Jenèz 29
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Jakòb pran mache ankò, li ale nan direksyon peyi moun ki rete bò kote solèy leve a. 2 Li rete konsa, li wè yon pi nan mitan savann lan. Te gen twa bann mouton ki te kouche bò pi a. Se nan pi sa a yo te konn pran dlo pou bay bèt yo bwè. Men te gen yon gwo wòch ki te bouche bouch pi a. 3 Lè tout bèt yo te sanble, gadò yo te met ansanm pou wete wòch la sou bouch pi a pou fè bèt yo bwè. Apre sa, yo tounen met kouvèti a sou bouch pi a ankò. 4 Jakòb mande gadò mouton yo konsa: -Zanmi m' yo, moun ki bò nou ye? Yo reponn li: -Nou se moun Karan. 5 Li di yo: -Eske nou konnen Laban, pitit Nakò a? Yo reponn li: -Men wi, nou konnen l'. 6 Li mande yo: -Ban m' nouvèl li non. Li byen? Yo reponn li: -Li byen wi. Gade, men Rachèl, pitit fi li a, k'ap vini ak bann mouton li yo. 7 Jakòb di yo: -Men, solèy la byen wo toujou, se poko lè pou nou antre mouton yo. Sak fè nou pa bay yo bwè, epi nou ta tounen mete yo nan manje? 8 Yo reponn li: -Nou pa ka fè sa. Fòk nou tann tout bann mouton yo sanble. Atòkile, nou tout n'a met men ansanm pou n' woule wòch ki sou bouch pi a. Se lè sa a n'a bay mouton yo bwè. 9 Jakòb t'ap pale ak yo toujou lè Rachèl vin rive ak bann mouton papa l' yo. Se li menm ki te gade mouton l' yo pou li. 10 Kou Jakòb wè Rachèl, pitit fi Laban, frè manman l' lan, avèk bann mouton Laban yo, li pwoche, li woule wòch ki te sou bouch pi a, li bay bann mouton Laban yo bwè. 11 Lè l' fini, li bo Rachèl. Apre sa, li pran kriye. 12 Jakòb fè Rachèl konnen se ti fanmi Laban li ye, pitit Rebeka, sè Laban an. Rachèl kouri al di papa l' sa. 13 Lè Laban tande se pitit sè li a, li kouri al jwenn li. Li pran l', li pase men nan kou l', li bo l', epi li mennen l' lakay li. Rive yo rive Jakòb rakonte l' tout sak te pase. 14 Lè sa a, Laban di l': -Aa wi, se ras mwen ou ye vre. Jakòb rete pase yon mwa lakay Laban. 15 Laban mande Jakòb: -Ou se fanmi m', se vre. Men, sa pa vle di fòk ou sevi m' gratis pou sa. Di m' konbe pou m' peye ou? 16 Laban te gen de pitit fi. Pi gran an te rele Leya, pi piti a te rele Rachèl. 17 Leya te gen je pichpich, men Rachèl te gen bèl fòm kò, li te bèl anpil. 18 Jakòb te renmen Rachèl. Li reponn Laban: M'ap sèvi avè ou sèt lanne pou Rachèl, dezyèm pitit fi ou la. 19 Laban di l': Pito se ou menm mwen bay li pase m' bay yon lòt moun li. Ou mèt rete lakay mwen. 20 Se konsa Jakòb pase sètan ap travay kay Laban pou l' te ka marye ak Rachèl. Sèt lanne yo te pase tankou dlo, paske li te renmen ti fi a. 21 Lè lè a rive, Jakòb di Laban: -Bon. Li lè atò pou ou ban m' pitit fi ou la pou m' ka marye avè l'. 22 Se konsa Laban fè yon gwo resepsyon nòs, li envite tout moun nan kanton an. 23 Men aswè, li te pran Leya, pitit fi li a, li mennen l' bay Jakòb ki kouche avè l'. 24 Laban te pran Zilpa, yonn nan sèvant li yo, li bay Leya pou sèvant pa li. 25 Nan denmen maten, Jakòb vin wè se Leya yo te ba li. Li di Laban: -Kisa ou fè m' konsa? Eske se pa pou Rachèl mwen te sèvi avèk ou? Poukisa ou ban m' koutba sa a? 26 Laban di l': -Se pa koutim nou isit pou n' marye ti sè anvan gran sè. 27 Tann senmenn lan fin pase. Lè sa a, n'a fin fete nòs la. Apre sa, m'a ba ou Rachèl, si ou dakò pou sèvi avè m' pandan sèt lòt lanne ankò. 28 Jakòb tonbe dakò. Lè senmenn fèt la fin pase, Laban pran lòt pitit fi l' la, Rachèl, li bay Jakòb li pou madanm tou. 29 Laban pran Bila, yonn nan sèvant li yo, li bay Rachèl li pou sèvant li. 30 Jakòb kouche ak Rachèl. Li te renmen l' pi plis pase Leya. Li sèvi ak Laban pandan sèt lanne ankò. 31 Lè Seyè a wè jan Jakòb pa t' renmen Leya, li fè l' fè pitit. Men, Rachèl pa t' kapab fè pitit. 32 Leya vin ansent, li fè yon pitit gason, li di: -Seyè a wè jan m'ap soufri. Koulye a, mari m' va renmen m'. Se konsa li rele l' Woubenn. 33 Leya vin ansent ankò, li fè yon lòt gason. Li di: -Seyè a ban m' yon lòt gason ankò, paske li wè jan mari m' pa renmen m' menm. Se konsa li rele l' Simeyon. 34 Li vin ansent yon twazyèm fwa, li fè yon lòt pitit gason ankò. Li di: -Fwa sa a, mari m' pral rete avè m' nèt paske mwen fè twa pitit gason pou li. Se konsa li rele l' Levi. 35 Apre sa, li vin ansent ankò, li fè yon lòt pitit gason. Li di: -Fwa sa a, m'ap fè lwanj Seyè a. Se konsa li rele l' Jida. Apre sa, Leya sispann fè pitit.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jenèz 29:1
Ge 29:1-35. The Well of Haran.
