Jij 2
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Zanj Seyè a kite Gilgal, li moute nan Kriye. Li di pèp Izrayèl la konsa: -Mwen fè nou soti kite peyi Lejip. Mwen fè nou antre nan peyi mwen te pwomèt zansèt nou yo. Mwen te di mwen p'ap janm kase kontra mwen te pase ak nou pou tout tan an. 2 Nou menm, bò pa nou, piga nou fè ankenn kontra ak moun k'ap viv nan peyi a. Se pou nou kraze tout lotèl yo. Men, nou pa fè sa m' te di nou fè a. Gade sa nou pito fè! 3 Se poutèt sa m'ap di nou: Mwen p'ap mete yo deyò devan nou. Y'ap rete la bò kote nou, bondye yo ap tounen yon pèlen pou nou. 4 Lè zanj Seyè a fin di yo sa, tout pèp la pran kriye. 5 Se poutèt sa yo rele kote yo te ye a Nankriye. Epi yo ofri bèt pou touye pou Seyè a la. 6 Jozye voye pèp la ale lakay yo. Se konsa, chak branch fanmi pèp la pati al pran pòsyon tè yo te ba yo nan peyi a. 7 Pèp Izrayèl la te sèvi Seyè a pandan tout tan Jozye te vivan. Apre sa, yo sèvi l' pandan tout tan chèf ki te konnen sa Seyè a te fè pou pèp Izrayèl la te vivan toujou. 8 Jozye, pitit gason Noun lan, sèvitè Seyè a, mouri. Li te gen sandizan (0110 an). 9 Yo antere l' sou tè ki te vin pou li a nan zòn Timnat-Erès, nan mòn ki pou branch fanmi Efrayim lan, sou bò nò mòn Gach. 10 Tout jenerasyon moun Jozye yo te fin mouri tou, yo te al jwenn zansèt yo anba tè. Apre yo, te vin gen yon lòt jenerasyon moun ki te bliye ni Seyè a ni sa li te fè pou pèp Izrayèl la. 11 Moun pèp Izrayèl yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Seyè a. Y' al sèvi Baal yo. 12 Yo vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a, Bondye ki te fè yo soti kite peyi Lejip la. Yo tonbe mache dèyè lòt bondye ki te fè pati bann bondye pèp ki te la toupatou bò kote yo. Y' al adore yo. Sa te fè Seyè a an kolè sou yo. 13 Yo vire do bay Seyè a, y' al fè sèvis pou Baal yo ak Astate yo. 14 Seyè a vin an kòlè sou pèp Izrayèl la, li kite ansasen atake yo pou pran tou sa yo te genyen. Li kite lènmi ki toupatou bò kote yo mete pye sou kou yo. Yo pa t' ka kenbe tèt devan lènmi yo ankò. 15 Chak fwa y' al nan lagè, Seyè a te pran pozisyon kont yo pou malè yo, jan li te di li t'ap fè l' la. Se konsa yo t'ap bat yon sèl mizè! 16 Se lè sa a Seyè a voye bay pèp Izrayèl la kèk chèf, vanyan gason ki te delivre yo anba men ansasen yo. 17 Men, menm chèf sa yo, yo pa t' koute yo. Yo vire do bay Seyè a, y' al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo. Yo te toujou prese kite chemen dwat kote zansèt yo t'ap mache lè yo t'ap swiv lòd Seyè a. Yo pa t' koute lòd Seyè a. 18 Chak fwa Seyè a voye yon chèf konsa ba yo, li te kanpe la avèk chèf la, li te delivre yo anba men lènmi yo toutotan chèf la te vivan. Seyè a te gen pitye pou yo paske yo t'ap soufri anpil anba moun ki t'ap pèsekite yo ak anba moun ki t'ap peze yo. 19 Men, mouri chèf la mouri, pitit yo te rekonmanse lage kò yo nan menm vye bagay yo ankò pi mal pase papa yo. Y' al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Yo t'ap fè tèt di, yo derefize sispann fè bagay sa yo. 20 Seyè a te fache anpil sou pèp Izrayèl la. Li di konsa: -Nasyon an kase kontra mwen te mande zansèt yo kenbe a. Yo pa vle koute m'. 21 Bon, mwen menm tou, mwen p'ap mete lòt nasyon Jozye te mouri kite nan peyi a deyò ankò. 22 Se konsa m'a wè kote m' ye ak pèp Izrayèl la. M'a konnen si wi ou non yo soti pou fè sa m' mande yo fè a jan zansèt yo te fè l' la. 23 Se konsa Seyè a te kite lòt nasyon li pa t' lage anba men Jozye yo rete nan peyi a. Li pa prese mete yo deyò.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jij 2:1-3
Jud 2:1-10. An Angel Sent to Rebuke the People at Bochim.
1-3. an angel ... came from Gilgal to Bochim--We are inclined to think, from the authoritative tone of his language, that he was the Angel of the Covenant (Ex 23:20; Jos 5:14); the same who appeared in human form and announced himself captain of the Lord's host. His coming from Gilgal had a peculiar significance, for there the Israelites made a solemn dedication of themselves to God on their entrance into the promised land [Jos 4:1-9]; and the memory of that religious engagement, which the angel's arrival from Gilgal awakened, gave emphatic force to his rebuke of their apostasy.
Bochim--"the weepers," was a name bestowed evidently in allusion to this incident or the place, which was at or near Shiloh.
I said, I will never break my covenant with you ... but ye have not obeyed my voice--The burden of the angel's remonstrance was that God would inviolably keep His promise; but they, by their flagrant and repeated breaches of their covenant with Him, had forfeited all claim to the stipulated benefits. Having disobeyed the will of God by voluntarily courting the society of idolaters and placing themselves in the way of temptation, He left them to suffer the punishment of their misdeeds.
Jij 2:4-5
4-5. when the angel of the Lord spake these words ... the people lifted up their voice, and wept--The angel's expostulation made a deep and painful impression. But the reformation was but temporary, and the gratifying promise of a revival which this scene of emotion held out, was, ere long, blasted by speedy and deeper relapses into the guilt of defection and idolatry.
Jij 2:6-10
6-10. And when Joshua had let the people go--This passage is a repetition of Jos 24:29-31. It was inserted here to give the reader the reasons which called forth so strong and severe a rebuke from the angel of the Lord. During the lifetime of the first occupiers, who retained a vivid recollection of all the miracles and judgments which they had witnessed in Egypt and the desert, the national character stood high for faith and piety. But, in course of time, a new race arose who were strangers to all the hallowed and solemnizing experience of their fathers, and too readily yielded to the corrupting influences of the idolatry that surrounded them.
Jij 2:11-19
Jud 2:11-19. Wickedness of the New Generation after Joshua.
11-19. the children of Israel did evil in the sight of the Lord--This chapter, together with the first eight verses of the next [Jud 2:11-3:8], contains a brief but comprehensive summary of the principles developed in the following history. An attentive consideration of them, therefore, is of the greatest importance to a right understanding of the strange and varying phases of Israelitish history, from the death of Joshua till the establishment of the monarchy.
served Baalim--The plural is used to include all the gods of the country.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
