Jij 6

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Pèp Izrayèl la lage kò l' ankò nan fè sa ki mal nan je Seyè a. Seyè a kite moun peyi Madyan yo mete pye sou kou yo pandan sètan. 2 Moun peyi Madyan yo te pi fò pase moun pèp Izrayèl yo. Se poutèt sa, moun pèp Izrayèl yo al kache kò yo nan fon ravin, nan gwòt, nan twou wòch yo jwenn nan mòn yo. 3 Chak fwa moun Izrayèl yo te fè yon ti plante, moun Madyan yo moute ansanm avèk moun Amalèk yo ak lòt bann moun k'ap viv sou bò solèy leve, yo vin atake yo. 4 Yo moute tant yo sou tè moun Izrayèl yo, yo ravaje tout rekòt yo rive jouk toupre lavil Gaza. Yo pa kite anyen pou moun Izrayèl yo manje, pa menm yon mouton, yon bèf osinon yon bourik. 5 Lè konsa, yo moute ak tout tant yo ak bann bèt yo. Yo moute an kantite, ou ta di bann krikèt vèt. Ou pa ka konte konbe ki genyen, ni kantite chamo yo mennen ak yo. Yo te vin nan peyi a pou ravaje l'. 6 Moun peyi Madyan yo te fini ak moun Izrayèl yo. Lè sa a, moun Izrayèl yo kriye nan pye Seyè a, yo mande l' sekou. 7 Lè pèp Izrayèl la te kriye nan pye Seyè a pou moun peyi Madyan yo, 8 Seyè a te voye yon pwofèt bay pèp la ki di yo: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di nou: Se mwen menm ki te fè nou soti nan peyi Lejip kote nou te nan esklavaj la. 9 Mwen te delivre nou anba men moun Lejip yo ak anba men tout lòt moun ki t'ap malmennen nou isit la. Mwen mete yo deyò pou yo fè plas pou nou, lèfini mwen ban nou peyi moun sa yo pou nou rete. 10 Mwen te di nou se mwen menm Seyè a ki Bondye nou an. Koulye a nou rete nan peyi moun Amori yo, piga n' al sèvi bann bondye moun sa yo. Men, nou pa t' koute m' lè m' te pale nou. 11 Lè sa a, zanj Seyè a vini, li chita anba pye chenn ki toupre yon ti bouk yo rele Ofra, ki te pou Joas, moun fanmi Abyezè yo. Jedeyon, pitit gason l' lan, t'ap bat ble an kachèt anndan kay kote yo konn kraze rezen an, pou moun Madyan yo pa t' vin pran l' nan men l'. 12 Zanj Seyè a parèt devan l', li di l' konsa: -Bonjou, vanyan sòlda! Seyè a avè ou! 13 Jedeyon reponn li: -Adye, msye! Si Seyè a avè nou vre, manyè di m' poukisa tout bagay sa yo rive nou! Kote tout bèl bagay zansèt nou yo te rakonte nou Seyè a te konn fè, jan se li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip? Men koulye a, Seyè a lage nou, li kite moun Madyan yo fè sa yo vle ak nou. 14 Lè sa a, Seyè a bay Jedeyon lòd sa a, li di l': -Ale non. Avèk fòs kouraj ou genyen an, w'a delivre pèp Izrayèl la anba men moun peyi Madyan yo. Se mwen menm menm ki voye ou! 15 Jedeyon reponn li! -Tanpri, mèt! Avèk kisa mwen pral delivre pèp Izrayèl la? Fanmi mwen, se li ki gen pi piti moun nan branch fanmi Manase a. Lèfini, mwen menm pou tèt pa m', se mwen menm ki pi piti lakay papa m'. 16 Seyè a di l': -Ou ka fè l', paske m'ap kanpe la avè ou. Ou pral kraze moun Madyan yo tankou si se te yon sèl moun yo te ye. 17 Jedeyon reponn: -Si reyèlman vre ou vle fè m' favè sa a, ban m' yon prèv se ou menm tout bon k'ap pale avè m' la a. 18 Tanpri, pa deplase kote ou ye a jouk m'a pote yon ofrann mete nan pye ou. Li reponn: -M'ap rete la tann ou. 19 Se konsa, Jedeyon antre, li kwit yon jenn ti kabrit. Li pran yon mamit farin frans, li fè pen san li pa mete ledven ladan l'. Li mete vyann lan nan yon ti panyen, li mete sòs vyann lan nan yon gode, li pote yo bay zanj Seyè a anba pye chenn lan. Li lonje yo ba li. 20 Zanj lan di l': -Mete vyann lan ak pen yo sou gwo wòch ou wè la a, epi vide sòs la sou yo. Jedeyon fè sa