Jij 3

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Seyè a te kite kèk nasyon nan peyi a pou l' te ka sonde moun pèp Izrayèl la ki patko fèt lè yo t'ap fè lagè pou antre nan peyi Kanaran an. 2 Li te fè sa konsa pou l' te ka moutre chak jenerasyon pèp Izrayèl la sa yo rele fè lagè, sitou sa ki pa t' janm al nan lagè anvan sa. 3 Men moun li te kite nan peyi a: Se te moun Filisti yo ki te rete nan senk lavil, tout moun Kanaran yo, moun Sidon yo ak moun Evi yo ki te rete nan mòn Liban yo, depi mòn Baal-Emon jouk Pas Amat. 4 Se ak moun sa yo Seyè a t'ap sonde pèp la pou l' te ka konnen si yo te soti pou koute lòd Seyè a te bay Moyiz pou zansèt yo a. 5 Se konsa pèp Izrayèl la twouve l' rete ap viv nan mitan moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo. 6 Yo pran pitit fi moun sa yo pou madanm, yo bay pitit gason moun sa yo pitit fi pa yo pou madanm, epi yo pran sèvi bondye moun sa yo tou. 7 Moun pèp Izrayèl yo tanmen fè bagay ki te mal nan je Seyè a. Yo bliye Seyè a, Bondye-yo a, yo pran fè sèvis pou Baal yo ak Achera yo. 8 Seyè a fache sou pèp Izrayèl la epi li kite Kouchan-Riche Atayim, wa peyi Mezopotami an, mete pye sou kou yo. Pandan witan pèp Izrayèl la te anba men Kouchan-Riche Atayim. 9 Apre sa, moun pèp Izrayèl yo pran kriye nan pye Seyè a. Seyè a voye yon nonm pou delivre yo. Se te Otonyèl, pitit gason Kenaz, ki te ti frè Kalèb. 10 Lespri Seyè a te sou li, li vin yon gwo chèf nan peyi Izrayèl. Li leve l' al goumen. Seyè a lage Kouchan-Riche Atayim, wa peyi Mezopotami an, nan men li, li fè l' kraze l'. 11 Apre sa, te gen lapè nan peyi a pandan karantan. Epi Otonyèl, pitit gason Kenaz la, mouri. 12 Moun pèp Izrayèl yo te rekonmanse ap fè sa ki te mal nan je Seyè a ankò. Seyè a pran Eglon, wa peyi Moab la, li fè l' vin pi fò pase pèp Izrayèl la. Epi li fè l' leve dèyè pèp Izrayèl la. 13 Eglon pran moun Amon yo ak moun Amalèk yo ansanm avè l', epi yo ale, yo bat moun pèp Izrayèl yo. Yo pran lavil Palmis yo pou yo. 14 Pandan dizwitan pèp Izrayèl la te anba men Eglon, wa peyi Moab la. 15 Apre sa, moun pèp Izrayèl yo pran kriye nan pye Seyè a. Seyè a voye yon lòt moun pou delivre yo. Se te Eyoud, pitit gason Gera, moun branch fanmi Benjamen an. Msye te goche. Moun pèp Izrayèl yo bay Eyoud yon kado al pote bay Eglon, wa peyi Moab. 16 Eyoud fè yo fè yon ponya espesyal pou li. Ponya a te gen yon pye edmi longè, li te file de bò. Li mare l' sou kwis pye dwat li, anba rad li. 17 Epi li pote kado a bay Eglon, wa peyi Moab la. Eglon te gwo anpil. 18 Lè Eyoud fin bay wa a kado a, li voye moun ki te pote kado a ale. 19 Men li menm, lè li rive bò estati zidòl yo ki toupre lavil Gilgal la, li tounen vin jwenn Eglon. Li di l' konsa: -Monwa, mwen gen yon komisyon pou ou, men fòk pa ta gen lòt moun la. Lè sa a, wa a di moun ki te la yo: -Kite nou pou kont nou! Tout moun ki te la avè l' yo soti. 20 Wa a te chita nan chanm pa l' anwo kay la, kote ki te fè fre anpil. Eyoud pwoche bò kote l', li di l' konsa: -Se yon mesaj Bondye ban m' pou ou. Wa a leve kanpe. 21 Eyoud lonje men gòch li, li rale ponya a bò kwis pye dwat li, epi li sèvi wa a yon kou nan vant. 22 Li foure ponya a tout longè l' nèt jouk manch li pèdi nan vant li, epi po grès la fèmen sou ponya a paske Eyoud pa t' rale l' soti. Pwent ponya a menm te parèt pa dèyè. 23 Lèfini, Eyoud soti nan chanm lan, li fèmen pòt yo dèyè l', li klete yo, 24 epi l' ale fè wout li. Lè domestik wa yo vini, yo wè pòt chanm wa a te fèmen akle. Yo di konsa: -Gen lè wa a okipe anndan an. L'ap fè bezwen li. 25 Yo tann yon bon ti moman, yo ba li tan pou l' fini. Men, yo wè li pa janm louvri pòt la. Lè sa a, yo pran kle a epi yo louvri. Yo wè wa a kouche tou long atè, li te mouri! 26 Pandan mesye yo t'ap tann tout tan sa a, Eyoud menm gen tan chape kò l'. Li pase bò estati zidòl yo, epi li pran wout mòn Seyira a pou li, l' ale. 27 Lè li rive Seyira nan mòn peyi Efrayim lan, li kònen pou rele moun pèp Izrayèl yo. Moun pèp Izrayèl yo desann soti nan mòn lan, epi Eyoud pran mache alatèt yo. 28 Li di yo konsa: -Swiv mwen! Seyè a lage moun Moab yo, lènmi nou yo, nan men nou jòdi a! Yo tout desann swiv li. Yo bare pas dlo kote moun Moab yo konn janbe larivyè Jouden an. Yo pa kite yon moun pase. 29 Lè sa a, yo te touye dimil (010.000) sòlda konsa, sòlda ki te gwonèg epi ki te konn goumen. Yonn pa chape. 30 Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo bat moun Moab yo byen bat. Apre sa, pandan katreventan te gen lapè nan peyi a. 31 Apre Eyoud, yo vin gen yon lòt chèf: Se te Chanmga, pitit Anat. Li menm menm avèk yon fwèt kach po bèf, li te touye sisan (0600) sòlda nan lame moun Filisti yo. Konsa li delivre pèp Izrayèl la.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jij 3:1

