Jij 11
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Jefte, moun peyi Galarad, te yon vanyan sòlda. Papa l' te rele Galarad. Manman l' te yon jennès. 2 Madan Galarad te fè lòt pitit gason pou mari l'. Men, lè pitit li yo fin gran, yo mete Jefte deyò nan kay la, yo di l' konsa: -Ou pa gen dwa jwenn anyen nan byen papa nou, paske ou se pitit yon jennès. 3 Jefte kouri met deyò pou frè l' yo, l' al rete nan peyi Tòb. Yon bann vòryen vin mete tèt ansanm avèk Jefte. Yo te konn soti avè l' al devalize moun. 4 Kèk tan apre sa, moun Amon yo leve vin fè lagè ak pèp Izrayèl la. 5 Lè moun Amon yo vin atake pèp Izrayèl la, chèf fanmi peyi Galarad la al chache Jefte nan peyi Tòb pou mennen l' tounen. 6 Yo di l' konsa: -Vini non! Pran kòmandman lame nou an pou n' ka goumen ak moun Amon yo. 7 Men, Jefte di chèf fanmi peyi Galarad yo: -Mwen te kwè nou pa vle wè m'? Nou fòse m' kite lakay papa m'! Koulye a nou nan traka, poukisa se mwen menm nou vin jwenn? 8 Chèf fanmi peyi Galarad yo di Jefte konsa: -Nou vin jwenn ou koulye a, paske nou bezwen pou ou mache ansanm avèk nou, pou ou goumen ak moun Amon yo, pou ou ka chèf tout moun ki rete nan peyi Galarad la. 9 Lè sa a, Jefte di chèf fanmi peyi Galarad yo: -Tansèlman, si nou fè m' tounen lakay pou m' goumen ak moun Amon yo, si Seyè a fè m' kraze yo, se mwen menm k'ap chèf nou tout bon wi! 10 Chèf fanmi peyi Galarad yo di Jefte konsa: -Nou pran Seyè a sèvi nou temwen! N'ap fè tou sa ou sot di la a. 11 Se konsa, Jefte ale avèk chèf fanmi peyi Galarad la, epi yo mete l' chèf pou l' gouvènen yo, pou l' kòmande lame yo. Apre sa, Jefte al repete tout kondisyon sa yo devan Seyè a, lavil Mispa. 12 Lèfini, Jefte voye mesaje bay wa moun Amon yo pou di l': -Kisa ou gen avèk nou? Poukisa ou vini goumen ak nou jouk nan peyi nou? 13 Wa moun Amon yo reponn mesaje Jefte yo: -Se paske pèp Izrayèl la, lè yo soti kite peyi Lejip, yo pran peyi a nan men nou, depi larivyè Anon jouk larivyè Jabòk ak larivyè Jouden. Koulye a se pou yo renmèt nou tè nou san bri san kont. 14 Jefte voye mesaje yo tounen al jwenn wa moun Amon yo, 15 avèk repons sa a: -Pèp Izrayèl la pa janm pran ankenn pòsyon nan tè moun Moab yo, ni nan tè moun Amon yo. 16 Paske lè pèp Izrayèl la t'ap kite Lejip, yo te mache nan tout dezè a jouk lanmè Wouj yo, epi yo rive Kadès. 17 Lè sa a, pèp Izrayèl la voye mesaje bò kote wa peyi Edon an pou di l' konsa: Tanpri, kite nou fè yon ti pase nan peyi a. Men, wa peyi Edon an pa t' vle kite yo pase. Yo te voye tou bò kote wa Moab la. Men, li menm tou, li pa t' vle kite yo pase. Se konsa pèp Izrayèl la rete Kadès. 18 Apre sa, yo pran mache nan dezè a, yo fè yon detou pou yo pa pase nan peyi Edon an ak nan peyi Moab la. Yo rive sou bò solèy leve peyi Moab la, lòt bò larivyè Anon an. Se la yo moute kan yo pou yo rete. Men, yo pa janm janbe lòt bò larivyè Anon paske se li ki te sèvi fwontyè pou peyi Moab la. 19 Lè sa a pèp Izrayèl la voye mesaje bay Siyon, wa peyi Amori a, ki te rete Esbon. Yo voye mande l' pèmisyon pou yo fè yon ti pase nan peyi l' la pou yo ka rive nan peyi kote yo prale a. 20 Men, Siyon pa t' fè pèp Izrayèl la konfyans, li pa t' kite yo pase. Li sanble tout sòlda li yo, yo vin moute kan yo bò Ajaza, epi yo atake pèp Izrayèl la. 21 Men, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, lage Siyon ansanm ak tout moun li yo nan men pèp Izrayèl la ki bat yo byen bat. Se konsa, pèp Izrayèl la pran peyi a nan men moun Amori yo ki te rete nan zòn lan. 22 Yo pran tout peyi moun Amori yo pou yo, soti larivyè Anon bò nan sid jouk larivyè Jabòk bò nan nò, depi dezè a bò solèy leve jouk larivyè Jouden bò solèy kouche. 