Jeremi 35

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Seyè a pale ak Jeremi ankò, lè sa a se Jojakim, pitit Jozyas, ki te wa peyi Jida. Li di l' konsa: 2 -Al jwenn moun branch fanmi Rekab yo. Pale ak yo. Fè yo vini ak ou nan yonn nan pyès chanm Tanp lan. Lè y'a rive la, w'a ba yo diven bwè. 3 Se konsa Jeremi al chache tout branch fanmi Rekab yo, depi Jazanya, pitit gason Imeja, ki te pitit Abasinya, ansanm ak tout frè l' yo ak tout pitit gason yo. 4 Li mennen yo nan tanp lan. Li fè yo antre nan pyès chanm yo te bay patizan pwofèt Anan, pitit Igdalya a. Pyès chanm sa a te kole kole ak chanm chèf tanp yo, li te anwo pyès chanm ki pou Maseya, pitit gason Chaloum lan, prèt ki te reskonsab veye pòtay tanp lan. 5 Apre sa, Jeremi mete gwo ja plen diven ak gode devan moun Rekab yo. Li di yo: -Bwè diven non! 6 Men yo reponn li: -Nou pa bwè diven non. Paske zansèt nou, Jonadab, pitit Rekab la, te ban nou lòd sa yo: Pa janm bwè diven, ni nou, ni pitit nou yo. 7 Pa janm bati kay, pa janm travay latè, pa janm plante rezen, pa janm achte bagay konsa non plis. N'a pase tout lavi nou anba tant. Konsa, n'a rete lontan nan peyi ki pa pou nou an. 8 Nou toujou obeyi lòd zansèt nou, Jonadab, pitit Rekab, te ban nou. Nou pa janm bwè diven nan vi nou, ni nou menm, ni madanm nou, ni pitit gason ak pitit fi nou yo. 9 Nou pa bati kay pou nou rete. Nou pa gen pye rezen. Nou pa gen jaden pou n' plante. 10 Se anba tant nou rete. Konsa, nou toujou fè tou sa Jonadab, zansèt nou, te ban nou lòd fè a. 11 Men, lè Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, anvayi peyi a, nou yonn di lòt: Ann antre lavil Jerizalèm pou nou chape anba lame moun Babilòn yo ak lame moun peyi Siri yo. Se konsa nou vin rete lavil Jerizalèm. 12 Lè sa a Seyè a pale ak Jeremi. 13 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di l': -Ale jwenn moun peyi Jida yo ansanm ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo, w'a di yo: Poukisa yo pa pran leson sou moun Rekab yo, pou yo fè sa mwen di yo fè. Se mwen menm Seyè a k'ap mande yo sa. 14 Jonadab, pitit Rekab la, te bay lòd pou pitit li yo pa janm bwè diven. Jouk jounen jòdi a yo pa janm bwè diven. Yo swiv lòd zansèt yo te ba yo a. Men nou menm, mwen pa janm sispann avèti nou. Nou pa janm koute m'. 15 Mwen pa janm sispann voye sèvitè m' yo, pwofèt yo, vin di nou: Manyè kite move pant n'ap swiv yo. Manyè fè sa ki dwat! Pa kouri dèyè lòt bondye pou nou sèvi yo. Konsa, n'a rete nan peyi mwen te bay pou zansèt nou yo ansanm ak nou an. Men, nou pa koute m'. 16 Pitit Jonadab yo te fè tou sa zansèt yo te mande yo fè, men nou menm moun Jida yo, nou pa vle koute m'. 17 Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di nou: Mwen pral voye sou moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo malè mwen te di m'ap voye a. Paske mwen te pale nou, nou pa koute m'. Mwen rele nou, nou pa reponn mwen. 18 Apre sa, Jeremi di moun Rekab yo: -Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di nou: Nou te swiv lòd zansèt nou, Jonadab, te ban nou an. Nou te fè tou sa li te mande nou fè, tout lòd li te ban nou yo. 19 Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di: Va toujou gen yon gason nan fanmi Jonadab, pitit Rekab la, pou sèvi mwen.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jeremi 35:2

Jr 35:1-19. Prophecy in the Reign of Jehoiakim, when the Chaldeans, in Conjunction with the Syrians and Moabites, Invaded Judea.

By the obedience of the Rechabites to their father, Jeremiah condemns the disobedience of the Jews to God their Father. The Holy Spirit has arranged Jeremiah's prophecies by the moral rather than the chronological connection. From the history of an event fifteen years before, the Jews, who had brought back their manumitted servants into bondage, are taught how much God loves and rewards obedience, and hates and punishes disobedience.

