Jij 9
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Abimelèk, pitit gason Jewoubaal ki te rele Jedeyon tou, ale lavil Sichèm kote frè menm manman avè l' yo te rete. Li pale ak yo ansanm ak tout fanmi papa manman l' yo, li di yo: 2 -Tanpri, ale pale ak tout grannèg ki mèt lavil Sichèm yo. Mande yo si yo ta pito gen tout swasanndis pitit gason Jewoubaal yo pase yon sèl ladan yo pou chèf? Pa bliye, se bon fanmi san nou mwen ye! 3 Se konsa tout fanmi manman Abimelèk yo mache pale ak tout grannèg ki mèt lavil Sichèm yo, yo mande yo menm bagay la. Tout moun te panche pou Abimelèk, paske yo t'ap di se ti fanmi yo li ye. 4 Yo ba li swasanndis pyès ajan yo te pran nan tanp Baal-Berit la. Avèk lajan sa a, li lwe sèvis kèk vòryen ak kèk vakabon pou mache avè l'. 5 L' ale lakay papa l' nan lavil Ofra, li touye tout swasanndis frè l' yo, pitit Jewoubaal yo, anwo menm wòch la. Men, dènye pitit gason Jewoubaal la, Jotam, te kache. Se konsa li pa t' mouri. 6 Lè sa a, tout chèf ki nan lavil Sichèm yo ansanm ak tout moun Bèt Milo yo mete tèt yo ansanm, y' al toupre pye bwadchenn repozwa ki kanpe nan lavil Sichèm lan, yo fè Abimelèk wa. 7 Lè Jotam vin konn sa, l' al kanpe sou tèt mòn Garizim lan, li pran pale byen fò pou tout moun tande, li di konsa: -Nou menm grannèg ki mèt lavil Sichèm yo, koute sa m'ap di nou. Apre sa, se pou Bondye koute sa nou menm nou pral di. 8 Vwala yon jou, tout pyebwa yo pran desizyon chwazi yon wa pou mete alatèt yo. Yo di pye benzoliv la: Vin gouvènen nou non! 9 Pye benzoliv la di yo: Nou ta vle mwen sispann bay lwil ki sèvi pou fè lwanj bondye yo ak lwanj lèzòm pou m' al chèf sou tout pyebwa! 10 Y' al jwenn pye figfrans lan, yo di l': Ou menm, pye figfrans, vin gouvènen nou non! 11 Pye figfrans lan di yo: Nou ta vle mwen sispann bay bon ti fwi dous pou m' ale chèf sou tout pyebwa! 12 Lè sa a, yo di pye rezen an: Ou menm pye rezen, vin gouvènen nou non! 13 Pye rezen an di yo: Nou ta vle mwen sispann bay diven ki fè kè bondye yo ak kè lèzòm kontan pou m' al chèf sou tout pyebwa! 14 Lè sa a, yo di pye pikan an: Ou menm pye pikan, vin gouvènen nou non! 15 Pye pikan an di yo: Si nou soti tout bon vre pou nou fè m' wa alatèt nou, enben, vini non. Vin mete kò nou nan lonbraj mwen. Si nou pa fè sa, gen yon sèl dife k'ap soti nan touf pikan an, l'ap boule nou tout, ata pye sèd peyi Liban yo! 16 Koulye a, m'ap mande nou: Eske se tout bon vre epi ak tout kè nou nou mete Abimelèk wa pou gouvènen nou? Dapre nou, se yon bèl bagay nou fè la a pou Jewoubaal ak fanmi l' yo? Eske se sa Jewoubaal merite apre sa li te fè pou nou? 17 Chonje jan papa m' te goumen pou nou, jan li te riske lavi l' pou nou, pou l' te ka delivre nou anba men moun Madyan yo. 18 Epi pou jòdi a nou leve dèyè fanmi papa m' yo. Nou touye swasanndis pitit gason l' yo sou menm wòch la, epi nou pran Abimelèk, yon pitit gason li fè ak yonn nan sèvant li yo, nou mete l' wa alatèt grannèg lavil Sichèm yo. Poukisa? Paske se fanmi nou li ye? 19 Si se tout bon vre epi ak tout kè nou nou fè Jewoubaal ak fanmi l' yo sa nou fè la a, enben, n'ap kontan avèk Abimelèk nou an. Li menm tou l'a kontan ak nou! 20 Men, si se pa sa, se pou yon dife soti nan Abimelèk pou li boule dènye grannèg lavil Sichèm yo ak tout moun ki nan Bèt Milo. Se pou dife soti nan grannèg lavil Sichèm yo ak tout moun ki nan Kay-Ranble a pou l' devore Abimelèk! 