23 Konsa, se Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki te mete moun Amori yo deyò pou fè plas pou pèp Izrayèl la, pèp li a. 24 Koulye a, ou ta vle reprann tè a nan men Seyè a? Eske ou pa kenbe pou ou tou sa Kemòch, bondye ou la, ba ou? Epi ou ta vle pou nou pa kenbe sa Seyè a, Bondye nou an, ban nou? 25 Eske ou pi bon pase Balak, pitit gason Zipò a, wa peyi Moab la? Li pa janm leve dwèt li sou pèp Izrayèl la, li pa janm leve vin goumen ak nou. 26 Pèp Izrayèl la gen twasanzan depi li rete lavil Esbon ak lavil Awoyè ansanm ak tout ti bouk ki sou kont yo, ak tout lavil ki sou de bò larivyè Anon an. Poukisa, depi tout tan sa a, nou pa t' reprann yo? 27 Non. Mwen pa fè nou anyen, se nou menm ki fè m' lè nou vin fè m' lagè. Se Seyè a sèl moun ki pou jije. L'a deside ant pèp Izrayèl la ak pèp Amori a kilès ki gen rezon! 28 Men, wa moun Amori yo pa t' koute mesaj Jefte te voye ba li a. 29 Lespri Seyè a te sou Jefte. Jefte travèse peyi Galarad ak peyi Manase, li tounen lavil Mispa nan peyi Galarad. Apre sa, li kite lavil Mispa, li pase nan peyi Amon an. 30 Jefte te fè Seyè a yon ve. Li te di: -Si ou lage moun Amon yo nan men m', 31 m'ap ofri ou premye moun ki va soti lakay mwen vin kontre m' lè m'a tounen soti kraze moun Amon yo. M'ap boule l' nèt nan dife pou ou. 32 Se konsa, Jefte janbe lòt bò fwontyè a, li antre nan peyi moun Amon yo, l' al goumen ak yo. Epi Seyè a lage yo nan men l'. 33 Li bat yo depi lavil Awoyè rive nan tout zòn Minit la jouk Abèl Kiramen. Sa te fè vin lavil antou. Yo te touye anpil moun. Se konsa, moun Amon yo vin soumèt devan pèp Izrayèl la. 34 Lè Jefte tounen lakay li lavil Mispa, vwala se pitit fi li a ki te soti vin kontre l'. Li t'ap danse, li t'ap jwe tanbouren. Se te sèl pitit li te genyen. Li pa t' gen lòt pitit ankò, ni fi ni gason. 35 Lè Jefte wè li, li chire rad sou li sitèlman sa te fè l' lapenn, li di: -O pitit fi mwen! Ou touye papa ou. Poukisa se ou menm ki pou fè m' tout lapenn sa a! Mwen te fè yon gwo ve bay Seyè a. Koulye a m' pa ka pa kenbe l'. 36 Pitit fi a di l': -Papa, si ou te fè yon ve bay Seyè a, se pou ou fè m' sa ou te di w'ap fè m' lan, paske Seyè a te ba ou pouvwa pou ou tire revanj sou lènmi ou yo. 37 Apre sa li di papa l' konsa: -Yon sèl bagay m'ap mande ou! Ban m' yon ti delè de mwa pou m' al pwonmennen ansanm ak zanmi m' yo nan mòn yo pou m' al kriye, paske mwen pral mouri san m' pa marye. 38 Jefte kite l' ale pou de mwa. Se konsa, pitit fi Jefte a ansanm ak zanmi l' yo ale nan mòn, y' al kriye paske li tapral mouri tifi. 39 Sou de mwa, li tounen vin jwenn papa l' ki fè sa l' te pwomèt fè pou Seyè a. Se konsa, li mouri tifi. Se depi lè sa a sa rete yon koutim nan peyi Izrayèl la, 40 pou chak lanne medam pèp Izrayèl yo soti al pase kat jou ap kriye pou pitit fi Jefte, moun peyi Galarad la.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jij 11:1
Jud 11:1-3. Jephthah.
