Jij 7
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Jewoubaal, ki vle di Jedeyon, leve granmaten ansanm ak tout moun ki te avè l' yo, y' al moute kan yo bò Sous Awòd la. Moun Madyan yo menm te moute kan pa yo nan tout plenn lan, nan pye mòn More, sou bò nò kan Jedeyon an. 2 Seyè a di Jedeyon konsa: -Ou gen twòp moun avè ou pou m' kite ou kraze moun Madyan yo! Moun pèp Izrayèl yo va mete nan tèt yo se yo menm ak pwòp fòs kouraj yo ki delivre peyi yo a, yo p'ap vle kwè se mwen menm ki fè sa pou yo. 3 Koulye a, pale ak tout pèp la. Di yo konsa: Si gen moun ki pè, k'ap tranble, yo mèt al fè wout yo lakay yo, kite nou sou mòn Gilboa a. Se konsa venndemil (022.000) moun al lakay yo. Te rete dimil (010.000). 4 Seyè a di Jedeyon ankò: -Gen twòp moun toujou. Fè yo tout desann bò larivyè a. M'a separe yo la pou ou. Moun m'a di ou ki pou ale avè ou yo va ale. Moun m'a di ou ki pa pou ale avè ou yo va rete. 5 Jedeyon fè tout mesye yo desann bò larivyè a. Epi Seyè a di Jedeyon konsa: -Tout moun w'a wè k'ap lape dlo tankou chen, w'a mete yo yon bò, tout moun w'a wè ki va kwoupi pou bwè dlo, w'a mete yo yon lòt bò. 6 Te gen twasan (0300) gason ki te pran dlo nan pla men yo epi ki t'ap lape dlo a. Tout rès yo te kwoupi pou bwè dlo. 7 Seyè a di Jedeyon! -Se avèk twasan nèg sa yo ou wè ki te lape dlo a mwen pral delivre nou. Mwen pral lage moun Madyan yo nan men ou. Kite tout lòt yo ale lakay yo. 8 Yo pran tout pwovizyon lòt moun yo te genyen ansanm ak twonpèt yo, yo kenbe yo pou yo. Lèfini, Jedeyon voye tout rès moun pèp Izrayèl yo ale lakay yo. Li fè twasan (0300) moun yo rete ak li sou mòn lan. Moun Madyan yo menm te anba nan plenn lan. 9 Jou lannwit sa a, Seyè a di Jedeyon konsa: -Leve non! Desann al atake kan moun Madyan yo. Mwen lage yo nan men ou. 10 Men si ou pè atake, desann bò kan moun Madyan yo ansanm ak Poura, domestik ou a. 11 W'a tande sa y'ap di. Lè sa a, w'a pran kouraj epi w'a desann al atake yo. Se konsa Jedeyon desann ansanm ak Poura, domestik li a, li rive toupre avanpòs kan an. 12 Moun Madyan yo, moun Amalèk yo ak moun k'ap viv nan dezè bò solèy leve yo te kouvri tout plenn lan, tankou desen krikèt vèt nan jaden. Chamo yo te genyen, moun pa t' ka konte sa, menm jan yo pa ka konte grenn sab bò lanmè. 13 Lè Jedeyon rive, li jwenn yon nonm ki t'ap rakonte yon zanmi l' yon rèv li te fè. Li t'ap di l' konsa: -Monchè, mwen fè yon rèv: Mwen wè yon pen won fèt ak farin lòj ki t'ap woule nan mitan kan an. Epi li rive, l' al frape sou tant lan. Tant lan chavire, li tonbe plat atè. 14 Zanmi an reponn li: -Boul pen won an, se nepe Jedeyon, pitit Joas la, nonm pèp Izrayèl la. Sa pa vle di lòt bagay! Bondye lage moun Madyan yo ak tout lame a nan men l'. 15 Lè Jedeyon tande rèv la ak esplikasyon yo ba li a, li lage kò l' atè devan Bondye. Apre sa, li leve, li tounen nan kan moun pèp Izrayèl yo. Li di yo: -Ann ale! Seyè a lage kan moun Madyan yo nan men nou. 16 Li pran twasan mesye yo, li fè twa gwoup. Li bay chak moun yon twonpèt ak yon krich vid. Lèfini, li ba yo chak yon bwa chandèl pou mete nan krich la. 17 Epi li di yo: -Se pou tout moun gade sou mwen pou wè sa m'ap fè. Lè n'a rive toupre kan an, tou sa n'a wè m' fè, n'a fè l' tou. 18 N'a fè wonn kan an. Lè m'a kònen twonpèt ansanm ak tout moun ki avè m' yo, nou menm tou n'a kònen twonpèt. Epi n'a rele: Annavan pou Seyè a ak pou Jedeyon! 