21 Apre sa, Jotam kouri met deyò. L' al kache lavil Beyè, paske li te pè Abimelèk, frè l' la. 22 Abimelèk gouvènen pèp Izrayèl la pandan twazan. 23 Apre sa, Bondye mete yon sèl bouyay ant Abimelèk ak grannèg Sichèm yo, li fè grannèg Sichèm yo leve dèyè Abimelèk. 24 Sa te rive konsa pou yo tout te ka peye sa yo te fè a: Abimèlèk pou masakre li te masakre swasanndis pitit gason Jewoubaal yo, grannèg lavil Sichèm yo pou ankouraje yo te ankouraje Abimelèk lè li t'ap touye frè l' yo. 25 Grannèg lavil Sichèm yo mete anbiskad sou tèt mòn yo ap veye Abimelèk. Moun ki nan anbiskad yo menm te rete ap vòlò tout moun ki t'ap pase sou chemen an bò kote yo. Abimelèk vin konn sa. 26 Gaal, pitit gason Ebèd la, vin rive lavil Sichèm ansanm ak frè l' yo. Grannèg lavil Sichèm yo fè msye konfyans. 27 Y' al nan jaden yo, yo keyi rezen nan jaden rezen yo, yo fè diven, yo fè fèt. Y' al nan tanp bondye yo a, yo manje, yo bwè, epi yo bay Abimelèk kont madichon li. 28 Gaal, pitit gason Ebèd la, di yo: -Kisa Abimelèk ye menm pou n'ap sèvi l' konsa? Ki kalite moun ki gen nan lavil Sichèm la menm pou y'ap sèvi Abimelèk? Ki moun li ye? An! Pitit gason Jewoubaal la! Epi se nan men l' Zeboul ap resevwa lòd? Poukisa pou n' sèvi l'? Non! Se pou moun Sichèm yo respekte Amò, zansèt yo, se moun fanmi li pou yo sèvi. 29 Pa mande Bondye se mwen ki te chèf pèp sa a! Mwen ta mete Abimelèk nan wòl li! Mwen ta di l': Si ou gen yon gwo lame vre, soti non! Soti vin goumen! 30 Zeboul te chèf lavil Sichèm. Lè li tande tout pawòl Gaal, pitit gason Ebèd la, te di yo, li fache anpil. 31 Li voye mesaje an kachèt bò Abimelèk pou di l' konsa: -Gaal, pitit gason Ebèd la, rive lavil Sichèm ansanm ak frè l' yo. Y'ap moute tèt moun lavil la sou do ou pou yo pa kite ou antre. 32 Men sa ou pral fè. Leve nan mitan lannwit ansanm ak tout moun ki avè ou yo, al kache nan tout bwa a. 33 Nan maten, lè solèy fenk leve, w'a parèt, w'a tonbe sou lavil la pou atake l'. Lè Gaal ak moun li yo va soti vin kontre ak ou, w'a kraze l' ak tout fòs ou. 34 Se konsa, Abimelèk ak tout moun li yo leve lannwit, yo separe fè kat gwoup, y' al kache andeyò limit lavil la. 35 Gaal, pitit gason Ebèd la, soti, l' al kanpe bò pòtay lavil la. Lè sa a, Abimelèk ak moun pa l' yo soti nan kachèt yo. 36 Lè Gaal wè moun yo, li di Zeboul konsa: -Gade. Men yon bann moun k'ap desann sot sou tèt mòn yo! Men, Zeboul di li: -Se pa anyen, monchè! Se lonbraj sou mòn yo ou pran pou moun! 37 Gaal di l' ankò: -Gade! Men yon bann moun k'ap desann Mòn Lonbrit latè a. Men yon lòt ankò k'ap vini sou chemen Pye Chenn moun k'ap li zetwal yo. 38 Lè sa a, Zeboul di l' konsa: -Kote bèl pawòl ki te nan bouch ou yo? Se pa ou ki t'ap mande ki moun Abimelèk ye konsa pou n'ap sèvi l'? Apa moun ou t'ap pase nan betiz yo? Soti non! Koulye a al goumen ak yo! 39 Gaal pran devan, li mennen grannèg lavil Sichèm yo pou y' al goumen ak Abimelèk. 40 Men, lè Abimelèk mache sou li, Gaal pran kouri met deyò. Sòlda Abimelèk yo te blese anpil moun rive jouk devan pòtay lavil la. 41 Apre sa, Abimelèk tounen lavil Awouma. Zeboul menm mete Gaal deyò ak tout frè l' yo, kifè yo pa t' kapab rete lavil Sichèm ankò. 42 Nan denmen, moun lavil Sichèm yo fè lide soti al nan jaden. Yo vin di Abimelèk sa. 43 Li pran moun li yo, li separe yo fè twa gwoup epi l' al kache nan jaden yo. Lè li wè moun yo ap soti nan lavil la, li vare sou yo, li pran goumen ak yo, li