Jenèz 30

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Lè Rachèl wè li pa t' kapab fè pitit pou Jakòb, li vin gen yon sèl jalouzi kont sè li a, li di Jakòb: -Fè m' fè pitit! Si se pa sa m'ap mouri sou kont ou! 2 Jakòb fè kòlè sou Rachèl, li di li: -Eske se mwen ki Bondye? Se li menm ki anpeche ou fè pitit. 3 Rachèl di li: -Bon. Men Bila, sèvant mwen an. Kouche avè l'. La fè yon pitit pou mwen. Konsa, gremesi Bila, m'a gen pitit tou. 4 Se konsa, Rachèl te pran sèvant li a, li bay Jakòb pou madanm. Jakòb kouche ak Bila. 5 Bila vin ansent, li fè yon ti gason pou Jakòb. 6 Lè sa a, Rachèl di: -Seyè a rann mwen jistis. Li tande vwa mwen. Li ban m' yon gason. Se poutèt sa Rachèl te rele pitit la Dann. 7 Apre sa, Bila, sèvant Rachèl la, vin ansent ankò, li fè yon dezyèm gason pou Jakòb. 8 Rachèl di: -Mwen t'ap mennen yon gwo batay kont sè m' lan devan Bondye. Men se mwen ki genyen. Se konsa li rele pitit la Nèftali. 9 Lè Leya wè li te sispann fè pitit, li pran Zilpa, sèvant li a, bay Jakòb pou madanm tou. 10 Zilpa, sèvant Leya a, fè yon ti gason pou Jakòb. 11 Leya di: -Ala fanm gen chans se mwen menm! Se konsa li rele pitit la Gad. 12 Zilpa, sèvant Lea a, fè yon dezyèm pitit gason pou Jakòb. 13 Leya di konsa: -Ala benediksyon mwen jwenn! Koulye a medam yo pral di jan mwen se yon fanm ki beni. Se konsa li rele pitit la Asè. 14 Pandan rekòt ble a, Woubenn soti al nan jaden, li jwenn kèk mandragò. Li pote rasen yo bay Leya, manman li. Rachèl di Leya konsa: -Tanpri, ban m' kèk moso rasen mandragò pitit ou pote pou ou a. 15 Leya reponn li: -Atò ou pa fè m' ase? Ou fin pran mari m', koulye a ou vle pran mandragò pitit gason m' lan tou? Rachèl di l': -Enben, Jakòb va kouche avè ou aswè a pou mandragò pitit gason ou lan. 16 Nan aswè, lè Jakòb parèt sot nan jaden, Leya soti al kontre l', li di l' konsa: -Se pou ou vin kouche avè m' aswè a, paske mwen bay mandragò pitit gason m' lan pou sa. Se konsa, jou swa sa a, Jakòb kouche avèk Leya. 17 Bondye reponn lapriyè Leya a. Li vin ansent, epi li fè yon senkyèm pitit gason pou Jakòb. 18 Leya di: -Bondye ban m' sa m' merite a, paske mwen te bay mari m' sèvant mwen an pou madanm. Se konsa, Leya rele pitit gason an Isaka. 19 Leya vin ansent ankò, li fè yon sizyèm pitit gason pou Jakòb. 20 Leya di: -Bondye fè m' yon bèl kado. Fwa sa a, mari m' pral pou mwen nèt, paske mwen fè sis pitit gason pou li. Se konsa li rele pitit la Zabilon. 21 Apre sa, li fè yon pitit fi. Li rele l' Dena. 22 Lè sa a, Bondye vin chonje Rachèl, li reponn lapriyè li, li fè l' ka fè pitit. 23 Se konsa Rachèl vin ansent, li fè yon pitit gason. Li di: -Bondye fè yo sispann pase m' nan rizib. 