Jeremi 33
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Jeremi te nan prizon toujou nan lakou palè kote gad yo ye a lè Seyè a pale avè l' ankò. Li di l': 2 -Se mwen menm ki fè latè a, ki ba li fòm, ki kenbe l' nan plas li. Se mwen menm yo rele Seyè a. Men sa mwen di: 3 Rele m', m'a reponn ou. M'a fè ou konnen yon bann gwo bagay, yon bann mèvèy ou pa t' janm konnen. 4 Wi, men sa mwen menm, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di sou kay lavil Jerizalèm yo, sou kay wa peyi Jida yo, ki fin kraze paske moun Babilòn yo sènen lavil la, y'ap atake l'. 5 Gen moun ki soti pou kenbe tèt ak moun Babilòn yo. Moun sa yo lakòz kay yo pral plen kadav moun mwen pral touye tèlman mwen fache, tèlman mwen move. Mwen p'ap okipe lavil Jerizalèm ankò paske moun li yo fè twòp mechanste. 6 Men, mwen pral ba yo renmèd pou yo sa gaya. M'ap geri yo. M'ap fè yo konnen jan sa bon lè moun viv ak kè poze san ankenn danje. 7 M'ap fè peyi Izrayèl ak peyi Jida kanpe ankò. Zafè yo pral mache tankou nan tan lontan. 8 M'ap mete yo nan kondisyon pou yo sèvi m', m'ap wete tout peche yo te fè kont mwen yo. M'ap padonnen tou sa yo te fè ki mal lè yo t'ap fè wòklò avè m' lan. 9 Lè sa a, lavil Jerizalèm pral fè kè m' kontan. Li pral sèvi yon lwanj pou mwen, yon bèl bagay devan tout lòt nasyon ki sou latè. Lè y'a konnen tout byen mwen pral fè pou moun Jerizalèm yo, lè y'a wè tout bèl bagay m'a fè pou yo, y'a tranble tèlman y'a pè, y'a sezi. 10 Seyè a di ankò: Y'ap di peyi a tounen yon dezè, pa gen moun, pa gen bèt ladan l'. Se vre wi. Lavil peyi Jida yo, tout lari lavil Jerizalèm blanch: ou pa jwenn ni moun, ni bèt ladan yo. Men nan peyi a y'a tande ankò 11 vwa moun k'ap pran plezi yo, moun ki gen kè kontan. Y'a tande mizik pou moun k'ap marye yo. Y'a tande moun k'ap chante lè y'ap pote ofrann pou di Bondye mèsi nan tanp Seyè a. Y'a di: Lwanj pou Seyè ki gen tout pouvwa a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Wi, m'ap fè peyi a kanpe ankò jan l' te ye anvan an. Se Seyè a ki di sa. 12 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Nan peyi sa a ki fini, peyi kote ou pa jwenn ni moun ni bèt la nan tout lavil yo, va gen kote pou gadò mouton yo mennen mouton yo al manje. 13 Nan lavil ki nan mòn yo, nan lavil ki nan plenn yo bò lanmè a ak nan sid peyi a, nan tout peyi Benjamen an, nan tout ti bouk nan vwazinaj Jerizalèm yo, nan tout lavil Jida yo, gadò mouton yo va fè mouton pase devan yo yonn apre lòt pou konte yo. Se Seyè a menm ki di sa. 14 Seyè a di ankò: Yon jou pral vini, mwen pral kenbe pwomès mwen te fè moun Izrayèl yo ansanm ak moun Jida yo. 15 Jou sa a, lè sa a, m'a fè yon nonm soti nan fanmi David la pou gouvènen yo. Se va yon wa ki va fè sa ki dwat, ki p'ap nan patipri. 16 Lè sa a, moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo va sove, y'a viv san kè sote. Y'a rele lavil Jerizalèm Seyè a, Delivrans nou an. 17 Seyè a di ankò: Va toujou gen yon wa ki soti nan fanmi David la pou gouvènen peyi Izrayèl la. 18 Va toujou gen prèt nan fanmi Levi a pou sèvi m' nan tanp lan, pou boule ofrann nan dife pou mwen, pou fè ofrann grenn jaden ak lòt ofrann bèt pou mwen chak jou. 19 Seyè a pale ak Jeremi ankò, li di l': 20 -Mwen pase yon kontra ak lajounen, yon kontra ak lannwit pou yo toujou rive lè pou yo rive a. Eske nou ka kraze kontra sa yo? Non. 21 Enben, konsa tou, mwen siyen yon kontra ak David, sèvitè m' lan, pou toujou gen yonn nan pitit li yo chita sou fotèy wa a nan peyi a. Mwen siyen yon kontra ak moun Levi yo ansanm ak prèt k'ap sèvi m' yo. Kontra sa yo p'ap janm kase. 22 Mwen pral fè fanmi David, sèvitè m' lan, peple. Mwen pral fè moun Levi k'ap sèvi m' yo peple sitèlman yo p'ap ka konte kantite ki genyen. Y'ap tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè. 23 Seyè a pale ak Jeremi ankò, li di l': 24 -Ou tande jan moun yo ap di mwen voye moun Izrayèl yo ak moun Jida yo jete, de fanmi mwen menm mwen te chwazi pou mwen yo! Se konsa y'ap meprize pèp mwen an. Yo pa konsidere l' tankou yon nasyon ankò. 25 Men sa mwen menm Seyè a, mwen di: Mwen fè yon kontra ak lajounen, mwen fè yon kontra ak lannwit. Mwen bay regleman jan pou tout bagay nan syèl la ak sou latè a mache. 26 Menm jan m'ap toujou kenbe kontra sa yo, konsa tou m'ap toujou kenbe pawòl mwen ak pitit Jakòb yo, mwen p'ap janm voye pitit pitit David, sèvitè m' lan, jete. M'ap toujou chwazi yonn nan fanmi David la pou gouvènen moun ki soti nan ras Abraram, Izarak ak Jakòb yo. Wi, m'a gen pitye pou yo, m'a fè yo kanpe ankò.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jeremi 33:1
Jr 33:1-26. Prophecy of the Restoration from Babylon, and of Messiah as King and Priest.