Jud 3:1-4. Nations Left to Prove Israel.

1. these are the nations which the Lord left, to prove Israel--This was the special design of these nations being left, and it evinces the direct influence of the theocracy under which the Israelites were placed. These nations were left for a double purpose: in the first instance, to be instrumental, by their inroads, in promoting the moral and spiritual discipline of the Israelites; and also to subserve the design of making them acquainted with war, in order that the young, more especially, who were total strangers to it, might learn the use of weapons and the art of wielding them.

Jij 3:5-7

Jud 3:5-7. By Communion with These the Israelites Commit Idolatry.

5-7. the children of Israel dwelt among the Canaanites--The two peoples by degrees came to be on habits of intercourse. Reciprocal alliances were formed by marriage till the Israelites, relaxing the austerity of their principles, showed a growing conformity to the manners and worship of their idolatrous neighbors.

Jij 3:8-11

Jud 3:8-11. Othniel Delivers Israel.

8-11. sold them--that is, "delivered them"

into the hand of Chushan-rishathaim--or, Chushan, "the wicked." This name had been probably given him from his cruel and impious character.

served Chushan-rishathaim eight years--by the payment of a stipulated tribute yearly, the raising of which must have caused a great amount of labor and privation.

Jij 3:12-14

Jud 3:12-30. Ehud Slays Eglon.

12-14. the children of Israel did evil again in the sight of the Lord--The Israelites, deprived of the moral and political influences of Othniel, were not long in following their native bias to idolatry.

the Lord strengthened Eglon the king of Moab--The reigning monarch's ambition was to recover that extensive portion of his ancient territory possessed by the Israelites. In conjunction with his neighbors, the Ammonites and the Amalekites, sworn enemies of Israel, he first subjected the eastern tribes; then crossing the Jordan, he made a sudden incursion on western Canaan, and in virtue of his conquests, erected fortifications in the territory adjoining Jericho [Josephus], to secure the frontier, and fixed his residence there. This oppressor was permitted, in the providence of God, to triumph for eighteen years.

Jij 3:15

15. Ehud the son of Gera--descended from Gera, one of Benjamin's sons (Ge 46:21).

left-handed--This peculiarity distinguished many in the Benjamite tribe (Jud 20:16). But the original word is rendered in some versions "both-handed," a view countenanced by 1Ch 12:2.

by him the children of Israel sent a present unto Eglon the king of Moab--the yearly tribute, which, according to Eastern fashion, would be borne with ostentatious ceremony and offered (Jud 3:18) by several messengers.

Jij 3:16

16. Ehud made him a dagger ... and he did gird it ... upon his right thigh--The sword was usually worn on the left side; so that Ehud's was the more likely to escape detection.

Jij 3:19

19. quarries--rather, "graven images" (De 7:25; Jr 8:19; 51:52); statues of Moabite idols, the sight of which kindled the patriotic zeal of Ehud to avenge this public insult to Israel on its author.

I have a secret errand unto thee, O king: who said, Keep silence--"Privacy"--a signal for all to withdraw.

Jij 3:20

20. a summer parlour--Hebrew, "chamber of cooling"--one of those retired edifices which Oriental grandees usually have in their gardens, and in which they repose during the heat of the day.

Jij 3:21-26

21-26. Ehud put forth his left hand--The whole circumstance of this daring act--the death of Eglon without a shriek, or noise--the locking of the doors--the carrying off the key--the calm, unhurried deportment of Ehud--show the strength of his confidence that he was doing God service.

Jij 3:27

27. he blew a trumpet in the mountain of Ephraim--summoned to arms the people of that mountainous region, which, adjoining the territory of Benjamin, had probably suffered most from the grievous oppression of the Moabites.

Jij 3:28

28. they went down after him, and took the fords--(See on Jos 2:7). With the view of preventing all escape to the Moabite coast, and by the slaughter of ten thousand men [Jud 3:29], Ehud rescued his country from a state of ignominious vassalage.

Jij 3:31

31. after him was Shamgar--No notice is given of the tribe or family of this judge; and from the Philistines being the enemy that roused him into public service, the suffering seems to have been local--confined to some of the western tribes.

slew ... six hundred men with an oxgoad--This instrument is eight feet long and about six inches in circumference. It is armed at the lesser end with a sharp prong for driving the cattle, and on the other with a small iron paddle for removing the clay which encumbers the plough in working. Such an instrument, wielded by a strong arm, would do no mean execution. We may suppose, however, for the notice is very fragmentary, that Shamgar was only the leader of a band of peasants, who by means of such implements of labor as they could lay hold of at the moment, achieved the heroic exploit recorded.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.