24 Epi Rachèl rele pitit gason an Jozèf, paske li te di: -Se pou Seyè a ba m' yon lòt gason ankò. 25 Apre Rachèl te fè Jozèf, Jakòb di Laban konsa: -Kite m' pati pou m ale lakay mwen nan peyi mwen. 26 Ban mwen madanm mwen yo ansanm ak timoun yo pou m' ka ale, paske se pou yo mwen t'ap sèvi ak ou. Ou konnen tout kantite sèvis mwen rann ou. 27 Laban reponn li: -Fè m' plezi sa a: mwen rekonèt se poutèt ou Seyè a beni m' tout beni sa a. 28 Di m' sa pou m' peye ou, m'a ba ou li. 29 Jakòb di l': -Ou konnen jan mwen sèvi avè ou. Ou wè ki jan bann bèt ou yo peple depi yo nan men m'. 30 Ti sa ou te genyen anvan m' te vini an tounen yon kantite depi mwen mete pye m' isit la. Akòz mwen Seyè a pa manke beni ou. Alekile, li lè pou m' al travay pou tèt pa mwen. 31 Laban di l': -Kisa pou m' ba ou? Jakòb reponn li: -Ou pa bezwen peye m' pou sa. Men si ou dakò avèk sa mwen pral di ou la, m'a rete ankò pou okipe bèt ou yo. 32 Jòdi a, mwen pral pwonmennen mache nan mitan tout bèt ou yo. M'ap pran tout ti mouton nwa, ak tout ti kabrit ki takte osinon pentle yo, m'ap mete yo apa. Se sa ase w'a ban mwen pou sèvis mwen. 33 Lè w'a vin wè sa ou dakò ban mwen an, w'a konnen si m' te fè vis, wi ou non. Lè w'a vin kontwole sa ki pou mwen yo, si mwen gen yon mouton ki pa nwa, osinon yon kabrit ki pa takte ou ki pa pentle, ou mèt konnen se vòlè mwen vòlè ou. 34 Laban reponn li: -Dakò. n'a fè l' jan ou di l' la. 35 Men menm jou a, Laban wete tout bouk kabrit ki te gen pwal takte osinon ki te gen re sou tout kò yo, ak tout fenmèl kabrit ki te gen pwal takte osinon pentle, ou ankò ki te gen tach blan sou yo. Li wete tout mouton nwa yo, li pran tout bèt sa yo, li renmèt yo bay pitit gason l' yo. 36 Apre sa, li pati byen lwen Jakòb avèk bann bèt li yo, li mache pandan twa jou epi li rete. Jakòb menm te pran swen rès mouton ak kabrit Laban yo. 37 Jakòb koupe kèk branch vèt nan pye sikren, pye zanmann ak pye bwadòm, li wete kèk lèz nan kòs yo. Konsa branch yo te vin gen bann vèt, bann blan sou tout kò yo. 38 Li pran yo, li mete yo tout kote yo bay bèt yo bwè dlo. Li te ranje branch bwa yo la, paske se lè bèt yo vin bwè dlo yo kwaze. 39 Konsa, lè bèt yo kwaze devan branch bwa de koulè yo, yo fè pitit takte, pitit pentle, osinon ak re sou tout kò yo. 40 Jakòb separe mouton yo, li pran tout mouton ki te takte osinon ki te nwa nan mouton Laban yo, li mete yo apa. Se konsa, li te vin gen yon bann bèt apa ki pa t' mele ak bèt Laban yo. 41 Lè bèt ki gra yo ap kwaze, Jakòb mete branch yo devan je yo kote y'ap bwè a. Konsa, yo kwaze devan branch yo. 42 Men, li pa mete branch yo lè se bèt mèg yo k'ap kwaze. Se konsa, bèt mèg yo vin pou Laban, epi bèt gra yo vin pou Jakòb. 43 Jakòb vin rich anpil, Li te gen anpil bèt. Kanta pou sèvant, domestik, chamo ak bourik, li pa t' manke sa.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jenèz 30:1