touye yo. 44 Abimelèk ak gwoup li a kouri devan, y' al rete devan pòtay lavil la, pandan de lòt gwoup yo menm t'ap atake moun ki nan jaden yo, yo t'ap touye yo. 45 Abimelèk goumen ak moun lavil la tout jounen an. Li pran lavil la pou li, li touye tout moun ki te ladan l'. Apre sa, li kraze lavil la ratè, epi li simen sèl sou tout anplasman lavil la. 46 Lè tout grannèg ki rete nan gwo fò won Sichèm lan vin konn sa, yo antre al kache nan fò tanp Baal-Berit la. 47 Y' al di Abimelèk tout grannèg yo te sanble la. 48 Lè sa a, Abimelèk moute sou mòn Zalmon avèk moun ki te avè l' yo. Li pran yon rach li koupe yon branch bwa, li pran l', li mete l' sou zepòl li. Epi li di tout moun ki te avè l' yo: -Nou wè sa m' fè a, kouri vit! Al fè menm bagay la tou. 49 Chak moun koupe yon branch bwa vre, epi yo pran mache dèyè Abimelèk. Yo anpile branch bwa yo nan pye fò a. Epi yo mete dife nan fò a ak tout moun yo ladan l'. Se konsa tout moun ki rete nan fò Sichèm lan mouri. Te gen mil (01.000) moun konsa, fanm ak gason, ki mouri. 50 Apre sa, Abimelèk ale lavil Tebèz, li sènen l' epi li pran l'. 51 Te gen yon gwo fò won nan mitan lavil la. Tout moun, fanm kou gason, ansanm ak chèf yo, kouri al kache ladan l'. Yo fèmen tout pòt yo dèyè yo epi yo moute sou tèt fò a. 52 Abimelèk rive jouk bò fò a. Li pwoche bò pòt la pou l' te mete dife nan fò a. 53 Men yon fanm lage yon wòl moulen sou tèt Abimelèk, li kraze zo bwa tèt li. 54 Abimelèk rele jenn gason ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Rale nepe ou, touye m'. Mwen pa vle yo di se yon fanm ki touye m'. Se konsa jenn gason an pèse l' pak an pak, epi li mouri. 55 Lè moun pèp Izrayèl yo wè Abimelèk mouri, yo tout al lakay yo. 56 Se konsa Bondye te fè Abimelèk peye pou krim li te fè kont fanmi papa l' la, lè li te touye swasanndis frè l' yo. 57 Bondye te fè moun lavil Sichèm yo soufri pou mechanste yo te fè lòt moun soufri. Se konsa, madichon Jotam, pitit gason Jewoubaal la, te wè pou yo a rive yo vre.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jij 9:1
Jud 9:1-6. Abimelech Is Made King by the Shechemites.
1. Abimelech the son of Jerubbaal went to Shechem--The idolatry which had been stealthily creeping into Israel during the latter years of Gideon was now openly professed; Shechem was wholly inhabited by its adherents; at least, idolaters had the ascendency. Abimelech, one of Gideon's numerous sons, was connected with that place. Ambitious of sovereign power, and having plied successfully the arts of a demagogue with his maternal relatives and friends, he acquired both the influence and money by which he raised himself to a throne.
communed ... with all the family of the house of his mother's father--Here is a striking instance of the evils of polygamy--one son has connections and interests totally alien to those of his brothers.
Jij 9:2
2. Whether is better for you, either that all the sons of Jerubbaal, ... or that one reign over you--a false insinuation, artfully contrived to stir up jealousy and alarm. Gideon had rejected, with abhorrence, the proposal to make himself or any of his family king, and there is no evidence that any of his other sons coveted the title.
Jij 9:4
4. the house of Baal-berith--either the temple, or the place where this idol was worshipped; Baal-berith, "god of the covenant," by invocation of whom the league of cities was formed.