vre. 21 Zanj Seyè a leve baton ki te nan men l' lan, li lonje l', li manyen vyann lan ak pen yo ak pwent baton an. Yon dife soti nan wòch la, li boule tout vyann lan ak pen yo. Epi, lamenm zanj Seyè a disparèt devan li. 22 Lè Jèdeyon wè se zanj Seyè a menm ki te parèt devan l', li di: -Bondye Seyè o! Gade malè ki rive m' non! Mwen wè zanj Seyè a fas pou fas! 23 Men, Seyè a di l' konsa: -Ou pa bezwen pè. Poze san ou. Ou p'ap mouri pou sa. 24 Jedeyon bati yon lotèl pou Seyè a la menm. Epi li rele l': Seyè a bay kè poze. Jouk jòdi a lotèl la la nan ti bouk Ofra a, sou pwopryete ki pou moun Abyezè yo. 25 Menm jou lannwit sa a, Seyè a di Jedeyon konsa: -Pran towo bèf papa ou la, ansanm ak yon lòt towo ki gen sètan. Kraze lotèl papa ou te fè pou Baal la. Koupe poto Achera ki bò kote l' la. 26 Moute sou ti bit sa a, bati yon lotèl pou Seyè a, Bondye ou la, jan yo konn fè l' la. Lèfini, pran dezyèm towo a, boule l' nèt sou lotèl la pou mwen nan dife w'a fè avèk moso poto Achera ou te koupe a. 27 Jedeyon pran dis nan domestik li yo, epi li fè tou sa Seyè a te di l' fè. Men, li te pè fanmi l' yo ak lòt moun yo ki rete nan lavil la. Li pa t' fè sa lajounen, l' al fè l' lannwit. 28 Lè mesye yo ki rete nan lavil la leve granmaten, yo wè lotèl Baal la kraze, poto Achera a koupe, epi dezyèm towo a menm boule sou lotèl yo te bati la a. 29 Yonn di lòt: Ki moun ki fè sa, en? Yo tonbe chache, yo t'ap mande moun ki jan sa fè fèt. Yo vin konnen se Jedeyon, pitit Joas la, ki te fè sa. 30 Mesye yo al di Joas konsa: -Fè pitit gason ou lan soti vin jwenn nou isit la. Se pou n' touye l'! Li kraze lotèl Baal la, epi li koupe gwo poto Achera ki te bò kote l' la. 31 Joas reponn tout moun ki te kanpe devan l' yo. Li di yo: -Anhan! Se nou ki pou goumen pou Baal? Se nou ki pou defann li? Enben, moun ki vle goumen pou Baal gen pou l' mouri anvan solèy leve. Si Baal se yon bondye vre, se li ki pou defann tèt li. Se lotèl li a yo kraze! 32 Depi jou sa a yo rele Jedeyon Jewoubaal paske Joas te di: Kite Baal koresponn ak li, paske se lotèl Baal la li te kraze. 33 Lè sa a, tout moun Madyan yo, tout moun Amalèk yo ak tout moun k'ap viv nan dezè a bò solèy leve yo mete tèt ansanm, yo janbe lòt bò larivyè Jouden an, yo moute kan yo nan plenn Jizreyèl la. 34 Lespri Seyè a desann sou Jedeyon. Li soufle nan yon kòn belye mouton, li rele tout gason nan fanmi Abyezè a vin jwenn li. 35 Apre sa, li voye mesaje nan tout peyi Manase a al rele moun yo pou yo vin jwenn li tou. Li voye mesaje nan peyi Asè, nan peyi Zabilon ak nan peyi Neftali. Tout moun sa yo moute vin jwenn li. 36 Lè sa a, Jedeyon di Bondye konsa: -Si se ou menm vre ki vle sèvi avè m' pou delivre pèp Izrayèl la, 37 men mwen mete yon moso lenn sou glasi a. Si denmen maten mwen wè gen lawouze sou moso lenn lan sèlman epi tout rès glasi a chèch, lè sa a m'a konnen se ou menm vre ki pral sèvi avè m' pou delivre pèp Izrayèl la. 38 Se sa ki te rive vre. Nan denmen maten, lè Jedeyon leve byen bonè, li tòde moso lenn lan, li wete dlo ladan l' kont pou ta plen yon bòl. 39 Lèfini, Jedeyon di Bondye ankò: -Tanpri, pa fache sou mwen non! Kite m' di ou yon dènye bagay. Kite m' fè esperyans moso lenn lan yon lòt fwa ankò. Men, fwa sa a se pou moso lenn lan rete chèch, epi pou lawouze sou tout glasi a. 40 Jou lannwit sa a, Bondye fè sa konsa vre: moso lenn lan te rete byen chèch, men te gen lawouze sou tout glasi a.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jij 6:1