1. Then Jacob went, &c.--Hebrew, "lifted up his feet." He resumed his way next morning with a light heart and elastic step after the vision of the ladder; for tokens of the divine favor tend to quicken the discharge of duty (Ne 8:10).
and came into the land, &c.--Mesopotamia and the whole region beyond the Euphrates are by the sacred writers designated "the East" (Jud 6:3; 1Ki 4:30; Job 1:3). Between the first and the second clause of this verse is included a journey of four hundred miles.
Jenèz 29:2
2. And he looked, &c.--As he approached the place of his destination, he, according to custom, repaired to the well adjoining the town where he would obtain an easy introduction to his relatives.
Jenèz 29:3
3. thither were all the flocks gathered; and a stone, &c.--In Arabia, owing to the shifting sands and in other places, owing to the strong evaporation, the mouth of a well is generally covered, especially when it is private property. Over many is laid a broad, thick, flat stone, with a round hole cut in the middle, forming the mouth of the cistern. This hole is covered with a heavy stone which it would require two or three men to roll away. Such was the description of the well at Haran.
Jenèz 29:4
4. Jacob said, My brethren--Finding from the shepherds who were reposing there with flocks and who all belonged to Haran, that his relatives in Haran were well and that one of the family was shortly expected, he enquired why they were idling the best part of the day there instead of watering their flocks and sending them back to pasture.
Jenèz 29:8
8. They said, We cannot, until all the flocks be gathered--In order to prevent the consequences of too frequent exposure in places where water is scarce, the well is not only covered, but it is customary to have all the flocks collected round it before the covering is removed in presence of the owner or one of his representatives; and it was for this reason that those who were reposing at the well of Haran with the three flocks were waiting the arrival of Rachel.
Jenèz 29:9-11
9-11. While he yet spake with them, Rachel came--Among the pastoral tribes the young unmarried daughters of the greatest sheiks tend the flocks, going out at sunrise and continuing to watch their fleecy charges till sunset. Watering them, which is done twice a day, is a work of time and labor, and Jacob rendered no small service in volunteering his aid to the young shepherdess. The interview was affecting, the reception welcome, and Jacob forgot all his toils in the society of his Mesopotamian relatives. Can we doubt that he returned thanks to God for His goodness by the way?
Jenèz 29:12
12. Jacob told Rachel, &c.--According to the practice of the East, the term "brother" is extended to remote degrees of relationship, as uncle, cousin, or nephew.
Jenèz 29:14-20
14-20. he abode a month--Among pastoral people a stranger is freely entertained for three days; on the fourth day he is expected to tell his name and errand; and if he prolongs his stay after that time, he must set his hand to work in some way, as may be agreed upon. A similar rule obtained in Laban's establishment, and the wages for which his nephew engaged to continue in his employment was the hand of Rachel.
Jenèz 29:21
21. Jacob said, Give me my wife--At the expiry of the stipulated term the marriage festivities were held. But an infamous fraud was practised on Jacob, and on his showing a righteous indignation, the usage of the country was pleaded in excuse. No plea of kindred should ever be allowed to come in opposition to the claim of justice. But this is often overlooked by the selfish mind of man, and fashion or custom rules instead of the will of God. This was what Laban did, as he said, "It must not be so done in our country, to give the younger before the first-born." But, then, if that were the prevailing custom of society at Haran, he should have apprized his nephew of it at an early period in an honorable manner. This, however, is too much the way with the people of the East still. The duty of marrying an elder daughter before a younger, the tricks which parents take to get off an elder daughter that is plain or deformed and in which they are favored by the long bridal veil that entirely conceals her features all the wedding day, and the prolongation for a week of the marriage festivities among the greater sheiks, are accordant with the habits of the people in Arabia and Armenia in the present day.
Jenèz 29:28
28. gave him Rachel also--It is evident that the marriage of both sisters took place nearly about the same time, and that such a connection was then allowed, though afterwards prohibited (Le 18:18).
Jenèz 29:29
29. gave to Rachel his daughter Bilhah to be her maid--A father in good circumstances still gives his daughter from his household a female slave, over whom the young wife, independently of her husband, has the absolute control.
Jenèz 29:31
31. Leah ... hated--that is, not loved so much as she ought to have been. Her becoming a mother ensured her rising in the estimation both of her husband and of society.
Jenèz 29:32-35
32-35. son ... his name Reuben--Names were also significant; and those which Leah gave to her sons were expressive of her varying feelings of thankfulness or joy, or allusive to circumstances in the history of the family. There was piety and wisdom in attaching a signification to names, as it tended to keep the bearer in remembrance of his duty and the claims of God.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
