Jeremi 32
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a pale ak Jeremi yon lòt fwa ankò. Lè sa a Sedesyas te gen dizan depi li te wa peyi Jida, Nèbikadneza te gen dizwitan depi li te wa lavil Babilòn. 2 Lame wa Babilòn lan te sènen lavil Jerizalèm. Yo te arete pwofèt Jeremi, yo te fèmen l' nan lakou palè wa Jida a kote gad yo ye a. 3 Se Sedesyas, wa peyi Jida a, ki te fè fèmen pwofèt la la, paske li t'ap fè l' repwòch dèske li te bay mesaj sa a nan non Bondye Seyè a: M'ap lage lavil Jerizalèm nan men wa Babilòn lan. L'ap pran l'. 4 Wa Sedesyas p'ap chape anba men moun Kalde yo. M'ap lage l' nan men wa Babilòn lan. L'a konparèt devan wa a, y'a pale yonn ak lòt, je nan je. 5 Apre sa, y'a mennen Sedesyas lavil Babilòn, li va rete la jouk m'a regle avè l'. Menm si nou goumen ak moun Babilòn yo, nou p'ap janm genyen lagè a. Se Seyè a menm ki di sa. 6 Lè sa a, Jeremi rakonte ki jan Seyè a te pale avè l'. Seyè a te di l' konsa: 7 -Anamèl, kouzen ou lan, pitit Chaloum, tonton ou bò papa, pral vin wè ou. Li pral mande ou pou achte yon jaden li genyen lavil Anatòt, paske se ou menm ki fanmi pi pre ak li, se ou menm an premye ki gen dwa achte l'. 8 Se konsa, jan Seyè a te fè m' konnen an, kouzen m' Anamèl vin jwenn mwen nan lakou palè kote gad yo ye a. Li mande m' pou m' achte yon jaden li te genyen lavil Anatòt, nan peyi moun Benjamen yo. Li di se mwen an premye ki gen dwa achte l' paske se mwen ki fanmi pi pre ak li. Konsa, se mwen ki pou achte l' nan men l'. Lè sa a, mwen vin sèten se Seyè a menm ki te pale avè m'. 9 M' achte jaden an nan men Anamèl, pitit tonton m' lan, mwen peze lajan pou m' ba li a. Lajan an te rive disèt pyès an ajan. 10 Apre sa, mwen siyen de papye tè yo, mwen mete so m' sou yonn. Mwen fè temwen yo siyen tou, mwen fè kontwole pèz lajan an nan balans. 11 Apre sa, mwen pran de papye tè yo. Sa ki te sele a te gen kontra lavant lan jan lalwa mande l' la. Lòt papye a te rete tou louvri. 12 Mwen renmèt papye tè yo bay Bawouk, pitit gason Nerija, pitit pitit Makseja, devan Anamèl, kouzen m' lan, devan lòt temwen ki te siyen papye tè yo, devan tout moun peyi Jida ki te la nan lakou gad palè a. 13 Devan yo tout, mwen di Bawouk konsa: 14 -Men lòd Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay. Pran de papye tè sa yo, sa ki sele a ak sa ki tou louvri a, mete yo nan yon ti kannari pou yo ka konsève pandan lontan. 15 Paske yon lè yo va achte kay, jaden ak pye rezen nan peyi a ankò. Se Seyè a menm ki di sa. 16 Apre mwen te fin bay Bawouk, pitit gason Nerija a, papye tè yo, mwen lapriyè Seyè a, mwen di l': 17 -Aa, Seyè, Bondye! Se avèk fòs kouraj ou, se avèk gwo pouvwa ou ou te fè syèl la ak latè a. Anyen pa twò difisil pou ou. 18 Ou fè mil jenerasyon nan yon fanmi wè jan ou gen bon kè. Men tou, ou fè pitit peye pou peche papa ak manman yo te fè. Ou se yon Bondye ki gen pouvwa, ki gen fòs. Yo rele ou: Seyè ki gen tout pouvwa a. 19 Plan travay ou, se gwo zafè. Yo pa ka konte bèl bagay ou fè yo. Je ou louvri sou tou sa moun ap fè, pou bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè, dapre jan yo mennen bak yo. 20 Depi nan tan lontan rive jouk jounen jòdi a, ou te fè mirak ak mèvèy nan peyi Lejip, nan peyi Izrayèl ak nan tout lòt nasyon yo. Konsa, koulye a yo konnen ou toupatou. 21 Ou fè nou soti kite peyi Lejip ak fòs ponyèt ou ak gwo kouraj ou. Ou te fè anpil mirak ak anpil mèvèy, anpil bagay ki te fè moun pè. 22 Ou te ba yo peyi ou te pwomèt ou t'ap bay zansèt yo a, peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. 23 Yo rive nan peyi a, yo pran l' pou yo, men yo derefize koute ou. Yo pa viv jan ou te mande yo viv la. Yo pa fè tou sa ou te ba yo lòd fè a. Se konsa, ou voye tout gwo malè sa a sou yo jòdi a. 24 Moun Babilòn yo sènen lavil la, y'ap anpile tè nan pye miray yo, y'ap pwoche pou yo pran lavil la. Nou ta mèt di lavil la nan men yo deja. Lagè, grangou ak move maladi fin kraze kouraj moun yo. Ou wè sa ou te di a rive vre. 25 Wi, sa ki rete pou lavil la tonbe nan men moun Babilòn yo pa anyen. Poukisa atò, Seyè Bondye, ou ban m' lòd achte jaden sa a pou lajan kach devan temwen? 