Jij 10

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Apre Abimelèk, se Tola, pitit gason Pwa, pitit pitit gason Dodo, ki parèt pou delivre pèp Izrayèl la. Tola se moun branch fanmi Isaka. Li te rete lavil Chami nan mòn Efrayim yo. 2 Li te chèf nan peyi Izrayèl la pandan venntwazan. Apre sa, li mouri. Yo antere l' lavil Chami. 3 Apre li, se Jayi, moun peyi Galarad, ki te parèt. Li gouvènen peyi Izrayèl la pandan venndezan. 4 Li te gen trant pitit gason ki te moute trant bourik. Yo te gen trant lavil ki te rele yo pa yo nan peyi Galarad. Jouk koulye a yo rele lavil yo lavil Jayi. 5 Jayi mouri, yo antere l' lavil Kamon. 6 Apre sa, moun pèp Izrayèl yo rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Bondye. Yo pran fè sèvis pou Baal yo, pou Astate yo, pou bondye moun peyi Siri yo, pou bondye moun peyi Sidon yo, pou bondye moun peyi Moab yo, pou bondye moun peyi Amon yo ak bondye moun peyi Filisti yo. Yo vire do bay Seyè a, yo sispann sèvi l'. 7 Se konsa Seyè a fache sou pèp Izrayèl la. Li kite moun Filisti yo ak moun Amon yo mete pye sou kou yo. 8 Pandan tout lanne a, moun sa yo maltrete pèp Izrayèl la, yo malmennen yo. Pandan dizwitan, yo t'ap peze tout moun nan pèp Izrayèl la ki t'ap viv lòt bò larivyè Jouden an, sou bò solèy leve, nan peyi Galarad kote yo te rete a. 9 Moun Amon yo te menm rive janbe lòt bò larivyè Jouden an pou y' al goumen ak moun branch Jida yo, moun branch fanmi Benjamen yo ak moun branch fanmi Efrayim yo. Pèp Izrayèl la te nan gwo lapenn. 10 Lè sa a, yo rele nan pye Seyè a, yo di l' konsa: -Nou te peche kont ou, nou te vire do ba ou, ou menm Bondye nou an, n' al fè sèvis pou Baal yo. 11 Seyè a reponn pèp Izrayèl la: -Moun Lejip yo, moun Amori yo, moun Amon yo, moun Filisti yo, 12 moun Sidon yo, moun Amalèk yo ak moun Mawon yo t'ap peze nou nan tan lontan, nou te kriye nan pye m'. Eske mwen pa t' delivre nou anba men yo lè sa a? 13 Men chak fwa, nou vire do ban mwen pou n' al fè sèvis pou lòt bondye. Se poutèt sa mwen pa pral delivre nou fwa sa a ankò. 14 Ale kriye nan pye bondye nou te chwazi yo! Se yo ki pou sove nou lè nou nan ka! 15 Men, moun pèp Izrayèl yo di Seyè a: -Nou fè sa nou pa t' dwe fè: Ou mèt fè nou sa ou vle. Men, tanpri delivre nou jòdi a! 16 Apre sa, yo wete tout bondye lòt nasyon yo te gen lakay yo, yo pran sèvi Seyè a. Seyè a pa t' gen kè pou l' wè jan pèp Izrayèl la te nan lapenn. 17 Lè sa a, lame pèp Amon an sanble, y' al moute kan yo nan peyi Galarad. Lame pèp Izrayèl la menm te sanble tou, yo moute kan yo lavil Mispa. 18 Pèp peyi Galarad la ak chèf yo t'ap pale, yonn t'ap di lòt: -Moun ki pral mennen batay la kont moun Amon yo, se li menm ki pral chèf tout moun nan peyi Galarad!

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jij 10:1

Jud 10:1-5. Tola Judges Israel in Shamir.

1. after Abimelech there arose to defend Israel, Tola--that is, "to save." Deliverance was necessary as well from intestine usurpation as from foreign aggression.

the son of Puah--He was uncle to Abimelech by the father's side, and consequently brother of Gideon; yet the former was of the tribe of Issachar, while the latter was of Manasseh. They were, most probably, uterine brothers.

dwelt in Shamir in mount Ephraim--As a central place, he made it the seat of government.

Jij 10:3

3. Jair, a Gileadite--This judge was a different person from the conqueror of that northeastern territory, and founder of Havoth-jair, or "Jair's villages" (Nu 32:41; De 3:14; Jos 13:3; 1Ch 2:22).

Jij 10:4

4. he had thirty sons that rode on thirty ass colts--This is a characteristic trait of Eastern manners in those early times; and the grant of a village to each of his thirty sons was a striking proof of his extensive possessions. His having thirty sons is no conclusive evidence that he had more than one wife, much less that he had more than one at a time. There are instances, in this country, of men having as many children by two successive wives.

Jij 10:6

Jud 10:6-9. Israel Oppressed by the Philistines and Ammonites.

6. the children of Israel did evil again in the sight of the Lord--This apostasy seems to have exceeded every former one in the grossness and universality of the idolatry practised.

Jij 10:7

7. Philistines, and ... the children of Ammon--The predatory incursions of these two hostile neighbors were made naturally on the parts of the land respectively contiguous to them. But the Ammonites, animated with the spirit of conquest, carried their arms across the Jordan; so that the central and southern provinces of Canaan were extensively desolated.

Jij 10:10

Jud 10:10-15. They Cry to God.

10. The children of Israel cried unto the Lord, saying, We have sinned against thee--The first step of repentance is confession of sin, and the best proof of its sincerity is given by the transgressor, when he mourns not only over the painful consequences which have resulted from his offenses to himself, but over the heinous evil committed against God.

Jij 10:11

11. the Lord said ... Did I not deliver you from the Egyptians--The circumstances recorded in this and the following verses were not probably made through the high priest, whose duty it was to interpret the will of God.

Jij 10:12

12. Maonites--that is, "Midianites."

Jij 10:16

Jud 10:16-18. They Repent; God Pities Them.

16. they put away the strange gods ... and served the Lord; and his soul was grieved for the misery of Israel--On their abandonment of idolatry and return to purity of worship, God graciously abridged the term of national affliction and restored times of peace.

Jij 10:17-18

17-18. the children of Ammon were gathered together--From carrying on guerrilla warfare, the Ammonites proceeded to a continued campaign. Their settled aim was to wrest the whole of the trans-jordanic territory from its actual occupiers. In this great crisis, a general meeting of the Israelitish tribes was held at Mizpeh. This Mizpeh was in eastern Manasseh (Jos 11:3).

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.