1. shut up--(Jr 32:2, 3; 2Ti 2:9). Though Jeremiah was shut up in bondage, the word of God was "not bound."
Jeremi 33:2
2. maker thereof--rather, "the doer of it," namely, that which Jeremiah is about to prophesy, the restoration of Israel, an act which is thought now impossible, but which the Almighty will effect.
formed it--namely, Jerusalem (Jr 32:44) [Calvin]. Rather, "that formed," that is, moulds His purpose into due shape for execution (Is 37:26).
Jeremi 33:3
3. Call ... I will answer--(Jr 29:12; Psa 91:15). Jeremiah, as the representative of the people of God, is urged by God to pray for that which God has determined to grant; namely, the restoration. God's promises are not to slacken, but to quicken the prayers of His people (Psa 132:13, 17; Is 62:6, 7).
mighty things--Hebrew, "inaccessible things," that is, incredible, hard to man's understanding [Maurer], namely, the restoration of the Jews, an event despaired of. "Hidden," or "recondite" [Piscator].
thou knowest not--Yet God had revealed those things to Jeremiah, but the unbelief of the people in rejecting the grace of God had caused him to forget God's promise, as though the case of the people admitted of no remedy.
Jeremi 33:4
4. houses ... thrown down by the mounts--namely, by the missiles cast from the besiegers' mounds (Jr 32:24); "and by the sword" follows properly, as, after missiles had prepared the way, the foe next advanced to close quarters "with the sword."
Jeremi 33:5
5. They--the Jews; the defenders of the "houses" (Jr 33:4), "come forward to fight with the Chaldeans," who burst into the city through the "thrown-down houses," but all the effect that they produce "is, to fill them (the houses) with" their own "dead bodies."
Jeremi 33:6
Jeremi 33:7
Jeremi 33:8
8. cleanse--(Eze 36:25; Zec 13:1; He 9:13, 14). Alluding to the legal rites of purification.
all their iniquity ... all their iniquities--both the principle of sin within, and its outward manifestations in acts. The repetition is in order that the Jews may consider how great is the grace of God in not merely pardoning (as to the punishment), but also cleansing them (as to the pollution of guilt); not merely one iniquity, but all (Mi 7:18).
Jeremi 33:9
9. it--the city.
a name ... a praise--(Jr 13:11; Is 62:7).
them--the inhabitants of Jerusalem.
they shall fear ... for all the goodness--(Psa 130:4). The Gentiles shall be led to "fear" God by the proofs of His power displayed in behalf of the Jews; the ungodly among them shall "tremble" for fear of God's judgments on them; the penitent shall reverentially fear and be converted to Him (Psa 102:15; Is 60:3).
Jeremi 33:10
10. ye say ... desolate--(Jr 32:43).
Jeremi 33:11
Jeremi 33:12
Jeremi 33:13
Jeremi 33:14
14. perform--"I will make to rise"; God's promise having for a time seemed to "lie" dead and abortive [Calvin].
Jeremi 33:15
Jeremi 33:16
16. Jerusalem--In Jr 23:6, instead of this, it is "Israel." "The name" in the Hebrew has here to be supplied from that passage; and for "he" (Messiah, the antitypical "Israel"), the antecedent there (Is 49:3), we have "she" here, that is, Jerusalem. She is called by the same name as Messiah, "The Lord Our Righteousness," by virtue of the mystical oneness between her (as the literal representative of the spiritual Church) and her Lord and Husband. Thus, whatever belongs to the Head belongs also to the members (Ep 5:30, 32). Hence, the Church is called "Christ" (Ro 16:7; 1Co 12:12). The Church hereby professes to draw all her righteousness from Christ (Is 45:24, 25). It is for the sake of Jerusalem, literal and spiritual, that God the Father gives this name (Jehovah, Tsidkenu, "The Lord our Righteousness") to Christ.
Jeremi 33:17
Jeremi 33:18
Jeremi 33:20
Jeremi 33:22
22. (Ge 15:5; 22:17). The blessing there promised belonged to all the tribes; here it is restricted to the family of David and the tribe of Levi, because it was on these that the welfare of the whole people rested. When the kingdom and priesthood flourish in the person of Messiah, the whole nation shall temporally and spiritually prosper.
Jeremi 33:24
24. this people--certain of the Jews, especially those who spoke with Jeremiah in the court of the prison (Jr 32:12; 38:1).
the two families--Judah and Israel.
before them--in their judgment. They suppose that I have utterly cast off Israel so as to he no more a nation. The expression, "My people," of itself, shows God has not cast off Israel for ever.
Jeremi 33:25
Jeremi 33:26
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