26 Seyè a pale ak Jeremi ankò, li di l' konsa: 27 -Mwen menm Seyè a, mwen se Bondye tout moun sou latè. Pa gen anyen ki twò difisil pou m' fè. 28 Se poutèt sa, mwen menm mwen di ou: m'ap lage lavil sa a nan men moun Babilòn yo, nan men Nèbikadneza, wa yo a! Y'ap pran lavil la. 29 Moun Babilòn k'ap atake lavil la pral antre ladan l'. Y'ap mete dife, y'ap boule l'. Y'ap mete dife nan kay kote moun yo te fè m' fache anpil la, lè yo te moute anwo twati a pou boule lansan pou Baal, pou fè ofrann diven pou lòt bondye. 30 Paske, moun Izrayèl yo ak moun Jida yo, se sa ki mal ase y'ap fè depi nan konmansman. Wi, moun Izrayèl yo, se fache y'ap fè m' fache ase ak tou sa y'ap fè a. Se Seyè a menm ki di sa. 31 Lavil Jerizalèm sa a, depi jou yo te bati l' la rive jouk jòdi a, se kòlè l'ap fè m' fè, se move san l'ap fè m' fè. Kifè koulye a, mwen pa ka wè l' devan je m' ankò. 32 Akòz tou sa moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo te fè ki mal, m' about ak yo tout, ni wa yo, ni chèf yo, ni prèt yo, ni pwofèt yo, ni moun peyi Jida yo, ni moun lavil Jerizalèm yo. 33 Yo vire do ban mwen. Malgre mwen pa t' janm sispann montre yo sa pou yo fè, yo pa t' vle koute m', yo pa vle aprann. 34 Yo mete vye zidòl yo nan tanp yo te mete apa pou mwen an, yo fè tanp lan pa nan kondisyon pou sèvi m' ankò. 35 Yo bati lotèl pou Baal nan Fon Benninon an, yo ofri pitit gason yo ak pitit fi yo pou yo touye pou Molòk, bagay mwen pa t' janm ba yo lòd fè, bagay ki pa t' janm vin nan lide m'. Lè yo fè bagay degoutan sa a, yo fè pèp Jida a tonbe nan peche. 36 Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pale ak Jeremi, li di l' konsa: -Koulye a mwen ta renmen di yon lòt bagay sou lavil Jerizalèm. Ou te di ansanm ak lòt yo: Lagè, grangou ak move maladi ap fini ak lavil la, l'ap tonbe nan men wa Babilòn lan. 37 Enben, wi! Mwen te fache sou yo, mwen te move anpil, mwen te fè gwo kòlè. Lè sa a, mwen gaye yo nan yon bann peyi. Men, mwen pral sanble yo, m'ap mennen yo tounen isit la ankò pou yo ka viv san kè sote. 38 Lè sa a, yo menm y'a tounen pèp ki apa pou mwen an ankò, mwen menm m'a tounen Bondye yo ankò. 39 Sèl lide m'ap mete nan tèt yo tout, sèl anvi m'a ba yo tout, se pou yo gen krentif pou mwen tout tan. Se va pou byen yo ak pou byen pitit pitit yo. 40 M'ap pase yon kontra ak yo ki p'ap janm kase. M'ap pran angajman mwen p'ap janm lage yo. Mwen p'ap janm sispann fè yo byen. Wi, m'a fè yo gen krentif pou mwen ak tout kè yo. Konsa, yo p'ap janm vire do ban mwen ankò. 41 M'a pran plezi pou m' fè yo byen. M'a travay ak tout kè m' ak tout nanm mwen pou yo pran rasin nèt nan peyi a. 42 Seyè a di ankò: Menm jan se mwen menm ki te fè gwo malè sa a rive pèp la, konsa tou, se mwen menm ki pral ba yo tout bon bagay mwen te pwomèt m'ap ba yo. 43 W'ap di ansanm ak lòt moun yo: Peyi a fini. Pa gen yon moun, pa gen yon bèt ladan l'. Yo lage peyi a nan men moun Babilòn yo. Men yon lè, moun va achte tè nan peyi a ankò. 44 Wi, nan tout peyi Benjamen an, nan tout ti bouk ki nan vwazinaj lavil Jerizalèm yo, nan tout lavil Jida yo, nan lavil ki nan mòn yo, nan tout lavil ki nan plenn yo, bò lanmè, ak nan sid peyi a, moun va achte jaden, y'a pase papye tè, y'a sele yo, y'a fè temwen siyen yo. Paske m'ap fè pèp la tounen nan peyi a ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Jerizalèm
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jeremi 32:1
Introduction