Jud 6:1-6. The Israelites, for Their Sins, Oppressed by Midian.

1. and the Lord delivered them into the hand of Midian--Untaught by their former experiences, the Israelites again apostatized, and new sins were followed by fresh judgments. Midian had sustained a severe blow in the time of Moses (Nu 31:1-18); and the memory of that disaster, no doubt, inflamed their resentment against the Israelites. They were wandering herdsmen, called "children of the East," from their occupying the territory east of the Red Sea, contiguous to Moab. The destructive ravages they are described as at this time committing in the land of Israel are similar to those of the Bedouin Arabs, who harass the peaceful cultivators of the soil. Unless composition is made with them, they return annually at a certain season, when they carry off the grain, seize the cattle and other property; and even life itself is in jeopardy from the attacks of those prowling marauders. The vast horde of Midianites that overran Canaan made them the greatest scourge which had ever afflicted the Israelites.

Jij 6:2

2. made ... dens ... in the mountains and caves--not, of course, excavating them, for they were already, but making them fit for habitation.

Jij 6:8

Jud 6:7-10. A Prophet Rebukes Them.

8. the Lord sent a prophet unto the children of Israel--The curse of the national calamity is authoritatively traced to their infidelity as the cause.

Jij 6:11

Jud 6:11-16. An Angel Sends Gideon to Deliver Them.

11. there came an angel of the Lord--He appeared in the character and equipments of a traveller (Jud 6:21), who sat down in the shade to enjoy a little refreshment and repose. Entering into conversation on the engrossing topic of the times, the grievous oppression of the Midianites, he began urging Gideon to exert his well-known prowess on behalf of his country. Gideon, in replying, addresses him at first in a style equivalent (in Hebrew) to "sir," but afterwards gives to him the name usually applied to God.

an oak--Hebrew, "the oak"--as famous in after-times.

Ophrah--a city in the tribe of Manasseh, about sixteen miles north of Jericho, in the district belonging to the family of Abiezer (Jos 17:2).

his son Gideon threshed wheat by the wine-press--This incident tells emphatically the tale of public distress. The small quantity of grain he was threshing, indicated by his using a flail instead of the customary treading of cattle--the unusual place, near a wine-press, under a tree, and on the bare ground, not a wooden floor, for the prevention of noise--all these circumstances reveal the extreme dread in which the people were living.

Jij 6:13

13. if the Lord be with us, why then is all this befallen us?--Gideon's language betrays want of reflection, for the very chastisements God had brought on His people showed His presence with, and His interest in, them.

Jij 6:14-16

14-16. the Lord looked upon him, and said, Go in this thy might ... have not I sent thee?--The command and the promise made Gideon aware of the real character of his visitor; and yet like Moses, from a sense of humility, or a shrinking at the magnitude of the undertaking, he excused himself from entering on the enterprise. And even though assured that, with the divine aid, he would overcome the Midianites as easily as if they were but one man, he still hesitates and wishes to be better assured that the mission was really from God. He resembles Moses also in the desire for a sign; and in both cases it was the rarity of revelations in such periods of general corruption that made them so desirous of having the fullest conviction of being addressed by a heavenly messenger. The request was reasonable, and it was graciously granted [Jud 6:18].

Jij 6:18

Jud 6:17-32. Gideon's Present Consumed by Fire.

18. Depart not hence, I pray thee, until I ... bring forth my present--Hebrew, my mincha, or "meat offering"; and his idea probably was to prove, by his visitor's partaking of the entertainment, whether or not he was more than man.

Jij 6:19-23

19-23. Gideon went in, and made ready a kid; ... the flesh he put in a basket, and he put the broth in a pot--(See on Ge 18:7). The flesh seems to have been roasted, which is done by cutting it into kobab, that is, into small pieces, fixed on a skewer, and put before the fire. The broth was for immediate use; the other, brought in a hand-basket was intended to be a future supply to the traveller. The miraculous fire that consumed it and the vanishing of the stranger, not by walking, but as a spirit in the fire, filled Gideon with awe. A consciousness of demerit fills the heart of every fallen man at the thought of God, with fear of His wrath; and this feeling was increased by a belief prevalent in ancient times, that whoever saw an angel would forthwith die. The acceptance of Gideon's sacrifice betokened the acceptance of his person; but it required an express assurance of the divine blessing, given in some unknown manner, to restore his comfort and peace of mind.

Jij 6:24-32

24-32. it came to pass the same night, that the Lord said unto him--The transaction in which Gideon is here described as engaged was not entered on till the night after the vision.

Jij 6:33

Jud 6:33-39. The Signs.

33. all the Midianites ... pitched in Jezreel--The confederated troops of Midian, Amalek, and their neighbors, crossing the Jordan to make a fresh inroad on Canaan, encamped in the plains of Esdraelon (anciently Jezreel). The southern part of the Ghor lies in a very low level, so that there is a steep and difficult descent into Canaan by the southern wadies. Keeping this in view, we see the reason why the Midianite army, from the east of Jordan, entered Canaan by the northern wadies of the Ghor, opposite Jezreel.

Jij 6:34

34. the Spirit of the Lord came upon Gideon--Called in this sudden emergency into the public service of his country, he was supernaturally endowed with wisdom and energy commensurate with the magnitude of the danger and the difficulties of his position. His summons to war was enthusiastically obeyed by all the neighboring tribes. On the eve of a perilous enterprise, he sought to fortify his mind with a fresh assurance of a divine call to the responsible office. The miracle of the fleece was a very remarkable one--especially, considering the copious dews that fall in his country. The divine patience and condescension were wonderfully manifested in reversing the form of the miracle. Gideon himself seems to have been conscious of incurring the displeasure of God by his hesitancy and doubts; but He bears with the infirmities of His people.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.