Jeremi 43
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lè Jeremi fin di pèp la tou sa Seyè a, Bondye yo a, te voye l' di yo, ki vle di tout pawòl ki ekri pi wo a, 2 Azarya, pitit Ochaya a, Jokanan, pitit Kareyak la, ansanm ak tout lòt mesye awogan yo di Jeremi konsa: -Manti! Seyè a, Bondye nou an, pa kras voye ou di nou pa desann al rete nan peyi Lejip. 3 Se Bawouk, pitit Nerija a, k'ap moute tèt ou sou nou. Li ta renmen lage nou nan men moun Babilòn yo pou yo touye nou, pou yo depòte nou lavil Babilòn. 4 Se konsa, Jokanan, pitit Kareyak la, lòt chèf lame yo ansanm ak tout rès pèp la derefize koute pawòl Seyè a ki te di yo pou yo rete nan peyi Jida a. 5 Lè sa a, Jokanan ak tout lòt chèf lame yo pran dènye moun ki te rete nan peyi Jida a, yo pati. Yo mennen tout moun ki te kite lòt peyi kote yo te gaye yo pou tounen vin viv nan peyi Jida a, 6 fanm kou gason, tout timoun yo, tout pitit fi wa a. Yo mennen tout moun Neboucharadan, chèf lagad la, te kite avèk Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan. Yo pran pwofèt Jeremi ansanm ak Bawouk, pitit Nerija a, avèk yo tou. 7 Yo pa koute lòd Seyè a, yo rive jouk lavil Tapanès. 8 Antan yo te lavil Tapanès, Seyè a pale ak Jeremi, li di l' konsa: 9 -Pran kèk gwo wòch, antere yo nan mòtye pave ki devan pòt pou antre kay farawon an, lavil Tapanès. W'a fè l' pou moun peyi Jida yo wè ou ap fè l'. 10 Lèfini, w'a di yo: men mesaj Seyè ki gen pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Mwen pral voye chache sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, mwen pral enstale fotèy li a nan anplasman kote wòch yo antere isit la. Se la l'a moute tant li a anwo yo. 11 Lè l'a rive, l'ap kraze peyi Lejip. Moun ki pou mouri anba move maladi va mouri, moun yo gen pou depòte yo, y'a depòte yo, moun pou l' fè touye yo, l'a fè touye yo. 12 L'a mete dife nan kay tout bondye moun peyi Lejip yo. L'ap boule bondye moun Lejip yo osinon l'a pran yo, l'a pote yo ale avè l'. Menm jan yon gadò mouton netwaye dènye vèmen ki nan rad li, konsa tou wa a pral piye peyi Lejip la kite l' blanch. Lèfini, l'ap vire do l' san pesonn pa di l' anyen. 13 L'ap kraze tout gwo moniman wòch lavil Eliopolis nan peyi Lejip, l'ap boule tout kay zidòl peyi Lejip yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jeremi 43:1
Introduction
The leading men, discrediting Jeremiah's prophecy, carry the people into Egypt, Jer 43:1-7. Jeremiah, by a type, foretells the conquest of Egypt by Nebuchadnezzar, Jer 43:8-13. This mode of conveying instruction by actions was very expressive, and frequently practiced by the prophets. The image of Nebuchadnezzar arraying himself with Egypt, as a shepherd puts on his garment, is very noble. Egypt at this time contended with Babylon for the empire of the east; yet this mighty kingdom, when God appoints the revolution, shifts its owner with as much ease as a shepherd removes his tent or garment, which the new proprietor has only to spread over him. See Jer 43:12.
Jeremi 43:2-5
Verse 2
Thou speakest falsely - They had no other color for their rebellion than flatly to deny that God had spoken what the prophet related.
Jeremi 43:6
Verse 6
Men, and women, and children, and the king's daughters - See the note on Jer 41:10 (note). It is truly surprising that the Chaldeans should have left behind any of the royal family of Judah! But,
1. Perhaps they knew not there were any.
2. If they did know, they might think, being children of concubines, they could not inherit. Or,
3. That being females, they were not eligible. And they had taken care to seize all Zedekiah's sons, and slay them before his eyes.
Jeremi 43:7-8
Verse 7
Came they even to Tahpanhes - This city was called Daphne by the Greeks, and was situated at the extremity of Lower Egypt, near to Heliopolis. It was called Daphne Pelusiaca. They halted at this place, most probably for the purpose of obtaining the king's permission to penetrate farther into Egypt. It was at this place that, according to St. Jerome, tradition says the faithful Jeremiah was stoned to death by these rebellious wretches; for whose welfare he had watched, prayed, gone through many indignities, and suffered every kind of hardship. And now he sealed the truth of his Divine mission with his blood.
Jeremi 43:9-10
Verse 9
Take great stones - This discourse seems to have been delivered about a year after the destruction of Jerusalem. They pretended that they dared not stay in Judea for fear of the Chaldeans. The prophet here assures them that Nebuchadnezzar shall come to Egypt, extend his conquests in that kingdom, and place his tent over the very place where these stones were laid up, and destroy them. How these prophecies were fulfilled, see at the end of Jer 44:30 (note).
Jeremi 43:11
Verse 11
Such as are for death to death - See the note on Jer 15:2.
Jeremi 43:12
Verse 12
He shall burn them, and carry them away captives - Some of these gods, such as were of wood, he will burn; those of metal he will carry away. Some of them were of gold. See below.
Shall array himself with the land of Egypt - Shall take all its wealth, and all its grandeur; shall take all its spoils.
As a shepherd putteth on his garment - With as much ease, and with as little opposition; and with as full a confidence that it is now his own.
He shall go forth from thence in peace - He shall suffer no interruption, nor endure any disaster in his return from his Egyptian expedition. See the proof of all this in the notes at the end of Jer 44:30 (note).
Jeremi 43:13
Verse 13
He shall break also the images of Beth-shemesh - בית שמש beith shemesh is, literally, the house or temple of the sun; which was worshipped here, and whose images are said to have been of solid gold. These Nebuchadnezzar was to break and carry away; and the houses of the gods - all the temples of Egypt, he was to burn with fire. Beth-shemesh is the same as Heliopolis.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
