Jij 5
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Jou sa a, Debora ak Barak, pitit gason Obinoram lan, pran chante chante sa a: 2 -Lwanj pou Seyè a, lè moun pèp Izrayèl yo soti pou yo goumen, lè pèp la pote tèt li ak kè kontan pou fè lagè! 3 Nou menm wa yo, koute sa m'ap di! Nou menm gwo chèf yo, louvri zòrèy nou! Mwen pral chante pou Seyè a! Mwen pral fè lwanj Sengè a, Bondye pèp Izrayèl la! 4 Seyè! Lè ou te kite mòn Seyi yo, lè ou te soti nan zòn peyi Edon an, latè te pran tranble, lapli tonbe anpil sot nan syèl la. Wi, nwaj yo pran lage dlo. 5 Mòn yo pran tranble devan mèt mòn Sinayi a, devan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la! 6 Sou tan Chanmga, pitit gason Anat la, ak sou tan Jayèl, bann machann yo te sispann pwonmennen nan tout peyi a ak bèt yo. Vwayajè yo te blije pase nan lòt chemen. 7 Lavil peyi Izrayèl yo pa t' gen moun ladan yo ankò pou pran defans yo. Yo te rete san moun pou defann yo, jouk jou mwen menm, Debora, mwen parèt tankou yon manman pou pèp Izrayèl la. 8 Lè sa a, te prèt pou gen lagè nan peyi a. Moun pèp Izrayèl yo tanmen sèvi lòt bondye. Lè sa a tou, te gen karantmil (040.000) gason nan pèp Izrayèl la. Men, pa t' gen yon plak pwotèj ak frenn pou yo sèvi. 9 Mwen kontan chèf k'ap kòmande pèp Izrayèl la! Mwen kontan moun ki te pote tèt yo pou y' al goumen! Lwanj pou Seyè a! 10 Nou menm ki moute manman bourik blan yo, nou menm ki chita sou bèl tapi, nou menm k'ap mache apye sou gran chimen, kalkile sa byen! 11 Koute vwa moun ki al bò sous dlo yo! Y'ap rakonte tout bèl bagay Seyè a te fè, bèl bagay li te fè pou pèp Izrayèl la. Lè sa a, pèp Seyè a te desann bò pòtay yo. 12 Annavan! Debora! Annavan! Annou wè! Chante yon chante! Annavan! Annavan! Barak! pitit gason Abinoram lan! Mennen prizonye yo vini! 13 Lè sa a, sa ki pa t' vire do bay Bondye yo desann vin jwenn chèf yo. Pèp Seyè a vin jwenn li, tou pare pou lagè. 14 Yo soti nan mòn Efrayim yo desann nan fon an, dèyè moun Benjamen yo ak sòlda lame yo. Kòmandan lame yo desann soti Maki, jeneral yo soti nan peyi Zabilon. 15 Chèf branch fanmi Isaka yo te la avèk Debora. Wi, moun Isaka yo vini, Barak te vini tou. Yo swiv li nan tout plenn lan. Men, moun branch fanmi Woubenn yo te divize. Yo pa t' ka deside pou yo vini. 16 Poukisa yo rete dèyè avèk mouton yo? Pou yo te ka tande gadò yo ap rele bann mouton yo? Wi! Moun Woubenn yo te an balan. Yo pa t' ka deside si y'ap vini, si yo p'ap vini! 17 Moun Galarad yo te rete rete yo lòt bò larivyè Jouden an. Moun Dann yo rete rete yo sou bato yo. Moun Asè yo rete rete yo bò lanmè a, yo rete sou tout rivaj yo. 18 Men, moun Zabilon yo ak moun Neftali yo al brave danje kote batay la ye a. 19 Wa yo vini, yo kwaze fè bò Tanak, toupre sous dlo Megido a. Wa peyi Kanaran yo goumen, men yo pa jwenn anyen pou yo pote ale! Pa menm yon ti moso ajan! 20 Zetwal yo rete nan syèl la yo goumen. Yo rete kote y'ap mache nan syèl la, yo goumen ak Sisera. 21 Dlo ravin Kichon an desann pote yo ale. Wi, se ansyen ravin lan, ravin Kichon an, ki fè sa. M'ap mache pran yo, je m' byen kale! 22 Lè sa a, yo tande chwal yo ki t'ap galope ale. Chwal yo t'ap pilonnen tè a ak zago yo. 23 Zanj Seyè a di: Ann mande madichon pou lavil Mewòz! Madichon, madichon pou tout moun k'ap viv nan lavil la. Yo pa t' vin ede Seyè a, yo pa t' voye sòlda goumen pou li. 24 Nan tout fanm ki sou latè, Jayèl se yon fanm Bondye beni anpil. Wi, Jayèl, madan Ebè, moun fanmi Kayen, nan tout fanm ki sou latè, se yon fanm Bondye beni anpil. 25 Sisera mande l' dlo, li ba li lèt. Li ba l' yon krèm lèt nan pi bèl bòl li te genyen. 26 Li pran yon pikèt tant nan men gòch li, yon mato travayè nan men dwat li. Li frape Sisera nan tèt ak mato a, li krabouye tèt li. Li pèse tanp li, li touye l'. 27 Sisera tonbe sou jenou, li woule atè, epi li mouri nan pye Jayèl. Wi, nan pye madanm lan, li tonbe sou jenou li yo, li woule atè. Kote li kouche a, li mouri frèt. 28 Manman Sisera ap gade nan fennèt la. L'ap gade dèyè jalouzi a, l'ap mande: -Kote cha pitit mwen an depi tout tan sa a? Poukisa chwal li yo pran tout reta sa a pou yo vini? 29 Lè sa a, medam ki gen plis konprann nan sèvant li yo reponn li. Li menm tou, li t'ap repete nan kè l': 30 -Koulye a yo dwe ap separe sa yo pran nan men lènmi yo! Yon fi, de fi pou chak sòlda, bèl twal koulè byen bwode pou Sisera, yon gwo mouchwa bwode byen bèl pou l' mete nan kou l'. 31 Wi, Seyè! Se konsa pou tout lènmi ou yo mouri. Men, zanmi ou yo ap klere tankou solèy midi. Apre sa, te gen lapè nan peyi a pandan karantan.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jij 5:1
Jud 5:1-31. Deborah and Barak's Song of Thanksgiving.