2. Rechabites--a nomadic tribe belonging to the Kenites of Hemath (1Ch 2:55), of the family of Jethro, or Hobab, Moses' father-in-law (Ex 18:9, &c.; Nu 10:29-32; Jud 1:16). They came into Canaan with the Israelites, but, in order to preserve their independence, chose a life in tents without a fixed habitation (1Sa 15:6). Besides the branch of them associated with Judah and extending to Amalek, there was another section at Kadesh, in Naphtali (Jud 4:11, 17). They seem to have been proselytes of the gate, Jonadab, son of Rechab, whose charge not to drink wine they so strictly obeyed, was zealous for God (2Ki 10:15-23). The Nabatheans of Arabia observed the same rules [Diodorus Siculus, 19.94].

bring ... into ... house of ... Lord--because there were suitable witnesses at hand there from among the priests and chief men, as also because he had the power immediately to address the people assembled there (Jr 35:13). It may have been also as a reproof of the priests, who drank wine freely, though commanded to refrain from it when in the discharge of their duties [Calvin].

chambers--which were round about the temple, applied to various uses, for example, to contain the vestments, sacred vessels, &c.

Jeremi 35:3

3. Jaazaniah--the elder and chief of the clan.

Jeremi 35:4

4. man of God--a prophet (De 33:1; 1Sa 2:27; 1Ki 12:22; 2Ki 4:7), also "a servant of God" in general (1Ti 6:11), one not his own, but God's; one who has parted with all right in himself to give himself wholly to God (2Ti 3:17). He was so reverenced that none would call in question what was transacted in his chamber.

keeper of the door--Hebrew, "of the vessel." Probably the office meant is that of the priest who kept in charge the capitation money paid for the use of the temple and the votive offerings, such as silver vessels, &c. There were seven such keepers [Grotius]. Compare 2Ki 12:9; 25:18; 1Ch 9:18, 19, which support English Version.

I said ... Drink--Jeremiah does not say, The Lord saith, Drink: for then they would have been bound to obey. Contrast the case in 1Ki 13:7-26.

Jeremi 35:6

6. Jonadab ... our father--that is, forefather and director, three hundred years before (2Ki 10:15). They were called Rechabites, not Jonadabites, having received their name from Rechab the father, previously to their adopting the injunctions of Jonadab his son. This case affords no justification for slavish deference to the religious opinions of the Christian fathers: for Jonadab's injunction only affected matters of the present life; moreover, it was not binding on their consciences, for they deemed it not unlawful to go to Jerusalem in the invasion (Jr 35:11). What is praised here is not the father's injunction, but the obedience of the sons [Calvin].

Jeremi 35:7

7. tents--(Jud 4:17).

live many days--according to the promise connected with the fifth commandment (Ex 20:12; Ep 6:2, 3).

strangers--They were not of the stock of Jacob, but sojourners in Israel. Types of the children of God, pilgrims on earth, looking for heaven as their home: having little to lose, so that losing times cost them little alarm; sitting loose to what they have (He 10:34; 11:9, 10, 13-16).

Jeremi 35:8

8. all that he ... charged us ... all our days, we ... wives ... sons ... daughters--unreserved obedience in all particulars, at all times, and on the part of all, without exception: in these respects Israel's obedience to God was wanting. Contrast 1Sa 15:20, 21; Psa 78:34-37, 41, 56, 57.

Jeremi 35:11

11. Chaldeans ... Syrians--when Jehoiakim revolted from Nebuchadnezzar (2Ki 24:1, 2). Necessity sets aside all other laws. This is the Rechabites' excuse for their seeming disobedience to Jonadab in temporarily settling in a city. Herein was seen the prescient wisdom of Jonadab's commands; they could at a moment's notice migrate, having no land possessions to tie them.

Jeremi 35:14

14. obey ... father's commandment: notwithstanding I--(Mal 1:6).

rising early and speaking--God Himself speaking late and early by His various ways of providence and grace.

Jeremi 35:15

15. In Jr 35:15 and in 2Ch 36:15, a distinct mode of address is alluded to, namely, God sending His servants. (Jr 18:11; 25:5, 6). I enjoined nothing unreasonable, but simply to serve Me, and I attached to the command a gracious promise, but in vain. If Jonadab's commands, which were arbitrary and not moral obligations in themselves, were obeyed, much more ought Mine, which are in themselves right.

Jeremi 35:17

17. because I have spoken ... not heard ... I ... called ... not answered--(Pr 1:24; Is 65:12).

Jeremi 35:19

19. not want a man to stand before me--There shall always be left representatives of the clan to worship Me (Jr 15:1, 19); or, "before Me" means simple existence, for all things in existence are in God's sight (Psa 89:36). The Rechabites returned from the captivity. Wolff found traces of them in Arabia.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.