Jeremiah, now confined for his faithful admonitions, foretells the fate of the king and city, Jer 32:1-5. According to the direction of God, he buys of his cousin Hanameel a field in Anathoth; the contract, or deed of sale, being subscribed, sealed, and witnessed, and delivered to Baruch, together with a duplicate not sealed, who is commanded to put them into an earthen vessel that they may remain there for many days, Jer 32:6-14. This transaction of the prophet, which is entered and subscribed in the public register, God constitutes a sign or pledge of the Jews' return from the Babylonish captivity, and of their again possessing houses, fields, and vineyards, in their own land, and by their own right, according to their tribes and families, Jer 32:15. Jeremiah's prayer, in which he recounts God's marvellous acts towards the children of Israel, and deeply deplores the lamentable state of the country, and the numerous provocations which have led to it, Jer 32:16-25. After which God is introduced declaring his purpose of giving up his people into the hands of their enemies, Jer 32:26-35; promising, however, to restore them in due time to their ancient possessions, and to make with them an everlasting covenant, Jer 32:36-44.
Verse 1
The word that came - This prophecy bears its own date: it was delivered in the tenth year of Zedekiah, which answered to the eighteenth of Nebuchadnezzar. It appears from 2Kgs 25:8, that the eleventh year of Zedekiah was the nineteenth of Nebuchadnezzar; and consequently, that the eighteenth of that monarch must have been the tenth of the Jewish king.
Jeremi 32:2-3
Verse 2
Then the king of Babylon's army besieged Jerusalem - The siege had commenced the year before, and continued a year after ending in the fifth month of the following year; consequently, the siege must have lasted about eighteen months and twenty-seven days. See 2Kgs 25:18.
Jeremi 32:4-6
Verse 4
And shall speak with him mouth to mouth - He shall be reduced to a state of the most abject servitude. The slave was obliged to fix his eyes on every motion of the master whilst giving his orders, who often condescended to give them only by dumb signs.
Jeremi 32:7
Verse 7
The right of redemption is thine - The law had established that the estates of a family should never be alienated. If, therefore, a man through poverty was obliged to sell his patrimony, the nearest relative had a right to purchase it before all others, and even to redeem it, if it had been sold to another. This is what is called the right of goel, or kinsman, Lev 25:25. And in the year of jubilee the whole reverted to its ancient master Lev 25:13.
Jeremi 32:8
Verse 8
This was the word of the Lord - It was by his appointment that I was to make this purchase. The whole was designed as a symbolical act, to show the people that there would be a return from Babylon, that each family should re-enter on its former possessions, and that a man might safely purchase on the certainty of this event.
Jeremi 32:9
Verse 9
Weighed him the money - It does not appear that there was any coined or stamped money among the Jews before the captivity; the Scripture, therefore, never speaks of counting money, but of weighing it.
Seventeen shekels of silver - The shekel at this time must have been a nominal coin; it was a thing of a certain weight, or a certain worth. Seventeen shekels was the weight of the silver paid: but it might have been in one ingot, or piece. The shekel has been valued at from two shillings and threepence to two shillings and sixpence, and even at three shillings; taking the purchase-money at a medium of the value of the shekel, it would amount only to about two pounds two shillings and sixpence. But as estates bore value only in proportion to the number of years before the jubilee, and the field in question was then in the hands of the Chaldeans, and this cousin of Jeremiah was not likely to come back to enjoy it after seventy years, (nor could he then have it, as a jubilee would intervene and restore it to the original family), and money must now be very scarce and high in its value, the seventeen shekels might have been a sufficient sum for a field in those circumstances, and one probably not large in its dimensions.
