Kòmanse

Jeremi 36

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Seyè a pale ak Jeremi ankò. Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas la, t'ap mache sou katran depi li te wa peyi Jida. Men sa Seyè a te di Jeremi: 2 -Pran yon woulo papye. W'a kouche sou li tou sa mwen te di ou sou peyi Izrayèl la, sou peyi Jida a ak sou tout lòt nasyon yo. W'a ekri tout mesaj mwen te ba ou, depi sou rèy wa Jozyas rive jouk jòdi a. 3 Ou pa janm konnen, lè moun peyi Jida yo va tande tout malè mwen fè lide voye sou yo, y'a konprann, y'a manyè kite move pant y'ap swiv la. Lè sa a, m'a padonnen tout mechanste ak peche yo te fè yo. 4 Se konsa, Jeremi rele Bawouk, pitit gason Nerija a, li dikte l' tout mesaj Seyè a te ba li epi Bawouk ekri yo nan woulo liv la. 5 Apre sa, Jeremi bay Bawouk lòd sa yo: -Yo defann mwen antre nan tanp Seyè a. Mwen pa ka mete pye m' la. 6 Men ou menm, ou prale nan tanp lan jou pou pèp la fè jèn lan. Ou pral li nan woulo liv ou te ekri a tou sa mwen te dikte ou la, tout mesaj Seyè a te bay yo. Ou pral li l' byen fò pou tout moun ki nan tanp lan ka tande, pou moun ki soti nan lavil peyi Jida yo ka tande tou. 7 Ou pa janm konnen, yo ka pran lapriyè nan pye Bondye, y'a manyè kite move pant yo t'ap swiv la. Paske Seyè a fè yo konnen li move anpil, li fache anpil sou pèp la. 8 Bawouk, pitit Nerija a, fè tou sa Jeremi te ba li lòd fè a. Li kanpe nan mitan Tanp lan, li li mesaj Seyè yo ki te nan liv la. 9 Se te nan nevyèm mwa senkyèm lanne rèy Jojakim, pitit Jozyas la, yo te bay lòd pou tout moun lavil Jerizalèm yo ansanm ak tout moun ki te soti nan lavil peyi Jida yo epi ki te nan lavil Jerizalèm lan pou yo fè yon sèvis jèn pou mande Seyè a gras. 10 Lè sa a, Bawouk pran liv mesaj Jeremi yo, li li l' nan tanp lan pou tout moun ka tande. Li te kanpe devan pyès chanm Gemarya, pitit gason Chafan an, ki te sekretè tanp lan. Chanm lan te bay sou gwo lakou anwo a, toupre kote yo pase pou antre nan Pòtay Nèf Tanp Seyè a. 11 Miche, pitit Gemarya a, pitit pitit Chafan an, te tande tout mesaj Seyè yo ki te ekri nan liv la. 12 Apre sa, li ale lakay wa a, nan biwo sekretè wa a, kote li jwenn tout gwo chèf yo reyini ap travay. Te gen Elichama, sekretè palè a, Delaya, pitit gason Chemaya, Elnatan, pitit Achbò, Gemarya, pitit Chafan, Zedekya, pitit Ananya, ak tout lòt gwo chèf yo. 13 Miche di yo tou sa li te sot tande Bawouk ap li nan zòrèy pèp la. 14 Lè sa a, gwo chèf yo voye Jeoudi bò kot Bawouk. Jeoudi sa a, se te pitit Netanya, pitit pitit Chelemya, pitit pitit pitit Kouchi. li al di Bawouk pou li pote woulo liv li te li nan zòrèy pèp la bay chèf yo. Bawouk pote woulo liv la ba yo. 15 Yo di l' konsa: -Chita la, li l' pou nou tande. Bawouk li liv la pou yo. 16 Lè yo tande tou sa ki te nan liv la, yo vin pè. Yonn pran gade lòt, epi yo di: -Se pou n' al fè wa a konnen bagay sa yo. 17 Lèfini, yo mande Bawouk: -Mangè di nou ki jan ou te fè ka ekri tout bagay sa yo. Se Jeremi ki te dikte ou yo? 18 Bawouk reponn yo: -Se Jeremi menm ki te dikte tout mesaj sa yo. Mwen menm, mwen kouche yo sou woulo liv la ak lank. 19 Lè sa a, chèf yo di Bawouk: -Al kache tande, ou menm ansanm ak Jeremi. Pa kite pyès moun konnen kote nou ye. 20 Chèf yo kite woulo liv la lakay Elichama, sekretè palè a, y' ale nan lakou palè a, y' al rapòte wa a tout bagay. 21 Lè sa a atò, wa a voye Jeoudi al chache woulo liv la lakay Elichama, sekretè a. Jeoudi pote liv la vini. Li tanmen li li byen fò pou wa a ansanm ak lòt chèf ki te kanpe bò wa a. 22 Se te nan sezon fredi, nan nevyèm mwa a, wa a te nan kay kote li konn pase tan fredi a, li te chita devan yon gwo recho dife tou limen. 23 Chak fwa Jeoudi te fin li twa ou kat kolonn nan liv la, wa a koupe yo ak yon ti kouto epi li jete yo nan dife a. Konsa konsa, jouk li boule tout woulo liv la. 24 Men, ni wa a ni chèf li yo pa t' gen kè kase, ni yo pa t' fè anyen pou moutre yo te nan lapenn lè yo tande tou sa ki te nan woulo liv la. 25 Elnatan, pitit Delaja, ak Gemarya te lapriyè nan pye wa a pou li pa t' boule woulo liv la. Men, wa a pa koute yo. 26 Okontrè, li pale ak Jerakmeyèl, pitit li a, ansanm ak Seraja, pitit Azryèl la, ak Chelemya, pitit Abdeyèl la. Li ba yo lòd pou yo arete pwofèt Jeremi ansanm ak Bawouk, sekretè l' la. Men Seyè a pa kite yo jwenn yo. 27 Apre wa a te fin boule woulo liv ki te gen tout mesaj Jeremi te dikte Bawouk la, Seyè a pale ak Jeremi ankò. Li di l' konsa: 28 -Al chache yon lòt woulo papye. Ekri tou sa ki te nan premye woulo Jojakim, wa peyi Jida a, te boule a. 29 Lèfini, men sa w'a di sou Jojakim, wa Jida a. Seyè a pale, li di konsa: Ou boule woulo liv la, pa vre? Epi ou mande Jeremi poukisa li te ekri wa Babilòn lan gen pou l' vini pou l' kraze peyi a, pou l' touye dènye moun ak dènye bèt ki ladan l'. 30 Se poutèt sa, koulye a, men mesaj mwen menm Seyè a m'ap bay sou Jojakim, wa peyi Jida a: p'ap janm gen yonn nan pitit li yo ki pou chita sou fotèy David la pou gouvènen nan plas li. Kadav li pral rete atè konsa, pou chalè solèy bat li lajounen, pou fredi bat li lannwit. 31 M'ap pini yo, ni li menm ni pitit li yo, ni chèf li yo pou tou sa yo fè ki mal. Ni yo, ni moun lavil Jerizalèm yo, ni moun peyi Jida yo pa t' koute m' lè mwen t'ap avèti yo. M'ap voye sou yo malè mwen te di m'ap voye a. 32 Se konsa Jeremi pran yon lòt woulo liv. Li bay Bawouk, sekretè li a, pitit Nerija a. Bawouk menm ekri tou sa Jeremi te di l'. Li ekri tout mesaj ki te nan premye woulo liv wa Jojakim te boule a, ansanm ak anpil lòt mesaj menm jan ak premye yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jeremi 36:1