1. Then sang Deborah and Barak ... on that day--This noble triumphal ode was evidently the composition of Deborah herself.
Jij 5:2-3
2-3. The meaning is obscurely seen in our version; it has been better rendered thus, "Praise ye Jehovah; for the free are freed in Israel--the people have willingly offered themselves" [Robinson].
Jij 5:4-5
4-5. Allusion is here made, in general terms, to God's interposition on behalf of His people.
Seir ... the field of Edom--represent the mountain range and plain extending along the south from the Dead Sea to the Elanitic Gulf.
thou wentest out--indicates the storm to have proceeded from the south or southeast.
Jij 5:6-8
6-8. The song proceeds in these verses to describe the sad condition of the country, the oppression of the people, and the origin of all the national distress in the people's apostasy from God. Idolatry was the cause of foreign invasion and internal inability to resist it.
Jij 5:9
9. expresses gratitude to the respective leaders of the tribes which participated in the contest; but, above all, to God, who inspired both the patriotic disposition and the strength.
Jij 5:10
10. Speak--that is, join in this song of praise.
white asses--Those which are purely white are highly prized, and being costly, are possessed only by the wealthy and great.
Ye that sit in judgment--has been rendered, "ye that repose on tapestries."
Jij 5:11-14
11-14. The wells which are at a little distance from towns in the East, are, in unsettled times, places of danger. But in peace they are scenes of pleasant and joyous resort. The poetess anticipates that this song may be sung, and the righteous acts of the Lord rehearsed at these now tranquil "places of drawing water." Deborah now rouses herself to describe, in terms suitable to the occasion, the preparation and the contest, and calls in a flight of poetic enthusiasm on Barak to parade his prisoners in triumphal procession. Then follows a eulogistic enumeration of the tribes which raised the commanded levy, or volunteered their services--the soldiers of Ephraim who dwelt near the mount of the Amalekites, the small quota of Benjamin; "the governors," valiant leaders "out of Machir," the western Manasseh; out of Zebulun.
Jij 5:15
15. Then comes a reproachful notice of the tribes which did not obey the summons to take the field against the common enemy of Israel. By the
divisions--that is, the watercourses which descend from the eastern hills unto the Jordan and Dead Sea.
For the divisions of Reuben there were great thoughts of heart--They felt the patriotic impulse and determined, at first, to join the ranks of their western brethren, but resiled from the purpose, preferring their peaceful shepherd songs to the trumpet sound of war.
Jij 5:17-18
17-18. Gilead abode beyond Jordan--that is, Both Gad and the eastern half to Manasseh chose to dwell at ease in their Havoth-jair, or "villages of tents," while Dan and Asher, both maritime tribes, continued with their ships and in their "breaches" ("havens"). The mention of these craven tribes (Jud 5:18) is concluded with a fresh burst of commendation on Zebulun and Naphtali.
Jij 5:19-22
19-22. describes the scene of battle and the issue. It would seem (Jud 5:19) that Jabin was reinforced by the troops of other Canaanite princes. The battlefield was near Taanach (now Ta'annuk), on a tell or mound in the level plain of Megiddo (now Leijun), on its southwestern extremity, by the left bank of the Kishon.
they took no gain of money--They obtained no plunder.
Jij 5:23
23. Curse ye Meroz--a village on the confines of Issachar and Naphtali, which lay in the course of the fugitives, but the inhabitants declined to aid in their destruction.
Jij 5:24-27
24-27. is a most graphic picture of the treatment of Sisera in the tent of Jael.
Jij 5:28-30
28-30. In these verses a sudden transition is made to the mother of the Canaanite general, and a striking picture is drawn of a mind agitated between hope and fear--impatient of delay, yet anticipating the news of victory and the rewards of rich booty.
the lattice--a lattice window, common to the houses in warm countries for the circulation of air.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