19 Lè Jedeyon rive toupre kan an ansanm ak san moun ki te avè l' yo, li te prèt pou menwit. Yo te fenk chanje faksyonnè. Yo pran kònen twonpèt yo epi yo kraze krich yo te gen nan men yo. 20 Tou twa gwoup moun yo pran kònen twonpèt ansanm epi yo kraze krich yo. Yo kenbe bwa chandèl yo nan men gòch yo, twonpèt yo nan men dwat yo pou yo ka kònen yo, epi yo rele: -Ann al goumen pou Seyè a ak pou Jedeyon! 21 Yo te kanpe fè wonn kan an, chak moun nan plas yo. Lè sa a tout moun nan kan an pran kouri met deyò, yo t'ap rele byen fò. 22 Antan twasan moun Jedeyon yo t'ap kònen twonpèt yo, Seyè a menm t'ap fè moun Madyan yo yonn ap goumen ak lòt. Sa ki chape yo pran kouri nan direksyon Bèt-Chita bò Serera rive jouk bò lavil Abèl Meola, toupre Tabat. 23 Lè sa a yo rele tout gason nan branch fanmi Neftali a, nan branch fanmi Asè a ak nan tout branch fanmi Manase a, epi yo pran kouri dèyè moun Madyan yo. 24 Jedeyon menm voye mesaje nan tout mòn Efrayim yo pou di mesye yo: -Desann, vin goumen ak moun Madyan yo. Al bare yo bò dlo a sou tout longè larivyè Jouden an jouk Bèt-Bara pou anpeche yo pase. Tout moun Efrayim yo reyini vre. Epi y' al bare wout la sou bò dlo a sou tout longè larivyè Jouden an jouk Bèt-Bara. 25 Yo mete men sou Orèb ak Zeyèb, de nan chèf moun Madyan yo. Yo touye Orèb sou Wòch Orèb la, Zeyèb nan basen rezen Zeyèb la. Apre sa, yo kouri toujou dèyè moun Madyan yo. Lèfini, yo pote tèt Orèb ak tèt Zeyèb bay Jedeyon ki te sou bò solèy leve larivyè Jouden an.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jij 7:1
Jud 7:1-8. Gideon's Army.
1. Jerubbaal--This had now become Gideon's honorable surname, "the enemy of Baal."
well--rather "spring of Harod," that is, "fear, trembling"; probably the same as the fountain in Jezreel (1Sa 29:1). It was situated not far from Gilboa, on the confines of Manasseh, and the name "Harod" was bestowed on it with evident reference to the panic which seized the majority of Gideon's troops. The host of the Midianites were on the northern side of the valley, seemingly deeper down in the descent towards the Jordan, near a little eminence.
Jij 7:2
2. the Lord said unto Gideon, The people ... are too many--Although the Israelitish army mustered only thirty-two thousand (or one-sixth of the Midianitish host), the number was too great, for it was the Lord's purpose to teach Israel a memorable lesson of dependence on Him.
Jij 7:3
3. Now therefore ..., proclaim in the ears of the people, saying, Whosoever is fearful ... let him return--This proclamation was in terms of an established law (De 20:8).
Jij 7:4
4. too many--Two reductions were ordered, the last by the application of a test which was made known to Gideon alone.
Jij 7:5
5. bring them down unto the water--When the wandering people in Asia, on a journey or in haste, come to water, they do not stoop down with deliberation on their knees, but only bend forward as much as is necessary to bring their hand in contact with the stream, and throw it up with rapidity, and at the same time such address, that they do not drop a particle. The Israelites, it seems, were acquainted with the practice; and those who adopted it on this occasion were selected as fit for a work that required expedition. The rest were dismissed according to the divine direction.