Ge 30:1-24. Domestic Jealousies.

1. Rachel envied her sister--The maternal relation confers a high degree of honor in the East, and the want of that status is felt as a stigma and deplored as a grievous calamity.

Give me children, or else I die--either be reckoned as good as dead, or pine away from vexation. The intense anxiety of Hebrew women for children arose from the hope of giving birth to the promised seed. Rachel's conduct was sinful and contrasts unfavorably with that of Rebekah (compare Ge 25:22) and of Hannah (1Sa 1:11).

Jenèz 30:3-9

3-9. Bilhah ... Zilpah--Following the example of Sarah with regard to Hagar, an example which is not seldom imitated still, she adopted the children of her maid. Leah took the same course. A bitter and intense rivalry existed between them, all the more from their close relationship as sisters; and although they occupied separate apartments, with their families, as is the uniform custom where a plurality of wives obtains, and the husband and father spends a day with each in regular succession, that did not allay their mutual jealousies. The evil lies in the system, which being a violation of God's original ordinance, cannot yield happiness.

Jenèz 30:20

20. And Leah said, God hath endued me with a good dowry--The birth of a son is hailed with demonstrations of joy, and the possession of several sons confers upon the mother an honor and respectability proportioned to their number. The husband attaches a similar importance to the possession, and it forms a bond of union which renders it impossible for him ever to forsake or to be cold to a wife who has borne him sons. This explains the happy anticipations Leah founded on the possession of her six sons.

Jenèz 30:21

21. afterwards, she bare a daughter--The inferior value set on a daughter is displayed in the bare announcement of the birth.

Jenèz 30:25

Ge 30:25-43. Jacob's Covenant with Laban.

25. when Rachel had born Joseph--Shortly after the birth of this son, Jacob's term of servitude expired, and feeling anxious to establish an independence for his family, he probably, from knowing that Esau was out of the way, announced his intention of returning to Canaan (He 13:14). In this resolution the faith of Jacob was remarkable, for as yet he had nothing to rely on but the promise of God (compare Ge 28:15).

Jenèz 30:27

27. Laban said ... I have learned--His selfish uncle was averse to a separation, not from warmth of affection either for Jacob or his daughters, but from the damage his own interests would sustain. He had found, from long observation, that the blessing of heaven rested on Jacob, and that his stock had wonderfully increased under Jacob's management. This was a remarkable testimony that good men are blessings to the places where they reside. Men of the world are often blessed with temporal benefits on account of their pious relatives, though they have not always, like Laban, the wisdom to discern, or the grace to acknowledge it.

Jenèz 30:28

28. appoint me thy wages, and I will give it--The Eastern shepherds receive for their hire not money, but a certain amount of the increase or produce of the flock; but Laban would at the time have done anything to secure the continued services of his nephew, and make a show of liberality, which Jacob well knew was constrained.

Jenèz 30:31

31. Jacob said, Thou shalt not give me any thing--A new agreement was made, the substance of which was, that he was to receive remuneration in the usual way, but on certain conditions which Jacob specified.

Jenèz 30:32

32. I will pass through all thy flock to-day--Eastern sheep being generally white, the goats black, and spotted or speckled ones comparatively few and rare, Jacob proposed to remove all existing ones of that description from the flock, and to be content with what might appear at the next lambing time. The proposal seemed so much in favor of Laban, that he at once agreed to it. But Jacob has been accused of taking advantage of his uncle, and though it is difficult to exculpate him from practising some degree of dissimulation, he was only availing himself of the results of his great skill and experience in the breeding of cattle. But it is evident from the next chapter (Ge 31:5-13) that there was something miraculous and that the means he had employed had been suggested by a divine intimation.

Jenèz 30:37

37. Jacob took rods, &c.--There are many varieties of the hazel, some of which are more erect than the common hazel, and it was probably one of these varieties Jacob employed. The styles are of a bright red color, when peeled; and along with them he took wands of other shrubs, which, when stripped of the bark, had white streaks. These, kept constantly before the eyes of the female at the time of gestation, his observation had taught him would have an influence, through the imagination, on the future offspring.

Jenèz 30:38

38. watering troughs--usually a long stone block hollowed out, from which several sheep could drink at once, but sometimes so small as to admit of only one drinking at a time.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.