Jeremi 32:10-14
Verse 10
I subscribed the evidence - We have here all the circumstances of this legal act:
1. An offer is made of the reversion of the ground, till the jubilee, to him who would then of right come into possession.
2. The price is agreed on, and the silver weighed in the balances.
3. A contract or deed of sale is drawn up, to which both parties agreeing,
4. Witnesses are brought forward to see it signed and sealed; for the contract was both subscribed and sealed.
5. A duplicate of the deed was drawn, which was not to be sealed, but to lie open for the inspection of those concerned in some public place where it might be safe and always to be seen.
6. The original, which was sealed up, was put in an earthen pitcher in order to be preserved from accidents.
7. This was delivered by the purchaser into the hands of a third party, to be preserved for the use of the purchaser, and witnesses were called to attest this delivery.
8. They subscribed the book of the purchase, perhaps a town book, or register, where such purchases were entered. Baruch was a scribe by profession; and the deeds were delivered into his hands, before witnesses, to be preserved as above.
Perhaps the law, in this case, required that the instrument should be thus lodged. But, in the present case, both the deeds, the original and the duplicate, were put into the earthen pitcher because the city was about to be burnt; and if lodged as usual, they would be destroyed in the general conflagration. See Jer 32:14.
Jeremi 32:15
Verse 15
Houses and fields - shall be possessed again - That is, this is an evidence that the captivity shall not last long: houses, etc., shall here be possessed again, either by their present owners or immediate descendants.
The young might return; at least, all under ten years of age: there was no natural impossibility that they should not live till they should be fourscore.
Jeremi 32:16-18
Verse 16
I prayed unto the Lord - And what a prayer! What weight of matter, sublimity of expression, profound veneration, just conception, Divine unction, powerful pleading, and strength of faith! Historical, without flatness; condensed, without obscurity; confessing the greatest of crimes against the most righteous of Beings, without despairing of his mercy, or presuming on his goodness: a confession that, in fact, acknowledges that God's justice should smite and destroy, had not his infinite goodness said, I will pardon and spare.
Jeremi 32:19-23
Verse 19
Thine eyes are open upon all the ways of - men - Thou art omniscient, and knowest all things; thou art omnipresent, and seest all things.
Jeremi 32:24-28
Verse 24
Behold the mounts - The huge terraces raised up to plant their engines on, that they might throw darts, stones, etc., into the city.
Because of the sword, and of the famine, and of the pestilence - The city was now reduced to extreme necessity; and from the siege continuing nearly a year longer, we may conclude that the besieged made a noble defense.
Jeremi 32:29
Verse 29
With the houses, upon whose roofs - As it is most probable that Baal was the sun, they might have chosen the tops of the houses, which were always flat, with battlements around, to offer incense and sacrifice to him at his rising, and while he was in sight above the horizon.
Jeremi 32:30-32
Verse 30
For the children of Israel and the children of Judah have only done evil - They have all been transgressors from their earliest history.
For the children of Israel - The ten tribes.
Have only provoked me to anger with the work of their hands - They have been sinners beyond all others, being excessive idolaters. Their hands have formed the objects of their worship.
Jeremi 32:33-36
Verse 33
Though I taught them, rising up early and teaching them - From the frequent reference to this, we may naturally conclude that morning preaching prevailed much in Judea.
Jeremi 32:37-38
Jeremi 32:39-40
Verse 39
I will give them one heart - And that a clean one.
And one way - And that a holy and safe one: and to have this clean heart, and to walk in this good way, will be for the good of them and their children after them. God's blessing is a profitable inheritance. They shall have but one object of worship, and one way of salvation; and being saved from sin, idolatry, and destruction, they must necessarily be happy within and happy without.
Jeremi 32:41
Verse 41
Yea, I will rejoice over them to do them good - Nothing can please God better than our coming to him to receive the good which, with his whole heart and his whole soul, he is ready to impart. How exceedingly condescending are these words of God!
Jeremi 32:42-43
Verse 42
Will I bring upon them all the good that I have promised - God's word cannot fail. The Jews have never yet received the good that God has promised. Nothing like the fulfillment of these promises took place after their return from Babylon; therefore there remaineth yet a rest for these ancient people of God; and it is under the Christian dispensation that they are to have it.
Jeremi 32:44
Verse 44
Men shall buy fields for money - This is a reference to the symbolical purchase mentioned at the beginning of the chapter; that may be considered by them as a sure sign of their restoration, not only to the same land, but to their respective inheritances in that land. This the power of God could alone perform.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