1. Jephthah--"opener."
son of an harlot--a concubine, or foreigner; implying an inferior sort of marriage prevalent in Eastern countries. Whatever dishonor might attach to his birth, his own high and energetic character rendered him early a person of note.
Gilead begat Jephthah--His father seems to have belonged to the tribe of Manasseh (1Ch 7:14, 17).
Jij 11:2
2. Thou shalt not inherit in our father's house--As there were children by the legitimate wife, the son of the secondary one was not entitled to any share of the patrimony, and the prior claim of the others was indisputable. Hence, as the brothers of Jephthah seem to have resorted to rude and violent treatment, they must have been influenced by some secret ill-will.
Jij 11:3
3. Jephthah ... dwelt in the land of Tob--on the north of Gilead, beyond the frontier of the Hebrew territories (2Sa 10:6, 8).
there were gathered vain men to Jephthah--idle, daring, or desperate.
and went out with him--followed him as a military chief. They led a freebooting life, sustaining themselves by frequent incursions on the Ammonites and other neighboring people, in the style of Robin Hood. The same kind of life is led by many an Arab or Tartar still, who as the leader of a band, acquires fame by his stirring or gallant adventures. It is not deemed dishonorable when the expeditions are directed against those out of his own tribe or nation. Jephthah's mode of life was similar to that of David when driven from the court of Saul.
Jij 11:4
Jud 11:4-11. The Gileadites Covenant with Jephthah.
4. in process of time--on the return of the season.
the children of Ammon made war against Israel--Having prepared the way by the introduction of Jephthah, the sacred historian here resumes the thread of his narrative from Jud 10:17. The Ammonites seem to have invaded the country, and active hostilities were inevitable.
Jij 11:5-6
5-6. the elders of Gilead went to fetch Jephthah--All eyes were directed towards him as the only person possessed of the qualities requisite for the preservation of the country in this time of imminent danger; and a deputation of the chief men was despatched from the Hebrew camp at Mizpeh to solicit his services.
Jij 11:7-9
7-9. Jephthah said, Did not ye hate me?--He gave them at first a haughty and cold reception. It is probable that he saw some of his brothers among the deputies. Jephthah was now in circumstances to make his own terms. With his former experience, he would have shown little wisdom or prudence without binding them to a clear and specific engagement to invest him with unlimited authority, the more especially as he was about to imperil his life in their cause. Although ambition might, to a certain degree, have stimulated his ready compliance, it is impossible to overlook the piety of his language, which creates a favorable impression that his roving life, in a state of social manners so different from ours, was not incompatible with habits of personal religion.
Jij 11:10-11
10-11. the elders of Israel said unto Jephthah, The Lord be witness between us--Their offer being accompanied by the most solemn oath, Jephthah intimated his acceptance of the mission, and his willingness to accompany them. But to make "assurance doubly sure," he took care that the pledge given by the deputies in Tob should be ratified in a general assembly of the people at Mizpeh; and the language of the historian, "Jephthah uttered all his words before the Lord," seems to imply that his inauguration with the character and extraordinary office of judge was solemnized by prayer for the divine blessing, or some religious ceremonial.