Abimelech hired vain and light persons, which followed him--idle, worthless vagabonds, the scum of society, who had nothing to lose, but much to gain from the success of a revolutionary movement.
Jij 9:5
5. went unto ... Ophrah, and slew his brethren i. e., upon one stone--This is the first mention of a barbarous atrocity which has, with appalling frequency, been perpetrated in the despotic countries of the East--that of one son of the deceased monarch usurping the throne and hastening to confirm himself in the possession by the massacre of all the natural or legitimate competitors. Abimelech slew his brethren on one stone, either by dashing them from one rock, or sacrificing them on one stone altar, in revenge for the demolition of Baal's altar by their father. This latter view is the more probable, from the Shechemites (Jud 9:24) aiding in it.
threescore and ten persons--A round number is used, but it is evident that two are wanting to complete that number.
Jij 9:6
6. all the men of Shechem ..., and all the house of Millo--that is, a mound or rampart, so that the meaning is, all the men in the house or temple; namely, the priests of Baal.
made Abimelech king, by the plain of the pillar--rather, "by the oak near a raised mound"--so that the ceremony of coronation might be conspicuous to a crowd.
Jij 9:7
Jud 9:7-21. Jotham by a Parable Reproaches Them.
7. he ... stood in the top of mount Gerizim and lifted up his voice--The spot he chose was, like the housetops, the public place of Shechem; and the parable [Jud 9:8-15] drawn from the rivalry of the various trees was appropriate to the diversified foliage of the valley below. Eastern people are exceedingly fond of parables and use them for conveying reproofs, which they could not give in any other way. The top of Gerizim is not so high in the rear of the town, as it is nearer to the plain. With a little exertion of voice, he could easily have been heard by the people of the city; for the hill so overhangs the valley, that a person from the side or summit would have no difficulty in speaking to listeners at the base. Modern history records a case, in which soldiers on the hill shouted to the people in the city and endeavored to instigate them to an insurrection. There is something about the elastic atmosphere of an Eastern clime which causes it to transmit sound with wonderful celerity and distinctness [Hackett].
Jij 9:13
13. wine, which cheereth God and man--not certainly in the same manner. God might be said to be "cheered" by it, when the sacrifices were accepted, as He is said also to be honored by oil (Jud 9:9).
Jij 9:21
21. Joatham ... went to Beer--the modern village El-Bireh, on the ridge which bounds the northern prospect of Jerusalem.
Jij 9:22
Jud 9:22-49. Gaal's Conspiracy.
22. When Abimelech had reigned three years--His reign did not, probably at first, extend beyond Shechem; but by stealthy and progressive encroachments he subjected some of the neighboring towns to his sway. None could "reign" in Israel, except by rebellious usurpation; and hence the reign of Abimelech is expressed in the original by a word signifying "despotism," not that which describes the mild and divinely authorized rule of the judge.
Jij 9:23
23. Then God sent an evil spirit between Abimelech and the men of Shechem--In the course of providence, jealousy, distrust, secret disaffection, and smothered rebellion appeared among his subjects disappointed and disgusted with his tyranny; and God permitted those disorders to punish the complicated crimes of the royal fratricide and idolatrous usurper.
Jij 9:26
26. Gaal ... came with his brethren ..., and the men of Shechem put their confidence in him--An insurrection of the original Canaanites, headed by this man, at last broke out in Shechem.
Jij 9:28-45
28-45. would to God this people were under my hand--He seems to have been a boastful, impudent, and cowardly person, totally unfit to be a leader in a revolutionary crisis. The consequence was that he allowed himself to be drawn into an ambush, was defeated, the city of Shechem destroyed and strewn with salt. The people took refuge in the stronghold, which was set on fire, and all in it perished.
Jij 9:50
Jud 9:50-57. Abimelech Slain.
50. Then went Abimelech to Thebez, and encamped against Thebez--now Tubas--not far from Shechem.
Jij 9:51-53
51-53. all the men and women, ... gat them up to the top of the tower--The Canaanite forts were generally mountain fastnesses or keeps, and they often had a strong tower which served as a last refuge. The Assyrian bas-reliefs afford counterparts of the scene here described so vivid and exact, that we might almost suppose them to be representations of the same historic events. The besieged city--the strong tower within--the men and women crowding its battlements--the fire applied to the doors, and even the huge fragments of stone dropping from the hands of one of the garrison on the heads of the assailants, are all well represented to the life--just as they are here described in the narrative of inspired truth [Goss].
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