Jij 7:7
7. the Lord said, By the three hundred men that lapped will I save you--It is scarcely possible to conceive a more severe trial than the command to attack the overwhelming forces of the enemy with such a handful of followers. But Gideon's faith in the divine assurance of victory was steadfast, and it is for this he is so highly commended (He 11:32).
Jij 7:8
8. the host of Midian was beneath him in the valley--Attention to the relative position of the parties is of the greatest importance to an understanding of what follows.
Jij 7:9-10
Jud 7:9-15. He Is Encouraged by the Dream and the Interpretation of the Barley Cake.
9-10. Arise, get thee down unto the host ... But if thou fear to go down, go thou with Phurah thy servant--In ancient times it was reckoned no degradation for persons of the highest rank and character to act as spies on an enemy's camp; and so Gideon did on this occasion. But the secret errand was directed by God, who intended that he should hear something which might animate his own valor and that of his troops.
Jij 7:11
11. the outside of the armed men that were in the host--"Armed," means embodied under the five officers established by the ordinary laws and usages of encampments. The camp seems to have been unprotected by any rampart, since Gideon had no difficulty in reaching and overhearing a conversation, so important to him.
Jij 7:12
12. the Midianites and the Amalekites ... lay along in the valley like grasshoppers for multitude; and their camels were without number--a most graphic description of an Arab encampment. They lay wrapt in sleep, or resting from their day's plunder, while their innumerable camels were stretched round about them.
Jij 7:13
13. I dreamed a dream, and, lo, a cake of barley bread tumbled into the host of Midian--This was a characteristic and very expressive dream for an Arab in the circumstances. The rolling down the hill, striking against the tents, and overturning them, naturally enough connected it in his mind with the position and meditated attack of the Israelitish leader. The circumstance of the cake, too, was very significant. Barley was usually the food of the poor, and of beasts; but most probably, from the widespread destruction of the crops by the invaders, multitudes must have been reduced to poor and scanty fare.
Jij 7:15
15. when Gideon heard the telling of the dream, and the interpretation ... he worshipped--The incident originated in the secret overruling providence of God, and Gideon, from his expression of pious gratitude, regarded it as such. On his mind, as well as that of his followers, it produced the intended effect--that of imparting new animation and impulse to their patriotism.
Jij 7:16-22
Jud 7:16-24. His Stratagem against Midian.
16-22. he divided the three hundred men into three companies--The object of dividing his forces was, that they might seem to be surrounding the enemy. The pitchers were empty to conceal the torches, and made of earthenware, so as to be easily broken; and the sudden blaze of the held-up lights--the loud echo of the trumpets, and the shouts of Israel, always terrifying (Nu 23:21), and now more terrible than ever by the use of such striking words, broke through the stillness of the midnight air. The sleepers started from their rest; not a blow was dealt by the Israelites; but the enemy ran tumultuously, uttering the wild, discordant cries peculiar to the Arab race. They fought indiscriminately, not knowing friend from foe. The panic being universal, they soon precipitately fled, directing their flight down to the Jordan, by the foot of the mountains of Ephraim, to places known as the "house of the acacia" [Beth-shittah], and "the meadow of the dance" [Abel-meholah].
Jij 7:23
23. the men of Israel gathered themselves together--These were evidently the parties dismissed, who having lingered at a little distance from the scene of contest, now eagerly joined in the pursuit southwestward through the valley.
Jij 7:24-25
24-25. Gideon sent messengers throughout all mount Ephraim--The Ephraimites lay on the south and could render seasonable aid.
Come ... take before them the waters unto Beth-barah--(See on Jud 3:28). These were the northern fords of the Jordan, to the east-northeast of wady Maleh.
the men of Ephraim gathered themselves together ... unto Beth-barah--A new conflict ensued, in which two secondary chiefs were seized and slain on the spots where they were respectively taken. The spots were named after these chiefs, Oreb, "the Raven," and Zeeb, "the Wolf"--appropriate designations of Arab leaders.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
