Jenèz 6

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Lè sa a, moun te konmanse ap fè anpil anpil pitit sou latè. Yo te vin gen anpil pitit fi. 2 Pitit gason Bondye yo te wè jan pitit fi lèzòm yo te bèl. Se konsa, nan fi yo te renmen yo, yo pran ladan yo pou madanm yo. 3 Lè Seyè a wè sa, li di: Mwen p'ap kite lèzòm viv pou tout tan, paske se moun ase yo ye. Se sanventan (0120 an) sèlman pou yo viv. 4 Lè sa a, epi pandan lontan apre sa, te vin gen sou latè yon ras moun wo anpil: se te pitit pitit fi lèzòm yo te fè pou pitit gason bondye yo. Se yo ki te vanyan gason nan tan lontan yo, kifè tout moun t'ap nonmen non yo. 5 Seyè a wè jan lèzòm te mechan toupatou sou latè, ki jan tout lajounen se move lide ase ki te nan tèt yo. 6 Li vin règrèt li te fè moun sou latè. Kè l' vin sere ak lapenn. 7 Seyè a di: Mwen pral disparèt tout moun mwen te kreye yo, san kite yonn. Epi m'ap detwi ansanm ak yo tout tou bèt kat pat, tout bèt ki trennen sou vant ak tout zwazo k'ap vole nan syèl, paske mwen règrèt anpil dèske mwen te fè yo. 8 Men, Noe te fè Bondye plezi. 9 Men pitit pitit Noe yo. Nan tout moun ki t'ap viv lè sa a, Noe te sèl moun ki t'ap mache dwat devan Bondye, ki pa t' nan anyen ki mal. Li t'ap mache byen ak Bondye. 10 Li te gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè. 11 Men, tout lòt moun yo te fin pouri devan Bondye. Toupatou sou latè se te mechanste sou mechanste. 12 Bondye gade latè, li wè l' te fin pouri, paske tout moun sou latè te fin pèvèti. 13 Lè sa a, Bondye di Noe konsa: Mwen deside pou m' fini ak tout moun, paske se yo ki lakòz toupatou sou latè se mechanste ase. Wi, mwen pral detwi yo nèt ansanm ak tout sa ki sou latè. 14 Fè yon gwo batiman pou ou ak bwa pichpen. W'a fè anpil ti chanm ladan l'. W'a badijonnen l' byen badijonnen anndan kou deyò avèk goudwon. 15 Men ki jan pou ou fè l': Batiman an va gen katsansenkant (0450) pye longè, swasannkenz pye lajè, ak karannsenk pye wotè. 16 W'a mete yon twati sou batiman an. W'a kite yon espas dizwit pous ant twati a ak rebò a. W'a louvri yon sèl pòt sou kote batiman an. W'a mete yon etaj anba, yon etaj nan mitan, yon etaj anwo. 17 Mwen pral voye yon gwo inondasyon dlo sou latè pou detwi tout sa k'ap viv anba syèl la. tout sa ki sou latè pral peri. 18 Men, m'ap fè yon kontra avè ou. W'a antre nan batiman an, ou menm, pitit gason ou yo, madanm ou ansanm ak madanm pitit ou yo. 19 W'a pran avèk ou tout yon pè nan tout kalite bèt, yon mal ak yon fenmèl. Wa fè yo antre nan batiman an ansanm ak ou pou yo pa mouri. 20 Konsa, nan tout kalite zwazo, nan tout kalite bèt domestik, nan tout kalite bèt ki trennen sou vant yo, gen yon pè nan chak kalite ki va vin jwenn ou pou yo pa mouri. 21 Ou menm bò pa ou, ranmase tout kalite manje, mezi ou kapab. Fè yon bèl pwovizyon mete la pou ou ka jwenn manje pou ou manje ansanm ak tout bèt yo tou. 22 Se konsa Noe fè tout sa Bondye te ba li lòd fè a. Wi, se sa menm li te fè.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jenèz 6:2

Ge 6:1-22. Wickedness of the World.

2. the sons of God saw the daughters of men--By the former is meant the family of Seth, who were professedly religious; by the latter, the descendants of apostate Cain. Mixed marriages between parties of opposite principles and practice were necessarily sources of extensive corruption. The women, religious themselves, would as wives and mothers exert an influence fatal to the existence of religion in their household, and consequently the people of that later age sank to the lowest depravity.

Jenèz 6:3

3. flesh--utterly, hopelessly debased.

And the Lord said, My spirit shall not always strive--Christ, as God, had by His Spirit inspiring Enoch, Noah, and perhaps other prophets (1Pe 3:20; 2Pe 2:5; Jude 14), preached repentance to the antediluvians; but they were incorrigible.

yet his days shall be an hundred and twenty years--It is probable that the corruption of the world, which had now reached its height, had been long and gradually increasing, and this idea receives support from the long respite granted.

Jenèz 6:4

4. giants--The term in Hebrew implies not so much the idea of great stature as of reckless ferocity, impious and daring characters, who spread devastation and carnage far and wide.

Jenèz 6:5-6

5-6. God saw it ... repented ... grieved--God cannot change (Mal 3:6; Jas 1:17); but, by language suited to our nature and experience, He is described as about to alter His visible procedure towards mankind--from being merciful and long-suffering, He was about to show Himself a God of judgment; and, as that impious race had filled up the measure of their iniquities, He was about to introduce a terrible display of His justice (Ec 8:11).

Jenèz 6:8

8. But Noah found grace in the eyes of the Lord--favor. What an awful state of things when only one man or one family of piety and virtue was now existing among the professed sons of God!

Jenèz 6:9

9. Noah ... just ... and perfect--not absolutely; for since the fall of Adam no man has been free from sin except Jesus Christ. But as living by faith he was just (Ga 3:2; He 11:7) and perfect--that is, sincere in his desire to do God's will.

Jenèz 6:11

11. the earth was filled with violence--In the absence of any well-regulated government it is easy to imagine what evils would arise. Men did what was right in their own eyes, and, having no fear of God, destruction and misery were in their ways.

Jenèz 6:13

13. And God said unto Noah--How startling must have been the announcement of the threatened destruction! There was no outward indication of it. The course of nature and experience seemed against the probability of its occurrence. The public opinion of mankind would ridicule it. The whole world would be ranged against him. Yet, persuaded the communication was from God, through faith (He 11:7), he set about preparing the means for preserving himself and family from the impending calamity.

Jenèz 6:14

14. Make thee an ark--ark, a hollow chest (Ex 2:3).

gopher wood--probably cypress, remarkable for its durability and abounding on the Armenian mountains.

rooms--cabins or small cells.

pitch it within and without--mineral pitch, asphalt, naphtha, or some bituminous substance, which, when smeared over and become hardened, would make it perfectly watertight.

Jenèz 6:15

15. And this is the fashion--According to the description, the ark was not a ship, but an immense house in form and structure like the houses in the East, designed not to sail, but only to float. Assuming the cubit to be 21.888 inches, the ark would be five hundred forty-seven feet long, ninety-one feet two inches wide, and forty-seven feet two inches high.

Jenèz 6:16

16. A window--probably a skylight, formed of some transparent substance unknown.

in a cubit shalt thou finish it above--a direction to raise the roof in the middle, seemingly to form a gentle slope for letting the water run off.

Jenèz 6:17-22

17-22. And, behold, I, even I, do bring a flood--The repetition of the announcement was to establish its certainty (Ge 41:32). Whatever opinion may be entertained as to the operation of natural laws and agencies in the deluge, it was brought on the world by God as a punishment for the enormous wickedness of its inhabitants.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.