Jenèz 7
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a di Noe: Antre nan gwo batiman an, ou menm ansanm ak tout fanmi ou, paske, nan tout moun k'ap viv koulye la a, se ou menm sèl mwen wè k'ap mache dwat devan mwen. 2 Nan tout bèt ki bon pou moun manje, w'a pran sèt mal ak sèt fenmèl nan chak kalite. Nan tout bèt ki pa bon pou moun manje, w'a pran yon mal ak yon fenmèl nan chak kalite. 3 Konsa tou, pou zwazo k'ap vole nan syèl la, w'a pran sèt mal ak sèt fenmèl nan chak kalite, pou ras la pa disparèt sou latè. 4 Paske, nan sèt jou ankò, m'ap fè yon sèl lapli tonbe sou latè pandan karant jou karant nwit. M'ap disparèt tout moun ak tout bèt mwen te fè mete sou latè. 5 Noe fè tout sa Seyè a te ba li lòd fè a. 6 Noe te gen sisanzan (0600 an) lè inondasyon an te fèt sou latè. 7 Li antre nan batiman an, li menm, pitit gason li yo, madanm li ansanm ak madanm pitit li yo pou yo te ka chape anba inondasyon an. 8 tout kalite bèt, kit sa ki bon pou moun manje, kit sa ki pa bon pou moun manje, tout zwazo, tout bèt ki trennen sou vant, 9 yo tout yo vin jwenn Noe nan batiman an, de pa de, mal ak fenmèl, jan Bondye te bay Noe lòd la. 10 Sou sèt jou vre, dlo kouvri tout latè. 11 Jou ki fè Noe sisanzan (0600 an), yon mwa, disèt jou, tout sous nan fon lanmè a pete. Syèl la menm louvri, li konmanse vide dlo sou tè a. 12 Lapli tonbe san rete pandan karant jou karant nwit. 13 Menm jou sa a, Noe, madanm li, pitit gason l' yo, Sèm, Kam ak Jafè, ansanm ak madanm yo antre nan batiman an, 14 ansanm ak tout kalite bèt domestik, tout kalite bèt ki trennen sou vant ak tout kalite zwazo, tout kalite ti zwazo, tout kalite bèt ki gen zèl. 15 Yo tout yo te vin jwenn Noe nan batiman an, de grenn nan chak kalite bèt vivan ki sou latè. 16 Se konsa, yon mal ak yon fenmèl nan chak kalite bèt vivan antre nan batiman an, jan Bondye te bay lòd la. Epi Bondye fèmen pòt la dèyè Noe. 17 Pandan karant jou, dlo kouvri tout tè a. Dlo yo gonfle, yo fè batiman an pèdi tè. 18 Dlo yo ranfòse, yo gonfle pi rèd sou tè a jouk batiman an t'ap flote nèt sou dlo a. 19 Dlo a moute pi rèd toujou anwo tè a, li kouvri tèt tout gwo mòn ki anba syèl la. 20 Dlo a moute vennsenk pye depase tèt mòn yo. 21 Lè sa a, tout bèt sou latè mouri: zwazo, bèt domestik, zannimo, tout bèt ki trennen sou vant yo, ansanm ak tout moun. 22 tout bèt vivan ak tout moun sou latè mouri. 23 Se konsa, Seyè a detwi tout bèt, tout sa ki te sou latè, depi ou tande se moun jouk zannimo domestik, bèt ki trennen sou vant ak zwazo k'ap vole nan syèl la. Yo tout yo disparèt sou latè. Sèl moun ki te rete se te Noe avèk lòt moun ki te nan batiman an ansanm ak li yo. 24 Apre sa, dlo a rete anwo tè a pandan sansenkant (0150) jou.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jenèz 7:1
Ge 7:1-24. Entrance into the Ark.
1. And the Lord said unto Noah, Come thou and all thy house into the ark--The ark was finished; and Noah now, in the spirit of implicit faith, which had influenced his whole conduct, waited for directions from God.
Jenèz 7:2-3
2-3. Of every clean beast ... fowls--Pairs of every species of animals, except the tenants of the deep, were to be taken for the preservation of their respective kinds. This was the general rule of admission, only with regard to those animals which are styled "clean," three pairs were to be taken, whether of beasts or birds; and the reason was that their rapid multiplication was a matter of the highest importance, when the earth should be renovated, for their utility either as articles of food or as employed in the service of man. But what was the use of the seventh? It was manifestly reserved for sacrifice; and so that both during Noah's residence in the ark, and after his return to dry land, provision was made for celebrating the rites of worship according to the religion of fallen man. He did not, like many, leave religion behind. He provided for it during his protracted voyage.
Jenèz 7:4
4. For yet seven days--A week for a world to repent! What a solemn pause! Did they laugh and ridicule his folly still? He whose eyes saw and whose heart felt the full amount of human iniquity and perverseness has told us of their reckless disregard (Lu 17:27).
Jenèz 7:9
9. There went in two and two--Doubtless they were led by a divine impulse. The number would not be so large as at first sight one is apt to imagine. It has been calculated that there are not more than three hundred distinct species of beasts and birds, the immense varieties in regard to form, size, and color being traceable to the influence of climate and other circumstances.
Jenèz 7:16
16. and the Lord shut him in--literally, "covered him round about." The "shutting him in" intimated that Noah had become the special object of divine care and protection, and that to those without the season of grace was over (Mt 25:10).
Jenèz 7:17
17. the waters increased, and bare up the ark--It seems to have been raised so gradually as to be scarcely perceptible to its occupants.
Jenèz 7:20
20. Fifteen cubits upward ... and the mountains were covered--twenty-two and a half feet above the summits of the highest hills. The language is not consistent with the theory of a partial deluge.
Jenèz 7:21
21. all flesh died ... fowl ... cattle, and ... creeping thing--It has been a uniform principle in the divine procedure, when judgments were abroad on the earth, to include every thing connected with the sinful objects of His wrath (Ge 19:25; Ex 9:6). Besides, now that the human race was reduced to one single family, it was necessary that the beasts should be proportionally diminished, otherwise by their numbers they would have acquired the ascendancy and overmastered the few that were to repeople the world. Thus goodness was mingled with severity; the Lord exercises judgment in wisdom and in wrath remembers mercy.
Jenèz 7:24
24. an hundred and fifty days--a period of five months. Though long before that every living creature must have been drowned, such a lengthened continuance of the flood was designed to manifest God's stern displeasure at sin and sinners. Think of Noah during such a crisis. We learn (Eze 14:14) that he was a man who lived and breathed habitually in an atmosphere of devotion; and having in the exercise of this high-toned faith made God his refuge, he did not fear "though the waters roared and were troubled; though the mountains shook with the swelling thereof" [Psa 46:3].
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
