle al rete a.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jeremi 42:2
Jr 42:1-22. The Jews and Johanan Inquire of God, through Jeremiah, as to Going to Egypt, Promising Obedience to His Will. Their Safety on Condition of Staying in Judea, and Their Destruction in the Event of Going to Egypt, Are Foretold. Their Hypocrisy in Asking for Counsel Which They Meant Not to Follow, if Contrary to Their Own Determination, Is Reproved.
2. Jeremiah--He probably was one of the number carried off from Mizpah, and dwelt with Johanan (Jr 41:16). Hence the expression is, "came near" (Jr 42:1), not "sent."
Let ... supplication be accepted--literally, "fall" (see on Jr 36:7; Jr 37:20).
pray for us--(Ge 20:7; Is 37:4; Jas 5:16).
thy God--(Jr 42:5). The Jews use this form to express their belief in the peculiar relation in which Jeremiah stood to God as His accredited prophet. Jeremiah in his reply reminds them that God is their God ("your God") as well as his as being the covenant people (Jr 42:4). They in turn acknowledge this in Jr 42:6, "the Lord our God."
few of many--as had been foretold (Le 26:22).
Jeremi 42:3
Jeremi 42:4
Jeremi 42:5
Jeremi 42:6
Jeremi 42:7
7. ten days--Jeremiah did not speak of himself, but waited God's time and revelation, showing the reality of his inspiration. Man left to himself would have given an immediate response to the people, who were impatient of delay. The delay was designed to test the sincerity of their professed willingness to obey, and that they should have full time to deliberate (De 8:2). True obedience bows to God's time, as well as His way and will.
Jeremi 42:10
10. If ye ... abide--namely, under the Babylonian authority, to which God hath appointed that all should be subject (Da 2:37, 38). To resist was to resist God.
build ... plant--metaphor for, I will firmly establish you (Jr 24:6).
I repent ... of the evil--(Jr 18:8; De 32:36). I am satisfied with the punishment I have inflicted on you, if only you add not a new offense [Grotius]. God is said to "repent," when He alters His outward ways of dealing.
Jeremi 42:12
12. show mercies--rather, I will excite (in him) feelings of mercy towards you [Calvin].
cause you to return--permit you to return to the peaceable enjoyment of the possessions from which you are wishing to withdraw through fear of the Chaldeans. By departing in disobedience they should incur the very evils they wished thereby to escape; and by staying they should gain the blessings which they feared to lose by doing so.
Jeremi 42:13
13. if ye say, &c.--avowed rebellion against God, who had often (De 17:16), as now, forbidden their going to Egypt, lest they should be entangled in its idolatry.
Jeremi 42:14
Jeremi 42:15
Jeremi 42:16
16. sword, which ye feared, shall overtake you--The very evils we think to escape by sin, we bring on ourselves thereby. What our hearts are most set on often proves fatal to us. Those who think to escape troubles by changing their place will find them wherever they go (Eze 11:8). The "sword" here is that of Nebuchadnezzar, who fulfilled the prediction in his expedition to Africa (according to Megasthenes, a heathen writer), 300 B.C.
Jeremi 42:17
Jeremi 42:18
Jeremi 42:19
19. I have admonished--literally, "testified," that is, solemnly admonished, having yourselves as My witnesses; so that if ye perish, ye yourselves will have to confess that it was through your own fault, not through ignorance, ye perished.
Jeremi 42:20
20. dissembled in your hearts--rather, "ye have used deceit against your (own) souls." It is not God, but yourselves, whom ye deceive, to your own ruin, by your own dissimulation (Ga 6:7) [Calvin]. But the words following accord best with English Version, ye have dissembled in your hearts (see on Jr 42:3) towards me, when ye sent me to consult God for you.
Jeremi 42:21
21. declared it--namely, the divine will.
I ... but ye--antithesis. I have done my part; but ye do not yours. It is no fault of mine that ye act not rightly.
Jeremi 42:22
22. sojourn--for a time, until they could return to their country. They expected, therefore, to be restored, in spite of God's prediction to the contrary.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