Introduction

God commands Jeremiah to write down in one roll or volume all the predictions he had uttered against Israel and Judah, and all the surrounding nations, from the day of his vocation to the prophetic office, that the house of Judah might have abundant warning of the dreadful calamities with which their country was about to be visited, if not prevented by a timely repentance, Jer 36:1-3. The prophet employs Baruch the scribe, the son of Neriah, to write from his mouth all the words of the Lord, and then to read them publicly upon a fast day in the Lord's house, Jer 36:4-8. A general fast is proclaimed in the following year, viz., the fifth year of the reign of Jehoiakim; upon which occasion Baruch, in obedience to the prophet's command, reads the words of Jeremiah to all the people at the entry of the new gate of the temple, Jer 36:9, Jer 36:10. The princes, hearing of this, send for Baruch, who reads the roll to them; at the contents of which they are greatly alarmed, and solemnly resolve to give information to the king, at the same time advising both the prophet and his scribe to hide themselves, Jer 36:11-19. Jehoiakim likewise having sent for the roll, Jehudi reads to him a part; and then the king, though advised to the contrary by some of has princes, having cut the leaves, throws the whole into the fire, Jer 36:20-25, and orders Jeremiah and Baruch to be seized; but they could not be found, because a special providence of God had concealed them, Jer 36:26. Jeremiah is commanded to re-write his prophecies, and to denounce the judgments of God against the king who had destroyed the first roll, Jer 36:27-31. Baruch accordingly writes from the mouth of Jeremiah a new copy, with numerous additions, Jer 36:32.