Jij 11:12-28
Jud 11:12-28. His Embassy to the King of Ammon.
12-28. Jephthah sent messengers unto the king of the children of Ammon--This first act in his judicial capacity reflects the highest credit on his character for prudence and moderation, justice and humanity. The bravest officers have always been averse to war; so Jephthah, whose courage was indisputable, resolved not only to make it clearly appear that hostilities were forced upon him, but to try measures for avoiding, if possible, an appeal to arms: and in pursuing such a course he was acting as became a leader in Israel (De 20:10-18).
Jij 11:29-30
Jud 11:29-31. His Vow.
29-30. Then the Spirit of the Lord came upon Jephthah--The calm wisdom, sagacious forethought, and indomitable energy which he was enabled to display, were a pledge to himself and a convincing evidence to his countrymen, that he was qualified by higher resources than his own for the momentous duties of his office.
he passed over Gilead, and Manasseh--the provinces most exposed and in danger, for the purpose of levying troops, and exciting by his presence a widespread interest in the national cause. Returning to the camp at Mizpeh, he then began his march against the enemy. There he made his celebrated vow, in accordance with an ancient custom for generals at the outbreak of a war, or on the eve of a battle, to promise the god of their worship a costly oblation, or dedication of some valuable booty, in the event of victory. Vows were in common practice also among the Israelites. They were encouraged by the divine approval as emanating from a spirit of piety and gratitude; and rules were laid down in the law for regulating the performance. But it is difficult to bring Jephthah's vow within the legitimate range (see on Le 27:28).
Jij 11:31
31. whatsoever cometh forth of the doors of my house to meet me--This evidently points not to an animal, for that might have been a dog; which, being unclean, was unfit to be offered; but to a person, and it looks extremely as if he, from the first, contemplated a human sacrifice. Bred up as he had been, beyond the Jordan, where the Israelitish tribes, far from the tabernacle, were looser in their religious sentiments, and living latterly on the borders of a heathen country where such sacrifices were common, it is not improbable that he may have been so ignorant as to imagine that a similar immolation would be acceptable to God. His mind, engrossed with the prospect of a contest, on the issue of which the fate of his country depended, might, through the influence of superstition, consider the dedication of the object dearest to him the most likely to ensure success.
shall surely be the Lord's; and [or] I will offer it up for a burnt offering--The adoption of the latter particle, which many interpreters suggest, introduces the important alternative, that if it were a person, the dedication would be made to the service of the sanctuary; if a proper animal or thing, it would be offered on the altar.
Jij 11:32
32. Jephthah passed over unto the children of Ammon ... and the Lord delivered them into his hands--He met and engaged them at Aroer, a town in the tribe of Gad, upon the Arnon. A decisive victory crowned the arms of Israel, and the pursuit was continued to Abel (plain of the vineyards), from south to north, over an extent of about sixty miles.
Jij 11:34-40
34-40. Jephthah came to Mizpeh unto his house, and, behold, his daughter came out to meet him with timbrels and with dances--The return of the victors was hailed, as usual, by the joyous acclaim of a female band (1Sa 18:6), the leader of whom was Jephthah's daughter. The vow was full in his mind, and it is evident that it had not been communicated to anyone, otherwise precautions would doubtless have been taken to place another object at his door. The shriek, and other accompaniments of irrepressible grief, seem to indicate that her life was to be forfeited as a sacrifice; the nature of the sacrifice (which was abhorrent to the character of God) and distance from the tabernacle does not suffice to overturn this view, which the language and whole strain of the narrative plainly support; and although the lapse of two months might be supposed to have afforded time for reflection, and a better sense of his duty, there is but too much reason to conclude that he was impelled to the fulfilment by the dictates of a pious but unenlightened conscience.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