Verse 1

And it came to pass in the fourth year - About the end of this year, see Jer 36:9. This discourse also bears its own date, and was probably delivered at a time when the people enjoyed peace, and were about to celebrate one of their annual fasts.

Jeremi 36:2

Verse 2

Take thee a roll of a book - Take a sufficient quantity of parchment; cut and stitch it together, that it may make a roll on which to write the words that I have already spoken, that they may serve for a testimony to future generations. The Jewish rolls, several of which now lie before me, were made of vellum, or of sheep-skins dressed in the half-tanned or Basil manner. These were cut into certain lengths, and those parts were all stitched together, and rolled upon a roller. The matter was written on these skins in columns or pages. Sometimes two rollers are used, that as the matter is read from the roll in the left hand, the reader may coil it on the roller in his right. In this form the Pentateuch is written which is read in the synagogues.

Jeremi 36:3

Verse 3

It may be that the house of Judah will hear - It was yet possible to avert the judgments which had been so often denounced against them. But in order to this they must -

1. Hear what God has spoken.

2. Every man turn from his evil way.

3. If they do so, God graciously promises to forgive their iniquity and their sin.

Jeremi 36:4-5

Verse 4

Then Jeremiah called Baruch - This man, so useful to the prophet, and so faithfully attached to him, was by office a scribe; which signifies, not only a writer, but also a man in office; a chancellor, secretary, etc., a learned man; one acquainted with laws and customs.

Jeremi 36:6

Verse 6

Upon the fasting day - A day when multitudes of people would be gathered together from all parts to implore the mercy of God. This was a favorable time to read these tremendous prophecies.

Jeremi 36:7-8

Verse 7

Present their supplication - "Let their supplication fall," that they may fall down before God, and deplore their sins.

Jeremi 36:9

Verse 9

In the ninth month - Answering to a part of our December.

Jeremi 36:10-16

Verse 10

In the chamber of Gemariah - He was one of the princes of Judah. See Jer 36:12.

Jeremi 36:17-18

Verse 17

How didst thou write all these words? - At his mouth? - So the text should be pointed. They wished to know whether he had not copied them, or whether he wrote as Jeremiah prophesied.

Jeremi 36:19-21

Verse 19

Go, hide thee, thou and Jeremiah - They saw that the king would be displeased, and most probably seek their lives; and as they believed the prophecy was from God, they wished to save both the prophet and his scribe; but they were obliged to inform the king of what they had heard.

Jeremi 36:22

Verse 22

Winterhouse - A warm apartment suited to the season of the year, (December), when in Palestine there is often snow upon the ground, though it does not last long. A fire on the hearth - a pan or brazier of burning coals. This is the case to the present day. In cold weather the rich burn wood in brass or earthen pans, placed in any part of the room; the indigent burn sticks on the floor.

Jeremi 36:23-24

Verse 23

When Jehudi had read three or four leaves - Rather columns; for the law, and the sacred Hebrew Books, are written in columns of a certain breadth. דלתות delathoth, signifies gates or openings between column and column, or between section and section.

He cut it with the penknife - בתער הספר bethaar hassopher, "the knife of the scribe," properly enough penknife.

And cast it into the fire - To show his contempt for God's words.

Jeremi 36:25

Verse 25

Elnathan and Delaiah and Gemariah - Three of the princes wished to save the roll, and entreated the king that it might not be burnt. They would have saved it out of the fire, but the king would not permit it to be done.

Jeremi 36:26-27

Verse 26

But the Lord hid them - They had, at the counsel of some of the princes hidden themselves, Jer 36:19. And now, though a diligent search was made, the Lord did not permit them to be found.

Jeremi 36:28-29

Verse 28

Take thee again another roll - There was no duplicate of the former preserved; and now God inspired the prophet with the same matter that he had given him before; and there is to be added the heavy judgment that is to fall on Jehoiakim and his courtiers.

Jeremi 36:30-31

Verse 30

He shall have none to sit upon the throne of David - He shall have no successor and himself shall have an untimely end, and shall not even be buried, but his body be exposed to the open air, both night and day. He who wishes to hide his crimes, or take away the evidence which is against him, adds thereby to his iniquities, and is sure in consequence to double his punishment. See the threatening against Jehoiakim, Jer 22:19 (note), and the note there.

Jeremi 36:32

Verse 32

There were added - many like words - All the first roll, with many other threatening and perhaps more minute declarations which were merely of a temporary importance and local application; and the Holy Spirit did not think proper to record them here.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.